MERCEDES  FOUCHARD GUIGNARD

MERCEDES FOUCHARD GUIGNARD

[Ak Pierre-Michel Chéry]
Deyita konte pami youn nan entčlektyčl ayisyen, sosyete a onore depi nan vivan yo. Deyita gen dwa pa fč lajan ak liv li pibliye yo, men se pa fasil pou moun wč asosyasyon, enstitisyon ap envite moun k ap reflechi sou pwoblčm peyi a vin pran lapawņl. Nou kwaze Deyita devan etidyan nan fakilte, nou kwaze Deyita devan jčn gason ak jčn fanm anndan asosyasyon, nou jwenn biwo leta, k ap onore Deyita piblikman pou travay li. Ankourajman sa yo te ka pi cho, men fņk nou rekončt sosyete ayisyen an chich nan bat bravo pou moun ki travay pou li.

Kisa ki fč Deyita rankontre siksč nan aktivite l?

Čske se paske Deyita se yon fanm? Se pa sčl

fanm ki ekri nan peyi a. Čske se paske travay li chita sou kilti peyi a? Se ka sa, men se pa sčl moun ki ekri sou kilti peyi a. Čske se paske li sčvi ak kreyņl la kņm zouti pou l travay? Se pa sčl moun ki ekri an kreyņl anndan peyi a, epi Deyita pa ekri an kreyņl sčlman. Sa pou nou remake lakay Deyita: tou twa aspč sa yo (fanm, kilti ayisyen, kreyņl) fč yon sčl makonn nan travay li. Deyita ranmase, anndan travay li, twa nan pi gwo batay ki nesesč pou avansman sosyete a ak epanouyisman ti Ayisyen: batay pou dwa fanm yo, batay pou kilti pčp la, batay pou lang kreyņl la. Se rezilta travay, tankou travay Deyita yo, k ap fč pwomosyon pou moun anndan peyi a, se yo ki pral ban nou yon sosyete kote Ayisyen pa wont kilti li, yon sosyete kote sitwayen yo pa viv ak santiman yo enferyč, yon sosyete kote fanm ak gason gen tout respč yo, epi jwi dwa yo egal-ego.

Kilčs moun Deyita ye?

Deyita fčt Pņdpč, nan lane 1935. Bon non Deyita se Mercedes FOUCARD GUIGNARD. Ayisyen kwaze ak Deyita ak baton peleren l k ap monte desann nan tout kņ peyi a ap chache konnen. N al rekončt Deyita k ap viv Senmak kote mari li moun. Deyita se manm fondatč ASKONNA (Asosysasyon Konbit Natif-Natal), Deyita se manm CHAF (Comité Haļtien Art et Folklore). Nou jwenn tras li Nouyņk kņm manm Sosyete koukouy. Epi li retounen vin viv nan peyi l, kote l ap separe sa li jwenn nan peyi a ak lņt moun. Moun ki konn Deyita byen, di Deyita gen plizyč chapo atis nan tčt li: yon chapo pou pwezi, yon chapo pou woman, yon chapo pou pyčs teyat epi yon chapo kņm etnograf, fouyadņ k ap defounen kilti peyi a. Pami liv Deyita pibliye nou jwenn: Les désespérés (1964) – Majņdyņl, pwezi (1981) – Nanchon, teyat (1985) – Contes des Jardins du Pays de Titoma (1989) – Kont nan Jaden Peyi Titoma (1991) – La légende des loas (1993) – Esperans Dezire, woman (1989), Objets au quotidien (art et culture populaire en Haļti), 1993, Mon pays Inconnu (1997).

Sou kisa Deyita travay?

Menmsi Deyita gen plizyč kalite chapo atis nan tčt li, se aktivite etnograf benevņl li, ki pčmčt li jwenn materyo pou li kase, separe bay Ayisyen. Aspč atis la, lakay Deyita, enpņtan pou nou konprann demach Deyita. Sa Deyita defounen yo, li pa kouche yo sou papye, tankou yon savan k ap pran distans li, k ap goumen pou emosyon li pa sņti deyņ nan prezantasyon rezilta travay la yo. Demach la diferan lakay Deyita, Deyita jwenn, li entčprete epi li mete pa l. Yon liv tankou “La Légende des Loas” montre nou sa. Nan liv sa a, Deyita prezante nou kouman Ayisyen ņganize inivč envizib yo, chapant sosyete envizib la, plas, ran ak travay chak pčsonaj, regleman k ap gide inivč sa a. Epi: pčsonaj yo viv pčsonalite yo, nan sitiyasyon chirepit ak lamoni, tankou nenpņt ki moun k ap viv nan mitan lņt moun.

