konferans

Pwomosyon lang kreyòl ak kilti ayisyen

Lekòl an Kreyòl ann Ayiti?

Ak Pierre Michel Chéry, Konferansye

Teyori kritik sou ras

Ak Parick Sylvain, Konferansye

Malsite Ayisyen Nan Filalang Gouvènman

Ak Ewald Delva , Konferansye

Kreyòl ayisyen nan espresyon lasyans: ideyoloji ak reyalite

Ak Renauld Govain , Konferansye

KOUTJE SOU NECHÈL BLOOM ….  

Ak Yvon Lamour , Konferansye

NAN KWAZMAN CHIMEN ENPERYALIS FRANSE AK MERIKEN

Ak Lesly René , Konferansye

Enpak Vyolans Sou Sante Mantal Moun

Ak Roger Chassagne & Ralph Holly , Konferansye

Lang ak Matematik nan Kontèks Ayisyen

Ak Alfred G Noel, Konferansye

Ki Jan Pou Nou Prezève Riches Kiltirèl …

Ak Pascale Millien-Faustin, Konferansye

Kriz Mounans ak Mondans

Ak Patrick Sylvain, Konferansye

Foutbòl Lavi

Ak Gary S. Daniel, Konferansye

Promosyon Lang Kreyòl Ak Kilti Ayisyen

Ak Marky Jean Pierre, Konferansye

Konsèp Kreyolizay

ak Manno Ejèn, Konferansye

Prezans Lang Afriken yo Kom Eritay Lang Kreyòl Ayisyen an

Jean-Robert Placide , Konferansye

Kozri Jan Mapou Sou Lavi l

Enpak Divès Relijyon Yo Genyen Sou Devlopman Lang Kreyòl Ayiti a

Enpak divès relijyon yo genyen sou devlopman lang kreyòl Ayiti a

Konferans ki pwononse jou samdi 19 desanm 2020 pou  « GWOUP REFLEKSYON SOU LANG AK KILTI AYISYEN AN »

Sou plan relijyon, ayisyen ki leve an Ayiti, gen 2 prensipal tandans relijye ki enfliyanse li : tandans Krisyanis ak tandans Vodou. Krisyanis lan limenm, li prezan sou 2 fòm nan peyi a : yon kouran katolik women epi yon kouran pwotestan, avèk divès anbranchman li yo. Kifè, lè yon moun vle egzamine enpak relijyon yo sou devlopman lang Kreyòl Ayisyen an, ou pa ka inyore prezans ni katolik, ni pwotestan, ni vodou. Alòs, ki enpak relijyon sa yo genyen sou devlopman lang kreyòl la an Ayiti ?

1- Enpak relijyon vodou

Devlopman lang kreyòl ayisyen an, li manifeste reyalite li, ni sou plan oraliti, ni sou plan ekriti. Relijyon nou yo gen yon enpak enpòtan nan sa. Depandan epòk la, avans devlopman an konn jwenn baraj ki ralanti li sou kous li. Lè konsa, lang lan pran wout mawonaj pou li. Li la, li pa la. Li ap boule ak yo sou plas. Lang lan tonbe ap pwogrese nan vale teren an daki. Oraliti a pran anpil grad nan peryòd sa a, sitou lè se pwagrate politik l ap chache kabre pou evite dezagreman. Se moman sa a kote relijyon vodou a manifeste fonksyònman li foultank atravè chante yo, priyè yo, seremoni yo. Vin gen yon ekstansyon florezon chantepwen. Moun ka tande varyete chante sa yo sou chantye kote mou nap travay, nan konbit yo, nan veye finèb yo, nan bann rara yo, nan gwoup twoubadou yo… Chante daki sa yo pran grad vit lè sitou y ap simen poud anti vodou nan mitan popilasyon an. Lang kreyòl la, zouti kominikasyon oral tout kouch popilasyon an alawonn, se moman lokitè yo moutre, ansoudin, kapasite imajinatif yo, fòs rezistans yo atravè lang lan. Lè sa a, sanba tonbe pouse kou djondjon ap voye chante daki moute pou mèt pwen ranmase pwen ou.

