REFLEKSYON # 1

Premye kesyon yon moun ap poze tèt li se kisa yo rele LIV PALE a. Mwen pa kwè gen moun ki ap gen pwoblèm pou yo konprann mo PALE a. Men ann eseye mete nou dakò sou mo LIV la. Poko gen yon diksyonè jeneral kreyòl, ann al gade kay vwazen. Diksyonè “Académie Française” mete sou entènèt la defini liv konsa: LIV n. m. parèt an XIe syèk enpi li soti nan laten ki te konn di “liber, libri”. Yon liv se yon pakèt fèy papye kote yo ekri yon tèks alamen oswa enprime pou moun ka li. Nan tan lontan, lè potko gen papye yo te konn sèvi ak po bèt, ekòs pyebwa (papyrus), twal swa, pachmen, adwaz labou, elatriye. Menn jan an tou, anvan Goutennbè potko envante enprimri, se alamen yo te konn ekri liv. Liv pat toujou prezante jan nou konnen an, mwen vle di yon pakèt fèy klipse, kole oswa koud ansanm ak de po liv ki pou pwoteje fèy papye yo. Nan tan lontan, yon liv te gen dwa se yon woulo papye, yon gwo fèy papye byen laj pliye plizyè fwa. Mwen tcheke diksyonè ameriken “The American Heritage Dictionary” tou, se apeprè menm bagay la li di sou bò pa li.

 

Premye konesans mwen fè ak LIV PALE, se sou ansyen Radyo Haiti ki te konn difize chak dimanch maten, anvan festival “Jazz des Jeunes” nan, yon emisyon teyat franse. Se ORTF (Ofis Radyo ak Televizyon Franse) ki te prepare emisyon sa yo enpi voye toupatou nan lemonn pou kore aprantisaj ak difizyon lang franse a. Tandiske mwen te konn ap goumen pou konprann pyès teyat klasik yo te konn travay ak mwen nan lekòl la, menm pyès teyat sa yo vin klè enpi enteresan lè mwen tande yo sou radyo. Se konsa mwen vin dekouvri fòs yon liv pale ak plezi li ka pote pou yon  moun. Kisa nou rele liv pale a?

 

Nou envite ou antre nan dyalòg la:

Jwèt pou ou

Fòk ou enskri anvan logged in pou ou ka patisipe san pwoblèm.

 

2 Responses to “REFLEKSYON # 1”


  1. michel-ange hyppolite says:

    Mwen kab di, mwen pito neyolojis liv sou plak-la oubyen liv sou sidi pase liv pale-a.
    Se vre teknoloji-a montre nou nesesite ak mwayen pou nou anba ak lakonesans. Se kòmsi liv sou fèypapye vle pase mòd. Kit fèypapye pase mòd, kit li rete alamòd, li rete klè pou tout mounn, fòk gen koze ki ekri. Gade pou mwen kominike ak nou la-a, se ekri mwen oblije.
    Mwen sonje nan youn atik mwen te ekri nan Ayiti An Mach, seksyon Tigout pa tigout, mwen te bay difilte mwen genyen ak koze tande senpman-an. Younn ladan-yo, se te si pou youn mounn ekri byen, li dwe gen posiblite wè sa ki ekri epi pou li anrejistre yo nan sèvo li. Konsa, depi li bezwen ekri limenm, li ka toujou refere li ak sa li deja genyen nan bank mo ak pawòl li abitye wè yo.
    Wi nou kab toujou gen liv sou sidi oubyen liv sou plak, men anndan pòch sidi-a oubyen pòch plak-la dwe toujou gen kichòy ekri.
    1- Pou mounn ka itilize kòm referans
    2- Pou fasilite aprantisay lekriti
    3- Pou anpeche nou retounen nan tan oralti-a, paske pawòl pale se van, pawòl ekri se dokiman. Dimwens, sa se prejije pa mwen.
    M’ale
    Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
    Manm Sosyte Koukouy Kanada


  2. michel-ange hyppolite says:

    Mwen poko jwenn okenn kòmantè sou lide ki ap debat ant de mo nèf yo: Liv sou plak oubyen liv sou sidi epi liv pale-a.
    Mwen pa rete non.
    Kaptenn

Leave a Reply

You must be logged in to post a comment.