Kreyòl ayisyen nan espresyon lasyans: ideyoloji ak reyalite
Samdi 11 desanm 2021 / Sou Zoom
Renauld Govain

Konferans   >>>  Plan
Konferans   >>>  Video

Yon dosye pedagojik kominikasyon oral ak ekri sou pawòl yon chante Mikaben ki rele « Ayiti se »

Konsiy: Ou pral reponn divès kalite kesyon (fòm, kontni, gramè, vokabilè, semantik, estetik, elatriye) sou tèks ki anba a. Tanpri, pran san w pou w byen li tèks la avan w koute/gade videyo mizik la pou w ka reponn tout kesyon yo avèk presizyon.

 

Ayiti se

I
Ayiti se bèl lanmè se bèl montay ak bèl rivyè
Se bèl plaj ak pye kokoye bèl peyizaj ak bèl koulè
Ayiti se sant kafe k ap monte nan nen m lè maten
Se sant lawouze ki fèk poze pou flè dizè ka boujonnen
Ayiti se Basen Ble Kaskad Pichon avèk Sodo
Se Akaden La Sitadèl se Labadi ak Marigo
Ayiti se Lavale se Pòsali ak Zabriko
Se Mòn Lasèl Pik Makaya se Mamlad ak Mòn Pilbowo
II
Ayiti se yon dous makòs se yon ponyen pistach griye
S on ji kole ki pou banm fòs s on boutèy kola ki byen glase
Ayiti s on bon griyo s on bon fritay on bon taso
S on bon legim avèk sirik s on bon diri avek lalo
Ayiti s on bon bouyon s on soup joumou a tout piman
S on bon kasav avèk manba
Ke ou tranpe nan akasan
Ayiti s on bon donmbwèy k ap marinen nan yon bon sòs pwa
S on bwa kochon on bon kleren, Ayiti s on bon kafe diswa
Refren
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m adore w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m adore w
Pa gen anyen k ap janm fè mwen kite w
III
Ayiti s on bèl mizik se yon bann a pye s on twoubadou
S on son kata seremoni, se yon son kwachi yon son tanbou
Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou
Se la lesklavaj t aboli, se yon tè libète ak vodou
Ayiti se festival se tisourit se fèt chanpèt
Se animasyon nan Kanaval se yon ti zile k pa janm frèt
Ayiti s on domino se yon bezig se yon twasèt
S on reveyon kote ki gen bouyon se la k gen kenbe tèt
IV
Ayiti se yon konbit peyizan kap sèkle latè
Se ti machann yo k ap desann
Pou y al goumen ak lavi chè
Ayiti se timoun yo k ap reve de yon bèl avni
Se dlo rigòl la k ap desann pa konn kote l pral ateri
Ayiti se anba tant lan depi apre 12 janvye
Se labou k leve on move sant chak lè on ti lapli fin tonbe
Ayiti se sou beton an pou konn “la vrai” reyalite
Se youn ki tris men grasa Dye se pa li sèlman n ka chante
V
Ayiti se yon manman ki konn sa yo rele doulè
On fanm ki djanm on fanm vanyan menm si l konnen li pa pafè
Ayiti se yon bèl fanm ki menmsi l pase anpil mizè
Li toujou f on jan l ranje kò l pou tout pitit li toujou fyè
Ayiti se tout bagay sa a yo ki fè ke nou renmen w
E menm si wout la long konnen n ap toujou la pou n kenbe men w
Ayiti cheri w mèt kwè m
Pa gen anyen k ap fè m kite w
M ap toujou la pou ou cheri
Kite mizik sa a dòlote w

Etap 1 – Aktivite miz an kontèks

Michael Benjamin, aka Mikaben, te fèt nan lane 1981. Se yon atis ayisyen ki gen yon pakèt talan. Li se chantè, gitaris, konpozitè epi pwodiktè. Kit se ak yon grenn gita oswa ak yon gwoup mizikal konplè, Mikaben kapab pèfòme kòm sa dwa. Se youn nan kèk ra mizisyen ayisyen pami jenn jenerasyon an ki kapab jwe diferant kalite mizik. Depi lansman premye chante li an 1999 ki rele Nwèl Tristès, Mikaben te demontre yon enterè espesyal pou peyi l. Nan mizik li yo, li prezante yon bèl imaj pozitif de Ayiti san l pa defòme reyalite a. Li deja gen plis pase 15 lane eksperyans sou sèn mizikal nasyonal ak entènasyonal la. Li pèfòme Olympia nan vil Pari ak Carimi, nan Sant Kiltirèl peyi Kot d Ivwa ann Afrik, nan Festival Hoogstraten nan peyi Bèljik, ak nan gwo Festival Konpa ki konn fè Miyami an.

