Refleksyon nan okazyon
Jounen Entènasyonal
Lang Kreyòl 2005

Nou vle sèvi entènot zanmi REKA yo atik sa a ki te parèt deja nan yon lòt piblikasyon. Nou gen tèks sa a depi lontan nan dosye nou, nou t ap tann yon okazyon pou nou ofri li bay fanatik nou yo. Lektè yo gen dwa devlope lòt kat pwen atik la te prezante yo. Voye reyaksyon ou bay REKA.

Haïti pour une francophonie non exclusive!!

Nan youn atik ki soti nan «Haïti En Marche 16 mars 2005» lan, «Haïti pour une francophonie non exclusive!!» Madam Magalie Comeau Denis, minis lakilti anndan Ayiti sou gouvènman tranzisyon an deklare se ak kont epi chante pou yo :«ressuciter le français comme langue officielle véritable en Haïti.(p. 11)».

Noumenm manm Sosyete Koukouy nou pa fouti konprann anyen nan koze san pye ni tèt minis lakilti a, Madam Magalie Comeau Denis sot ban nou la a. Depi pèp la te fin vote konstitisyon 1987 la kote ki te gen atik ki mande kreyasyon youn akademi kreyòl nou pa janm wè, tout pawòl ki te ekri pou vansman lanng kreyòl la anndan sosyete Ayiti a te rete sou papye. Jouk jounnen jodi a, Le Moniteur Journal Officiel peyi a, kote tout lwa dwe sikile anvan pou leta rekonèt yo, poko janm parèt nan de lanng ofisyèl peyi a. Jouk jounen jodi a, tout biwo leta kou prive se nan lanng franse anplwaye yo sèvi pèp la. Jouk jounen jodi a, nan ansèyman literati ayisyèn, ministè edikasyon Ayiti a poko janm pase okenn regleman pou branch kreyòl literati Ayiti a rantre nan ansèyman literti ayisyèn lan, poutan literati fransèz, literati Lafrans, ap anseye rèdchèch anndan peyi a. Vwala minis Magalie Comeau Denis deklare lanng franse ap mouri anndan Ayiti. Ki kote kalite koze sa a soti?

Si tout mounn nan peyi a pa metrize lanng franse a kòmsadwa, se paske ansèyman lanng franse a mal fèt nan peyi a.

Nan menm atik sa a ki manke sou klate li, paske gen youn bann lide ki ap sikile nan fon nannan li, ki ap flote ant lide mounn ki ekri editoryal la ak lide pa minis lan, nou jwenn divès lòt pawòl ki merite esplikasyon. Men yo :

  1. «Dis moi si tu parles bien français et je te dirai qui tu es.»
  2. «Haïti compte deux langues officielles, dont le français mais aujourd'hui seulement de nom.( p. 11)»
  3. «Le français en Haïti a été victime de nombreuses aventures. Mais paradoxalement d'abord de la démocratisation de l'école haïtienne." (p. 11)»
  4. «Qu'est-ce qui a fait fuir la France?…. [c'est]peut-être aussi la généralisation du créole dans l'enseignement haïtien?(p. 11)»
  5. «Toujours est-il que ce n'est pas la concrétisation du créole qui fait problème, que la démocratisation sauvage de ce dernier. Au diable l'enseignement de la langue, le proverbe dit » kreyòl pale, kreyòl konprann.

Se tout lide sa yo nou jwenn nan atik la ak anpil lòt ankò. Kòm Oganizasyon ki ap goumen pou dwa lanng kreyòl anndan Ayiti depi nan kòmansman ane 1960 yo, nou oblije ap mande, kisa ki ap pase? Kisa Mélodie 103.3 FM genyen kont lanng kreyòl la? Eske se kreyòl la ki lakòz franse pa pale sou kat zepenng anndan peyi a oubyen leta ki manke sou devwa li ak responsablite li. Pou nou sèvi ak pwovèb menm jan ak editoryalis la, nou kab di :Dan pouri gen fòs sou bannann mi.

Chak lide nou reprann anwo a demontre nou degre prejije mounn ki ekri atik la kont pèp ayisyen an epi kont pwòp tèt pa li, paske mezanmi : pale franse pa di lespri non. - «Dis moi si tu parles bien français et je te dirai qui tu es.» (pwen nimewo 1) Kisa koze sa a vle di mezanmi, kant nou ap viv nan youn peyi kote 100% popilasyon pitit tè a, se lanng kreyòl la ki lanng yo? Kote malediksyon sa a soti pou li vin tonbe sou do peyi a? Konsa, si ou pa konn pale franse oubyen si ou pale franse a mal, ou pa mounn. Ou se pitit sòyèt. Men vrè valè youn mounn pa soti nan lanng ki pale. Li soti nan fonksyon li nan sosyete li ap viv la. Si fonksyon li se bloke evolisyon sosyal pèp nan peyi kote li ap viv la, li mèt konn pale tout lanng sou latè, li ap toujou rete nan ran mounn ki pa degwosi. Tankou, Kaptenn Koukourouj toujou di li : Kreyòl pa gen limit. Se noumenm ki pou ba li divès dimansyon li bezwen yo. Si gen save ki kite laparès anvayi yo, se pa youn rezon pou yo sèvi ak kreyòl la kòm eskiz pou yo kache pwòp limit pa yo. Se pa lanng ki fè mounn ni kategori sosyal yo. Se mounn ki fè lanng. Se kondisyon dominasyon youn mounn sou youn lòt ki kreye kategori sosyal. Si youn mounn wè sa diferamman, li gen anpil chemen pou li fè anvan li jwenn wout limyè.

Biwo Kiltirèl Sosyete Koukouy




REKA
P.O. Box 967
Randolph, MA 02368
USA

reka@kreyol.org
----------------------------------------

design by E. Etienne--www.emmanex.com © copyright 2005 | REKA| all rights reserved