SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON
Devlopman Istorik Woman Kreyòl Ayiti a
Orijin Woman Kreyòl Ayiti a
Si mo woman an, ki nan kategori rakonte, gen rasin li nan lang franse, fondas divès istwa, ki nan kategori rakonte anndan literati ayisyen a, rete konekte ak eritay Lafrik, ki nan rasin panse ekriven nou yo (kreyòl kou franse). Poudayè, nan tou de (2) branch literati nou an, travay rakonte ekriven nou yo rete konekte ak oralti a, ki nan fib kiltirèl yo depi nan vant manman yo jouk yo rive nan laj majè. Se sa tou, ki kreye orijinalite zèv yo, epi ki pèmèt yo genyen divès kalite pri literè (René Dépestre nan Adriana dans tous mes rêves (1990) Folio). Prix Renaudot. Ironikman, se foto yon fanm blan ki sou kouvèti liv la.
Michel-Ange Hyppolite
Devlopman Istorik Woman Kreyòl >>
———————————————————————
ZILE NOU ak Michel-Ange Hyppolite, yon plezi estetik oswa yon doulè ekzistansyèl ?
ZILE NOU tradwi an anglè ak an fransè. Èske se paske anpil moun konsidere ayisyen an (lang kreyòl pa nou an donk) tankou yon lang minè ki bezwen ke 2 lang ewopeyen majè kore li, yon fason pou ba liv la plis valè ? Ousnon se pou ZILE NOU kap touche plis moun nan mond la ? Gen kèk lòt konsiderasyon tou : Anpil Ayisyen ki kapab li, kapab konprann, kapab ekri ayisyen (kreyòl la) pa fòseman alèz ak fransè a. Se yo menm ki an premye ap apresye tèks an ayisyen an (tèks kreyòl la). Tout Ayisyen pale ayisyen (kreyòl), men konbyen ladan yo ki alèz ak li e sitou ekri lang nasyonal nou an ? Kategori sa a, dotanplis ke anpil pami yo konsidere ke lang ayisyen an enferyè, ap savoure tradiksyon an fransè a. Pou yon lòt pati, se sou tradiksyon anglè a ke yo a pe lage kò yo paske anpil Ayisyen nan dyaspora ki ap viv nan peyi anglofòn yo …. ZILE-NOU
Pierre Anglade, Docteur ès lettres
Besançon, France 01/02/2022 à 19/02/2022
«Doktè Pierre Anglade fèt nan vil Pòtapiman, Ayiti, nan ane 1950. Li te etidye sou tè Ayiti epi apresa, li te al kontinye etid li nan Faculté des lettres Besançon. Li te anseye fransè nan plizyè peyi nan kontinan Lafrik la. Li ap viv nan Besançon yon vil nan peyi Lafrans. Pami liv Doktè Pierre Anglade deja pibliye, nou kab site : Inventaire Étymologique Des Termes Créoles Des Caraïbes D’origine Africaine, Harmattan (1998), Proverbes Créoles D’Haïti Proverbes D’ailleurs, Koleksyon Koukouy (2018), L’inconnu familier (audience haïtienne, roman Éditions Sépia (2005), Une étoile dans une assiette (roman) Éditions Amalthée, Nantes (2009), Passeport pour un passé composé (roman) Editions du Pac (Sépia) Saint-Maur-des-Fossés (2012).»