Kesyon sou pakou chantè a

A. Kesyon plizyè chwa

Baze w sou prezantasyon chantè a ak pawòl chante a pou w chwazi repons ki pi kòrèk la. Se pou w mete repons ou chwazi yo an koulè gra.

1. Ki laj Mikaben genyen?
a) Li gen 29 lane
b) Li gen 39 lane
c) Li gen 49 lane
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers)

2. Nan ki vil ann Ayiti Mikaben te pran nesans?
a) Okay, Ayiti
b) Pòtoprens, Ayiti
c) Enfòmasyon sa a pa parèt nan paratèks la.
d) Okenn nan repons yo

3. Konbyen tan Mikaben genyen depi l ap pèfòme?
a) Li gen venn senk lane depi l ap pèfòme.
b) Li gen senk lane depi l ap pèfòme.
c) Li gen kenz lane depi l ap pèfòme.
d) Okenn nan repons yo

4. Nan ki lane karyè mizikal Mikaben te koumanse ?
a) Nan lane mil nèf san katre ven en.
b) Nan lane mil nèf san katre ven diz nèf.
c) Nan lane mil nèf san katre ven nèf.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers)

5. Sou ki tematik prensipal Mikaben konpoze chante “Ayiti se” a ?
a) Sou tematik bèl lanmè, montay ak rivyè ann Ayiti.
b) Sou tematik richès ak konpleksite peyi d Ayiti.
c) Sou tematik festival tisourit ak fèt chanpèt ann Ayiti.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers)

 

Etap 2 – Kesyon sou fòm ak kontni pawòl chante a

Gade videyo chante a plizyè fwa. Fè lyen ant tèks ekri a ak pawòl yo. Pran san w pou w byen koute pawòl yo epi reponn kesyon yo. https://www.youtube.com/watch?v=8EyRQiMo0A8

1. Nan ki kategori literè (literary genre) nou ta klase pawòl chante a?
a) Teyat dramatik.
b) Fiksyon womanèsk.
c) Pwezi.
d) Kont fòlklorik.

2. Nan ki lentansyon emetè (otè) chante a te ekri tèks la?
a) Lentansyon emetè a se enfòme reseptè yo sou vrè reyalite Ayiti a.
b) Lentansyon emetè a se dekri reyalite Ayiti a pandan l ap divèti reseptè yo.
c) Lentansyon emetè a se ekprime santiman pèsonèl li pou Ayiti.
d) Tout repons yo kòrèk (All the above answers)

3. Nan ki 3 kategori tipoloji tèks prensipal nou ta klase tout ekstrè a (text types) ?
a) Agimantatif/enjonktif/ ekspresif.
b) Enfòmatif/ deskriptif /ekspresif.
c) Naratif/deskriptif/ dyalogal.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers).

4. Ki sekans tèks fraz sa a ye « Ayiti se bèl lanmè se bèl montay ak bèl rivyè » ?
a) Se yon sekans tèks enfòmatif/deskriptif.
b) Se yon sekans tèks naratif/deskriptif.
c) Se yon sekans tèks agimantatif/dyalogal.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers).
5. Ki sekans tèks fraz sa a ye « M ap toujou la pou ou cheri / Kite mizik sa a dòlote w » ye ?
a) Se yon sekans tèks enfòmatif/deskriptif.
b) Se yon sekans tèks agimantatif/enjonktif.
c) Se yon sekans tèks naratif/dyalogal.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers).

6. Ki figi retorik oswa figi estil otè a repete anpil nan tout tèks pawòl chante a ?
a) Se yon konparezon.
b) Se yon metonimi.
c) Se yon suit metafò.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers).

7. Nan 3èm liy ki nan 4èm kouplè a, yo ekri « Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou ». Ki kategori gramatikal mo “Ogou” e ki sa l vle di ?
a) Ogou se yon advèb ki vle di « avèk Bondye ».
b) Ogou se yon adjektif yo itilize pou yo kalifye yon lwa vodou.
c) Ogou se yon non pwòp ki reprezante yon lwa vodou.
d) Tout repons yo kòrèk (All the above answers).

