EMILE CELESTIN MEGIE

EMILE CELESTIN MEGIE

TOGIRAM: YON  ZANMI INOUBLIYAB …  Plis —>  

[Ak Jan Mapou] 

———————————————–

 Emile Celestin Megie

[Ak Michel-Ange Hyppolite]

 Lavi Togiram

Émile-Célestin Mégie (Togiram) fèt nan youn vil ki rele Marigo. Vil sa a se nan Sidès peyi a, tou pre Jakmèl, li chita. Poudayè, non vanyan misye Togiram, te kreye apatide mo Marigot a li te vire lanvè. Togiram fèt 16 oktòb 1922.

Depi Émile Célestin Mégie te gen douz an lespri li te panche sou literati. Premye travay Togiram nan domèn pwezi te pran lari nan jounal apatide laj sèz an.

Premye travay pwezi Togiram te pran lari nan youn piblikasyon ebdomadè ki te rele ” Le Petit Marigotien”. Jounal sa a te kreye nan kolaborasyon Togiram, youn frè li , Rossini Mégie epi youn zanmi li, Faust Claude Volel.

Lòt jounal ki te pibliye pwezi Togiram yo se La Nouvelle Abeille nan vil Jakmèl. Jounal sa a te parèt youn fwa chak semenn sou direksyon Pascal Arthur Brun nan ane 1939.

Nan Pòtoprens, Togiram te pibliye travay literè li ansanm ak divès kalite atik jounal nan La République, Le Soir, Le Nouvelliste ansanm ak nan Le Petit Samedi Soir, kote li te travay soti 1971 rive 1985.

Kòm Togiram kwè nan youn prensip ki di : “Konesans tankou manje fèt pou separe younn ak lòt.”, pandan li ta pe viv Pòtoprens nan Site Jan XXIII, li te konn ransanble youn ekip jèn lakay li pou li te pataje konesans li ak yo.

Pi devan soti nan ane 1988 pou rive 30 out 2004, Togiram pibliye atik ak pwezi nan ” Ti gout pa ti gout “, seksyon kreyòl Haiti En Marche. Piske Togiram te toujou nan lesefrape ak otorite peyi a, li te konn pibliye tèks li yo sou non Elimèd Togiram. Lè nou vire mo sa a lanvè li te ban nou Émile de Marigot .

Premye metye Émile-Célestin Mégie se chapant, men li te konn travay kòm ajan ki ta pe mezire dlo lapli nan Mòndèkomisè. Pi devan nan lavi-l, li te vin responsab pwodiksyon materyèl nan pwogram alfabetizasyon ONEC ki vin tounen ONAAC pita.

Nan kòmansman ane 1980 yo, Togiram te vin direktè adjwen jounal Le Petit Samedi Soir. Gen youn epòk li te pibliye pwòp jounal literè pa li, ki te rele Espiral ( 1960 – 1966) epi Gindòl ( 1971 – 1985). Togiram te genyen konesans nan domèn lalwa, sa te pèmèt li travay kòm notè piblik nan peyi li Marigo.

Togiram di nou lavi pa janm fasil pou li, menm lè li ranmase kèk flè, toujou gen gwo pikan ki ap tann li pi devan. Rèv Togiram gwo anpil, sepandan pi bèl rèv li se pou li ta wè peyi li tounen youn modèl nan domèn lengwistik pou tout lòt peyi ki pale kreyòl yo.

Togiram pase tout lavi li ap goumen pou vansman lanng kreyòl la. Se papa li ki te inisye li nan konba sila a. Konsa, nou kab konprann se youn batay li va lage senpman lè li kouche ap gade de tèt zòtèy li, paske bon kòk pa janm bay gany. Se sa tou Julio Jean-Pierre konnen, ki fè nan liv pwezi li a (“Tras, 2003”) li ekri youn pwezi ki pote non Émile-Célestin Mégie, kote nou kapab li pawòl sa yo:

“Lè Mégie ap monte lakay li
Li vire Marigo lanvè
Pou ba tèt li apostwòf
Chak galèt li pile
Voye monte yon kont chante
Yon silab yon mizik
Epi se bal epi se fèt
Konsè konsòn epi dizuime.”
(Tras 2003 )

(Tras 2003 )

