Fakilte Lengwistik Aplike
Inivèsite Leta Ayiti



Ane sa a ankò, solèy jounen entènasyonal lang kreyòl la te klere an penpan ...

Pandan de semèn aktivite (soti 15 pou rive 27 oktòb 2007) Fakilte Lengwistik Aplike Inivèsite Leta a te konsakre ane sa a pou selebre jounen entènasyonal lang kreyòl la sou tèm "Lang nou, Kilti nou: Baz Devlopman Peyi nou", ekspozisyon bèl tablo penti ak kolaj, zèv atizanal, liv kreyòl ki trete divès kalite sijè, manje kreyòl epi bèl moun kreyòl ki t'ap fè ale-vini, tou sa te fè mikalaw nan lokal Fakilte a.

Men nan travay sa a, n'ap fè yon ti mouri je nou sou aspè atistik kenzèn nan pou nou konsantre nou sou seri konferans ki te fèt prèske chak jou pandan peryòd nou sot site la a, nan oditoryòm Pradel Pompilus Fakilte a.

Yon espesyalis pou pi piti te defile chak jou nan FLA a pou trete sijè sou rapò ant lang kreyòl avèk plizyè domèn, tankou lasante, lajistis, mizik, elatriye.

Youn apre lòt, n'ap prezante nannan konferans yo, pou nou atire atansyon ou sou enpòtans tout seri brase lide sa yo. Annou founi je nou gade pou nou wè kijan lide sa yo ka pèmèt nou fè gwo refleksyon sou pwoblèm peyi a, espesyalman, nan sa ki gen rapò ak lang, kominikasyon, edikasyon, e kijan chak moun ka pote koutmen pa li.

Konferans 1

Madi 16 oktòb, midi
Tèm: Lang kreyòl, bon zouti pou kominike ak ayisyen nan mizik
Panelis: Turgot Théodat, Théodore Beaubrun Jr (Lòlò)

An patan, fòk nou di, konferansye yo pa t' fin twò chita sou aspè lengwistik kesyon an. Men kanmenm, yo te trete sijè a nan fason pa yo.

Direktè ENARTS la, M. Théodat, te peze anpil sou richès kiltirèl nou genyen lakay nou. Dayè, mo kreyòl la nan limenm enplike tout melanj ki genyen anndan kilti nou an. Li panse, jèn Ayisyen an fèt pou li konnen kilti li, mizik li, men li pa gen pou l' limite tèt li; fòk li ouvè kò l', pou l' konnen lòt lang, konnen lòt mizik tou…

Bò kote pa l', chantè Boukman Eksperyans la te fè yon bon rale sou valè vodou a. Lòlò te vle fè asistans la konprann, pa gen anyen pozitif ki ekziste nan lòt kilti, nan lòt relijyon, ki pa nan kilti nou an. Li te pale tou sou valè mizik rasin nan, li panse, ki dwe jwenn plis apresyasyon nan sosyete a.

Lè kesyon te tonbe sou aspè lengwistik la, tou de konferansye yo te antann yo sou yon sèl lide: mizik lakay la deja gen yon sant kreyòl, li di mizisyen an "se an kreyòl pou ou chante m". Se sa ki fè, Lòlò te fè konprann, li pa imajine limenm ki ap chante "ti pa, ti pa" an franse: "Petit pas, petit pas, faites appeler…"

Konferans 2

Mèkredi 17 oktòb, 4è PM
Tèm: Nouvo panse ayisyen
Panelis: Doktè Serge Yacinthe

N'ap mande tèt nou, si li pa t'ap pi onèt pou nou rele sa yon kou olye nou di konferans. Dayè, doktè Yacinthe pa te travay san tablo…

Sou tablo a, li te ekri sou-tit konferans la: "Konbit bare: se panse nou, li anbrase tout lèzòt yo pou li pote yo pi wo".

Panse tou nèf konferansye a t'ap pale a, se lide konbit ki nan kilti nou an, kote youn ede lòt, youn soutni lòt, chak moun gen yon travay l'ap fè, san pa bezwen gen yon chèf ki sèl mèt e seyè, selon modèl peyi oksidantal yo. Se sa ki fè, nan òganizasyon sosyete li pwopoze a, li wè plizyè ministè k'ap bay sèvis nan tout domèn e ki fòme avèk moun ki gen konpetans nan domèn pa yo.