Poudayè, peryòd avan lendepandans Ayiti se yon gwo endikatè sou devlopman lang lan sou plan oral. Se lang lan mas esklav yo itilize pou kominike antre yo, yonn ak lòt. Rasanbleman Bwakayiman te posib grasa mwayen kominikasyon bouch an bouch, yonn di lòt sila a. Se te yonn nan peryòd : << Kriyòl pale, Kriyòl konprann >>. Se te epi se toujou ap :<< M voye dlo, m pa mouye pesonn. Moun ki santi ou mouye, se afè ki regade ou. Paske Mèt pwen ranmase pwen ou >>.

Menm lè kolon yo te fòse esklav yo batize, tout kwayans relijye yo te eritye Lafrik Ginen, yo te toujou prezan nan tout ajisman yo. Enfliyans doub pèsonalite sa a, moso Bondye moso solokoto a, li prezan nan nou chak ayisyen jodi a. Kit se pou byen nou, kit se pou malè nou. Li se mak letanp konpòteman nou. Nan fon konsyans nou, sa nou tande ak 2 zòrèy nou, n ap mande èske se sa nou tande tout bon vre. Paske pou nou, sa soubreka di atè, se pa sa li di abò. Se pou sa lè ayisyen di ‘’wi’’, fòk ou konnen ak ki ‘’wi’’ ou annafè. Paske gen : wi = m tande, wi = m konprann, wi = koupe kont, wi = m dakò.

Petèt se sa ki fè pratik vodou a se plis yon pratik ki manifeste aloral nan chante, nan danse, nan jès. Epi mesaj yo plis prezante sou fòm daki. Èske se sa ki pouse Jean Price Mars defini ayisyen an jeneral kòm :<< Un peuple qui chante et qui dance du berceau au tombeau >>.

Li ra pou trape yon ayisyen natif ki pa konn bougonnen yonn nan chante sa yo nan kèk sikonstans l ape viv:

1- Fèy o

Sove lavi mwen

Nan mizè mwen ye, woy 2- Larèn solèy leve, o

Pitit mwen malad Bondye voye ale

M ale kay gangan Timoun yo kriye, o

Larèn solèy leve

Si ou se bon gangan Lè lapli tonbe

W a sove lavi mwen N a plante pwa

Nan mizè mwen ye, woy Wey, n a plante pwa

 

3-M ap fè bèbèl ak lasirèn

Chapo m tonbe nan lanmè

Lasirèn, Labalèn

Chapo m tonbe nan lanmè.

Se vre enpak vodou a sou devlopman lang kreyòl la, li plis sou plan oral, ‘’ yon dimansyon ki ekstrèmeman enpòtan epi ki konsekan tou ‘’, men depi kèk ane, gen yon veritab volonte ki manifeste pou fè resansman pratik sa yo. Nan sans sa a, travay defen oungan Max Gesner Beauvoir se yonn nan gwo bèl kontribisyon li pou devlopman lang kreyòl la.

Max G. Beauvoir pran wout pou reyoryante vodou a sou plan kominikasyon. Li leve li fè li franchi etap alekri a. Se vre gen lòt moun ki te panche yo sou lavi Vodou a avan sa. Men defen Oungan Beauvoir franchi yon lòt nivo. Se konsa, Ati a pibliye 2 liv enpòtan ki ekspoze nannan relijyon an.

1. Yonn se ‘’Le grand Recueil Sacré ou Répertoire des Chansons du Vodou Haitien’’. Ouvraj sa a gen 1763 chante vodou ladan. Kivledi, prèske tout chante fidèl vodou yo gen labitid chante, keseswa kote a, moun ka jwenn yo nan Gran Repètwa sa a.

2. Lòt la se ‘’Lapriyè Ginen’’. Li gen 91 Lapriyè Sen franswa-Sen Dominik, 138 Lapriyè Djò, 35 Bohoun (chante seremoni lenmò) epi yon lis non 401 Lwa. Toulède liv sa yo parèt an 2008.

Ati Beauvoir rapòte nan ‘’Le Grand Recueil Sacré’’ sa Boukmann te di Bondje devan tout asistans lan, nan mwa dawout 1791 nan Bwakayiman :

Men Lapriyè Boukmann nan

Bondje ki fè solèy ki klere nou anwo

Ki soulve lanmè, ki fè gwonde loray

Bondje la zòt tande kache nan yon nwaj

E la a, li gade nou, li wè tou sa blan an fè.