Pwezi se nanm Togiram. Pou Togiram pwezi se lavi. Si ou mande li pouki, li va reponn ou:
se tout eksperyans pèsonèl nou ki ap pase nan youn pwezi. Poudayè, youn mounn pa bezwen ni konn li ni konn ekri pou li powèt, paske nou fèt ak don powèt nou.” Pou li apiye lide sa a, Togiram bay ekzanp sanmba kou Anakawona ki pa te konnen ni li ni ekri epi ki te youn sipèb powèt fanm. Li bay tou ekzanp konpozè nou yo ki toupatou nan bouk anndan peyi a, kote yo ap voye chante nan bann rara, nan seremoni vodoun ak nan anpil lòt aktivite. Yo pa konnen ni li ni ekri. Poutan, yo sèvi ak pawòl yo voye nan chante yo pou yo chanje lavi.

Konsa, daprè Togiram, pwezi, kèlkeswa pwezi a, se youn zouti ki gen pouvwa transfòme youn sosyete, paske li konekte ak vibrasyon ki reponn nou jouk nan fon nannan nou.

 

Kontribisyon

Aktyèlman, Togiram se younn nan twa pilye ki kore Biwo Santral Sosyete Koukouy ki nan Miyami. Togiram te manm ILA ( Institut de linguistique Appliqué) ak Dr. Ernst Mirville. Togiram se younn nan manm fondatè Sosyete Koukouy, ki soti anndan Mouvman Kreyòl Ayisyen.

Émile-Célestin Mégie (Togiram) te manm GREKA (Groupe de Recherche pour Étudier le Créole Haïtien) , kote nou te jwenn: pè Georges Mathelier, Dr. Pradel Pompilus, Dr. Ernst Mirville, pè Roger Désir, pastè Pauris Jean-Baptiste, elatriye.

Émile-Célestin Mégie te fè patide ekip ki te prepare òtograf kreyòl leta Ayisyen te ratifye pou lanng kreyòl la nan ane 1979 la.

Piblikasyon

Togiram ekri ni an franse ni an kreyòl. Li ekri pwezi, woman, teyat ak esè. Lanmou Pa Gen Baryè, younn nan premye vrè woman kreyòl ki te pibliye Ayiti yo te soti anba plim Togiram. Woman sa a te soti an twa tòm.

Men youn pati nan liv Togiram deja pibliye yo:

  • Le petit Marigotien ( revi ki te parèt chak semen ) 1938- 1939
  • Espiral ( revi ki te parèt chak mwa ) 1960 – 1966
  • Gindòl ( revi ki te parèt chak mwa) 1971 – 1978
  • Ale-vini Mirak ( istwakout ) 1946
  • Feuilles D’ortie ( pwezi ) 1953
  • Coeur de silex ( pwezi) 1963
  • Faisceau Multicolore ( pwezi ) 1961
  • Lettre à une poétesse ( pwezi ) 1970
  • Byen viv ( teyat ) 1967
  • Bouquets de glanures ( pwezi ) 1974
  • Serenite nan lanmou ( teyat ) 1968
  • Lanmou pa gen baryè ( woman an twa tòm) 1976
  • Lanmou Lasigwav ( istwakout) 1967
  • Kèzini ( woman ) 1985
  • Agasya ( woman ) 2003

Youn lèz nan zèv Togiram

M’ Pa Ka Ge Nèt

 

Aswè-a mwen santi muz mwen ap karese-m
E nati-a k’ si bèl rann bo li yo pi dous,
Pi sikre pou nanm mwen, pi agreyab pou kè-m
Ki sanble l’ gen vyolon k’ape vibre ladan-l

Lalin lan k’ap desann, lalin nan k’ pral kouche
Pase oun mawogani(1) sou sifas lanmè-a
Ki, petèt, ta parèt pou mwen kou youn miwa
Si pa t’ gen youn ti van k’ape fè-l ondile

Men, malgre sa, m’ santi genyen youn ruiso(2) fyèl
K’ap koule tou dousman nan forè lespri mwen
Paske m’ wè sou totwa -a kèk mounn k’ape jemi
E, mwen sèl pa sifi pou ba yo soulajman.