Tout eksplikasyon panelis la te chita sou bon jan analiz sikanalitik.

Nou p'ap bliye entèvansyon dwayen Fakilte a, M. Pierre Vernet, ki te fè yon sentèz pou kore pawòl doktè Yacinthe yo, pandan li t'ap ensiste sou travay tout moun gen pou yo fè, olye yo rete kwaze lebwa tann lamàn.

Avèk lide konbit la, doktè Yacinthe te fè konprann, nou ka chanje mòd panse lemonn, menm jan nou te fè l' an 1803.

Konferans 3

Jedi 18 oktòb, 10è AM
Tèm: Idantite ak fyète nasyonal ayisyen dapre ideyal desalinyen an
Panelis: Michel Soukar

Pou demare, istoryen an te pran san l' pou l' fè yon ti vire won sou tout mannèv ki te mennen lendepandans peyi a. Nan ka sa a, li pa te ka pa site non yon potorik gason tankou Tousen Louvèti… Li te fè yon konparezon ant Tousen ak Desalin: Tousen te vle garanti libète, men Desalin te reyalize : pa gen libète san lendepandans. Tousen te majò jon libète, men yon baryè pou lendepandans.

Men, kisa Desalin te vle pou peyi a? Ideyal desalinyen an, men li, dapre msye Souka: "Pa rele blan lè nou bezwen rezoud pwoblèm nou; met tèt nou ansanm pou nou konsève lendepandans nou". Alòs, èske nou nan ideyal desalinyen jodiya?...

Sou koze lang lan, istoryen an panse, li nòmal pou pèp la aprann istwa l' nan lang li konprann pi byen an. Se rezon prensipal ki fè, dènye tan sa yo, li angaje l' nan prezantasyon istwa sou radyo an kreyòl. Michel Soukar panse tou, an 1803, nou te fè yon leve kanpe kont esklavaj, men, li rete pou nou fè yon tèt kole pou valorize kilti nou (yon revolisyon kiltirèl). E dapre li menm, idantifye tèt nou kòm kreyolofòn toutbon, se youn nan aspè revolisyon kiltirèl sa a.

Konferans 4

Jedi 18 oktòb, 4è PM
Tèm: Lang kreyòl kòm zouti nan defans dwa fanm an Ayiti
Panelis: Colette Lespinasse, Magalie Marcelin, Guerty Aimé

Jan nou wè l' la, se twa fanm vanyan byen danble ki te debake nan Fakilte a jou sa a, pou yo defann lide : dwa fanm yo makonnen ak lang kreyòl la. Touletwa, se moun ki nan òganizasyon defans dwa fanm. Anpil koze te tonbe…

Nan zafè pwodiksyon ki pou fèt nan lang lan, se sitou madan Marcelin ki te pale. Li mande Fakilte a pou li pa neglije fè rechèch, paske lang lan bezwen anrichi. Dapre madan Marcelin, moun (tankou li menm) ki ekri nan lang kreyòl la, rankontre difikilte sou zafè konsèp. Men, se te yon plezi pou tout moun te tande tout kalite travay fanm vanyan sa a deja reyalize ak lang lan.

Madan Lespinasse te esplike jan lang kreyòl la se yon eritaj tout ayisyen genyen, espesyalman fanm yo, pou revandike dwa yo. Li te fè remake tou, se yon chans nou genyen pou n' gen yon lang ki simante tout pèp la, paske, nan anpil peyi ki te sibi kolonizasyon tankou Ayiti, moun yo pa jwenn chans pou byen kominike ant yo, sitèlman yo gen divès lang.

Madan Aimé limenm, se wòl kapital fanm yo jwe nan lang kreyòl la li t'ap fè asistans lan remake:

  1. Se yomenm kòm manman ki transmèt lang lan bay timoun yo, kidonk, bay pèp la.
  2. Kòm se yomenm ki pale plis, yo itilize lang lan plis, yo nouri l', bay li fòs chak jou.
  3. Avèk anpil bèl figi estil, yo kreye yon "jan literè" nan lang lan ki se: Jouman!
  4. Anpil mo yo pa t' bay valè nan lang lan lontan, medam yo mete yo sou moun. Egz: FANM.
  5. Yo kreye mo. Egz: Matrimwàn.

