Nan defen “Jounal Kreyòl Ayisyen” REKA ki te konn pibliye elektwonikman, mwen te ekri yon atik an detan sou palavire Konstitisyon peyi a ap pran depi yo te fin vote li a. Nan 2èm pati atik la ki te parèt nan Volim 1 an, Nimewo 5 , Mas 2003, mwen te di “Mwen te fè yon rale sou kèk nimewo atik Konstitisyon 29 mas 1987 la mwen te vote tankou yon bon sitwayen. Kenz lane apre, m sanse ap tann toujou pou yo mete an aplikasyon tout atik ki te atire m al vote jou sa a. Mwen fèmen refleksyon m nan la, e mwen swete lòt moun va vini di santiman yo anfas moniman sa a nou te kreye a e ki ta sanble li te twòp pou nou.” Youn nan nimewo atik mwen te souliye se te Nimewo 213 la kote Konstitisyon an di “Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans.”
Apre petisyon SAKS te mete nan lari depi 17 novanm 2005 la, kote li te mande:
-
Tout dokiman ofisyèl ak dokiman administrasyon piblik twa (3) pouvwa Leta yo prepare dwe fèt nan de (2) lang ofisyèl yo, epi yo dwe pibliye yo tou. Sa vle di papye tankou : lwa, dekrè, arete, avi, fòmilè, dokiman idantite, papye eta sivil, ak tout lòt dokiman menm jan ak sa nou sot site yo ; tout kominikasyon tankou diskou, konferans pou laprès, enfòmasyon pou popilasyon an, eksetera, tout dwe fèt an kreyòl tou.
-
Se obligasyon tout biwo leta pou yo prepare kèlkeswa papye oubyen dokiman yon moun osinon yon gwoup moun mande yo nan de (2) lang ofisyèl peyi a.
-
Tout moun ki antre nan yon biwo leta ki mande yon enfòmasyon an kreyòl dwe jwenn bonjan repons an kreyòl ak respè, ak koutwazi.
-
Gouvènman an dwe fòme yon komite k ap gen pou veye pou tout biwo Leta respekte dekrè sa a.
Pou Leta rive fè sa, se pou li sèvi ak moun konpetan nan enstitisyon tankou Biwo Lang kreyòl ki nan Sekreteri d Etat pou Alfabetizasyon an (SEA) ; Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), ak lòt enstitisyon osinon moun ki kapab bay fòmasyon nan lang Kreyòl la pou rive fè anplwaye biwo leta yo kapab ekri kreyòl kòmsadwa.
Pwoblèm petisyon an genyen
Apa nimewo 3 a, mwen pa wè kijan SAKS ak lòt patnè li yo pral fè Leta aplike pwen sa yo san se pa ta yon mouvman GNB pou li ta mete nan lari. Pwen 1 ak 2 a difisil anpil pou aplike paske menm peyi ki gen kòb epi ki pale de lang ap renka kò yo pou yo pa bezwen pibliye tout bagay nan de lang yo. Gen Pwovens nan Kanada kote pi fò moun yo pale Angle, gouvènman pwovens sa yo di kareman ti kantite moun ki pale Franse lakay yo a pa jistifye piblikasyon an Franse tou. Epitou, moun ki pale Franse lakay yo a pale Angle tou akoz pwa popilasyon angle a. Mwen deja wè Leta Ayisyen ka avanse menm agiman sa a, moun ki konn li an Ayiti yo, se sitou Franse yo li. La , li ap jwenn yon bann ak yon pakèt moun ki pou kore li nan pozisyon sa a. Se pa ni en ni de fwa mwen pa tande kèk lasisintuèt ki ap di yo pa ka li zafè Kreyòl sa a, men m pa janm mande yo tou si yo ka li enpi konprann Franse nonplis.
Dezyèm agiman malpouwont yo ap jwenn se sa yo toujou ap di: mwen pa konn kijan pou m ekri Kreyòl la paske tout moun ekri Kreyòl la jan yo vle; kilès pou Leta ta adopte? Sa yo di a gen yon tikras verite ladann, paske selon kèk gwoup oswa tou senpleman kèk endividi, nou jwenn de twa ti diferans tou zuit, ki pa reprezante gwo pwoblèm dekwa pou sa ta bloke piblikasyon an Kreyòl dokiman leta yo. Men, depi sa kontinye egziste, nou ap jwenn moun ki pou voye nou al antann nou anvan pou nou vin fè yo leson.
Twazyèmman, gen moun ki di yo ta byen renmen fè efò li ak ekri Kreyòl men yo pa jwenn lekòl serye ak liv referans fasil pou yo ta tcheke. Yo ap mande yon diksyonè ofisyèl ki pa yon bouyivide yon editè mete deyò prese-prese pou li fè yon ti kòb cho nan yon domèn ki ofri avantaj. Yo mande yon diksyonè Kreyòl-Kreyòl paske mwen pa wè pou ki rezon yon Ayisyen ki pale Kreyòl li trè byen bezwen pran wout Franse, Angle, Panyòl pou li konprann sans mo Kreyòl li yo. Nou bezwen yon Diksyonè ki fè otorite pou Kreyòl Ayisyen an. Mwen di Kreyòl Ayisyen an paske lòt peyi kote yo pale Kreyòl la tou deja mete nan men pèp li yo dokiman sa a. Anpasan, an 2000, pandan Kòlòk Fakilte Lengwistik Aplike te òganize a, Dwayen Vernet te prezante bay piblik la yon travay diksyonè li te fè pandan plis pase ventan. Li te pwomèt pou li chèche yon editè pou pibliye diksyonè sa a. Senk ane apre, mwen poko wè diksyonè sa a nan lari.
