Akademi Kreyòl Ayisyen

100 Kesyon
pou Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA

Liv sa a pa yon liv teknik. Li plis genyen valè yon temwayaj, ki va
pèmèt lektè yo konnen ki kalite kesyon konpatriyòt yo te poze sou
lang kreyòl la nan divès rankont popilasyon an te fè avèk
Akademisyen yo, soti lane 2016 pou rive 2022. Li rasanble repons
dirèk Akademisyen yo te bay nan rankont sa yo. Prensipal objektif
liv sa a, se pèmèt lektè yo konnen pou ki sa gen yon Akademi Kreyòl
Ayisyen (AKA), ki sa AKA ap regle, ansanm ak sitiyasyon lang
kreyòl la nan peyi a… PLIS >>

Odette Roy FOMBRUN

Akademi Kreyòl Ayisyen di ou mèsi Akademisyèn Odette Roy FOMBRUN !

23 desanm 2022, yon dat ki tranble Akademi
Kreyòl Ayisyen. Yon dat ki pote ale Dwayen
laj Akademisyen yo, Akademisyèn Odette
Roy FOMBRUN. Grandèt la travèse ak 105
rekòt kafe sou tèt li. Se Fondation Odette
Roy Fombrun menm ki te anonse nouvèl
disparisyon sila.. PLIS >>

Akademi Kreyòl Ayisyen

REYALIZASYON

Akademi Kreyòl Ayisyen 2014 – 2022

Nan dat 7 avril 2014, Jounal ofisyèl peyi a pibliye Lwa
Kreyasyon Akademi an. Konsa, nan dat 4 desanm 2014,
Inivèsite Leta Ayiti, Enstitisyon patnè yo ak kolaborasyon
Komite pou tabli Akademi an òganize enstalasyon 33 premye
Akademisyen yo. PLIS >>