Bondje blan an mande krim e pa nou vle byenfè

Men Dje pa nou an ki si bon òdonnen nou vanjans

Li va kondui bra nou, li va ban nou asistans

Jete pòtre Dje blan an ki swaf dlo nan je nou

Koute lalibète ki pale nan kè nou tout.(paj 54)

Nan menm Liv sa a, otè a rapòte yon chante daki vodouwizan konn chante angiz lapriyè envokasyon :Alegba ou se van (ch 84, p.100)

Pouse n ale, nou se papiyon, n a pote nouvèl ba yo !

Alegba Atibon, ou se van, pouse n ale,

Nou se papiyon, n a pote nouvèl ba yo

Tou sa ki di byen an, je n la e !

Tou sa ki di mal la, je n la e !

Alegba Atibon, ou se van, pouse n ale

Nou se papiyon, n a pote nouvèl ba yo !

 

Nan paj 109 Lapriyè Ginen, nou ka li pawòl sa yo :

Manman Brijit manman, ou te wè sa,

Alantou kay la, ou pa wè gen dife

Nou pral bwote dlo pou n touye yon dife

Lapli pa tonbe, ou pa wè tè a glise

Langaj o !

 

Ki ti ayisyen nan lakou Ayiti ki pa janm fredone oswa tande radyo ap bougonnen pawòl chante sa a :

Mwen malad, m kouche

M pa sa leve,

Balmannan o, m pa moun isit o,

Bondje rele m, m ale

Mwen malad, Balmannan,

Bondje rele m, m prale.

Balmannnan o, m pa moun isit o

Bondje rele m, m ale.(p.173)

Moun pa bezwen fouye lwen pou konstate enpak relijyon Vodou sou devlopman kreyòl ayisyen an. Se yonn nan relijyon kote prezans kreyòl la se yon reyalite pèmanan, e sa se keseswa klas sosyal vodouwizan an.

 

2- Enpak relijyon katolik women

Soti mwa mas 1936, rive mwa avril 1957, mwen te yon fidèl katolik. Mwen batize, mwen kominye, mwen te anfannkè nan Legliz la. Kanpay antisipètisyon, anti vodou ak konpòtman yon kire entoleran nan komin lakay mwen, Tènèv, sa pote m deside bay legliz la do. Mwen vin kretyen pwotestan. Men tout sa ki gen rapò ak Bondye, yo enterese m. Yo fè pati nannan mwen. Mwen gade yo avèk anpil anpil respè : kit se nan Vodou, kit nan Katolik, kit nan Pwotestan.

Premye kontak mwen avèk lang kreyòl la nan domèn relijyon se bò deseni 1940. Moman sa a se te Monseyè Robert ki te evèk Gonayiv.

Mwen te anfannkè ap chante, ap resite laten nan legliz. Men yo te fè katechis pou nou an kreyòl. Pè a te aprann nou Nòtrepè an kreyòl. Se epòk mwen te Gonayiv, nan lekòl prive Sen Antwàn.

Lè m ale nan grann vakans Tènèv, te gen yon Sant Alfabetizasyon an kreyòl, toupre lakay mwen. Monitris la te yon fidèl katolik devwe. Li te konn envite m ba li koutmen nan Sant lan. Se la m kòmanse pran gou nan li ak nan ekri kreyòl.

Alòs ki enpak Legliz Katolik sou devlopman lang kreyòl ayisyen an ? Depi ou di katolik sou kesyon lang, je anpil moun vire gade lekòl mè yo ak lekòl frè yo, kivledi Lekòl Kongreganis yo. Moun plis wè yo kòm yon seri enstitisyon ki anti kreyòl. Epoutan gen anpil mouvman ki fèt nan mitan Legliz Katolik pou travay devlopman lang matènèl kretyen yo. Gen achevèk, gen evèk, anpil pè, anpil relijye ak relijyez ki pran pozisyon klè pou sa rive fèt. Kesyon an te sitèlman ap pran chè nan aktyalite a, iyerachi nan Vatikan, ki pi wo plase nan Legliz la, li sètoblije pwononse li pozitivman sou kesyon an. Nan ‘’Les Actes Du Concile Vatican II’’, men sa nou ka li :

<< 1. L’usage de la langue latine, sauf, droit particulier, sera conservé dans les rites latins.

2. Toutefois, soit dans la messe, soit dans l’administration des sacrements, soit dans les autres parties de la liturgie, l’emploi de la langue du pays peut être souvent très utile pour le peuple : on pourra donc lui accorder une plus large place, surtout dans les lectures et les monitions, dans un certain nombre de prières et de chants…. P.148/no 36 >>.

