APRANN.-

LEKSIKALIZASYON KREYÒL:ERITAY LANG FON NAN KREYÒL AYISYEN

Ak Jean-Robert Placide

 

Kreyolizasyon lengwistik se ansanm pwosesis chanjman lengwistik yo ki lakoz oubyen ki esplike fòmasyon lang kreyòl yo, an patikilye lang kreyòl ayisyen an. Nan divès etap li yo, kreyolizasyon an bwote plizyè fenomèm lengwistik, tankou leksikalizasyon ak gramatikalizasyon, ki chaje ak divès lòt operasyon transfòmasyon lengwistik kouwè: adaptasyon fonolojik, aglitinasyon, kowalesans, reyanaliz sentaksik, dekategorizasyon, rekategorizasyon, deplasman semantik, konparezon, metafò, analoji, metonimi, blanchiman semantik, elatriye.

Leksikalizasyon se fenomèn chanjman lengwistik yo ki transfòme yon mo osnon yon gwoup mo nan yon lang, pou yo vini yon mo leksikal nan yon lòt lang. Epi lè rezilta operasyon yo bay yon mo gramatikal, pwosesis fenomèn kon sa rele gramatikalizasyon. Fenomèn leksikalizasyon an (ni gramatikalizasyon an tou) enplike plizyè mekanis mòfolojik, fonetik, sentaksik ak semantik. Nan ka lang kreyòl ayisyen nou ap konsidere a, gen anpil mo ak gwoup mo ki sòti nan lang Lewòp yo, lang Lamerik yo ak lang Lafrik yo, epi yo vin leksikalize nan kreyòl la.

Blòk pawòl nou pral pale yo konsène davantaj kreyolizasyon sèten mo Lafrik nou kontre nan kreyòl ayisyen an. Nou ap chita plis sou fenomèn leksikalizasyon apati lang Lafrik yo, ki nan jenèz kreyòl ayisyen an. Nou ap sèvi avèk divès egzanp ki soti espesyalman nan lang Fon, ki montre gen mo ak gwoup mo fon ki leksikalize nan lang kreyòl la, apre yo fin pase nan laye sistèm mòfo-fonoloji, sentaks ak semantik kreyòl la.

A- Leksikalizasyon nominal senp : SN

· Ablò : sorte d’acassan(Segurola, p. 2) ablen (nan nò), akasan nan fèy bannann (nan lwès). Kòmantè : kwazman avèk [gbl], mo nan lang ewe ki vle di akasan.

 

· Acà : broderie (Segurola, p. 3)>atchasou[i] (acà su), gason bwòdè, (konpare avèk mo broderie (fr) > bwodri, bwòdè). Kòmantè:1- Analoji avèk fòm chema bwodri yo (mekanis semantik). 2- Regwoupman 2 mo yo (aca + su), pou bay atchasou (mekanis fonetik). Divès sèm nan mo bwòdè a relye ak lòt mo tankou bòzò, banda, chèlbè, tyoul.

· Agama: caméléon (Segurola, p 15) >aganman (adj.). Egzanp: yon politisyen aganman. Kòmantè: 1- deplasman semantik: Analoji avèk abitid bèt ki rele aganman an genyen pou chanje koulè selon anviwònman kote li ye a. 2- Ekstansyon leksikal apati yon mekanis mòfolojik derivasyon vèbal pou bay: aganmanye (vèb).

Akpakpò : écuelle en bois (Segurola, p. 42) ˃ apopo, kabare, ti bak. Kòmantè : 1- Rediksyon fonetik kote fonèm kowatikile (coarticulé) /kp/ tounen /p/. 2- Amoni vokalik ak fonèm /o/ (mekanis fonetik).

· Àlótò : espèce de lézard gris (Segurola, p. 52) >lota(n), tach ki parèt sou po ou, aprè yon zandolit fin pise sou ou. Se ka petèt yon fòm alèji sou po. Kòmantè : 1- Deplasman semantik : apati operasyon metonimi, tach yo ki se efè likid zandolit la, yo pote non zandolit la ki se : Àlótò. 2- Rediksyon fonetik plis chanjman vokalik (mekanis fonetik). (cf. Kwazman avèk lota, mo nan lang kikongo ki gen menm sans lan tou.)

· Àlε : passereau gazouillant, bavard(Segurola, p. 47, il bavarde comme un alè). > alèlè (adj.). Egzanp : dyòl alèlè. Kòmantè :1- Deplasman semantik : analoji avèk konpòtman zwazo ki rele alè a. (cf. kwazman avèk lélé, mo nan lang fon, ki vle di :aller de ci de là(Segurola, p. 355).

