ne 2004 la fè enpe plis pase senkant lane depi literati lanng kreyòl la te
dekole tout bon vre sou papye ak travay Félix Morisseau-Leroy, youn ekriven ki te
sispann ekri an franse pou li te ekri prensipalman an kreyòl. Jounen jodi a
lekriti kite fèy papye pou li monte sou granchemen savwa a, entènèt. Noumenm kreyolis,
ki pa vle rete dèyè kamyonèt teknoloji a, nou deside kreye youn espas sou
granchemen sa a pou nou ekspoze zèv ekriven kreyòl yo sou ekran lakay tout
mounn sou latè.
Ekspozisyon travay ekriven kreyòl yo sou entènèt ( granchemen savwa a) se younn nan pi bèl fason pou nou temwaye yo rekonesans nou epi pou nou ankouraje yo kontinye devlope literati ak kilti Ayiti a ak travay literè yo.
zèv chelènEkspozisyon zèv ekriven kreyòl nou yo sou granchemen savwa a, se youn fason pou edikatè Ayisyen toupatou sou latè ansanm ak lòt fouyapòt ki enterese nan literati kreyòl la Ayiti a jwenn zèv chelèn agogo pou travay ansèyman yo ansanm ak pou travay rechèch yo sou literati Ayiti a.
modèlNan ekspoze zèv ekriven kreyòl nou yo sou granchemen savwa a, nou ap pote modèl ki ka deklannche plezi lekriti nan lanng kreyòl la nan lespri nouvèl jenerasyon Ayisyen ak lòt kreyolis toupatou sou latè ki ta deside rapousuiv chemen eksperyans lekriti kreyòl la. Tankou tout mounn ki nan chan ledikasyon konnen li, aksyon kreyasyon atizay-bèbèl ak lekriti, se youn aksyon ki kòmanse ak imitasyon, men se elan imitasyon sa a menm ki pral sèvi kòm baz pou kreye nouvote nan kreyasyon literè ak lanng kreyòl la.
pariLè nou deside kreye paj ekspozisyon zèv ekriven kreyòl yo, se youn pari nou kase ap pwòp tèt nou. Pari a, se ankouraje kreyasyon zèv chelèn pou devlopman literati kreyòl la nan tout nivo ki ekziste jounen jodi a epitou nan lòt nivo ki gen pou vin fè grèf ak sa ki te la deja yo nan ane ki ap vini yo.
Nou gen espwa nou kab leve defi a, paske kout gidon Moriso-Lewa te kite pou nou sou papye nan ane 1950 yo pa menm ak varyete bèbèl nou jwenn jounen jodi a anba plim Ephèle Milcé, Manno Ejèn oubyen Jean-Claude Martineau ( Koralen). Se kontribisyon pa ou ak kolaborasyon pa ou nan travay ekspozisyon zèv ekriven kreyòl yo sou granchemen savwa a ki pral fè defi noumenm ki lanse pwojè a tounen youn reyalite. Alòs, nou ap tann koutmen ou nan konstriksyon bèl galri zèv ekriven kreyòl Ayiti yo sou granchemen savwa a.
plan travay nou vle swiv pou prezante ekriven nan lanng kreyòl yoNou dwe toujou rete sou labal pou nou konnen ki mounn ki mouri, pou nou kouri fè koreksyon ki esansyèl yo nan dokiman an lè sa rive.
Mounn nou konnen yo nou kab voye plan an ba yo epi mande yo pou yo ekri pwòp nòt biyografik yo daprè plan nou ap voye ba yo a. Lè mounn lan fin voye dokiman an pou nou, nou va edite li daprè enterè nou.
Nou ap prezante dokiman an nan lòd alfabetik daprè non legal mounn lan osnon nan non li genyen ki pi kouran nan lavi ekriven li.
PB (pa blilye): nou pakab mete tout mounn ki ekri nan lis sa a. Se pa paske mounn lan ekri youn grenn zèv pou li konnen li se ekriven pou sa. Si mounn lan pa piblye youn liv nou pa kapab konsidre non li sou lis sa a. Sepandan, nou rekonèt tou gen mounn ki fè non yo epi ki fè lonè ekriven kryòl yo ak youn tèks, sa se ka pyonye nan literati kreyòl la kou Oswald Durand. Lè sa rive, nou va pran desizyon ki nesesè a.
Nou konnen se youn kokennchenn pwojè, men tankou nou abitye di li : «Afwon pa fè ou fè pitit, li fè ou gen pa ou» .