 

<< Formation doctrinale et apostolique

…. Quiconque doit aborder un autre peuple doit faire grand cas de son patrimoine, de ses langues, de ses mœurs….

Ceux qui sont envoyés vers les autres peuples… doivent apprendre les langues jusqu’à pouvoir les utiliser aisément et correctement, et

trouver ainsi un accès plus facile à l’esprit et au cœur des hommes… p.764-765/ no26>>.

Sitasyon sa yo ap ede konprann tout mouvman pou lang matènèl ki pran nesans nan mitan Legliz Katolik la atravè lemond. Menm van an ap soufle tou an Ayiti, depi plis pase swasant dènye ane ki pase yo. Sa ede konprann evolisyon mouvman Tanboula nan Legliz la, avèk Pè Joseph Augustin (papi Djo). Tanbou moun te konsidere, an Ayiti, kòm yon enstriman mizik pou louwe satan, tanbou antre legliz la nan gran pòt devan ki louvri debatan ba li pase.

Kreyasyon Radyo ak tele Solèy pral ranfòse kouran kreyòl la pi plis toujou. Fondasyon Jounal Bon Nouvèl antre nan menm mouvman an. Enpe toupatou nan peyi a, gen pè, gen mè, gen layik angaje ki pran menm direksyon an pou lang popilasyon an pran plas li kòmsadwa.

Kèk sant fòmasyon pedagojik tankou Lekòl Nòmal Lavo, anba direksyon Sè Iréné, nan Pòdepè. Lekòl Nòmal Papay, nan Hench, antre lang kreyòl la fon nan fòmasyon anseyan yo. Gen kèk pè nan plizyè pawas ki antre fon nan devlopman kominotè. Zouti yo itilze pou kominike ak popilasyon an se kreyòl la. Nou gen egzanp pè Jean Parisot nan Sidès, pè Mak Fivèz ak frè Arman nan Platosantral, Pè Peleman nan Nòdès, ki prepare yon ti diksyonè bileng, kreyòl/franse, pè Jan Mari Vensan nan Janrabèl, tan e tandot ankò.

Sou plan kominikasyon Pawòl Bondye a menm, legliz la met deyò yon seri liv chan. Tèleka paregzanp ‘’M ap Regle Tout Bagay an Chantan ‘’ ki parèt 8 desanm 1977. Acheveche Pòtoprens pibliye yon liv lamès li rele ‘’Pawòl Bondye’’. Se yon liv ki bay pwogram litiji pou seremoni yo pou tout ane a.

Legliz la travay tou pou mete pawòl Bondye a nan men fidèl yo. Se konsa Monsenyè Colimon tradui Nouvo Testaman an an kreyòl. Yo pibliye tèks la an 1975.

Tout mouvman sila yo vin kontre pou mete kanpe kokennchenn Kanpay alfabetizasyon Misyon Alfa. Kanpay Alfa sa a make lespri popilasyon an avèk disparisyon monitè angaje Chalo Jaklen, nan Site Solèy.

Pou gen yon lide pi laj toujou sou wòl Legliz Katolik jwe nan devlopman lang kreyòl ayisyen an, konsilte atik Pè William Smarth ki pote tit:<< Travay legliz katolik pou pwogrè lang kreyòl la>>. Atik la parèt nan liv sou ‘’ Akademi Kreyòl Ayisyen’’, paj 207-212, Editions de l’Université d’État d’Haiti.

 

3- Enpak legliz pwotestan yo

Prensipal tèt sous tout legliz pwotestan yo se Labib. Se Ansyen ak Nouvo Testaman. Liv jwe yon wòl konsekan anpil pou pwotestan. Ki di liv di lekti. Prensipalman lekti Bib la. Se pou sa, gen moun ki di relijyon pwotestan se relijyon liv, se relijyon bib. Refòm Pwotestan yo pran enspirasyon li nan Bib la ki se kò santral pyebwa a. Li gen twa branch prensipal. Yonn pouse ak Maten Litè. Yonn lòt ak Jan Kalven. Yon twazyèm se branch anglikan an.

Mak fabrik chak branch pwotestantis la se plas li bay labib nan lavi legliz la. Chak legliz pwotestan vize fè chak manm li pratike lekti ak meditasyon Labib. Se poutèt sa, mete bib la nan lang pèp kote yon legliz pwotestan ap devlope, sa fè pati yon devwa esansyèl. Kit se tan lontan, kit se tan jodi a, mete Bib la nan lang pèp kote yon legliz plante se esansyèl. Pa gen legliz pwotestan ki pa vize ede fidèl yo konn li pou yo ka li Bib nan lang yo.

