FRANTZ WAINRIGHT

FRANTZ WAINRIGHT

[Ak Michel-Ange Hyppolite]

Kiki demontre talan atis li depi tikatkat

Frantz Wainwright , tout mounn konnen sou non Kiki Wainwright, fèt Pòtoprens Ayiti nan ane 1937. Kiki te fè klas primè li ak segondè li Ayiti nan
«Institution St. Louis de Gonzague»
ak nan «Collège Dévieux» . Kiki te etidye nan “Borough of Manhattan Community College” ak nan “City College fo New York” , kote li te mare youn “Associate degree nan Business Management“. Lè li te rive Florida, li te enskri li nan “Florida International University” , kote li te soti ak youn bakaloreya nan travay sosyal.

Kiki Wainwright te fè lontan ap travay nan divizyon delenkans timounn pou leta Florida, men jounen jodi a, li pran retrèt li. Sepandan, li toujou kontinye fè mizik ak teyat . Depi Kiki tou piti, nan « St. Louis de Gonzague» Pòtoprens, li te nan koral. Se depi lè sa a tou li te kòmanse chante . Nan epòk sa a li kab te gen nef an. Nan nevyèm primè (katriyèm ane fondamantal jounen jodi a) li te kòmanse fè mizik nan fanfa Senlui a. Kòm li te rive nan pratik an reta de(2) fwa, frè yo te di-l : li pa bezwen tounen ankò.

Kalite desizyon konsa gen pouvwa deranje lavi youn timounn. Sa ka menm anpeche timounn lan dekouvri talan kache li genyen anndan li. Kòm lè youn mounn gen don pou youn aktivite anyen pakab rete li sou sou wout li, rive nan klas reto, Kiki te kòmanse ap pran leson pyano klasik kay youn mizisyen fanm yo te rele Alice Fétière. Apre youn ane nan leson pyano a, Kiki te kòmanse ap konpoze mòso mizik. Se depi lè sa a tou Kiki santi li genyen don pou mizik. Men te genyen sikonstans, nan lavi li, ki te vin fòse li abandone oryantasyon mizik klasik ki te kòmanse ap louvri bèl sou chemen lavi mizisyen li.

Nan lane 1960 yo, Kiki Wainwright te kolabore, kòm konpozitè, ak gwoup mizik ki te rele « Les Shleu-Shleu » a, kote li kite, pou letènite, mosi mizik kou : «Haïti mon pays », «Baiser d’adieu», «Haïti terre de soleil»», eksetera, ki rantre nan kategori mizik klasik ayisyen, paske depi ou ap tande yo, yo gen pouvwa transpòte ou lwen nan lavi ou jouk ou frisonnen. Se ak kalite tèks sa yo Kiki Wainwright te simen lajwa nan kè anpil mounn nan epòk la epi li kontinye ap klewonnen lajwa nan lespri yo, paske kalite tèks sa yo imòtèl. Se sa tou ki rele sèvi ak youn nanm powetik, youn nanm atistik pou kreye mèvèy nan lavi youn lektè osnon youn melomàn depandan mwayen atis la itilize pou li pase mesaj li yo.

Kiki te manm Kè Simidò pandan youn ti bout tan. Li te fonde ansanm ak Viviane Dennerville Pluviose, twoup dans Balenndjo, kote li te dansè ak koregraf. Kiki te manm gwoup vokal “The Haitian Bells”, ki te pibliye youn plak nan lanne 1973, kote Kiki te gen de(2) mizik chaje siksè Séverine ak Agwe.An gwo, lavi atistik Kiki se teyat, pwezi, mizik epi dans. Rive nan Sosyete Koukouy, se te menmman parèyman. Kiki Wainwright se manm Sosyete Koukouy depi nan ane 1979 jouk jounnen jodi a.

Kiki Wainwrihgt nan aktivite pwezi

Kiki Wainwright kòmanse ekri pwezi apatide 13 an. Apre lanmò manman li, lè li te gen 12 an konsa, pòt sansiblite Kiki te louvri pi laj toujou. Konsa, tout sistèm sans li yo te pare pou yo kapte tout gam estimilis ki te nan anviwonnman li, pou fòme karaktè li epi agrandi sous kreyativite li nan domèn mizik, pwezi ak dans. Kòm Kiki te youn grennponmennen, nan jennaj li, bann madigra se te li, rara se te li, dans lwa se te li. Tout kontak sa yo te pèmèt li wè epi tande anpil koze ki te vin pran chè nan travay pwezi li. Se sa tou ki lakòz li ekri anpil sou sitiyasyon li te viv lè li te tikatkat.Laprèv nan liv li yo, nou jwenn tèks sou mounn fou nou yo, tèks sou fòm jwèt wonn , sote kòd , monte grandou avèk kap, tèks sou bwatchenn, jwèt mab elatriye.