Nan “Kont nan Jaden Ti Toma”, Deyita ranmase yon ventčn kont, nan kont klasik peyi a, tankou “Ti pye zoranj”. Moun prčske pa tire kont ankņ nan peyi a, yon travay tankou ” Kont nan Jaden Ti Toma” ap pčmčt moun ki vle konprann peyi a, analize kouman ayisyen, depi sou tan benbo, itilize kont pou yo prezante divčs kalite rapņ depaman, nan mitan moun anndan sosyete a: lanmou/rayisman, jalouzi/lamoni, mawonnaj/franchiz, soumisyon/revņl, entčdi/tantasyon. Enpņtans kont yo, pou etnograf la, chita sou karaktč pčmanan fon konsyans moun peyi a.

Esperans Dezire se youn nan woman Deyita pibliye ki jwenn lwanj nan men anpil kritik. Men yon mņso nou pran nan yon analiz Lunine Pierre-Jerome te fč, mņso sa a nou pran l nan Jounal Kreyņl Ayisyen JKA (Jiyč 2002, Volim 1, Nimewo 1), sou sit www.kreyol.org
“Malgre istwa Esperans Dezire se yon istwa imajine, li dekri reyalite pčp
ayisyen an, kote kontradiksyon jčmen nan sosyete a tankou dyondyon. Pa
egzanp, kontradiksyon pitit anndan ak pitit deyņ, moun lavil ak moun andeyņ,
kretyen ak vodouyizan, moun rich ak moun pņv, mčt kay ak restavčk, franse ak
kreyņl, elatriye. Anfen, Deyita, nan liv Esperans Dezire a, dekri tablo lavi
pčp ayisyen an jan l ye a san wete san mete. Chak moun ki li Esperans Dezire
ka wč tčt yo nan liv la. Se yon roman ki envite lektč a nan yon refleksyon
pwofon, nan yon kesyonnman sou lavi. Se yon liv trajiko-dramatik, w ap ri, w
ap kriye men ou p ap janm bouke li, piske liv la kenbe w sou gwo tansyon
pou konnen kisa k pral pase apre”

Ki filozofi k ap travčse atis la?

Pou nou konprann ki fņs k ap pouse Deyita, n ap jwenn repons la nan pwņp bouch ekriven an, apati yon estrč nan yon chita-koze li te fč ak Edikatč/l’Educateur, nan liv Emmanuel Vedrine yo rele “An Annotated Bibliography on Haitian Creole”[1], paj 501. Nan estrč sa a, ki pa t fčt pou sa dirčkteman, nou dekouvri filozofi ekriven an ki chita sou yon rado rapņ depaman ant 2 fņs, tankou rapņ lavil/andeyņ, rapņ fanm/gason, lanmou/mepri pou peyi a, vizyon kominotč anfas vizyon endividyalis, rejyonalis nan pčsepsyon sitwayen yo sou leta a. Se tout lide sa yo k ap travay lespri ekriven an k ap fč l ekri. Men sa ki enteresan lakay otč a se metņd li kwč ki ka pčmčt Ayisyen depase chirepit initil k ap depafini sosyete a. Pou pifņ lide ki parčt nan chita-koze a, n ap jwenn divčs kalite pozisyon sou yo. Sa ki vle di ekriven an pran pozisyon nan deba sou sosyete a, se pa yon moun ki chita ap reve nan nyaj. Gen moun k ap dakņ, konsa gen lņt ki p ap dakņ ak Deyita. Metņd Deyita pwopoze pou Ayisyen depase difikilte yo se tčt ansanm, se lanmou. La ankņ gen divčs kalite pozisyon. Nan menm chita-koze a, ekriven an rekončt limit li nan difikilte pou l esplike yon seri fenomčn: pwoblčm lijyčn lavil yo[2], abitid fč moun kado lakay moun “andeyņ”, nou pa wč lavil, esplikasyon sou yon fenomčn tankou antere lonbrit[3]. Sa ki pi rčd, Esperans Dezire parčt nan yon gwo moman boulvčs, men ki te charye anpil lespwa, kote Ayisyen te konprann peyi a te pral sņti nan pwoblčm. Kenz lane apre Esperans Dezire sitiyasyon peyi a vin pi mal. Nan Esperans Dezire, youn nan pčsonaj yo, Jilyen te konprann move tan an te dčyč: “Je suis convaincu que les choses vont changer. Je sais que cette corruption a atteint son apogée…”. An 2006, fņk Jilyen ta admčt sosyete a bay legen… Sosyete a antre nan kalfou lanfč kote entčdi pa egziste: sčl regleman sosyete a rekončt se fņs zam ak lajan.

