AKADEDMI KREYÒL AYITI: Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou !

]

6 Oct, 2020

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: KREYÒL SE GADYEN LAKOU A
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou !
AKADEDMI KREYÒL AYITI

« Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou», se tèm Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) chwazi pou li selebre mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2020 an.

Tèm sa a envite nou gade lang kreyòl ayisyen an nan fonksyon kiltirèl li. Kòm lang lan genyen plizyè dimansyon, Akademi an chwazi, ane a, montre kijan lang kreyòl ayisyen an rive jwe wòl gadyen nan konsèvasyon eritaj kiltirèl ayisyen an.

Ayiti nan yon sitiyasyon sosyolengwistik patikilye ki mande bon jan konpreyansyon pou abòde li. Akote reyalite sila a, genyen yon evidans Akademi Kreyòl Ayisyen pa sispann montre. Tout Ayisyen konprann epi pale yon grenn lang : kreyòl. Se yon reyalite sosyolojik. Lasyans lengwistik ak esperyans popilasyon an fè, montre nou, yonn nan eleman ki pi enpòtan nan kilti yon pèp, se lang li. Lang lan gen plizyè fonksyon : anplis kominikasyon,  ramasay konesans ak esperyans, li pèmèt transmisyon, difizyon ak konsèvasyon kilti peyi a.

Konsa, lang lan se motè  kiltirèl ki konsène Ayisyen, yon rezèvwa wòdpòte ki ede nou konsève ak prezève sa n genyen kòm patrimwàn kiltirèl imateryèl. Soti nan resèt kizin oubyen gastwonomi pase pran pwovèb yo ki se temwànyaj sajès nou kòm pèp, pase pran istwa kont nou yo san bliye divès chante popilè ki la depi digdantan rive nan konpa, se lang kreyòl la ki konsève yo epi pèmèt yo rive jwenn nou pou n rapousuiv  transmisyon yo bay lòt jenerasyon.

Lang kreyòl la se veritab laboratwa ki ede pèp la pote epi valorize kilti li. Tout eritaj kiltirèl nou yo, blag yo, lodyans yo, tradisyon yo ak pratik kiltirèl yo pase pa lang kreyòl jenerasyon apre jenerasyon . Jodi a menm, lang kreyòl se temwayaj eritaj sa nou ap benefisye nan pratik kiltirèl nou kòm pèp. Nan sans sa, lang kreyòl se achiv nou, galata nou.

Eritaj kiltirèl sa a  manifeste nan tout lavi popilasyon an : relijyon, abiman, manje, literati … men, yonn nan kote li pi byen chita nan konsève kilti ayisyen an se nan mizik ; Konpa, Vodou (sa nou rele mizik Rasin nan), Bolewo, Twoubadou, elatriye. Konsta a klè, majorite mizik nou yo se an kreyòl mizisyen yo konpoze yo. Nan sans sa a, tout sa pèp la viv yo nan kotidyen yo. Se nan mòd mizik sa a popilasyon wè lavi, tout sa li genyen kòm filozofi ak reprezantasyon sosyal. Se nan lang sa a atis yo rive tradui reyalite ki sizonnen yo ki ba yo enspirasyon pou konpozisyon mizikal yo.

Zèv mizikal ayisyen  pèmèt lang kreyòl rive menm byen lwen kote atis yo pa ka rive. Jounen jodi, se pa ni yonn ni de koral entènasyonal ki ap entèprete chante kreyòl. Chante kreyòl sèvi kòpis nan ansèyman lang kreyòl nan milye inivèsitè entènasyonal kote akote lang nan, etidyan etranje ap benyen nan kilti ayisyen, jouk yo mande vizite Ayiti, jouk yo ekri memwa lisans yo nan lang kreyòl. Ki fè la a, lang kreyòl ayisyen an, se pi gwo gadyen eritaj kiltirèl pèp ayisyen an. Sosyete a dwe kontinye renmen li, pwoteje li, valorize  li, pwodui ladan li, travay li sou plan syantifik  pou li devlope nan lòd ak dispiplin selon prensip lasyans.

Lang eritak kiltirèl ayisyen an se lang ofisyèl peyi a. Konstitisyon peyi mande pou li nan tout aksyon nasyonal, pou li sèvi nan piblikasyon tout dokiman ofisèl peyi a.

Lang yon pèp se premye idantite kiltirèl li ! Kilti yon pèp se fòs ki bay lavi li sans ! Nanm pèp ayisyen an se Lang li ak kilti li !