KOSMETOLOJI EPI ESTETIK

Yon antrevi Sosyete Koukouy Kanada avèk Mendjaly epi Medjine Hyppolite

Entansyon nou semenn sa a, se louvri yon fenèt sou prezans fanm nou yo nan domèn kosmetoloji epi estetik avèk Medjine epi Mendjaly Hyppolite, (2 sè marasa), ki genyen yon antrepriz pou yo fè cheve medam yo bèl epi pou yo pran swen cheve moun, ki gen cheve kreyòl, oswa cheveux frisés. Objektif yo se itilize pwodui natirèl pou yo pran swen cheve epi fè medam yo konprann nesesite pou yo renmen tèt yo epi cheve yo an patikilye. Plis >>