Men medam yo rekonèt, moun konn itilize lang kreyòl la pou di pawòl pimanbouk sou yo tou… Alafen, panelis yo mande pou gen travay alabaz ki fèt nan lang lan. Paregzanp, pawòl ki ekri nan drapo a dwe ekri an kreyòl (tou): Men anpil chay pa lou. -Vèsyon kreyòl Ochan pou Ayiti a, yo dwe chante l' tout kote, mete l' sou moun! Nan sans sa a, medam yo vle wè yon ofisyalizasyon toutbon pou lang manman nou an.

Vandredi 19 oktòb, 11è AM Kozri ak Serge Lochard Atis ki te gate nou pandan tout kenzèn kreyòl la, avèk bèl tablo kolaj li yo ki te espoze nan tout mi Fakilte a, se te Serge Lochard. Li te deside fè yon ti pale ak nou sou fason li reyalize tablo sa yo e li te tou pwofite envite nou pratike. Ti chita pale a te byen enteresan, e sanble genyen plizyè etidyan pwojè a enterese (mwen se youn). Nou swete lòt ane, etidyan FLA ap kapab rann atis la omaj nan espoze kèk tablo kolaj pou fèt kreyòl la. Dayè, se sa menm msye Lochard ta renmen.

Konferans 5

Vandredi 19 oktòb, 4è PM
Tèm: Ki avni literati nan lang kreyòl an Ayiti?
Panelis: Claude C. Pierre, Franckétienne

Pwofesè Claude Pierre te sitou jwe wòl prezantatè ak moderatè. Konferans lan, pou lajwa tout foul moun ki te reponn prezan an, se otè Dezafi, Adja-noumelezo, Pèlentèt,... la ki te anime l'.

An tchaka, an espiral jan l' ekri a, se konsa Jan Pyè Bazilik Dantò Frank Etyèn Dajan te pale avèk asistans la, san li pa kite sijè a.

Ekriven an te anbrase anpil esperyans nan lavi l' pou l' esplike enpòtans literati kreyòl. Dapre limenm, lè ou ekri an kreyòl, ou sèten ou ekri pou Ayiti ak pou Ayisyen. Li bay pyèj pou yon moun pa pran ladan l' tou, lè ou chwazi ekri nan lang lan: eseye evite senplisite, twòp fasilite, epi veye entèferans (twòp mo franse, osnon lòt lang anndan kreyòl la).

Li te chita anpil sou epanwisman pèsonèl. Li panse, si ou pa gen anyen pou tèt pa ou, ou pa ka pote anyen nonplis pou peyi a.

Franketyèn fè pwopozisyon pou Ayisyen ankouraje zèv atistik nan peyi a, paske dapre li, pi gwo richès nou genyen, se kapasite nou pou nou kreye. E, yo pa ka vòlè sa a. Li pa petwòl. Rèv li, se pou nan yon bout tan, Ayiti vin yon REPIBLIK ATIS ; pou touris retounen vin wè Ayiti Toma.

Samdi 20 oktòb, 3è
Resital pwezi kreyòl
Sa k' pa t' la pèdi!

Anpil moun pa te mete pye akoz lapli, men sa pa t' anpeche fèt la bèl. Powèt ak dizè te mete ansanm pou yo bay yon kokennchenn prestasyon ki te mete lakontantman nan kè tout moun ki te reponn prezan.

Pwogram nan te bati yon jan, pou nenpòt moun ki te santi l' kapab, vin di yon tèks li ekri osnon li entèprete.

Konsa, nan powèm tankou " Poto Ton Nwèl ", " Tèt chaje ", " Timidite ", " lanmou aktyèl ", elatriye, Andereson Dovilas (Powèt Mayas), Erol Jean, Fern Georges, Jean Pierre, Jean Jude Descolines, Jean Gardy Salomon, …te kreye emosyon yo te pito kay moun ki te la : lajwa, lapenn, refleksyon,…

Tou sa, se te yon avangou pou sa ki ta pral fèt Rèks Teyat samdi 27 oktòb…

Konferans 6

Lendi 22 oktòb, 10è AM
Tèm: Lang kreyòl nan batay pou libète lapawòl ak demokrasi soti 1986 pou rive jodiya
Panelis: Liliannne Pierre Paul, Antony Pascal (Konpè Filo)

Konferans sa a pa t' rive fèt.

