Liv “audio”, ann di odyo an kreyòl, nou menm nou rele liv pale, gen lòt ki di se yon liv pou tande, epitou Jafrikayiti rele li liv sou plak (livre sur disque), se yon tèks yo li enpi yo anrejistre sou plak, bann mayetik tep oswa nenpòt lòt zouti modèn ki genyen jounen jodiya. Liv pale te fèt pou ede moun ki pa wè oswa ki pa ka li akoz pwoblèm disleksi patisipe nan pran lakonesans moun jwenn nan liv. Touswit apre, menm moun de je kale vin pran plezi pou tande tèks pase pou yo li yo. Mwen te deja di jan yon tèks moun li parèt pou mwen pi enteresan, pi fasil akoz fason moun k ap li a transmèt lide yo. Epitou, dekouvèt modèn pèmèt yon moun jwi son pi byen pase nan tan lontan. Anplis yon moun pa bezwen chita, kouche, apiye ak de je ou kole sou paj yon liv pou ou jwi yon tèks. Liv pale a pèmèt ou pran plezi lekti ou jan ou vle, kote ou vle.

 

Rapò moun ak lekti vin chanje nètale ak zorèy ki antre nan won, fason tradisyonèl nou te toujou konnen ki mande se je ki pou kole sou liv pou moun ka li vin pase mòd. Pwogrè teknolojik, anvi nouvote, fasilite pou pa gaspiye tan, ekonomi plas pou sere plak, oswa yon ti bagèt memwa konpitè konpare ak gwo liv yo ki mande bibliyotèk, lekti ansanm kote tout moun ap tande menm tèks la anmenmtan, enpi depi se tande tout moun ap konprann depi ou konnen pale lang nan. Tout sa vin mete ansanm pou bay liv pale siksè li genyen jounen jodiya. Gen konpayi ki la pou fabrike liv pale senpman enpi biznis la ap mache.

 

Men kijan mwen vin antre nan admire liv pale. Premye esperyans mwen se te nan “Conservatoire National d’Art Dramatique” kote mwen te elèv enpi Charles Alexandre Abellard te direktè. Direktè a te prezante nou yon tèks Alphonse Daudet te ekri ki rele Le Sous-Prefet aux Champs. Se te yon gran aktè franse ki te li tèks la sou yon plak. Nou menm elèv, nou te dwe entèprete menm tèks la, men nou chak te dwe vini ak orijinalite pa nou, pou nou pa parèt raz. Se konsa mwen wè enpi mwen vin konprann TANDE AK WÈ se de, nan sans lekti.

 

Dezyèm esperyans mwen se nan lekòl nòmal ak Frè Claude Chenier ki te fè nou tande Le Petit Prince St Exupery ekri. Nou te tande tèks la men nou te gen liv la tou sou biwo nou. Si m sonje byen, pat gen pèsonn ki te eseye li anmenmtan pandan yo ap tande. Plezi tande a te efase anvi li a. Twazyèm tèks mwen tande se Leya Kokoye, Moris Siksto konpoze enpi di sou yon plak. Premye fwa lè mwen te tande li, mwen pat gen plak la, se te yon kopi sou kasèt mwen te genyen. Move kalite son an pat retire yon swig sou plezi mwen te pran nan tèks sa a. Apresa, mwen te tande nan radyo, Koralen (Jean Claude Martineau) ki prezante Flè Dizè ansanm ak Bèfchenn, Dejwe enpi Pale Moun nan Nò. Kanta pou dènye tit sa a, se sou plak senpman mwen konnen li pibliye, mwen pa janm wè tèks ekri a. Pèlentèt vin parèt sou plak tou. Se konsa nou menm an Ayiti, nou vin foure kò nou nan mouvman liv pale a tou. Ki avantaj ak ki dezagreman sa reprezante?

 

 

One Response to “REFLEKSYON # 2”


  1. michel-ange hyppolite says:

    Si plezi tande retire plezi se paske mounn gen tandans fè si ki pi fasil pou yo. Nou jwenn plis mounn devan televizyon ap suiv nouvèl tan pou yo achte youn jounal. Pou mwenmenm rezon-an senp. Mounn lan fè mwens efò entèlektyèl lè ba li youn lòt mounn ap ba li tan pou li al chèche pou tèt pa li.
    Tandans-lan ap jeneralize, men nou dwe fè atansyon, paske konpòtman manje tou kuit sa-a ka gen konsekans negatif nou nati mounn nou.

    Kounye la-a, nou kab remake de mounn chita younn sou kote lòt nan otobis oubyen nan tren epi younn pa kase youn mo pou pi piti nan bouch lòt, paske yo chak bloge ak youn aparèy nan zòrèy-yo. Youn mounn ka bezwen èd nan sikonstans pou sove lavi li epi lòt mounn ki tou pre li-a pa fouti konnen sa, paske li bloge ak mizik, sinema epi tout lòt kalite gadyèt endividyèl. San mwen pa kanpe reflechi an pwofondè sou dosye-a se sa mwen kab di.

    Konsa, modènite-a se wololoy, men kondi chante Gérard Duperville-la nan dyaz Dèjèn, tout bagay ki dous gen youn kote li anmè. Konsa ann suiv. Mwen pa kont teknoloji non, men tout sa ki nouvo tou bo toujou rann mwen sispèk.

    Mwen pa rete non.
    Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
    Manm Sosyete Koukouy Kanada

Leave a Reply

You must be logged in to post a comment.