Vizyon Kiki Sou Pwezi

Pou Kiki aksyon ekri pwezi se anvantou oun angajman ekriven an pran pou li brase lide sou reyalite sosyal ekonomik ak politik nan anviwonnman li ap viv la. Sepandan, pwezi a pa dwe tonbe nan nivo deklamasyon oubyen eslongan ki ap mennen li nan kategori diskou politik. Fòk pwezi a gen bèl imaj, men sa pa vle di san bèl imaj li sispann bèl. Daprè Kiki, plis sansiblite youn mounn aktif, se plis li kab fè pwezi. Lè nou ap ekri pwezi se tout sans nou yo ki an evèy. Anfèt,lè nou ap ekri daprè Kiki toujou se kòmsi nou genyen youn nivo sansiblite ki ale pi lwen pase pèsepsyon tout lòt mounn yo.
Pwezi se pa senpman angajman politik. Lè nou ap ekri pwezi nou kab mete angajman nou sou pant lanmou. Youn lanmou ekriven an ka devlope pou ede bati youn lavi miyò.

Se langay lanmou sa a nou jwenn nan youn tèks Kiki Wainwright ki rele Pitit Gason Mwen anndan liv li a ki rele : Nan Tan Malouk… ( 2003, p. 136 – 137).
Kiki Wainwright renmen pwezi ki kab fè mounn ri. Li di nou tou,li pa gen okenn pwoblèm ak youn pwezi sireyalis; daprè kiki, kèlkeswa fòm ekriven an vle bay pwezi li a, tèks la dwe rete makonnen ak reyalite li ap viv yo.

Fonksyon ekri pwezi nan youn sosyete

Lè nou te mande Kiki Wainwright ki fonksyon ekri pwezi ka jwe nan youn sosyete, li te reponn : “Kòm powèt, mwen fèt pou mwen adrese pwoblèm sosyal ekononmik ak politik yo. Mwen fèt pou mwen veyikile panse mwen sou eta sosyete mwen ap viv la. Si mwen pakab fè ou kriye, si mwen pakab fè san ou bouyi tou, mwen pa bezwen ekri pwezi, paske pwezi a fèt pou li montre youn etadam epi pou li kreye youn etadam. Mwen wè youn pwezi ki dwe demontre sosyete a sa ki bon pou li adopte, tankou linyon, lanmou, lasajès, lapasyans ak rezistans devan sitiyasyon malouk. Sosyete a bezwen pwezi pou mete youn balans nan lavi chak jou a. San pwezi pa gen lespwa. San pwezi pa gen lavi.”

Estil Pwezi Kiki Wainwright

Kòmantè nou pral li sou estil pwezi Kiki Wainwright la soti nan Jounal Kreyòl Ayisyen premye janvye 2004, volim 2 # 2,”sou granchemensavwa a entènèt“, selon pawòl Michel-Ange Hyppolite, Kaptenn Koukourouj, te ekri sou liv Kiki Wainwright la ki rele : Nan Tan Malou.

Nan tèks pwezi Kiki yo teknik fantezi a se awòm pou lespri nou. Nou jwenn fantezi nan anpil tèks anndan Nan Tan Malouk( 2003). Kiki kòmanse itilize teknik fantezi a depi nan piblikasyon Zepon File. Soti nan paj 19 Zepon File ak youn tèks kou “Ochan Pou Magi“, rantre nan paj 42 Zepon File ak youn tèks kou “Litani Tilina” kote menm tit tèks la se lèt kou a,i,l,n,ak t ki ap fè lago pou amonize son kou Litani Tilina nan zòrèy nou, Kiki montre nou li gen anpil ladrès nan manyen teknik fantezi a. Si nou vle konnen pi plis toujou sou teknik fantezi a ak sou kèk lòt demach teyorik nan pwezi kreyòl Ayiti a nou kab li Listwa Pwezi Kreyòl Ayiti, Educa Vision (2000) paj 235-245 ak Michel-Ange Hyppolite. Kanta [pou estil] imajis la, genyen moman anndan “Nan Tan Malouk” kote powèt la kite van imajinasyon li pwonmnen ak je li nan siyon imaj solèy ki ap neye. Ann li:

"Solèy ap neye 
nan gwo ble
pandan l'ap pann tèt li 
nan fetay lanmè
……………
Tigout pa tigout dekò a vin andèy
Mounn ap tuipe lavi
Lavi ap ponn rèv
Twaka rèv pa janm tèm"
Nan Tan Malouk p. 163

Lòt remak nou fè anndan Nan Tan Malouk, sèke Frantz “Kiki” Waiwright, ki te konn kenbe plim powèt li senpman pou li batay pou chanjman sosyal, vin deside pale langay afeksyon tout kretyenvivan genyen natirèlman anndan yo a. Jenneralman, pa gen anpil nan powèt kreyòl yo ki bay plim yo chans pou yo fè langay santiman entim yo onè. Anndan Nan Tan Malouk, Kiki fè youn efò pou li kite afeksyon ki nan kè li pale pou mounn li renmen. Se sa nou remake nan tèks kou: Chètout Mwen (p. 100), Isa ( p. 116) San ou ( p.159) Pitit Gason Mwen ( p.136)

"Pitit gason mwen
zantray mwen
zanmi mwen
Byen konte malkalkile
Reyalite ou tounen kochma
Ki fèmen nan dimansyon 
kat miray lespri-w"
Nan Tan Malouk p. 136

Powèt kreyòl yo paweze manman yo, madanm yo, men mwen poko jwenn sila yo ki bay pitit gason yo youn plas nan pwezi yo. Anndan Nan Tan Malouk nou kòmanse ap dekouvri youn lòt Kiki, paske Kiki ki toujou ap defann peyi li a, Kiki ki toujou ap goumen pou byennèt kretyenvivan ki nan soufrans yo, vin montre nou li konn renmen tou . Se ak kalite mesaj afektif kou sa nou jwenn anndan tèks ki rele “Pitit Gason mwen an” nou pral ankouraje lektè nou yo li pwezi kreyòl nonsèlman pou yo pale politik, men tou pou yo deplwaye tandrès yo, pasyon yo chagren yo. Lè nou rantre angajman siko-afektif nou nan liypwezi kreyòl yo, nou louvri lavwa pou pwezi kreyòl jwe youn wòl esansyèl nan devlopman nou kòm mounn, paske menm jan nou konn batay la se konsa tou nou konn renmen. Nou bezwen byennèt materyèl ak afeksyon pou nou akonpli tout fonksyon vital nou yo lajmanlaj nan dimansyon mounn nou.

Piblikasyon Kiki Wainwright

Kiki Wainwright pibliye liv pwezi, plak ki gen mizik, ak liv istwakont.

Pwezi
Pikliz (1988)
Les sentiers de l'aube (1993)
Zepon File ( 1994)

Istwakont
Bonifas ak Malefis (1999)
Nan tan malouk… ( 2003)

Plak mizik ak sidi
Tap-Tap ( 1981)
Rozo ( 1986)
Rara liberasyon ( 1997)

Lèz nan travay Kiki Wainwright

OCHAN POU MAGI
Zepon file(1994) p.19

Yon ti boujon ki t'ap pèse 
Pa t'ka ret tann solèy leve . 
Lawouze pran devan 
Pouse-l monte 
Yon ti boujon ki t'ap fleri
Te gentan tounen flè
Nan douvan pot mèt jaden 
Anvan solèy parèt
Van pote-l ale
Bèl flè pa rete
Pasyon pouse boujon 	 
Boujon pete fè flè 	  	  
Flè fennen tonbe, 		  
Rèv donnen pasyon   
Pasyon tounen fos 	 
Fôs kenbe lavi 	   
Flè pa viv san solèy . 	 
Se rev ki rete.

PAPIYON NAN TOUBIYON
Nan Tan Malouk(2003) pp.42-43

Syèl ble kou digo te layite-l ko-l sou vil la.
Solèy cho kou dife te plante drèt nan mitan mache-a.
youn ti van dous ki sot nan Sid, vin anchatpent fè ti
karès pou pye seriz ki t’ap fleri. Youn papiyon tout
koulè vin poze tou dousman sou youri bèl flè choublak
wouj, epi l’ap fè bobo pou li. Ti van an pwonntennen
karese tout pye bwa ak tout flè. L’ap chante youn
melodi lanmou dous. Fèy yo balanse yaya, flè yo
debouche pafen yo, lanati kontan.

