MANNO EJÈN

MANNO EJÈN

[Ak Michel-Ange Hyppolite]

Byografi Manno

Natif Gwanntanamo, Manno Ejčn fčt, an jiye 1946 nan peyi Kiba. Yon peryňd, kote yon vag imigrasyon san pran souf t’ap travčse Ayiti. Plizyč santčn, plizyč milye peyizan ansanm avčk yon bon pňsyon nan klas mwayčn nan te kraze rak pou yo te chape anba mouvman Rejete-a. Mouvman sa a, se te pčsekisyon Legliz katolik kont vodoun. Nou jwenn vyewo sa yo sitou, nan peyi panyňl tankou: Sendomeng, Kiba, Venezwela. Pa bliye, nou fenk sňti anba represyon okipasyon meriken, ki te dire 19 lane (1915 – 1934) pou kraze revňl Kako yo.

Se yon epňk ki rich sou plan kiltirčl. Yon souf idantite travčse peyi Amerik Latin-yo ansanm avčk Karayib-la jouk rive sou kontinan Afrik la avčk Mouvman Endijenis lan. Yon mouvman ki pral debouche sou Negritid Leyopňl Seda Sengň-a. Plizyč klib kiltirčl te boujonnen toupatou nan peyi-a.

Se nan mitan tout devlopman sa yo Manno Ejčn te antre Ayiti avčk papa-l. Tou jenn, Manno Ejčn te koumanse enterese nan aktivite atizay, kiltirčl, k’ ape devlope. Nan laj diznevan, li vini manm gwoup kiltirčl Mouvman Kreyol ayisyen ki te anime yon emisyon sou lakilti chak dimanch, sou antčn Radyo Karayib. Se la, sou non batay Papiyon Nwa, Manno Ejčn fč premye eksperyans-li nan lekriti kreyol, anndan branch Mouvman Kreyol ayisyen ki rele Sosyete Koukouy. Nan gwoup sila-a, se yon krčy powčt, ekritč, fouyapňt (fouyadň), lengwis ki ekri, fč rechčch sou lang kreyol la epi pibliye rezilta travay-yo anndan de ti liv Sosyete a, ki te pote non Kreyňl :Cahier N0 l ak Kreyňl : Cahier No 2.

Rive ane 1960-1970, yon lňt vag emigrasyon frape Ayiti ankň. Fwa sa a, tout kalite mounn touche, zannana kou pengwen. Entelektyčl, travayč, peyizan ape kouri pou lanfč divalyeris la. Se konsa, nan ane 1975, Papiyon Nwa bat zčl, li ateri Monreyal, Kanada.

Toujou aktif nan milye atizay, kiltirčl, sosyal kominote ayisyen an, Manno Ejčn asosye-li avčk gwoup kiltirčl Lakou Lakay. Pita, koneksyon li te genyen ak ekip Mouvman Kreyňl Ayiti a vin pčmčt li fonde, nan Monreyal, ansanm avčk kat lňt mounn :Julio Jean-Pierre, Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj), Jean-Robert Placide, Vilbrun Romulus, Sant etidasyon ak ekritasyon kreyol – Sosyete Koukouy. Group kreyolis sa a vini kreye Bilten koukouy yo piblye nan Kanada. Anmenmtan, Manno vini manm branch Bannzil kreyňl nan Amerikdinň-a. Sňti 1990 rive 1997, li kowňdone Jounen Entčnasyonal Kreyňl-la, nan Monreyal.

Nan ane 1988, Manno Ejčn pibliye Egziltik nan Edisyon Koukouy. Yon rekčy powčm kote včsč-yo trese riban silans avčk yon ekzil zoboukechen ki rapousuiv tout lavi powčt-la.

Daprč Rodney Saint-Éloi, nan revi Brčve littéraire,(2005) Egziltik se “yonn nan premye travay ekriti ki fčt sou ekzil an kreyňl”. Maximilien Laroche (anndan Sémiologie des Apparences Caraďbes 1996) di Egziltik se ” …, yon lang transfňme ki plonje nan limenm, nan grandlo tout mo li-yo avčk tout sans ansyen, kounye ak lavni yo genyen”. Pou Kaptenn Koukourouj limenm, (Istwa Pwezi kreyňl 2000) Egziltik “se yon chanjman nan pwezi kreyňl la”.

An 1968, li resevwa pri Fčt manman, Mouvman Kreyňl, (Choublak ak Kamelya, MK, Koleksyon Koukouy-ONAAC). An 1998, li pran mayňl “Prix Jacques-Stephen-Alexis de la nouvelle”. Li patisipe nan “7čm Festival Literraire Internastional Metropolis Bleu de Monréal, 2005”, nan aktivite “Poésie prend le métro” (Monreyal, 2005).

Ekritč kreyňl, powčt, nouvelis, jounalis, Manno Ejčn pibliye plizyč atik avčk powčm, nan dyaspora a, tankou anndan Ayiti. Epitou, li patisipe nan plizyč resital ak konferans sou lanng ak pwezi kreyňl.

Pou Manno, lekriti pa dwe kondui sčlman nan yon tčks ankč, yon lekti inifye. Li kapab tou plizyč lčz epapiye ekritč a depoze nan yon tčks pou yon vwayaj san okenn itinerč.

Lekriti-a se yon fason pou chanje atizay-la, yon bezwen pou revolisyonnen larčl lide-yo. Yon sňt debňdman san lobedyans, yon viray, chaviray, san baboukčt, pandan l’ ape pote vizyon pa-li, včsyon pa-li nan sa yo rele libčte inivčsčl-la.

Pou sanba-a, pwezi kreyňl-la dwe makonnen epi pran rasin nan reyalite sosyal, atizay, kiltirčl peyi-a. Sa ki vledi, si nou vle jwenn piblik-la, pale avčk pčp-la, lekriti kreyňl-la dwe pote valč pa-nou ladan, pou yon Ayiti chčmčtchčmčtrčs avčk pwňp koulč-li, pandan l’ ape charye libčte inivčsčl-la nan limenm.

Pou Manno, lekriti pa inosan. Nan chak pwojč lekriti, toujou genyen yon trčy envizib, yon silans andaki ki akonpaye-li.

Powčt la di ” Pwezi se yon lňsyč pousyč ki an libčte, yon lčz sann ki lage, memwa respire youn priz alafwa. Se pa yon istwakout pou rakonte, mennen moun nan yon kčlkonk direksyon. Pwezi, se jwe avčk dezňd. Yon trajč ki pa abouti, paske li pa dwe yon rakontay “.

Li pouswiv pou l di ” Yon powčt se estetisyen mo li ye. Yon fčzčd mo. Pwezi se yon chay emosyon ki rann sa ki envizib vizib, sa ki vizib envizib. Yon aganmafwezay ki pa janmen fini konplete. Se yon vole gagč espirityčl. Kňmkidire, yon mizik enstrimantal wňdpňte pou reveye emosyon, sansasyon kidonk raj, kolč, revňlt, kontantman, plezi, trankilite. Yon moniman pleziyis totalkapital. Konviksyon powčt, angajman-li dwe pase nan zčv-li san fč diskou “.