Maten Litè te bay egzanp lan. Li te mete Bib la nan lang alman. Sa te vin bay lang alman an yon gwo pouch. Lang lan vin pran plas ofisyèl li nan sosyete alman an : nan legliz, nan lekòl, nan inivèsite, nan administrasyon piblik…

Nan Angletè, se menm bagay la. Legliz anglikan travay mete bib la nan lang angle. Epi ti pa ti pa, angle a pran grad. Li vin lang administrasyon, lang ansèyman, lang ofisyèl tout kote angle yo mete pye.

Lafrans pa rete dèyè. Li suiv kouran Jan Kalven. Pwotestan fransè yo mete Bib la nan lang yo. Jan Kalven ekri zèv prensipal li, Enstitisyon Kretyèn, an franse. Sa te ede lang franse a vin pran elan li pi plis toujou. Konsa, leta oblije tout popilasyon Lafrans lan adopte lang franse a. Leta franse mete mwayen deyò pou lang franse a pran plas li jan sa dwe ye.

Nan 3 ka sa yo, kit se lang alman, kit se lang anglè, kit se lang franse, yo tout vin lang ofisyèl peyi yo odepan lang laten ki te sèl kòk ki t ap taye banda nan peyi sa yo.

 Sousi peyi orijin pwotestantis la te genyen pou Bib la nan lang peyi sa yo, se menm sousi a ki vin preyokipasyon legliz pwotestan ayisyen yo tou. Se vre gen yon eritaj kolonyal ki chouke yon gwo prejije lang nan lespri anpil pwotestan ayisyen. Moun ka menm jwenn kèk pastè ki ap deklare : << Kreyòl la p ap mennen ankenn kote >>. Men yo konnen byen se deklarasyon bobin. Paske menm ouvriye sila yo, lè yo gen bagay serye y ap mande fidèl yo se bwa lang kreyòl la yo manche pou fè li.

 Antouka, pou kesyon devlopman lang kreyòl ayisyen an, se pa ni pou fè enteresanpou, ni pou fè kantamwa nonplis. Defans ak elilistrasyon lang lan vin yon atitid prèske natirèl kay pwotestan yo. Paske lang lan se premye zouti kominikasyon pou bay levanjil la an Ayiti.

 Wa Anri Kristòf te yonn, nan menm lespri pwotestan an, ki te bay egzanp lan. Misye te vize fè gen 2 lang prensipal an Ayiti : Angle ak kreyòl. Mize Mipana, nan Pòtoprens, te gen yon egzanplè yon ti diksyonè kreyòl / angle oswa franse ki t ap sikile nan wayòm Nò a. Mwen te gen privilèg wè li ak pwòp je mwen lè Mize a te fèk louvri sou Divalye.

 Pou sa ki konsènen Bib la an kreyòl, premye tradiksyon nou gen konesans ki egziste se tradiksyon yon Nouvo Testaman yon misyonè pwotestan fransè te fè avèk yon ekip. Men sa Pastè a di nan Prefas la :

 << En publiant le Nouveau Testament en Créole, nous croyons répondre à un besoin réel de la masse haitienne. La langue francaise n’est encore que très peu connue et comprise du commun peuple ; et si cette masse doit ètre évangélisée, cela ne peut se faire que par le moyen de la langue qu’elle parle couramment… Un langage parlé comme l’est le Créole, nécessite qu’on puisse le lire et l’écrire ; c’est logique… notre conviction est que le Créole étant la langue du peuple, il ne disparaitra jamais d’Haiti,…

La présente version est une œuvre d’amour accomplie par le pasteur et par plusieurs frères de l’Eglise évangélique de Trou du Nord…

Elie Marc

Missionaire évangélique. Trou du Nord, Haiti. Mars, 1927 >>.

 Nan deseni 1940, Pastè Odmond McConnel, yon misyonè Irlandè, pran konsyans Ayiti se yon peyi 100 pou 100 kreyolofòn, avèk yon ti minorite bileng. Li antreprann demach pou envante yon sistèm ki pou pèmèt ekri lang kreyòl la san konplikasyon. Rechèch li fè li rankontre ak Dtè Laubach, yon lengwis ameriken. Ansanm, yo envante premye òtograf plizoumwen lojik pou ekri kreyòl ayisyen an.