Sanzatann, syèl fèmen pot li. Youn nuaj gri ki
t’ap fè santinèl byen lwen, vin bouche je solèy. Van
Node yo pa t’envite, rantre nan won atoutfôs, l’ap
gwonde tankou vwa dyab ki fèk sot nan lanfè. Li
kontre ak van nan Sid nan kafou mache-a. Sa w’tande
a, de van yo mare batay. Machann kouri. Bak chavire.
Chen jape. Ti papiyon ki te sou flè choublak la
balanse agoch, li balanse adwat ak flè-a, men li kenbe
rem. De van yo tonbe vire. Yo vire kou toupi. Yo
vire, yo vire, yo vire. Van Node ap kouri dèyè van
nan Sid, li pa ka kenbe-l. Andire yo fè youn sèl.Yo
kouri bo isit. Yo kouri bo lotbo. Fap! Yo pase pran ti
papiyon an. Yo vire ak li. Yo monte , yo desann, yo
kouri ak li. Ti papiyon an vle chape poul li, men
toubiyon an pi fo. Van nan Sid konprann jwèt la.Sa
pa fè-l plezi ditou. Li pa kontan sa van Node ap fè-a.
Li vle soti nan pyèj sa-a men l’poko kapab. Toubiyon
an leve pousyè chak kote l’pase. Li leve papye. Li
leve chapo. Li leve cheve patche ansanm ak perik pote
ale. Li leve ata fèy tol sou do kay. Adye! Mounn ki
t’ap pase, mache do ba pou van pa bwote yo. Pousyè
rantre nan twou nen, nan twou zorèy, nan je, nan
bouch. Men, mounn yo pa wete je yo sou toubiyon an,
y’ap gade, yo pa ka fè anyen, y’ap suiv, y’ap tann pou
wè kijan sa pral fini.Vap! toubiyon an vin pèdi fos
afos van yo goumen. Van Node ki wè li pa ka jwenn
bout van nan Sid, pou l’ta fè youn fen ak li san l’pa fè
youn masak, li blije deplase, l’ale. Men toutmounn
konnen nenpot lè li ka retounen, paske se pa premye
fwa batay sa-a fèt. Se malpouwont van Node ye.

Pandan tout moun t’ap diskite sou sa ki sot
pase-a, yo wè ti papiyon an ki sot depi anlè li tonbe atè
san fè bwi. Li bat ti ko li podyab. Zèl li te chifonnen
men yo pa t’rache. Li pa t’mouri, se soule li te soule
anba sekous toubiyon an. Li gentan chape anba lanmo.
Chak van fè wout pa yo, ti papiyon an tou. L’al poze
sou youn flè, epi sou youn lot, epi sou youn lot. Van
nan Sid reprann wout li, li reprann lanmou-l ak lanati.
Machann yo retounen nan komès yo. Chen sispann
jape. Villa vin gen kalmi. Syèl la reprann koulè-l.

Biwo santral Sosyete Koukouy rann Frantz Kiki Wainwright omaj ak Jean Baptiste Anivince

