Keslèbrezo
Jean-Robert Placide
Keslčbrezo kreyatč estil lomeyans
Keslčbrezo fčt Dammari. Se yon
sanba militan ki ap viv nan Monreyal ( Kanada ) depi nan ane 1980. Li diplome nan domčn Syans Politik ak yon espesyalizasyon nan administrasyon piblik (Inivčsite Kebčk, Monreyal). Li diplome nan domčn Syans moųn , relijyon , etik, filozofi, teyoloji ak yon espesyalizasyon nan edikasyon entčkiltirčl (Inivčsite Chčbwouk).
Keslčbrezo kōm animatč radyo milite nan mouvman an favč entegrasyon. Li batay kont diskriminasyon nan endistri taksi nan Monreyal. Kōm jounalis, li pibliye anpil atik nan magazin ak nan jounal li t’ap dirije yo. Kōm editč, li responsab Edisyon Lagomatik ki ap fasilite piblikasyon zčv kreyolis ayisyen yo sitou.
Kōm atis ekriven, sanba keslčbrezo pibliye liv atistik ak liv syantifik tankou :
Maskilanje , 1987 – 2006, 140p. Yon dokiman ki makefoto sitiyasyon sosyal la, politik la ak relijyon an nan peyi Ayiti, anvan 7 fevriye 1986 la. Yon lomeyans ki mete an aksyon 2 pčsonay ki reprezante 2 echantiyon klas sosyal rich ak pōv anndan peyi a jouk yo rive nan moman dechoukay la.
Patou 3 , 1991, 60p. Yon swasantčn tčks ki klere lanmou, fč zekla sansasyon djayitouche moųn nan fondčt sans yo. Toupre swasant lomeyans ki trase yon včvč pou pwoteksyon lafanmi, pwoteksyon lanmou manman papa pitit.
Plofil no 1 , 1988, 60 p. Yon plakčt swasant tčks ki di swasant lomeyans sosyal-politik.
Parantčz ,1988, 60 p. Yon lōt swasant tčks. Egal, swasant lomeyans ki fč dantčl nan bebidōl reyalite sosyal ak reyalite lafanmi sanba a ak lōt ki ta ap sibi menm reyalite a.
Plofil # 2 , 1990, 60 p. Swasant lomeyans sosyal-politik.
Plofil 3,2,1, 1997 – 2005, 142 p. Yon konpilasyon Plofil ki repoze kesyon sou lavi ak lčnmi lavi a. Yon krčy lomeyans angaje : nou nan dlo, pa gen kache lonbrik.
Sansmo-1 , 1997, 33 p. Yon vokabilč 3 lang : kreyōl, franse, angle, pou tout apranti, tout novis ki vle dekouvri lōt tčm ak lōt sans mo nan kreyōl la.
Sansmo-2 ,1998, 33 p. Yon vokabilč 2 lang : kreyōl, franse, nan lōd alfabč kreyōl la ki ka ede nan tradiksyon osnon nan ekri lang lan pi byen.
Viv , 2005, 142 p. Yon konpilasyon lomeyans byen ranje, byen moute pou lavi ka viv san pran souf. Viv tankou moųn ki pran gou nan lavi toutbon vre a.
Lč nou konsidere detay ki bay sou rekčy yo, anwetan Maskilanje ak Sansmo yo, tout lōt 6 liv keslčbrezo yo rantre nan kategori Lomeyans. Ann tabli sou mo lomeyans lan.
Lomeyans
Lomeyans se youn mo kreyōl afro-ayisyen ki soti Lafrik Ginen. Lomeyans se rezilta transfōmasyon fonetik yon espresyon nan lang Fon : ( xo mlan ), ki ka dekonpoze kon sa : ( xo = pawōl ; mlan = lwanje, site, resite tit non ( vanyan ) fanmi yon moųn ). Donk, ( xo mlan ) vle di ( pawōl pou lwanje, pou glorifye non vanyan ). Cf. Segurola ( 1963 ). Se poutčt sa mo lomeyans lan nan kreyōl la gen sans pawōl pou lwanje, pou onore, pou rann omaj lareverans
Poudayč, Keslčbrezo bay lomeyans lan menm sans la tou nan literati kreyōl la. ” Youn lomeyans kapab rann lomaj lareverans tankou tou, li kapab youn bon jan ba-savon damann pou lave anpeze nenpōt ki move sije, nenpōt vakabon malfektč ” Se pawōl sanba keslčbrezo ekri nan Plofil # 2, p. 9.