 Pastè McConnell mande prezidan Elie Lescot otorizasyon esperimante lan nan Sant Alfabet

ak nan yon estasyon menm legliz la anlè mòn Tapyon nan Petigwav. Se konsa premye sant alfa yo louvri.

 Legliz Wesleyèn, sou direksyon Pastè McConnell, antreprann tradiksyon parabòl Jezikri yo. Nan menm sans lan, Pastè a koumanse tradwi kèk liv Ansyen Testaman. Tèleka liv Jenèz.

 M sonje premye Nouvo Testaman ki tonbe anba men mwen, bò ane 1956 yo, li te ekri nan òtograf Laubach/McConnell la. Kantik kreyòl nan liv Chandesperans konn chante nan legliz pwotestan yo alepòk, yo te ekri nan menm òtograf Laubach/McConnell la.

 Men yon egzanp :

Bèjé mwê se you Rwa damou

Bôte li pa janm fini

Si se li mêm ki Sovè mwê

Mwê p ap janm manke anyê

Kote dlo a koule pi fre

Se la li va kondui mwê

E se kote zèb yo pi bèl

Li mete patiraj mwê.

Yo te pibliye tout Nouvo Testaman an ak Sòm yo nan menm sistèm lan. Rive nan ane 1960, Sosyete Biblik Ameriken pibliye yon Nouvo Testaman ak Sòm yo, nan yon nouvo sistèm òtograf kreyòl. Yo te revize òtograf Laubach/McConnell la. Gen moun ki panse li te twòp sanble avèk angle. Yo te prefere gen yon òtograf ki ta pi pwòch òtograf lang franse a. Mo slogan ki te alamòd moman sa a se te :<< Kreyòl kòm mach eskalye pou pase an franse >>.

Men ni kote katolik ni kote pwotestan, travay pou tradui Bib la an kreyòl t ap rapousib. Se konsa, an 1985, Sosyete Biblik Ayisyen fè parèt tout Bib la nèt nan lang kreyòl ayisyen.

Nan mwa jen 2020 an, menm Sosyete Biblik Ayisyen an parèt avèk yon Bib Etid an kreyòl ayisyen. Bib Etid sa a anglobe ni Ansyen ni Nouvo Testaman.

Temwen Jewova yo pa rete dèyè. Yo tradui epi pibliye tout Bib la an kreyòl ayisyen. Tit li :<< LABIB, Tradiksyon Monn Nouvo a, Edisyon avril 2015 >>.

Akote Bib la ki an kreyòl bò kote pwotestan yo, gen yon seri lòt travay branch pwotestan yo kontinye ap reyalize.

Sou plan edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl, yo byen chita lang kreyòl la nan plas li. Men kèk egzanp:

1. Nan Vyalè/Petigwav, Legliz Metodis Dayiti te gen Sant Enstiti Kretyen Lavi Riral. Sant sa a fòme etidyan monitè nan domèn agrikòl ak elvaj bèt. Tout kou yo nèt se an kreyòl yo te bay yo.

2. Menm Legliz la te gen yon gwo pwojè nan Jebo/Jeremi. Pwojè a te nan domèn agrikilti, elvaj ak edikasyon primè. Lang kreyòl la te yonn nan pwen fò pou kominike ak etidyan yo.

3. Sektè pwotestan an gen enstitisyon CPAL= Komite Pwotestan Alfabetizasyon ak Literati (Alfalit) . Òganizasyon sa a kontinye ap louvri Sant Alfabetizasyon prèske toupatou kote ki gen legliz pwotestan. Te gen Jounal BOUKAN ki parèt chak mwa pou kore aprantisaj lekti ak ekriti moun yo. Agwonòm Carrié Paultre direktè pwogram nan pibliye yon kenzèn ouvraj an kreyòl sou plizyè sijè pou nouri lektè yo. Misye te pibliye an 1975, Ti Jak, yonn nan premye premye woman an kreyòl.

Menm enstitisyon sa a ap rapousiv travay alfa nan legliz kote yo solisite èd li. Syèj li nan Mezon Ayisyen Labib, Ri Fènan, no 46, Pòtoprens, Kanapevè.