8. Nan 3èm liy ki nan 4èm kouplè a, yo ekri « Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou ». Ki sa segman sa a vle di nan sans pwòp?
a) Ayiti se yon kote moun sèvi lwa vodou.
b) Ayiti se yon tè nou eritye nan men zansèt yo.
c) Ayiti se yon kote tradisyon zansèt vodou chita.
d) Tout repons yo kòrèk (All the above answers)

9. Nan 4èm liy ki nan 3èm kouplè a, yo ekri « Se la lesklavaj t aboli, se yon tè libète ak vodou ». Ki sa segman sa a vle di nan sans pwòp?
a) Ayiti se kote tout moun pratike relijyon vodou.
b) Ayiti se kote tout moun gen libète.
c) Ayiti se kote vodou ak libète makònen ansanm.
d) Tout repons yo kòrèk (All the above answers)

10. Nan 3èm liy ki nan premye kouplè a, yo ekri « Ayiti se sant kafe k ap monte nan nen m lè maten ». Ki kategori gramatikal mo “sant” lan epi ki sans pwòp li nan kontèks fraz la?
a) Se yon vèb ki gen sans « respire santò ».
b) Se yon adjektif kalifikatif ki gen sans « yon move odè ».
c) Se yon non komen ki gen sans « yon bon odè ».
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers)

11. Ki apresyasyon jeneral chantè a sou peyizaj fizik ak kiltirèl peyi d Ayiti ?
a) Peyizaj la lèd.
b) Peyizaj la bèl.
c) Peyizaj la pasab.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers)

12. Dapre chante a, nan ki moman nan jounen an Ayisyen konn pran sant kafe?
a) Nan maten.
b) A midi.
c) Nan aswè.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers)

13. Dapre chante a, ki sa ki fè flè dizè boujounen ?
a) Se siklòn.
b) Se lanèj.
c) Se lawouze.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers)

14. Dapre chante a, ki kantite pistach griye Ayiti reprezante ?
a) Yon gwo kantite tankou yon sak.
b) Yon ti kantike ou ka kenbe nan pla men w.
c) Yon ti kantike ou ki reprezante yon ti mamit.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers)

15. Dapre chante a, ki kalite kola Ayiti reprezante ?
a) Yon kola byen cho.
b) Yon kola byen fre.
c) Yon kola byen tyèd.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers).

16. Dapre chante a, Ayiti se yon legim ki fèt ak ki bèt lanmè ?
a) Legim ak pwason lanmè.
b) Legim ak kribich lanmè.
c) Legim ak ti krab lanmè.
d) Okenn nan repons yo (None of the above answers)

17. Dapre chante a, Ayiti reprezante yon manje yo sèvi premye janvye pou selebre fèt Lendepandans peyi a?
a) Se soup yo fè ak joumou.
b) Se soup yo fè ak piman.
c) Se bouyon yo fè ak joumou.
d) Tout repons yo kòrèk (All the above answers).

18. Dapre chante a, Ayiti se ki kalite manje ki fèt avèk kasav epi manba ?
a) Se yon manje yo rele doukounou ki fèt ak manyòk.
b) Se yon manje yo rele wayal ki fèt ak manyòk epi pistach griye yo moulen.
c) Se yon manje yo rele chanmchanm ki fèt ak mayi e pistach griye yo pile.
d) Tout repons yo kòrèk (All the above answers).

19. Dapre chante a, ki kalite fanm Ayiti ye?
a) Se yon fanm ki konn abiye e ki gen fyète.
b) Se yon fanm ki gen kouraj pou l sipòte soufrans.
c) Se yon fanm ki rete bèl malgre mizè.
d) Tout repons yo kòrèk (All the above answers).

20. Dapre chante a, ki sa k ka fè chantè a kite Ayiti?
a) Pwoblèm ensekirite ka fè l kite Ayiti.
b) Anyen pa ka fè li kite Ayiti.
c) Pwoblèm grangou ka fè li kite Ayiti.
d) Tout repons yo kòrèk (All the above answers)

B. Kesyon Vrè oswa Fo

Baze w sou tèks la pou w chwazi repons ki pi kòrèk la. Se pou w mete repons ou chwazi yo an koulè gra oswa nan yon koulè ki diferan.