Gen diferans ant lomeyans ak ochan. Pami diferans ki genyen ant lomeyans ak ochan, nou kapab di ochan toujou rete nan youn sans pozitif, tandiske youn lomeyans kapab ni pozitif ni negatif tou. Aspč negatif sa a, nou jwenn li nan rasin youn espresyon nan lang Fon mlan mč utu , ki vle di : lomeye kō youn moųn. Lomeyans ki ap derespekte moųn. Se poutčt sa, kōm dezyčm sans, mo lomeyans lan gen sans joure moųn, salanbe moųn. Se youn fōm lomeyans ki joure, derespekte yon moųn nan fč konparezon ak kčk pati nan kō moųn nan ( cf estetik jouman nan kilti kreyōl la ). Nan sans sa a, yo lomeye yon moųn pou manke li dega. Se pou sa tou, kōm diferans ant de mo sa yo nan kilti vodoun an, ochan pa derespektan, se sčl lomeyans ki kapab swa lwanje, chante kantamwa oubyen non swa salanbe, iwonize yon moųn (cf. keslčbrezo, Plofil n 2, p. 9 ).
Lomeyans nan oralti
Nčg sōti Ginen tonbe Ayiti, pawōl lajounen tounen pawōl nan nuit. Konsa, lomeyans pou wa tounen lomeyans pou lwa. Apre 500 zan, jodi a, se houngan, hounbōn ak hounsčvan ki pratike lomeyans mistč vodoun yo. Epi lomeyans pou lenmō vin fčt sčlman nan veye lanmō. Epitou, pita, sitou avčk kolonizasyon an ki vini avčk tradisyon militč blan Ewōp yo, lomeyans pou zotobre osnon yanvalou pou youn pčsonaj enpōtan vin tounen ochan, ochan nan bann rara. Men kōm salitasyon Lafrik Ginen pa janm fčt san lomeyans, sčtadi san rann omay lareverans bay moųn yo ap salye a, ochan vin melanje ak lomeyans nan dans rara adjanoumele. Konsa Ayiti, Lomeyans nago tounen rara ki se youn eritay tradisyon Nago Yowouba. Kididonk, an pratik, Rara Nago Yowouba, se menm lomeyans Ginen Dawome a.
Lomeyans nan literati ekri
Depi nan Ginen aktivite lomeyans, ak griyo* yo, ap layite pwodiksyon literč nan tout aktivite sosyal yo. Itilizasyon lomeyans lan nan sans sa a pral boujonnen youn krčy lomeyans tou nčf sanmba/simidō/lomyansč pral fč eklate tankou fedatifis pidetwal nan Pwezi kreyōl la. Se konsa, jounen jodi a, nou jwenn Keslčbrezo ki ap blayi pwezi Lomeyans nan literati kreyōl Ayiti a.
Nan Istwa Pwezi kreyōl ( 2004 ), Mikčlanj Ipolit di se Keslčbrezo ki papa Lomeyans lan. Men se depi byen anvan, aspč chante lwanj lan te parčt nan zčv plizyč lōt otč, lōt ekritč. Lč nou konsidere aspč sa a ( chante lwanj ) lan, nou ka konstate plizyč ekriven nan twazyčm peryōd literati a te deja konn ap fč lomeyans anndan literati kreyōl la. Nan youn lōt fason nou ta ka di, sanmba/simidō/lomyansč ap fč lomeyans anvan menm teyori modčn (nou an) sou lomeyans Keslčbrezo yo te pran lari.
Konsa, nou ka trouve Paul Laraque ap fč lomeyans pou lwanje osnon pou chante lanmou Mariana ( cf. kōmantč Maximilien Laroche sou Paul Laraque ). Nou ka panse René Depestre ap lomeye lč li te konpoze tčks ” počme – mystčre vaudou ” li a ( cf. kōmantč Lilian Pestre de Almeida sou René Dépestre ).
