ZÈV EKRIVEN KREYÒL AYITI

.

Ane 2004 la fè enpe plis pase senkant lane depi literati lanng kreyòl la te dekole tout bon vre sou papye ak travay Félix Morisseau-Leroy , youn ekriven ki te sispann ekri an franse pou li te ekri prensipalman an kreyòl. Jounen jodi a lekriti kite fèy papye pou li monte sou granchemen savwa a, entènèt. Noumenm kreyolis, ki pa vle rete dèyè kamyonèt teknoloji a, nou deside kreye youn espas sou granchemen sa a pou nou ekspoze zèv ekriven kreyòl…

Biwo santral Sosyete Koukouy rann Frantz Kiki Wainwright omaj ak Jean Baptiste Anivince

Publié le 2021-10-01 | lenouvelliste.com

Nan yon anbyans zanmitay byen chofe ak pwezi, mizik, temwanyaj, jou vandredi 24 septanm 2021 an, blòk 6 zè nan aswè, Biwo santral sosyete Koukouy rann Frantz « Kiki » Wainwight yon omaj toulimen pou ansanm travay literè ak atistik li ki reprezante yon bèl kout pouch nan efò k ap fèt an Ayiti ak nan dyaspora a pou kilti ayisyen an kontinye simen payèt…