Publié le 2021-10-01 | lenouvelliste.com

Nan yon anbyans zanmitay byen chofe ak pwezi, mizik, temwanyaj, jou vandredi 24 septanm 2021 an, blòk 6 zè nan aswè, Biwo santral sosyete Koukouy rann Frantz « Kiki » Wainwight yon omaj toulimen pou ansanm travay literè ak atistik li ki reprezante yon bèl kout pouch nan efò k ap fèt an Ayiti ak nan dyaspora a pou kilti ayisyen an kontinye simen payèt. Kiki pote plizyè kaskèt : chantè, ekriven, koregraf, komedyen, dansè pwofesyonèl, dramatij. Aktivite ochan sila a, ki dire plis pase 2 èdtan, dewoule an fòma vityèl (Zoom) e plizyè pèsonalite ak ekriven ki sitou nan dyaspora ayisyen Etazini ak Kanada te reponn prezan : Jan Mapou, Manno Ejèn, Yvon Lamour, Michel-Ange Hyppolite, Maude Heurtelou, Gary Daniel, Angelucci Manigat, Pascale Milien Faustin, Janjan Dezire, Lochard Noël, pou n site sèlman non sa yo, tout te reyini sou menm filing rekonesans ak konvivyalite a pou onore potorik la nan okazyon selebrasyon 84èm anivèsè nesans li pandan y ap amize yo nan deklame powèm li, entèprete mizik li epi temwanye rezistans, militans ak angajman sosyal yon nonm ki pa janm faya pandan plis pase 60 lane karyè li nan domèn atistik. Yves Mondésir te pote chapo mèt seremoni evennman an.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj), aktyèl prezidan biwo santral sosyete Koukouy, te plonje patisipan yo nan yon rale mennen vini sou liv kiki pibliye ki chita nan plizyè kategori literè, tankou pwezi, woman, teyat, kont, elatriye. Kaptenn fè konnen, kèlkeswa kategori a, se transfòmasyon sosyal ki toujou ap boujonnen nan zèv ekriven an. Li te pwofite felisite kiki pou plas li bay timoun nan pwodiksyon li kòm ekriven paske, pou nou site li, nan literati kreyòl pa gen anpil zèv ni anpil ekriven ki pwodui pou timoun : « Nou di Kiki bravo pou kalite dilijans sa a ki se egzanp vivan nan travay ranmase konsyans, netwaye konsyans epi devlope konsyans nan yon moul panse tounèf pou nou bay tchovi yo bon jan fòm san nou pa mennen yo sou fòm eksesif jouk yo debouche sou sa nou ta ka rele lavaj sèvo ». Bò kote pa li, Jan Mapou, ansyen prezidan Biwo santral sosyete Koukouy nan Miyami, rekonèt reyalizasyon, aksyon ak zèv Kiki nan domèn literè, nan domèn politik e sosyal fè li tounen yon jeyan, yon potorik gason. Nan ti rale li t ap fè sou Palmannò (non yo bay Kiki anndan Sosyete Koukouy), Jan Mapou raple dinamis ak angajman Kiki ki te gentan yon atis fètefouni depi nan lane 1960 yo, kote malgre malè pandje diktati li pa t ezite enplike l byen fon nan divès aktivite ak inisyativ kiltirèl: fondatè Twoup dans Balandjo avèk Lilianne Demervil, manm Twoup dans Bakoulou ki t ap fè alepòk lanavèt an Ayiti kou aletranje pou fè plis moun konnen richès ak mèvèy fòlklorik pèp ayisyen an. Ekriven, meteyansèn Bob Lapierre te la nan serenad omaj la. Li dirije pawòl li yo nan menm sans pou savalouwe travay Palmannò, men se sou aktivite teyatral li te mete aksan . Pou Bob, Kiki s on kokennchenn aktè. Li menm sonje esperyans li ak atis la ki kite yon souvni byen bèl ak satisfaksyon nan lespri li: « Mwen pa konnen pou lòt direktè osnon metèyansèn Kiki travay avèk yo. Men mwen menm, mwen rekonèt pou tèt pa m Kiki te fè m lonè jou li te antre nan Vilokan rale espri Oswald Durand, desann li pami mòtèl yo, prete li kò l pou li te vin reviv Choucoune ( Farah Juste te enkane ) sou sèn James L Knight Center nan kè Miyami nan dat premye janvye 2007. Nan vi teyat pa mwen, se kapab yon evennman mwen p ap janm reviv ankò. Franchman. » Si gen entèvenan ki te dekachte lapawoli pou fè lwanj ekriven, dansè ak aktè wòdpòte Kiki ye a, Maude Heurtelou, yonn nan majòjon « Educa Vision » nan Florid, pa bliye pèfòmans estwòdinè chantè a  : « Sa fè plis pase 30 tan mwen tande Kiki ap chante 23 nèg vanyan nan vil Òlanndo. Chante sa a te desounen nanm mwen ak lapenn, kòlè, enpuisans, enkonpetans devan lavi Ayisyen k ap nwaye nan al chache lavi lòtbòdlo. Kèk tan apre, mwen te tande yon serenad « Haiti cœur de soleil ». Chante sa a tou te fè san nan venn mwen ponpe ak kè kontan. Nan toude chante sa yo, ki se konpozisyon Kiki, gen mesaj estwòdinè ki montre kouman msye senkwonize ak ayisyanite l ». Patisipan nan rankont omaj la mete dakò Frantz Kiki Waiwright s on moniman vivan, yon kòlòs, yon nonm ki plen jenewozite ak lwayote. « Apre plis pase yon demi syèk karyè ki touche plizyè disiplin atistik, Kiki Wainwright se yon lejann ki merite tout apresyasyon nou », nou t ap site Angelucci Manigat, ekriven, ansyen kòdonatè Festival Ànyèl Liv Ayisyen nan Konektikèt.