Men, malgre tout sa, pou nou vin dakō ak Mikčlanj, se Keslčbrezo ki bay lomeyans lan plas li genyen jounen jodi a anndan literati kreyōl la. Ak estil pwezi (estil ekriti ) lomyansč Brezo ekri yo, Lomeyans lan chita byen bwōdč kōm youn fōm literč nčftalin nan literati kreyōl la.
Men kčk echantiyon tčks lomeyans keslčbrezo yo
Lomeyans pou youn bčl ti zanj Anji
Ti vwa dous ou a se siwčl
Se repondonng lasous dlo fre
K’ape koule sou wōch galčt
Andire ta gen kribich k’ape swave anba yo
Ti bri souf ou se vyolon
Se kalinda van an
K’ape bat nan branch flanbwayan
Andire ta gen zwazo k’ape fč nich sou yo
Ti tete ou se de biblo
Se de mčvčy, de ti joumou oswa de ti melon
K’ape boujonnen anba fčy
Andire ta gen siwo k’ape koule sou yo
Ti bouch ou
Bouch ou se yon mčvčy
Se de moso kayimit
De bčl tranch zaboka vyolčt
Osnon
Moso sapoti rat ap manje sou pye
Andire tmoųn kou ti bčt
Ta nan goumen pou souse li
Ti ranch ou se lawoulčt
Se yanvalou k’ap louvwaye
Ou ta di batiman lakōt sou lanmč Jeremi
woule woule ou !
Andire ou ta ka ban mwen toudisman
( Viv, p. 12 )
Lomeyans pou yon ti kont krik krak
Dizon
Ou se alevini-fč-m-bčl
Eskanpe lavi m’
Mete m’ konpč kōk
Ou se dlo kanpe kin
Founi asko mwen
Pou m’ ka nan sik san souf
Ou se pitipiti-plen-kay
Klere kounouk mwen
Pou m’ sa fč lafrans
Ou se doktč m’al chčche
Geri bosko m’ nan gou m’
Pa plede ap rive anvan m’
Ou se kaptenn dčyč pōt lespwa m’
Balewouze m’ klin
Fč kay mwen tifi
Epitou pa bliye pase pran m’ mennen m’ Ozanana
Ban m’ pennsik pou dejene m’
M’ a pase chache ou pou soupe m’ !
( Vviv, p. 135 )
Lomeyans pou laras
Grad minimōm pou noutout
Grad minimōm nan souple !
Mepriz la twō fyčl
Jenerasyon sa a p’ap bwč l’
Li twō kri
Li manke tchil
Ise mwen tikal
Tikal pi wo
Kenbe tout kōb
Jwe tout gwo wōl
Men respekte moųn nan Grad minimōm nan !
Pou ou jwenn lapč
Pou nou jwenn respč
Kit ou se tčt gwo ras gwo klas
Tout lōt se pye fatra baton
Tout kō a mande Grad minimōm nan !
Abraam move li di ase!
Ou batize m’ mawon-nan-bwa abitan-fčy
Pōv malere restavčk bōn gason lakou pōtč pōtfč
Ou desann konfonn moųn ak fatrak’ap sal oto ou
Ou chase moųn detwi moųn kōm akrekre vye kokorat
Estōp !
Pou libčte egalite pou Desali Petyon pou Nou
Nčg reklame Grad minimōm pou noutout !
( Plofil 3,2,1, p. 138 )
Bibliyografi :
1- Anglade, Pierre , Inventaire étymologique des termes créoles des caraïbes d’origine africaine, 1998
2- Guédou,Georges A.G., 1985, Xó et gbč, Langage et Culture chez les Fon (Bénin)
3- Hyppolite, Michel-Ange, Istwa pwezi kreyōl , 2004
4- Sachnine, Michka, Dictionnaire usuel Yorųbá – Franįais, 1997
(nōt redaksyon an : *atis ki ap chante lomeyans se pa vyann kochon fri)