Konferans 7

Madi 23 oktòb, 10è AM
Tèm: Pwoblèm lang ak kominikasyon nan sistem jidisyè ayisyen an
Panelis: Mèt Claudy Gassant, Norah Jn François, Barnave Chéron

Tout twa konferansye yo se avoka, men tou, yo se ansyen etidyan Fakilte Lengwistik Aplike. Kidonk, kòm lengwis, yo te gen tout zouti nesesè pou yo trete sijè sa a.

Se mèt Chéron ki te louvri deba a. Li te drese yon tablo jeneral sou sitiyasyon lengwistik la nan aparèy jistis la: akize a bay tout rapò li an kreyòl, men tout tèks yo ap ekri an franse ; Pwose a dewoule an franse (li pa fin konprann sa k'ap di), e desizyon y'ap pran kont oubyen pou li a, se nan lang li pa konprann nan yo pran l.

Madan Jn-François ki se jij, te fè remake se moun ki kreyolofòn monoleng yo ki prezante nan tribinal pi souvan. Alòs, li te bay kèk atik nan kòd penal la ki prevwa, fòk tout moun konprann sa ki di nan lodyans yo. Li te touche tou kèk nan pwen mèt Chéron te deja touche yo.

Komisè gouvènman an te fè remake an patan, " nou pran ka kreyòl la, chak fwa li nan ti enterè nou. Paregzanp, yon kandida itilize kreyòl yon kote li panse kreyòl ka ba li vwa "…

Mèt Claudy Gassant te fè yon deskripsyon sou danje lengwistik ki prezante nan aparèy jistis la : lè akize a pale (an kreyòl), jij la, pafwa ki pa gen nosyon nan zafè tradiksyon, tradui pawòl yo an franse (defòmasyon posib), pandan yon grefye ap note. Pafwa, akize a prete sèman nan yon dosye li pa menm fin klè sou li. Sa kreye yon enjistis lengwistik anndan aparèy jistis la.

Men, bagay ki parèt pi grav konferansye yo te fè remake: menmsi li pa konprann, akize a vle pou avoka l' pale franse. Si se pa sa, li pa bon avoka ; li gen pàn franse. Kote n' gad ?

Antouka, temwayaj jiris yo montre, moun ki espesyalis nan zafè lang genyen anpil travay pou yo fè nan tètkole ak lajistis.

Konferans 8

Mèkredi 24 oktòb, 10è AM
Tèm : Lang kreyòl kòm bon zouti kominikasyon nan legliz
Panelis: Pastè Edner Jeanty Jr, Pè Jean Hoët, Pastè Lemète Zéphyr

Apre dwayen an te fin fè yon ti rale sou nesesite aplikasyon lang kreyòl la nan tout domèn yo, se pè Hoët ki te demare konferans la.

Pè a te ale nan menm sans ak dwayen an pandan li t'ap presize, kreyòl la dwe sèvi zouti anndan legliz la toutbon vre. Dapre limenm, fidèl yo pa gen kras pwoblèm pou pale ak Bondye nan lang pa yo a. Pwoblèm nan, se kay dirijan yo li chita. Se yomenm ki dwe detèmine ki lang k'ap fè mesaj la pase pi byen.

Pè Hoët te fè tou, yon istorik lengwistik sou legliz katolik an Ayiti. Demach dirijan yo sòti lane 60 pou rive jounen jodi a se kontinye montre volonte yo te genyen pou yo fè lang kreyòl la vanse anndan legliz la, dayè, se sa ki bay tout chante ak tout liv kreyòl ki genyen jodi a nan legliz katolik. Men, li fè remake bak k'ap fèt nan tan sa yo nan sans sa a, avèk pè ayisyen yo ki vle retounen ak menm sistèm franse tulututu a nan lamès, pandan y'ap mete lang kreyòl la sou kote…

Sou bò pa l', pastè Jeanty Jr te sèvi ak istwa pèsonèl li pou l' te moutre avantaj ki genyen nan viv tou pre lang lan. Li leve nan yon fanmi ki bay lang kreyòl la anpil valè ; papa l', pastè Jeanty, se yon moun ki pwodui anpil travay sou lang lan (tankou 999 pawòl granmoun).