· Aso: clochette (Segurola, p. 63) ason (n.), se yon ti klòch. Kòmantè: konsèvasyon semantik plis nazalizasyon fonèm / o/ a (mekanis fonetik).

· Asogwè: petite gourde à manche, recouverte de cauris ou d’ossements(Segurola, p. 63). > asogwe (adj.), asogwemen (adj). Egzanp: houngan asogwe, houngan asogwemen ki pranepi ki sèvi ak ason ki fèt avèk yon kalbas ki kouvri avèk yon filè kolye divès

 

koulè, avèk zo chini koulèv. (Li kapab sèvi ak ason ti klòch la tou). Vodoun asogwe. Remak : Genyen ason tchatcha tou.

Hũlũhũlũ : murmure, bruit confus, sourd, grondement (Segurola, p. 249). ˃ wounouwounou (n.). Kòmantè : chanjman fonèm /h/ lang fon an ki tounen / w/, devan vwayèl awondi yo. (cf. Lengwistik istorik : kèk egzanp chanjman fonetik nan kreyòl ayisyen an, yon tèks Placide ki parèt nan Haïti en Marche, mercredi 20 février 2013).

· Koklô[ii] : poule, coq, gallinacée en général (Segurola, p. 305)>koklo (adj.). Egzanp : gason koklo ki pale anpil (nan dyalèk nò a). Kòmantè : Deplasman semantik : Analoji avèk abitid poul yo genyen pou yo ap kodase, kakaye tout jounen. (cf. Kòk koklo, akoklo, koklo laye vodoun)

· Kpè : butte, marche ou estrade en terre ou en ciment pour s’y asseoir ou y installer un fétiche(Segurola, p. 326). pe (n.), otèl vodoun. Kòmantè : 1- Rediksyon fonetik : fonèm doukla (coarticulé) / kp/ a tounen /p/. 2- Konsèvasyon semantik.

· Vèvè : rouge, farine de maïs teintée d’huile rouge, on s’en sert pour dessiner au sol des trainées à caractère magique (Segurola, p. 544). vèvè (n.), desen majik ki trase avèk farin ginen an. Kòmantè : 1- Deplasman semantik : desen majik la pote non koulè farin nan (metonimi). Remak : 2- Konsèvasyon sèm « wouj» la : blan yo, milat blan yo, moun ki gen ten klè yo, Ayisyen rele yo moun wouj, tankou nan zòn Lafrik Ginen (cf. Segurola, p. 550). 3- Ekstansyon semantik : kolye vèvè se kolye ki fèt ak plizyè grenn koliye divès koulè.

· Zegé : scarabée en général, bousier(Segurola, p. 632) zege (adj.), yon zege gason. Kòmantè : Deplasman semantik : analoji avèk ti grosè ensèk la (mekanis semantik).

Nan seksyon sa a, nou liste tout yon seri mòfèm nan lang fon ki vin entegre nan mo kreyòl yo. Pafwa mòfèm sa yo lib, pafwa yo pa lib, yo atache nan pozisyon swa prefiks, enfiks oubyen sifiks. Operasyon lengwistik yo ki nan fenomèn leksikalizasyon an kapab esplike fòmasyon mo kreyòl ki konpoze ak mòfèm sa yo.

 

· Àì : cœur (Segurola, p. 28). An kreyòl, mòfèm [ayi] a pa lib.Egzanp mo nan langay vodoun : ai ma do : cœur pas attentif (Segurola, p. 51). Egzanp : ayimado Freda, ayimado yènou. Ai ma ke vod: cœur ne sacrifie pas au vodoun. Egzanp : ayimake vodoun.Ai tè / do ai tè : veiller à, être vigilant (Segurola, p. 51). Egzanp Nago : a n ai tè (soyons vigilants), annayitè, ann vijilan.

· Àí : sol, terre. (Segurola, p. 28). An kreyòl, mòfèm [ayi] a pa lib. Egzanp mo konpoze:ayida (tèt kwòt), djayi(tonbe atè, woule atè), blayi (elaji atè, etann atè), blayi (pil wòch, plas atè pou blayi rad).