Gade youn malere yo kraze ak makak,
Yo mate-l toutouni pou youn fitilite
Gade youn gran atis, ak gita-l kote li
Li bwè Jouk li twò sou, paske li nan chagren

Muz mwen ap karese-m sa fè-m plezi anpil,
M’al pwonmennen sou kè-a(3) pou m’ livre-m nan bra-l nèt…
Ayayay! Se betiz, malgre sa, m’ap soufri
Paske gen twòp mizè k’estannbay yo douvan-m
(1) Mawogani: Penti koulè kajou poli
(2) Ruiso: Ti larivyè
(3) Kè: Bòdi, senti beton arebò lanmè

Kè-m Sere

Mwen kouche pou m’ dòmi, mwen pa kapab dòmi,
Genyen youn lanmè fyèl k’ap sakaje plaj kè-m …
Lespri-m anboulatcha, sèvèl mwen plen fwoumi,
Mwen wè mil arenyen ap trese twèl malè-m.

Mwen pou kò-m san soutyen sou chemen lavi a.
Jodi solèy boule-m, denmen lapli mouye-m.
Lè nuit yo san zetwal tankou waya-waya,
Mwen tonbe nan pikan e mwen blese tout pye-m

Si jodi m’ jwenn youn woz, fòk li gen tan chèch nèt
Fòk li tounen pousyè anvan mwen jwenn youn lòt.
Wout mwen plen pwagrate, li blennde ak bayonnèt
Genyen youn bann zonbi k’ape fout mwen kalòt.
Lè mwen jwenn youn twou dlo mwen ranpli kalbas mwen,
Mwen bwè li gou-pa-gout, mwen fè mil kilomèt
Men, fòk mwen fè dis mil ak gòj mwen sèk kou fwen
Anvan m’ jwenn youn lòt twou … Mwen pi mal pase bèt!

Sou chemen lavi a, pou mwen, nan pwen okenn fèt,
Pou mwen, nanpwen plezi, men , fòk m’ mache kanmenm! …
Te mèt genyen sechrès, te mèt genyen tanpèt,
Fòk youn jou mwen rive anba oun syèl yo renmen-m

Zafè si kounyeya, solèy ape boule-m.
Zafè si twòp lapli tanzantan ap mouye-m.
Mwen konnen fò m’ rive, li te mèt san soulye
Nan jaden ki genyen tout kalite lorye.

Zafè! Si toutotou-m, mwen wè dimil ènmi.
Zafè! Si kounye a , mwen nan youn nich-fwoumi.
Pou pwoteje lavi-m, mwen genyen youn gwo lwa
Lwa li yo ban mwen dwa pou m’ gen espwa ak fwa.

Vrèman, kè mwen sere, se kòmsi m’ te nan sèp
Lanm youn lanmè anmè ap boulvèse plaj li,
Men, mwen pa pe sou sa! … mwen te mèt san bisèp
Youn jou, dèyè lènmi-m, mwen va bat chalbari.

Pòtoprens 5 jen 1959

 

Lettre à une poétesse, chapit 2, paj 19

Ecoute-moi, poétesse, écoute-moi!
C'est pour toi ce matin 
que frémit mon violon, 
ma mandoline aussi.
Je t'ai vue dans un songe
imbibé de mystère 
Tu m'as parlé 
Tu m'as souri 
le simoun de ton verbe 
a soulevé le sable de mon désert
et j'ai, revu tout le passé 
qui me rive à tes flancs. 
De ton premier regard 
à mon premier regard,
De ton premier billet 
à mon premier billet, 
De tes poèmes à mes poèmes,
De tes .épanchements 
à mes épanchements le trajet était court.
Pourtant s'y sont creusés 
des précipices de malchance
de malentendus d'incertitude 
et la houle du temps 
nous a mis en lambeaux. 
L'ouragan des désirs 
nous a fait dériver 
le glauque des mers polaires 
s'est vite gabé de nous 
et des montagnes de glace 
ont chaviré l'esquif 
qui transportait
nos tonnes d'amour et de tendresse
Mes mains fiévreuses 
n'ont pas palpé ton corps 
De ta salive à ma salive 
il n'y a jamais eu de mixture 
malgré l'en trecroisement des ondes de nos coeurs.
Je me souviens encore de cet après-midi 
où sur le pont d'un·motor-boat 
accosté comme tant d'autres 
au warf de cabotage 
ta volx riche de printemps 
rossignolait des vers, 
nos doigts timidement se sont entrelacés ...
Je respirais ton air, 
Tu respirais mon air ... 
La lentille bi-convexerde ton regard
me brûlait
m'aveuglait 
mais pourtant que de milles séparaient nos deux bouches!
Mille milles, 
des millions de milles. 
Fort l'Islet était beaucoup plus proche de "La Pointe"
que mes lèvres de tes lèvres . 
Je m'en souviens encore 
et ça griffouille mon âme. 
se sont évanouis dans la cascade des temps
Mais un beau jour, 
de Jérémie, tu m'as parlé de fatigue d'attente 
et d'éternelle union. 
Aux Cayes-Jacmel
j'ai reçu ton message 
et le sol mou de l'enbarras
a failli m'enliser. 
Je me suis débattu 
durant de longues heures 
je me suis débattu 
et le ciment de la franchise 
m'a brusquement sauvé.
Mais saurais-je jamais 
la tête que tu as faite
en lisant ma réponse? ...