Pastè Jeanty Jr (pitit la) pwodui tou. Li kwè nan kreyasyon anndan lang lan, e li di ayibobo pou yon vrè maryaj ant kreyòl avèk reyalite relijye a.

Kòm lengwis, Pastè Lemèt Zefi ki te pran lapawòl an dènye, te parèt ak soutit pa l' : Kontradiksyon nan chwa lang nan legliz an Ayiti.

Premye demach li, se te prezante detwa liv li ekri kòm gid pou aktivite relijye yo, paske limenm, li di : li kwè anpil nan pwodiksyon. Pou limenm, fòk ou kore sa ou ap di yo avèk modèl.

Pastè Zefi esplike, genyen garanti pou kominikasyon an pase san pou san lè mesaj la tonbe an kreyòl. Se sa ki fè li fè konprann, li pa gen kouraj pou li preche ayisyen an franse, paske pa gen nesesite pou sa. Menm nan Labib, li fè remake kijan Jezi, apòt Pòl ak lòt pwofèt ankò, te toujou konsidere aspè kiltirèl (kidonk lengwistik) la nan diferan prèch yo t'ap fè.

Pastè a panse, avèk apwòch sou plan tewolojik, ideyolojik tankou pragmatik, kreyòl la genyen plas donè li anndan sèvis Bondye a an Ayiti.

Konferans 9

Jedi 25 oktòb, 10è AM
Tèm : Lang kreyòl nan sinema ayisyen
Panelis : Arnold Antonin, Rassoul Labuchin (Joseph Yves Médard)

Menmsi se M. Labuchin ki te pran lapawòl tousuit apre dwayen Vernet pou kore entwodiksyon li te fè sou wòl entèlèktyèl la dwe jwe nan avansman sosyete a olye li anlele pou ti avantaj, se M. Arnold Antonin ki te demare sijè a.

Sineyas la te pote kritik sou langaj ki travèse pi fò fim nou yo: gen yon franse literè pèsonaj yo pale ki se yon pwoblèm, paske nan sinema, se langaj moun anplwaye toutbon nan reyalite a ki pou parèt ; pwoblèm sa a poze nan dyalòg kreyòl la tou, e li panse, nonsèlman sineyas yo gen pou yo travay anpil nan sans sa a, pou yo bay yon kreyòl san ma nan fim yo, men lengwis yo tou gen ankèt pa yo pou yo mennen, sou dyalòg nan sinema ayisyen an.

Reyalizatè fim " Le président a-t-il le sida " a te bay presizyon tou sou nasyonalite fim yo : aspè ekonomik la jwe yon gwo wòl nan idantite fim nan, sa vle di, toujou gen chans pou fim nan pote mak fabrik peyi kote kòb ki reyalize l' la soti.

Nan kad manman tèm konferans lan, M. Labuchin te founi enfòmasyon sou langaj nan sinema. An patan, li te fè yon rale-mennen-vini ki te aprann asistans la, lè sinema te fenk parèt, li te bèbè. Se te jès ase. E jis kounyeya, jès la toujou pi enpòtan, menmsi sinema vin sitou odyovizyèl (n'a-tande-n'awè).

Nan rapò kreyòl-sinema a, li te fè remake, kreyòl, se pa sèlman yon lang, men se tout yon kilti. Yon fim gen dwa an franse, an angle, …, men li prezante yon reyalite lokal, ayisyen. Nou p'ap bliye tou, kozri reyalizatè fim " Anita " a te fè sou karyè pèsonèl li nan literati, sou rapò li avèk Jacques Stephen Alexis epi patisipasyon l' nan reyalizasyon 65 fim dokimantè nan peyi Kiba, nan kad pwogram alfabetizasyon gouvènman an ap mete sou pye a.

