mwa kreyol

SELEBRASYON MWA KREYÒL NAN BOSTON

2021

SELEBRASYON MWA KREYÒL NAN BOSTON

2020

Samdi 3 Oktòb: (Mgr. Pierre-André Pierre, Lionel Hogu, Jean Robert Placide, Jean Mapou)

1- Ouvèti selebrasyon mwa Kreyòl la nan Boston ak Prezidan AKA Mgr. Pierre-André PIERRE

2- Senpozyòm: Kote lang kreyòl la soti epi ki kote li prale- Istwa ak evolisyon lang nan

Pwogram samdi 3 oktòb 2020, 6:00-8:30 PM

Senpozyòm: Kote lang kreyòl la soti epi ki kote li prale- Istwa ak evolisyon lang nan

a) Ouvèti pwogram mwa Kreyòl la ak Lionel Hogu, “Haitian Language and Culture Center (HLCC)”

b) Lansman aktivite yo ak yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA)

c) Entèvansyon Jean-Robert Placide sou orijin ak evolisyon lang nan (depi lakoloni rive 1960)

d) Entèvansyon Jan Mapou sou lide lang nan kòm zouti liberasyon (soti 1960 rive jounen jodi a

e) Kesyon/Repons pou pèmèt patisipan yo aji tou

 

 

Samdi 10 Oktòb: (Yvon Lamour, Michel-Ange Hyppolite)

Atelye ak diskisyon sou òtograf ak leksikografi kreyòl: Rezolisyon AKA ak egzèsis pou teste ladrès nan li ak ekri kreyòl

Pwogram samdi 10 oktòb 2020, 6:00-8:30 PM

 

Atelye ak diskisyon sou òtograf, leksikoloji ak lesikografi kreyòl la: Evolisyon grafi a, Rezolisyon AKA ak egzèsis pou teste ladrès nan li ak ekri kreyòl – Patisipasyon entèratif piblik la.

 

1. Entèvansyon MichelAnge Hyppolite sou rezolisyon AKA pibliye sou òtograf
2. Entèvansyon Jean-RobertPlacide sou Aspè pratik pou yo ekri epi li kreyòl
3. Entèvansyon Yvon Lamour ak yon Koutje sou Leksikoloji ak Leksikografi Kreyòl la

 

Samdi 17 Oktòb: (Nicole Prudent)

Lang ak kilti kreyòl se senkant kòb ak degouden : Pase mayèt la bay lajenès!

Entwodiksyon ak salitasyon : Lionel Hogu

Pwogram :
Pou sonje jou 17 oktòb la: Tande tèks Félix Morisseau-Leroy a « Mèsi papa Desalin »

Prezantasyon tèm entèvansyon yo : Timoun an nou li – Otè ki enteresan – Ki sa ki pou li nan chak laj diferan ak Dr. Nicole Prudent (Doktè Pedyat)

 Entèvansyon:

o yon manman (15 mn)
o yon papa (15 mn)
o yon pwofesè lekòl (15 mn)
o yon ekriven ki sa paran tou (15 mn)
o yon jenn moun (15 mn)
o yon timoun (15 mn)
o yon grandèt (15 mn)

 Kesyon ak repons (majòjon : Lionel Hogu) 30 minit

Samdi 24 Oktòb:

 

Pa lòtbò lanmè: rasin kreyòl boujonnen tout jan aletranje.

Entwodiksyon ak salitasyon : Renote Jean-François

  1. Toussaint Louverture Academy (Edikasyon lang doub nan Boston Public Schools) Yon rale sou eksperyans ansèyman lang doub Kreyòl-Anglè nan Boston, sèl pwogram aprantisaj lang doub ak Kreyòl nan peyi Etazini pou nou pa di nan lenonm.
    • Yon prezantasyon PPP (5mn)
    • Temwayaj yon pwofesè nan Pwogram lan (5mn)
    • Temwayaj yon paran. (5 mn)
  2. Educa Vision – Piblikasyon nan lang Kreyòl la [Féquière Kòm Editè ap bay lide pa li sou aspè sa a ak istorik inisyativ sa a] (15 mn)
    • Maude Heurtelou – ekriven san pran souf pou jenn lektè yo ap prezante koleksyon li yo (15 mn)
  3. Yvon Lamour – sou pwodiksyon dokiman pedagojik pou mete lang nan nan nivo akademik (15 mn)
  4. Michel-Ange Hyppolite otè liv pou lekòl, ap fè yon koutje sou domèn sa a. (15 mn)
  5. JEBCA Editions – ap prezante koleksyon liv an Kreyòl li yo ki gen objektif alimante bezwen lekti moun ki aprann li nan lang nan (15 mn)
  • 30 minit kesyon/repons

Samdi 31 Oktòb:

 

Chiktay Literè

Lang nou se fòs nou, se idantite nou: koudjay pwezi, mizik, istwa kont ak istwa kout

Pwogram

Animasyon mizikal an dirèk:

TOUDENDOU – Antonio Balan, Jean Forest Petit-Frère & Lunine Pierre-Jérôme

MYÈL (Ayiti) – Chantal Banks, Gréam Pierre-Jérôme & Adriana Pierre-Jérôme

Entwodiksyon ak salitasyon – Lunine Pierre-Jérôme

Pwezi, Istwa Kout, ak Lekti

Jean Dany Joachin: Chimenkwaze

Fred Edson Lafortune – An al Lazil

Pascale Millien (Choublak Kreyòl)  – Tim Tim: Jaden Kreyasyon

Jacques Pierre: Kite Kè m Pale

Lunine Pierre-Jérôme – Bondye cheri (Koulè Mov)

Patrick Sylvain – Lanmou, Lanvi ak Pèdans