4. Plizyè Sant fòmasyon teyolojik ak fòmasyon pedagojik yo gen lang kreyòl la tou nan kourikoulòm yo kòm matyè. Moun ka verifye sa nan Seminè Teyolojik Nazareyen ki sou wout Frè nan Petyonvil, Lekòl Nòmal Delma 95, no 15; Inivèsite Kretyèn Dinò, Lenbe.

Nan domèn Laprès ak tele, li enposib pou moun pa konnen travay Radyo Limyè, Radyo 4VEH, TeleShalòm, Radyo Santinèl, Radyo Lavwa Esperans. Bò ane 1970 yo, Radyo Limyè te ale lwen sou teritwa nasyonal la.

Jean L. Dominique, memwa, te di mwen, anvan li ale annegzil an 1980, ki rezon ki pote li gen emisyon an kreyòl nan. Li fè m konnen se apre yon sondaj li fè nan rejyon Pòtoprens. Li mande moun li sonde yo ki radyo yo plis koute. Pi fò repons li jwenn se radyo Limyè. Lè li mande entèvyouwe yo pou ki sa se Radyo Limyè ? Repons lan se paske radyo a bay sa l ap di yo an kreyòl.

Jean L. Dominique di mwen se atachman ak konfyans oditè yo pou Radyo Limyè ki pouse li te mete jounal 9 è diswa a an kreyòl. Pou li, 2 prezantatè li yo, konpè Filo ak Lilianne, se sa nèt pou jounal la lè sa a.

Sou kesyon lang kreyòl la nan sektè pwotestan an, moun pa ka bliye enfliyans mouvman kwazad evanjelizasyon yo. Gwo kwazad ki te kòmanse bò ane 1960 yo ak mouvman Kowòt yo ede anpil pou dekonplekse moun vizavi lang lan. Mesaj yo se an kreyòl yo bay yo. Kontak predikatè a ak piblik la fè gen yon bon kouran ki konekte yo.

Lang kreyòl la byen prezan anndan relijyon pwotestan yo nan peyi a. Laprèv, lè se yon chante an kreyòl oditwa a ap chante, ou ka santi sa nan vwa moun yo. Pawòl y ap chante yo vle di kichòy pou yo. Gen yon

kouran. Se pa yon senp aza gen miltiplikasyon Gwoup Mizikal Evanjelik yo ki kòmanse pran nesans depi bò ane 1970 yo konsa.

Konklizyon

Gen anpil anpil bagay moun ta ka di toujou sou devlopman lang lan an Ayiti. Men pou fini, nou ka di lang kreyòl la byen vivan nan peyi a. Li nan dyaspora ayisyen an ki ap jwe wòl pa yo tou nan pwogresyon Kreyòl la. Lang lan vivan anndan relijyon yo nan peyi a. Li nonsèlman vivan, men li menm an sante. Kèlkeswa ayisyen, an Ayiti, ki rele nan lang lan, ki ri nan lang lan, ki kontan nan lang lan, nan lang lan, ki pale avèk nou ladan, wè pa wè, ap gen yon kouran espesyal ki relye nou yonn ak lòt. Ap gen yon kouran ki travèse nou. Nan sans sa a, Jean Dominique gen rezon lè li ekri :<< L’Univers sonore d’Haiti c’est le créole >>.

Ale nan yon kwazad evanjelik nan nenpòt ti kwen nan peyi a, ale nan fèt chanpèt nan kèlkeswa zòn nan, pase nan yon seremoni vodou anba nenpòt peristil, ou pa gen dwa pa tande kreyòl ayisyen an k ap branche ou ak moun yo. Men atousa toujou, gen pil moun nan relijyon yo – kit kretyen katolik, kit kretyen pwotestan – ki kontinye ap boude lang majorite popilasyon an. Nou pa ka fè sanblan moun sa egziste. Yo gen yon kouch prejije ki badijonnen lespri yo. Sa anpeche yo konprann lang se prensipal siman ki soude moun yonn ak lòt. Nan panse moun sa yo, depi ou di kreyòl, pou yo se paske ou kont franse. Nou espere nanchon moun sa yo ap rive konprann se pa sa ditou. Okontrè, chak lang yon moun konnen se yon diplis pou moun nan. Ayisyen bezwen ni angle, ni panyòl, ni franse. Men ayisyen pa ka pa chante byen fò avèk Boukmann Eksperyans :<< Se kreyòl nou ye >>. Kreyòl pale, kreyòl konprann.

 

Pauris Jean-Baptiste