Konferans 10

Jedi 25 oktòb, 4è PM
Tèm : Lang kreyòl nan domèn medikal
Panelis : Doktè Georges Michel

Kòm kreyolis, doktè Michel te alèz nan deba a. Difikilte li souliye nan rapò kreyòl-medsin nan, se pwoblèm abstraksyon an, sa vle di, itilizasyon tèm kreyòl sou plan syantifik. Sa a, se travay espesyalis nan lamedsin ak nan lasyans lang. Men apa sa, li panse pa ta dwe gen pwoblèm kominikasyon ant doktè ak pasyan, paske, gen yon ansanm tèm kreyòl ki disponib pou idantifye pati nan kò, maladi, medikaman. Eg : Biskèt, azoumounou, grenn la-jwa,…

Epi, kominikasyon lamedsin ap bay popilasyon an sou lasante, wè pa wè, dwe fèt an kreyòl, paske se lè sa a lamedsin kapab sèten mesaj la pase pou tout moun nan peyi a. E, kreyòl pou yo itilize a, se yon kreyòl rèk, sa lengwis yo rele kreyòl bazilektal la. Kidonk, yon doktè ayisyen k'ap pran pòz li pa ka pale ak pasyan l', li posib pou se enteresant ki nan kò l' !

Pou aspè syantifik la, doktè a esplike, li te aprann pilote avyon nan yon peyi anglofòn, men li parèt prèske enposib pou li aplike metye sa a nan yon espas frankofòn, paske li pa konnen tèm teknik yo an franse. Sa moutre nou yon lòt fwa kijan aplikasyon lang lan nan domèn syantifik yo gen yon enpòtans kapital.

Konferans 11

Vandredi 26 oktòb, 10è AM
Tèm : Enpòtans lang kreyòl nan yon sistèm edikasyon san fòs kote an Ayiti
Panelis : Nirvah Jean Jacques, Pierre Vernet

Apre entwodiksyon dwayen an epi dizon l' sou jan seri konferans yo louvri wout rechèch pou etidyan, li te pase kòn nan bay madan Jean Jacques.

Prezantasyon madan Jean-Jacques la te plis chita sou refòm edikatif ki te fèt nan lane 1979 la nan peyi a. Li te pale alafwa antanke pwofesè anndan Fakilte a, e moun ki te patisipe nan refòm nan.

Apwòch li a te chita sou yon baz sikolengwistik, sa vle di, rapò ant lang ak aprantisay. Nan voye je gade rezilta moun ki pase nan lekòl refòme sa a ap bay, madan Nirva souliye, nan pifò ka yo, pa gen twò gwo amelyorasyon. Sa k' pase ?

Dapre limenm, non sèlman yo pa rive aplike prensip sikolengwistik la toutbon nan lekòl yo - fè timoun yo koumanse aprann nan lang manman yo - men tou, gen yon travay ki manke fèt sou lang manman an yo a. Fòk lang lan adopte yon sistèm panse ki wo. Menm jan timoun ki pale franse, angle, elatriye, reyaprann lang yo lekòl nan yon lòt nivo, ti ayisyen an dwe aprann fè bon jan rezònman syantifik nan lang pa li a tou. Se sa ki fè, anvan l' fini, madan Jean-Jacques pwopoze pou ta genyen yon kou didaktik kreyòl anndan Fakilte Lengwistik Aplike.

Se sou yon grenn mo entèvansyon M. Vernet a te chita : aprann. Li te fè konprann, zafè aprann anndan yon peyi genyen yon sèl objektif : chanje, devlope peyi a. E kòm se moun ki pou fè travay sa a, e kòm tou, se tèt ki mennen kò, aprann vle di dabò, chanje, devlope sèvo.

Dwayen an esplike, nan fouye zo nan kalalou, fouyadò lasyans jwenn twa dimansyon ki enpòtan nan zafè aprann : Yon dimansyon koyitif (devlòpman kapasite mantal, ki se baz la) ; yon dimansyon afektif (se motivasyon pou aprann nan, yon boustè) epi, yon dimansyon sosyal (modèl sosyete a bay la, jan li akeyi lide a).

Pandan refòm nan, yo te sitou konsidere de premye dimansyon yo, men yo te neglije dènye a. E se paske sosyete a te di li pa vle refòm nan ki fè sa pa t' mache. Kounyeya, gen yon lòt plan : fè sosyete a konprann, devlòpman l' pa chita sou sa k'ap soti lòt kote, men sou travay pa l', sou sa peyi a genyen kòm valè kiltirèl. Kòm lang marye ak kilti, sa vle di, tout valè kiltirèl nou pase nan lang lan, Fakilte Lengwistik Aplike gen yon gwo wòl pou jwe nan lòt refòm sa a. Se sa dwayen an rele " Politik lengwistik ak kiltirèl ".