Kouman Deyita ka reprezante yon modčl pozitif pou ti Ayisyen?

Premye leson yon Ayisyen ka pran nan men Deyita, se fason li asepte kilti peyi a pou l viv li san konplčks, san pyčs santiman enferyorite ni lawont. San li pa nan fč polemik ak pčsonn sou vodou, sou lang kreyņl, Deyita ap vanse ak konviksyon se sa l ap fč a ki bon. E li gen rezon.
Youn nan trč karaktč ki fņ lakay Ayisyen, Ayisyen neglije, se renmen leve defi. Trč karaktč sa a nou jwenn li lakay Deyita, san li pa di l. Tout traka Deyita ap bay tčt li pou li defann kilti pčp la, mare ak trč karaktč sa a ki fņ lakay Ayisyen (klas mwayčn sitou). Trč karaktč sa a depaman ak mantalite asiste k ap gaye nan tout kņ sosyete a jouk nan bitansyon yo. Nan menm entčvyou a, Deyita trayi tčt li, se yon Ayisyen pčpč ki fņse l ekri yon liv pou l montre kreyņl ka pale pawņl lanmou, san gwo mo. Renmen leve defi a, se youn nan zouti, Ayisyen gen tou pare nan alfņ yo, k ap itil yo tout bon, jou yo vle fč kichņy ki bon ak peyi yo.
Dezyčm leson yon Ayisyen ka pran nan men Deyita, se angajman li nan sosyete a. Nan yon sosyete kote angajman vle di kouri dčyč pņs politik, manipilasyon ak ipokrizi mouche defas, Deyita pran reskonsablite l kņm sitwayen peyi a, li foure bouch nan koze yo, li pote limyč kote li jije li nesesč, li montre tout moun li admčt li gen limit, malgre li fouye nan kilti peyi a, li konnen li pa oblije bay manti. Premye reskonsablite yon entčlektyčl se ončtete.

Twazyčm leson an, ki se youn nan pi gwo leson yo, se pou Ayisyen aprann konte sou pwņp fņs yo. Etan Ayisyen, nan tout kalite kouch sosyal endistenkteman asepte viv nan mande lacharite. Deyita met pawņl nan bouch Yaya :”Pa konte sou lņt pou regle zafč lakay nou, se nou ki pou mete tčt ansanm”. Dčyč tčt ansanm nan gen pou Ayisyen aprann konte sou fņs ponyčt yo.

————————–

[1] Emmanuel W. Vedrine, “An Annotated Bibliography on Haitian Creole”, Copyright Educa Vision Inc. Coconut Creek, Il FL; ISBN 1-58432-179-2
[2] ki sņti dčske andeyņ se bčt ki resikle dechč ņganik yo, vil yo pa ofri posibilite sa a, moun ki debake lavil yo ap tann yo jwenn menm fasilite yo ak andeyņ. Men sa ki grav la andeyņ, zanimo pa ka resikle dechč plastik yo. Pwoblčm lavil la ap parčt tčt li andeyņ.
[3] Men yon esplikasyon sou antere lonbrit la gen yon gwo esplikasyon espirityčl, li vle di timoun ki fčt la, li menm ak tč a, yo fč yon sčl, pye bwa k ap grandi sou tčt lonbrit li a, reprezante yon doub li k ap akonpaye l pou lavi. Si timoun nan respekte lanati a (pye bwa a) ki se sous lavi a, l ap jwenn rekonpans la an retou. Peyi a k ap depafini an se konsekans yon regleman nan lwa natirčl yo, danti yo te aprann nou, nou voye jete.