· Déji : davantage, en plus.Nu déji : supplément(Segurola, p. 116) ˃ degi, barad. Egzanp : mete yon degi sou mamit diri a pou mwen. Komantè : chanjman fonetik : / j / tounen / g / nan dyalèk nò a. Tankou nan : badji, sobadji, houndjènikon / bagi, sobagi, houngènikon.

· Fló : écaille, gousse, vide, peau (Segurola, p. 169). An kreyòl : flo (adj.). Egzanp mo konpoze kote mòfèm [flo] a lib: pwa flo, (se gous pwa ki vid). Pakont, gen lòt kote mo flo a pa lib. Egzanp :dyòl flobop, (se dyòl ki vid san okenn dan), flègèdèp, (se 2 baton pye ki vid, mèg, tankou se po san vyann),mazenflen, (se moun ki gen gwo vant anfle ki vid), demèfle, (se yon vant, oubyen yon matris yo devide. Egzanp : yon kout pye demèfle),flango, (se boutèy vid). cf. tate zo flango[iii] : chèche zo nan boutèy vid, chèche zo nan kalalou.

· Gau : Du temps des rois d’Abomey, c’était le premier chef de l’armée dahoméenne (Segurola, p. 182). gawou, chwal Agawou. Agawou di si Bondye vle. Agawou de, ala yon domaj o, li se yon fanm. (cf. chante lwa yo). Toussaint se pitit-pitit Gawou ginou (gawou pa wa, se chèf lame oubyen minis lagè). Papa Toussaint se Hyppolite Gawou. Lòt chèf lagè, chef de guerre, chèf militè yo se àhuãgã : chef militaire, officier (Segurola, p. 27), ki bay awangan, an kreyòl. Egzanp : Apo Lisa Badja awangan siye, odabò.

 

· Gè, agè : la terre (Segurola, p. 21). An kreyòl, mòfèm [gè] a pa lib. Egzanp mo konpoze:gede (lwa lanmò), gedevi (pitit lwa gede), yegede (lespri gede, cf. : Yegede bohoun, bòkò ile), legede (lwa gede), genou (moun mouri ki tounen lwa, cf. : Genou waze, manti a la).Sanble, gen kote mòfèm [gè] a ta kapab lib, tankou nan : bat gè = bat tenèb.

· Gò : bouteille, callebasse (Segurola, p.191). An kreyòl, mòfèm [gò] a pa lib. Egzanp mo konpoze: govi (ti boutèy), flango (boutèy vid), godo (kalbas lèt).

· H: tambour, esprit,(Segurola, p. 233, 234). An kreyòl, mòfèm [houn] vle di tanbou, dans lwa, seremoni, lwa, espri. Môfèm houn an, pafwa li lib, pafwa li pa lib. Egzanp mo konpoze avèk sans tanbou, dans, seremoni:houn (tanbou), hountò (tanbouyè), hountòdji (tanbouyè, boulatchè), houndjenikon (chèf koral nan seremoni vodoun, asistan, èd pou segonde houngan an), hounbòn (manbo, manman lwa), houngan (chèf lwa, papa lwa, chèf òkès tanbou vodoun an), hounsèvan(sèvitè lwa), bohoun: (yon rit nan seremoni antèman ginen),kandjanhoun (dans vodoun, sèvis gonbo nan nò). Egzanp mo konpoze avèk mòfèmhoun an ki gen sans lwa, espri: houngan, hounsi, hounbòn, hounfò, houngèvè.

· Ka : callebasse(Segurola, p. 279). Mòfèm [ka] a pa lib. Egzanp mo konpoze : kanhoun (yo rit nan seremoni antèman ginen avèk kalbas dlo), kalan (kalbas vyann), kalyèz (pòtèz dlo nan rara), kalalou (plat sòs legim glise, cf. kalalou gonbo, kalalou twonpèt).

· So: foudre, tonnerre(Segurola, p. 482). An kreyòl, mòfèm [so] a pa lib. Egzanp mo konpoze:Ebyoso, Byasou, ason, sòlòkòtò, sobo (gwo loray), sobo djiso (gwo loray ak lapli), sobagi(sobadji), sodjèmen3 fwa, nan ginen tande(sèman fran ginen ki pran loray pou temwen).Remak: Zèklè se lakataw (jakata). Lakataw fè kaw, nan Ginen tande. Tcheke sèman pwofàn ki pran loray pou temwen : tonnè boule m, tonnè kraze m, vyèy pete je m.