Katriyèmman, Pierre Michel Chéry denonse “nou wè chak jou gen plis moun k ap pale yon kreyòl fransize oswa yon kreyòl anglisize”. Se piblikasyon yon gramè fòmèl ki ta ka frennen tandans sa a. Michel-Ange Hyppolite gen lontan l ap goumen pou yon lide konsa. Gen moun ki fè efò pèsonèl yo pou mete dokiman sou gramè kreyòl nan lari, men nou poko jwenn “Grevisse” kreyòl pa nou an pou nou ta feyte chèche oswa chache “bon sèvis mo yo”. Epitou, gen yon tandans tou an Kreyòl tout voum se do. Gen yon animatris radyo ki popilè anpil, men moun ki konn wè kote li ap bay nouvèl di li pa ekri sa li ap di yo, li gen yon tèks franse devan je l enpi l ap tradui enstantaneman an kreyòl. Nou deja wè kijan moun sa a ka fè flay fasilman, enpi yon atitid konsa pa ka ede lang nan. Nou wè anpil sit entènèt gen ti kreyòl tou sou yo, men fason depaman yo ekri tèks yo a pa ka ede yon moun aprann lang nan nonplis. Li lè li tan pou nou travay sou yon gramè ki gen nen nan figi l.
Nan ka sa a ki sa k pou fèt?
Egzije Leta pou li respekte Konstitisyon an pa fasil paske nou pap jwenn pèp pou nou mete nan lari pou ta fòse l fè sa. Pibliye yon bon gramè ki ta fèt pou li ta konplè pap fèt ane sa a. Ann swete enpi pran angajman ansanm pou reyalize de pwojè ki posib pou ane 2006 la:
-
Ann fòse Fakilte Lengwistik Aplike pibliye diksyonè Kreyòl li prepare a.
-
Ann mete sou pye “Akademi Ayisyen” an. Nou byen wè fwa sa a mwen pa di Leta, mwen di NOU. Lè mwen t ap prepare mesaj sa a, mwen te al repase sa m konnen grasa entènèt la. Ou pa ta janm imajine jan zouti sa a vin enpòtan jounen jodiya. An de twa kout klik, mwen te ale sou sit “Académie Française” la ak pa “Real Academia Española” a. Se la mwen konfime ni youn ni lòt pa te travay Leta.
Nan kòmansman, Académie Française se te lide yon gwoup save ki te konn ekri enpi ki te reyini poukont yo, enpi apresa chèf yo vin pran potekòz la. Academia Española a se te inisyativ Marquès de Villena, (non vanyan li: Juan Manuel Fernandez Pacheco, marquès se tit noblès); apre Wa Felipe 5 vin rale li mete li anba Pwoteksyon Rwayal li. Ann pa tann Leta vin fè anyen, dayè nou tou konnen yo pap janm fè anyen. Olye pou nou ap pèdi tan nou ranmase siyati pou petisyon, ann chèche idantifye ki pèsonalite nou ta ka rale mete chita ansanm pou jèmen ”Akademi Ayisyen” an.
Yon lòt bagay nou ap wè tou lè nou vizite sit akademi lang yo seke yo gen diksyonè sou entènèt la. Epitou, koze diksyonè sa a se te toujou premye kove nenpòt akademi lang toujou bay tèt yo pou kòmanse, fikse lang lan se toujou objektif yo. Òganizasyon tankou REKA, SAKS ak lòt ankò kapab ofri “Akademi Ayisyen” an espas sou sit yo a pou kòmanse pibliye rezilta travay li ak refleksyon li, annatandan li gen pa li chèmèt-chèmètrès. Mwen wè pi lwen toujou, poukisa nou pa ta ka envite lòt enstitisyon lòt peyi vin potekole ak nou menmjan. “Real Academia Española” a gen yon asosyasyon ak vennde lòt akademi lang panyòl ki toupatou sou latè a.
Pa gen anyen ki anpeche moun fè nenpòt ki swèt pou premye janvye. Ann mete men ansanm pou nou fè swèt sa tounen reyalite paske se volonte sèlman li mande pou sa fèt.
Sante, Kouraj ak Espwa pou 2006
REKA
Referans:
Académie Française (http://www.academie-francaise.fr/)
Real Academia Española (http://www.rae.es/)
Jounal Kreyòl Ayisyen (http://kreyol.org/JKA5/tandeakwe2.htm)
Konstitisyon 29 mas 1987 (http://hometown.aol.com/mit2haiti/KonstitisyonAyiti.htm)
Petisyon SAKS (http://www.saks-haiti.org/article.php3?id_article=70)
Pierre Michel Chéry (http://www.kreyol.org/chery/chery.htm)
|