Nan ka sa a fòk nou di, ekip kòdinasyon aktivite yo ki te gen nan tèt li vis dwayen pou rechèch Fakilte a, M. Louinès Volny, te byen chwazi tèm kreyolofoni an : " Lang nou, kilti nou : baz devlopman peyi nou ".

Konferans 12

Vandredi 26 oktòb, 4è PM
Tèm : Pragmatik ak kominikasyon
Panelis : Eric Hernandez Fernandez

Pwofesè Fernandez, se yon lengwis espesyalis nan pragmatik (etid diskou) ki soti nan Inivèsite Lahavàn anndan peyi Kiba e ki se zanmi Fakilte a. Kòm li pa pale kreyòl, li te sètoblije prezante konferans li a an franse.

Nan zafè pragmatik, pwofesè Fernandez te esplike kijan etid lang lan depase règ gramè yo nèt alkole, avèk kèk egzanp li te pran, tankou eleman sa yo : Mwen, ou, nou, …, yo idantifye kòm pwonon pèsonèl ki an reyalite, pa vrèman ranplase non yo, men ki annik lonje dwèt sou yon moun, kidonk, se " deyiktik " yo ye. Genyen eleman tankou li ki plis yon eleman anaforik, paske ase souvan, se reprann li reprann yon non ki te parèt nan diskou a deja. Anpil lòt egzanp te montre, etid lang lan pi konplike pase jan li ta parèt la.

Men alafen konferans la, apre yon kesyon nan sans sa a, espesyalis la te rekonèt enpòtans gramè tradisyonèl la nan fè moun aprann yon lang, kote li bay detay sou eleman preliminè yo. Lòt konsiderasyon yo plis konsènen moun tankou limenm ki nan domèn lasyans lang, k'ap etidye lang lan nan yon nivo pi avanse.

Nan tout lide yo brase yo, panelis yo demontre, yon pi bon itilizasyon lang tout moun nan peyi a konprann nan anndan reyalite sosyal, atistik ak syantifik peyi a, se va yon siy devlòpman reyèl. Tout sektè gen wòl pa yo nan eseye jwenn solisyon pou divès pwoblèm espesyalis yo t'ap poze yo. Men, dapre jan panelis yo pale, genyen anpil travay ki pou fèt toujou nan kreyòl ayisyen an pou l' rantre pi fon nan tout sektè yo, nan tout domèn yo. E sa a, li pa travay lòt moun, se travay nou menm lengwis ki nan fonèm ak monèm tout lasentjounen.

Fòk nou foure bouch nou pi fon (avèk lang kreyòl la anndan l') nan tout sektè, pandan moun k'ap travay nan domèn sa yo pa kite konplèks fè yo mete fo baryè pou lang lan, men pou yo kite l' fè chemen l' pou l' tounen toutbon, baz devlopman peyi nou.

Alòs lengwis, doktè ,avoka ,ekriven,... n'ap leve pye nou pou n' leve lang nou !

Webbs Gaddy DAMAS
FLA, Nivo II AM
gadi@atlantikhaiti.com

Ranmase tèks la

Selebrasyon Jounen entènasyonal lang kreyòl nan Fakilte Lengwistik Aplike

Ane sa a ankò, solèy jounen entènasyonal lang kreyòl la te briye anndan Fakilte Lengwistik Aplike Inivèsite Leta a.

Soti 15 pou rive 27 oktòb 2007, lokal Fakilte a te pran tout koulè avèk ekspozisyon bèl tablo penti ak kolaj, zèv atizanal, liv kreyòl ki trete divès kalite sijè, manje kreyòl epi bèl moun kreyòl ki t'ap fè ale-vini.

Etidyan, pwofesè ak pèsonèl enstitisyon an te mete ansanm pou pèmèt kenzèn kreyòl la reyisi, pandan yon ekip kòdinasyon solid ki te gen nan tèt li visdwayen zafè rechèch Fakilte a, M. Louinès Volny, t'ap asire dewoulman yon seri konferans ki te gen pou misyon, devlope tèm kenzèn nan ki se te: "Lang nou, kilti nou: baz devlòpman peyi nou".