Agasya, paj 1,2,3

Youn istwa ki bel, epi malouk anmenmtan. Youn istwa lajwa, youn istwa latristès. Youn istwa ki blayi devan nou tout kwèkwètmakwèt, tout bouyivide, tout viretounen, tout kontradiksyon ki toujou ap fè tolalito nan konpàtman youn pèp k’ap bouske wout sivilizasyon.

Youn makònay fòmasyon natifnatal ak fòmasyon oksidantal. Youn makònay kwayans zansèt nèg ak kwayans zansèt blan. Youn makònay kategori mounn divès koulè, divès edikasyon, divès degre konesans, divès konsepsyon. Youn makònay kilti depaman nan folman youn nanchon k’ap bouske chimen pwogrè.

Youn chirepit ant mistè Lafrik-Ginen ak mistè Legliz Kretyen. Youn chirepit ki tounen pongongon nan tout sobagi lafwa.

Youn chirepit ki vegle je, bouche zorey e menm kokobe lespri tout gwoup mounn k’ap bouske favè youn sèl Granmèt …

Istwa sila-a nou pral suiv la se istwa youn bèl- bèl grimèl yo te rele Agasya, youn istwa ki sanble kou de gout dlo ak istwa anpil mounn nan peyi Ayiti, mounn ki pran nesans nan fanmi kretyen kote yo konsidere Vodoun kòm youn sosyete nèg sot, sovaj, san ledikasyon, sans lenstriksyon, san okenn fòmasyon, youn sosyete malfektè ki angonse nan tout kalte sipètisyon, nan tout salte makanda ….

Kanta pou bèl, Agasya te bèl toutbon. Li te byennelve, li te enstwi, li te alèz kay fanmi li yo.

Apre Ii te fin resevwa youn bon dòz konesans, dabò Jakmèl, nan lekòl mè “St. Jo- seph de Cluny”, ansuit Pòtoprens, nan lekòl “Elie Dubois” , li te retounen Marigo kay paran li yo. Tout mounn te renmen li, tout mounn te admire konpòtman-l nan fanmi li e nan lasosyete ….

Nan koral Legliz Sen-Dominik Marigo-a, li te younn pami pi bon chantèz yo. Bèlte natirèlli, dousè vwa li, konduit li, kadans li te fè yo konsidere-l kòm oun vedèt. Ak kèk lòt demwazèl, kire pawas la te konn prezante-l kòm modèl tout lòt fidèl katolik dwe suiv …

Pèsonn pa te genyen okenn dout sou valè entèlektyèl ak valè moral Ii. Men, kanmenm, se youn nègès ki te gen lespri laj. Disiplin paran Ii yo ki t’ap viv prèske an devo, ki t’oblijel mete ajenou chak maten, chak swa devan youn ogatwa pou pase chaple epi fè litani tout sen legliz katolik, disiplin sila-a pa te anpanche-l viv lavi-a selon dezi li …

Nan ti bibliyotèk li, te gen tout kalite liv : istwa, jewografi, sosyoloji, sikoloji, etnoloji, woman, syans natirèl, syans fiksyon, fòlklò, mitoloji, relijyon, èts… Li te renmen li liv ak atik jounal oubyen revi ki konsènen sitou Vodoun ayisyen-an. Konsa, kiryozite entèlektyèl li te pouse-l plizyè fwa al asiste oubyen patisipe nan kèk kandjanhoun, kèk seremoni pou Ogoun, pou Legba, pou Ezili, pou Bawon-Sanmdi oubyen pou Sîbi. ..

Sa te lakòz Agasya pèdi lafwa katolik li, pase mil peripesi joustan li te vini youn sèvitèz mistè Lafrik-Ginen. De tandans kontrè ki t’ap rale-mennen-kase nan krikrit nanm li te pwovoke lakay li youn tandans-anbalan ki te trennen li nan tchouboum dezespwa.