Òtograf
- Alfabè
- Konsòn
- Vwayel
- Vwayel bouch
- Vwayel bouch-nen
- Vwayel-konsòn
- Ti tirè
- Apostwòf
- Aksan
- Ka espesyal
- Prensip
- Chak lèt ret nan wòl yo
- Tout son toujou ekri menm jan
Alfabè
Men Alfabè kreyòl la:
a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z.
Konsòn
18 Konsòn
b : bal, debat, kapab
ch : chat, rache, rach
d : daso, kada, gad
f : fal, rafal, saf
g : garaj, bagay, bag
h : ha, branhang, enhen
j : jalou, kajou, raj
k : kad, makawon, avèk
l : lavi, pale, fasil
m : malad, enfimite, dam
n : nas, zepina, bekasin
ng : ling, touhing, zing
p : poto, rapadou, pap
r : rat, marasa
s : sik, dousi, sous
t : taso, titato, tèt
v : vakabon, lave, rèv
z : zafè, raze, raz
Vwayel
7 Vwayel bouch
a : ase, latè, leta
e : elèv, redi, rale
e : ès-ès, kèk, ankè
i : istwa, pit, anasi
o : ochan, foli, mato
ò : òfèv, gòl, gadò
ou : ouvriye, goud, kalfou
4 Vwayel bouch-nen
an : anlè, zandolit, devan
en : enbesil, pentad, lapen
on : onz, ponpe, pantalon
oun : ounsi, mazounbèl, youn
Vwayel-konsòn : W
wa : watè, lakwa
wan : wanga, lakwann
wete : wete, dwe
wen : kwen, pwen
wi : kwi, piwili
wo : wotè, gwo
wò : wòl, bwòs
won : wont, fwonte
wou : woule, kwout
AtansyonWo, Wò, Won, Wou
kapab ekri konsa tou : Ro, Rò, Ron, rou.
Egzanp :
rotè, gro, ròl, bròs, ront, fronte, roule, krout
Y
ya : faya, pyas
yan : yanvalou, pyan
ye : peye, katye
ye : ayè, soupyè
yen : anyen, kretyen
yo : koyo, konfyolo
yò : miyò, dyòl, biyòt
yon : pyon, bouyon
you : you, pyout, pay, kay, bòy, fèy, chany
UIEgzanp: luil, nuit, uit
zuit
Ti tirè
Nou kapab sèvi ak ti
tirè, si nou vle, pou makònen yon mo ak kèk fòm gramè ki
vini apre li, tankou :
-fòm atik defini yo : "fi-a, nèg-la, mouche-a,
fanm-nan..."
-fòm adjektif posesif yo : "papa-li, pitit-mwen"
-pwonon konpleman retresi yo : "nèg-la di-m li te wè-m
yè..."
Apostwòf
Nou kapab sèvi ak
apostwòf pou pwonon sijè yo:
"M' vini rele ou epi ou
pa vini..."
"Jèda pa la, l' al lekòl..."
m', n',
l', se mo tankou lòt mo. Fò nou kite yon ti espas anvan
nou kòmanse ekri mo ki vini apre a
Aksan
Nou sèvi ak aksan pou
fè :
e tounen è (e aksan grav)
o tounen ò
a devan 'n' tounen àn
Egzanp: van, vàn / pan, pàn
Ka espesyal
Lè oun pati son
vwayèl 'ou' pase nan nen san pa gen yon konsòn-nen tou
pre li, nou mete 'n'. Nou jwen ka sa yo sitou nan mo
kreyòl ki soti nan lang afriken.
Egzanp: ounsi,
ounfò,
oungan.
Prensip 1
1.
Chak lèt ret nan wòl yo
Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan
pawòl nou fèk li yo:
a
nan: katreven,
drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè,
pàn, lagè, travay.
an
nan: san,
aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b
nan: aba
ch
nan: chak, cho
d
nan: drapo
e
nan: me,
katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl,
montre, lasante, manje, lekòl, ret
è
nan: nèf, fèt,
elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en
nan: katreven,
fen, prensip, lenjistis
f
nan: nèf, fèt,
fen, pwofesè
g
nan: lagè,
grangou
i
nan: dizui,
mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri,
ti, prensip
j
nan:
lenjistis, manje
k
nan: katreven,
ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l
nan: mil,
elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè,
lagè, lasante, lapè, lekòl
m
nan: me, mil,
moun, montre, lamizè
n
nan: nèf,
inivèsite, moun, aprann
o
nan: drapo, yo
on
nan: onz,
montre
ou
nan: tout,
moun, kouran, pou
p
nan: drapo,
pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r
nan: katreven,
drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret,
kouran, travay
s
nan:
inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t
nan: katreven,
fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret,
travay
ui
nan: dizui
v
nan: katreven,
inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w
nan: pwofesè,
twa, wòl
y
nan: kreyòl,
yon, yo, travay
z
nan: dizui,
Prensip 2/3
2.
Tout son toujou ekri menm jan
3.
Nanpwen lèt ki bèbè, ki pa pale, ki pa
remèt son pou yo remèt la
Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj
chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay
onz.