Anba kout kamera laprès avèk kiryozite yon piblik ki te toujou sou sa, espesyalis nan plizyè domèn te pran tan yo pou vin devlope rapò ant lang (kreyòl) avèk branch pa yo: Mizik (Thurgot Théodat, Théodore Beaubrun Jr-Lòlò); Sikanaliz (Doktè Serge Yacinthe); Istwa (Michel Soukar); Dwa Fanm (Colette Lespinasse, Guerty Aimé, Magalie Marcelin); Literati (Claude C. Pierre, Frankétienne); Lajistis (Mèt Barnave Chéron, Mèt Norah Jn François, Mèt Claudy Gassant); Relijyon (Pastè Edner Jeanty, Pè Jean Hoët, Pastè Lemète Zéphyr); Sinema (Arnold Antonin, Rassoul Labuchin); Lasante (Doktè Georges Michel) epi Edikasyon (Nirvah Jean-Jacques, Pierre Vernet).

Lide konferans yo, se te esplike kijan yon pi bon itilizasyon lang tout moun an Ayiti konprann, anndan reyalite sosyal, atistik ak syantifik peyi a, va yon siy devlòpman reyèl.

Nan domèn lajistis paregzanp, panelis yo te esplike jan pwoblèm nan bòdelaye: kijan kòz yon moun fè ap diskite nan tribinal nan yon lang li pa konprann? Epoutan, sitiyasyon diskriminasyon franse/kreyòl la lakoz, menm moun sa a prefere avoka l' pale franse, pou l' sèten li gen yon bon avoka nan men l'. Sa montre nou, se pa sèlman moun ki bileng yo ki ap repouse kreyòl; se yon otomepriz, yon sitiyasyon kote ayisyen an ap aprann jete pwòp tèt pa li. Men, èske l' posib pou nou devlope tèt nou, si nou pa devlope ak sa nou genyen?

Yon lang, se tankou yon likid; li pran fòm veso yo mete l' landan l' lan. Dapre jan tout panelis yo abòde kesyon an, kreyòl la prèt pou l' pran fòm kò l' nan nenpòt domèn, men pou sa, genyen de (2) travay ki pou fèt ak plis detèminasyon:
1) Fòk moun k'ap travay nan tout sektè rekonèt reyalite lengwistik peyi a: peyi a genyen de lang ofisyèl (kreyòl, franse), men, tout moun konprann tout moun toupatou, lè se kreyòl ki pale.

2) Espesyalis nan etid lang (lengwis) dwe nonsèlman fè plis travay alabaz nan lang lan, men aplike l' nan tout domèn (nan pwodui zouti travay tankou diksyonè espesyal, nan tradui liv teknik ki deja ekri nan lòt lang, ...), yon mannyè pou lang lan jwenn plis espas pou ouvè kò l'.

Se tout pawòl sa yo ki t'ap pale pandan kòlòk kreyolofoni 2007 la ki te dire de semèn nan Fakilte Lengwistik Aplike.

Samdi 27 oktòb, se te jou pou enstitisyon an bay dènye son klòch la pou kouwonnen bèl aktivite sa a. Pou sa, banda a te chanje: FLA te prezante yon kokennchenn espektak kiltirèl nan Rex Teyat a pati 4è pm. Tout jèn atis Fakilte a te fè yon sèl pou raple piblik la, bèl mèvèy nou kapab fè avèk lang nou an sou plan atistik. Kèk gwo atis tankou Bic, Bélo, te reponn prezan swa pou chante osnon pou asiste, men nan yon sèl lide: montre volonte yo pou bay kilti kreyòl ak lang kreyòl jarèt.

Tout bèl melodi, tout bèl pwezi ki t'ap klèwonnen pandan espektak sa a, eko yo te rete non sèlman pou jounen 28 oktòb la, men tou pou prepare lòt bèl melodi ak lòt bèl pwezi pou 28 oktòb 2008, yon fason pou yo mete ansanm, pou raple tout ayisyen, "Lang yo, kilti yo, se baz devlòpman peyi yo"!

design by E. Etienne--www.emmanex.com © copyright 2007 | REKA| all rights reserved