1. Yo bay chante a tit « Ayiti se » a paske y ap prezante epi dekri peyi a. V / F
2. Nan peyi d Ayiti, pa gen plaj, mòn ak kaskad dlo. V / F
3. Nan peyi d Ayiti, konbit se yon aktivite agrikòl. V / F
4. Dapre chante, Ayisyen renmen jwe, chante epi danse. V / F
5. Nan peyi d Ayiti, pa janm gen labou lè lapli fin tonbe. V / F
6. Dapre chante a, se ann Ayiti yo te kraze sistèm esklavaj la. V / F
7. Ayiti se yon fanm mòlòlò ki pa ka sipòte soufrans. V / F
8. Ayiti se yon fanm ki lèd anpil. V / F
9. Ayiti se yon fanm ki soufri anpil. V / F
10. Chantè a renmen Ayiti, men li oblije abandone l. V / F

C. Kesyon ki mande repons louvri

Baze w sou tèks pawòl chante a pou w reponn kesyon sa yo. Se pou w reponn kesyon yo ak fraz tou kout, men ki konplè.

1) Nan dezyèm kouplè a –Si w renmen bwè gwòg ? Ki 3 eleman gastwonomik ayisyen ou ta p renmen goute ?

2) Nan dezyèm kouplè a –Si w renmen manje desè ki gen anpil sik ? Ki eleman gastwonomik ayisyen ou ta p renmen goute ?

3) Nan twazyèm kouplè a – Ki mo nan kouplè sa a ki se yon referan istorik fondamantal pou Ayisyen ? Pou ki sa ?

4) Nan twazyèm kouplè a –Ki lòt mo nan kouplè sa a ki se yon referan kiltirèl fondamantal pou Ayisyen ? Pou ki sa ?

5) Nan twazyèm kouplè a – Si w renmen banboche epi pran plezi w nan foul moun, ki aktivite w ap chwazi ?

6) Nan twazyèm kouplè a – Si w renmen amize w lakay ou san w pa soti, ki 3 aktivite ou ka chwazi fè ?

7) Nan twazyèm kouplè a – Nan ki mwa nan ane a yo konn fè reveyon ann Ayiti ?

8) Nan katriyèm kouplè a – Site omwen de (2) aktivite sosyal ki demontre ke Ayisyen gen abitid travay di.

9) Nan katriyèm kouplè a – Site twa (3) eleman ki demontre Ayiti gen pwoblèm mizè, pwoblèm anviwòman ak katastwòf natirèl.

10) Nan senkyèm kouplè a – Ki eleman yo itilize nan chante a pou senbolize Ayiti ?

11) Nan senkyèm kouplè a – Pou ki rezon chantè a renmen Ayiti ?

12) Nan senkyèm kouplè a – Ki sa chantè a di pou l ka demontre jan l renmen Ayiti ?

13) Nan senkyèm kouplè a – Dapre ou menm, èske w panse chantè a renmen Ayiti tout bon vre ? Pou ki sa ?

14) Nan refren chante – Kouman ou ka dekri santiman chantè a pou Ayiti?

15) Nan tout videyo mizik la – Ki sa w ka di sou reyalizasyon atistik videyo a? Èske w renmen sekans imaj yo? Pou ki sa ?

D. Redaksyon

Baze w sou tèks pawòl chante la pou w reponn kesyon sa yo. Se pou w reponn kesyon yo ak fraz konplè, ki gen bèl longè e ki byen detaye.

1) Nan premye kouplè a – Site omwen dis (10) bèl kote yon touris ka pran plezi vizite ann Ayiti ?
2) Nan premye kouplè a – Pami dis (10) bèl kote sa yo, chwazi youn ladan yo epi dekri l. Ekri omwen 10 fraz deskripsyon. Koumanse pa di pou ki sa se kote sa ou chwazi. Apre sa dekri kote a.
3) Nan dezyèm kouplè a – Site omwen dis (10) eleman ki chita nan tradisyon gastwonomik peyi d Ayiti.
4) Nan dezyèm kouplè a – Pami dis (10) eleman gastwonomik sa yo, chwazi youn ladan yo epi dekri l. Ekri omwen 10 fraz deskripsyon sou li. Koumanse pa di pou ki sa se eleman gastwonomik sa ou chwazi. Apre sa dekri eleman an.
5) Nan twazyèm kouplè a – Site omwen dis (10) aktivite sosyal/kiltirèl tradisyonèl Ayisyen renmen fè.
6) Nan twazyèm kouplè a – Pami dis (10) aktivite sa yo, chwazi youn ladan yo epi dekri l. Ekri omwen 10 fraz deskripsyon sou li. Koumanse pa di pou ki sa se aktivite sa ou chwazi. Apre sa dekri aktivite a.