 

· Vi : enfant, jeune(Segurola, p. 545), particule diminutive(Segurola, p. 546). An kreyòl, mòfèm [vi] a pa lib. Egzanp mo konpoze: govi (tiboutèy), pedevi(timoun piti), tchovi(timoun), hohovi(jimo, marasa). Remak: mòfèm [vi] ki soti nan lang fon an ap disparèt. Epi se mòfèm [ti] ki soti nan fransè, petit, ki ranplase li (cf. releksifikasyon). Egzanp : timoun, tifi, tigason,

· Z: pot, marmite, cruche, jarre, vase, poterie servant de récipient (Segurola, p. 630). Pafwa, mòfèm [zen] an lib, pafwa li pa lib. An kreyòl : zen nago se ti chodyè yo mete atoutou a, sètadi akra nago (akutu) farin mayi a, ki pa menm ak akra pwofàn yo fè ak farin malanga a. An tè ou an fè, yo itilize zen yo nan seremoni boule zen. Egzanp mo konpoze :boule zen (seremoni boule ak kase zen yo), lobozen (seremoni kase kannari, kase zen yo), poto zen (pikèt oubyen klou ki pou kenbe zen yo),wanzen (zen nan seremoni lanmò),bouzen, zenglen[iv](debri mòso boutèy), zenglendo, mazenflen(vant anfle), zenba(anba vant; egzanp : lè doulè a rèd, tout fanm se mare zenba yo).

· Zo: feu (Segurola, p. 636). An kreyòl, mòfèm [zo] a pa lib. Egzanp mo konpoze: kanzo(seremoni inisyasyon, ki bay pouvwa [manipile] dife), zobop (sosyete porte-lampe), ratazòtò(moun ki ap koupe tèt, boule kay, incendiaire), bòzò (banda, chèlbè, bwòdè, tou limen, limena).

B- Leksikalizasyon sentagmatik: gwoup SN

· Fle gèdè kpo : vide gede bâton> flègèdèp ou flègèdèk (adj.) vle di mègzo tankou bagèt legede. (Vilsaint 2009, p. 184). Kòmantè : 1- Regwoupman leksikal : fle + gèdè + kpo.2- Amoni vokalik an /è/ ak rediksyon fonetik fonèm doukla (coarticulé) /kp/ a, swa an /p/ ou an /k/, pou bay flègèdèp oubyen flègèdèk. 3- Mekanis semantik : konparezon gwosè bwa janm fen avèk baton gede yo.

 

· Hgbó nõ : grand chef féticheur (Segurola, p. 247) hounbòn (n.), manbo. Kòmantè: 1- Regwoupman leksikal, rediksyon fonetik, nazalizasyon. 3- Konsèvasyon semantik epi analoji avèk houngan ki se papa lwa.

· Hũ jè vè : perles rouges consacrées à un fétiche(Segurola, p. 545) ˃ houngèvè (n.), chèn an kolye wouj. Kòmantè : 1- Regwoupman leksikal. 2- Chanjman fonetik fonèm /j/ tounen /g/ tankou nan houndjenikon, degi. Remak : yo rele kolye vèvè, kolye maldyòk ki gen divès koulè.

· Hkplé : cf. kplé : assembler, rassembler, réunir (Segurola, p. 335) hounble (n.): rasanbleman lwa yo, rele rasanble lwa yo. Kòmantè : 1- Regwoupman leksikal, rediksyon ak chanjman fonetik : /kp/ /p/ /b/. 3- Konsèvasyon sèm « rasanbleman » an. Remak : nan lizay modèn nan, hounble se nenpòt rasanbleman moun tankou gwo asanble, kongrè, gwo miting.

· Hũ xò : case fétiche(Segurola, p. 250) ˃ hounfò (n.), tanp vodoun. Kòmantè : 1- Regwoupman leksikal : hũ + xò. 2- Chanjman fonetik : /x/ > /f/. Remak : hounfò a divize an 2 pati. Peristil la ak tout lòt chanm yo : sobadji, djevo, kay mistè yo …

· Jè xò : petits temples pour le culte rendu aux mânes des rois, case aux perles, (Segurola, p. 266)> djevo (n.), pyès chanm inisyasyon nan hounfò a. Kòmantè : 1- Regwoupman leksikal : jè + xò. 2- Chanjman fonetik fonèm : /x/ > /v/.