Divès entèvansyon yo temwanye nonsèlman kontribisyon Palmannò nan anrichi patrimwàn literè ak atistik ayisyen, men tou yo raple enpòtans grandèt la pou dyaspora ayisyen an, pou mouvman literè ak atistik Sosyete Koukouy kote l ap milite, evolye sou divès chapo atistik li yo depi plizyè deseni.

Pou mete bout nan aktivite omaj la, Kaptenn Koukouwouj te pase lamayèt la bay prensipal konsène a, Frantz Kiki Wainwright ki te dabò mande patisipan yo obsève yon moman silans nan non konpatriyòt Ayisyen k ap travèse move pas anba pon Texas kote gen anpil nan yo lavi kite nan wout. Ak yon vwa ki refize kenbe emosyon, Kiki temwanye satisfaksyon l, kontantman l ak rekonesans li pou bèl sware omaj sila a.

Frantz Kiki Wainwright an gwosomodo

Kiki fèt Pòtoprens 24 septanm 1937. Li etidye nan Borough of Manhattan Community College ak nan City College of New York, kote li soti ak yon Associate Degree nan Business Management nan lane 1980.  Nan Florida International University, li dekwoche yon bakaloreya nan Travay sosyal an 1988.

Nan domèn mizik, Kiki pibliye plizyè albòm. Li gen kèk hit mizikal tankou « 23 Nèg Vanyan », « Sévérine » ak « Bòs Prevo.»  Li te konpozitè pou gwoup « Les Shleu Shleu », ki te entèprete kèk hit mizikal Kiki tankou : Haïti, mon pays ak « Haïti, terre de soleil ». Kiki Wainwright te fondatè gwoup mizik rasin « Ayabonmbe » nan Miyami.

Kòm aktè, Kiki Wainwright pase yon bon pati nan vi li ap fè teyat. Li pèfòme Ayiti, Etazini ak Kanada. Pami pyèsteyat li jwe ladan yo, nou ka site: « Antigòn an Kreyòl », yon pyès Félix Morisseau-Leroy; « D.P.M Kanntè », yon pyès Jan Mapou; « Reclaiming Choukoun», yon pyès Bob Lapierre, ak Kiki nan wòl powèt Oswald Durand.

Kiki Wainwright se youn nan manm fondatè Sosyete Koukouy Miyami, yon mouvman kreyòl literè e atistik ki fonde an 1965 an Ayiti. Kiki se visprezidan e responsab Sosyete Koukouy Miyami.

Liv Kiki Wainwright pibliye:

Nan lang kreyòl

Pikliz: Pwezi, Miami, Koleksyon Koukouy, 1988; Zepon File: Pwezi, Miami, Edition à Contre-Courant, 1994; Bonifas ak Malefis: Kont, Edisyon Mapou, Koleksyon Koukouy, 1999; Nan Tan Malouk : Istwakont ak Pwezi, Coconut Creek, Florida, Educa Vision, 2003; Siloyiz : Istwakout ak Pwezi, Coconut Creek, Florida, Educa Vision, Koleksyon Koukouy, 2009; Lomeyans pou Lapèsonn : Pwezi, Coconut Creek, Florida, Educa Vision, Koleksyon Koukouy, 2015; Tanbou Liberasyon : Powèm chwazi, Cambridge MA, Trilingual Press 2016; Vilokan : Teyat, Miami, Florida, Edition Delince, 2016.

Nan lang franse

Les Sentiers de l’Aube : Poésie, Miami, Éditions à Contre-Courant, 1993 ; Pages Retrouvées : Poèmes de Camille Wainwright, Présentation Kiki Wainwright, Brandon, Florida, Edisyon Koukouy, 2003 ; Intempéries : Poésie, Coconut Creek, Florida, Educa Vision 2006, Finaliste, Prix du Livre Insulaire, Ouessant 2012 ; Une Vierge Singulière : Roman, Coconut Creek, Florida, Educa Vision, 2012, finaliste, Prix du Livre Insulaire, Ouessant, 2012

https://lenouvelliste.com/article/231929/biwo-santral-sosyete-koukouy-rann-frantz-kiki-wainwright-omaj