· Mèhàtò : groupe, équipe, société, associés, équipe de personnes (Segurola, p. 380) > mera (n.), kò mera:association d’entraide en milieu rural. (Vernet et al 1976 : 323). Yon bout mera. Gen lòt kote yo di ranpono (lang fon : hàkpo non). Pran nan mera, se pran nan yon konplo òganize. Kòmantè : 1- Pretay (emprunt) nan lang Fon. 2- Konsèvasyon sèm «asosyasyon» an. 3- Chanjman fonetik : fonèm / h / ˃ / r /.

 

· So àgbaji : salon pour exposer les foudroyés de So(Segurola, p. 16) ˃ sobadji(n.), pyès chanm nan hounfò a. Remak : badjigan se responsab badji / sobadji an. Nan mo badjigan an, mòfèm gã = chef, maître(Segurola, p. 175), tankou nan houngan. Kòmantè : 1- Regwoupman leksikal ak rediksyon fonetik. 2- Konsèvasyon semantik : salon, pyès kay.

· Tòmè : pays, village, région (Segurola, p. 522) ˃ toma (n.). Egzanp mo konpoze: Ayiti toma, peyi Ayiti. Tankou nan : yovo tòmè, le pays des blancs, (Europe), aguda tòmè, le pays des Portugais, Portugal(Segurola, p. 24). Kòmantè : Pretay leksikal (emprunt) nan lang fon. 2- Chanjman fonetik : è ˃ a. Remak : cf. To legba kote mofèm « to » a vle di : peyi, rejyon, kote a.

· Vodhoun (vodo houn) ˃ vodhoun, yon espès dans ki soti nan peyi Vodo (Segurola, p. 551). Kwazman avèk vodũ : idole, déité de la religion animiste, improprement appelé fétiche(Segurola, p. 552). An kreyòl : vodoun (n.). Nan seremoni tradisyonèl yo, gen dans vodoun, dans Rada, dans yanvalou, dans gede, dans Mayi, dans kongo, dans Petwo. Kòmantè: 1- Regwoupman 2 mòfèm yo :Vodo + houn. 2- Konsèvasyon fonetik fonèm /h/ aspire a ki toujou pwononse nan langay lokalite tankou Jakmèl, Leyogàn, men ki afebli epi disparèt nan pawoli moun Pòtoprens yo. 3-Ekstansyon semantik: Kwazman avèk yon lòt mo nan lang fon an : vodũ(Segurola, p. 552) ki vle di lwa, espri, mistè. Vodoun an kreyòl se seremoni dans lwa, se relijyon tou : Vodoun asogwe. Remak : Nan sèvis vodoun, hounsèvan se nenpòt sèvitè lwa yo. Sepandan, nan òganizasyon yon sèvis, chak ofisye gen wòl pa yo. Houngan oubyen hounbòn nan se chef sèvis la. Adjwen houngan an se houndjenikon an. Nan lizay mo sa yo, mòfèm « houn» an ranplase mòfèm « vodhoun» an. Egzanp: vodũsì, vodũxò(Segurola, p. 555) vle di menm bagay avèk hũsì, hũxò(Segurola, p. 249, 250) ki bay an kreyòl: hounsi, hounfò.

· Xεbiosò[v] : loray Xεviε, lwa loray nan peyi Xεviε(Segurola, p. 581) >Ebyosou,(lang fon :Xεbio su). Gen yon ewo endepans Ayiti ki rele Byasou, (fils du tonnerre), pitit gason lwa loray Xεviε. Kòmantè : Regwoupman leksikal : (Xεbio + su), pou bay Byasou. 2- Rediksyon fonetik (apokòp) . Chanjman vokalik : /ε/ tounen /a/. 3- Konvèsyon: non lwa tounen non vanyan moùn[vi].

 

· Zen gèlè xue : tesson de bouteilles ou de poteries des champs, cf. Zen xue : tesson de poteries, de bouteilles(Segurola, p. 632)oubyen tou zgble : poterie, bouteille cassée, brisée (Segurola, p. 213). zenglen, zekla boutèy. Kòmantè : 1- Regwoupman leksikal. 2- Rediksyon fonetik fonèm doukla (coarticulé) /gb/ ki tounen /g/ epi ak amonizasyon vokalik nazalizasyon. 3- Ekstansyon semantik : zenglendo, zenglendou. Remak : Deplasman semantik parapò ak non gwoup zenglen, gwoup kako revolisyonè yo. Tcheke mo kako a ki vle di zenglen an pòtigè (caco: tesson, debris de bouteilles).

Pwofesè lang kreyòl ak fransè

Manm Sosyete Koukouy Monreyal