Lenous Suprice

Lenous Suprice

[Ak Michel-Ange Hyppolite]

NOUNOUS : PWEIZI KREYŅL AP CHANJE FIGI


Lenous
Suprice, ki pote non Nounous kņm

non vanyan, fčt Fond- des- Blancs. Lč li te gen sizan, li te rantre Pņtoprens pou li te viv ak manman li epi papa li. Lenous Suprice fč klas primč li ak yon pati nan klas segondč li yo nan Pņtoprens. Anvan menm li te fin konplete klas segondč li yo, li te sčtoblije antre Monreyal, nan ane 1976, kote, ansanm ak yon frč, yon sč epi manman li, li te vin rejwenn papa li ki te ap viv nan peyi Kanada depi twa ane.

Nan Monreyal, li te fč rankont ak ” Bureau de la Communauté Chrétienne des Haitiens de Montréal (jodi a ki rele Bureau de la Communauté Haitienne de Montréal ) “. Se nan ņganis sa a, li te feraye pandan 14 ane, mwens 3 mwa. Se sa tou ki te pčmčt li fč konesans ak Sant N a Rive, ki limenm te mete Nounous an kontak ak alfabetizasyon (yon espesyalite li pral anbrase pi ta nan Inivčsite Kebčk nan Monreyal, kote li mare youn bakaloreya nan ansčyman lanng ak literati), se sa tou ki pouse li chwazi ansčyman kņm pwofesyon. Nounous ap kolabore ak sant N a Rive depi 1983, tanto kņm benevņl, tanto kņm anplwaye (fņmatč alfabetizasyon, manm konsčy administrasyon, anseyan nan franse lang segonn).

Kounyey a Nounous ap travay nan ” Commission Scolaire de Montréal ” la, nan sčvis pou etidyan granmoun yo. Anvan li te rive anseyan, li te travay nan animasyon pou jčn ( nan kan pandan peryņd ete, kote li te konn fč atelye literč, eks.). Nounous te travay tou nan yon restoran ak nan de manifakti (se nan younn nan manifakti sa yo, li te rankontre yon kanmarad powčt, Kaptenn Koukourouj, yon zanmi, jouk kounouye la a, apre 25 lane, ki kenbe kontak byen djanm avčk li, menm si yo pa pe viv pre younn ak lņt. Men, depi w tande koze literati a pran chč, sitou lč nčg pa li desann Monreyal, kit nan telefņn, kit sou entčnčt, fņde yo pale kanmenm.

Lč nou te mande Lenous Suprice pouki sa li ekri? Li te reponn : ” Si m rive, jan m kapab, ekri kčk tčks nan domčn literati, m kwč se akņz yon bezwen m genyen pou di sa k fč m plezi, k ap toumante m, pataje sa m santi ki sezi m ak lņt moun, di zņt mwen renmen li oubyen li deranje m , eks. Ou tousenpman pou seye di sa m pa ta janm sipoze ki ta ka soti nan lide m. Demach ekriti a, pou mwen, sanble tčt koupe ak libčte : Toulede, se pa kado yo fč pčsonn yo, si ou vle rapousuiv yo, se yon desizyon pou ou pran, se yon jefņ ou dwe konsanti fč… Paske, alabaz yo toude (petčt gen youn ki ka pi egzijan pase lņt la), gen anpil syč ki pou koule anvan pou rekņlte sa ki te simen… Travay sila a, li ka menm kondi yon moun sou wout dekourajman, sitou lč se moun ki prese rive anvan lč, tčlman li anpil, sitčlman gen kloti, pafwa, pou fč, pou defčt ladan…

M kwč tou, si m rive ekri kčk ti koze, se paske m renmen gade konpa, gade pa mo yo ap lage atč anba kņ mizik lčt ak son yo, andedan lasal manzč yo bay pou lang nan (kit se kreyņl, premye mizik m te tande epi m renmen koute toujou nan vi m, kit se franse, dezyčm mizik yo te prčske fņse m koute, lč m te pi piti, men, kounouye a m ap seye wč ki jan pou m ta koute li ak pwņp volonte pa mwen. “

Nounous te fč nou remake tou, si li kontinye pčsevere nan domčn nan, li kwč li dwe remčsye yon pwofesč literati li te kontre, apati yon kou pwezi, nan CEGEP du Vieux- Montréal. Pwofesč sa a te rele René Gourd. Kontrčman a sčten pap nan literati a (ou ta di tout kote, pa sčlman lakay…), sila yo ki pafwa panse se yo sčl ki ka ou ki konn chante mčs literč pase tout moun, pwofesč sa a, te pran tan, devan travay yon debitan, pou li te bay Nounous bourad li te bezwen pou li ale pi devan, kote imaj yo fč nich, nan pyebwa langay li, anndan rakbwa manzč pwezi…

Nan pale nou ak Nounous, li rakonte nou : ” Si m kontinye pčsevere nan domčn nan, m dwe voye yon gwo remčsimsan tou pou jounal Haiti- Progrčs, kote, pou premye fwa, an 1983, ki te pibliye kichņy m te ekri. Si zak sa a pa te poze, nan sikonstans sa te fčt la, pou sa li te pote pou mwen lč sa a, si jounal la pa te pibliye tčks la, petčt se ta sčl tčks m ta ka ekri pou tout vi m…”

Nounous fč nou konnen lč li ap ekri, li pa santi pyčs lide konpetisyon pase nan tčt li. Li pa gen ankenn anvi goumen ak pčsonn moun, kit li blan, nwa, wouj oubyen san koulč, pou okipe ankenn plas nan kčlkilanswa podyņm nan. Sa ki pi enteresan pou li, se di sa li gen pou li di a, jan lide li di-l, san pčmisyon ni pč ni pap. Li vle gade manzč libčte k ap taye banda li sou kokenn bit sa a li rive fč a ak sčlman kčk grenn lčt alfabč lang li ap sčvi a…

Lč nou mande Nounous pou ki rezon li te deside ekri an kreyņl? Li di nou: “Se tankou si yon moun ta mande m ki sa ki fč m pale kreyņl… M pale lang sa a paske se sa manman m te premye montre epi toujou pale avč m, depi m tikatkat, jouk kounouye a . Enben, lč pou m te ekri an kreyņl se te yon aksyon byen nņmal, toutafč natirčl (menm si, jan anpil moun konnen an, sistčm edikasyon peyi mwen fčt la te bije m etidye yon lang etranje. Remake : se pa plenyen m ap plenyen, se yon senp konsta m fč. Tout jan, sitiyasyon sa a pa fin dezavantaje m nčt, paske, jodi a, se ak zouti sa a m ap sčvi, nan gade wč kote lavi a fč kwen, nan peyi Kanada, nan Kebčk, kote m ap viv la…). Apresa, Lenous Suprice kontinye pou li pataje pawņl sa yo ak nou :

” Anba sann keksyon an, gen yon ti dife vole ki ap kouve, ki ta ka fasilman mennen yon nonm nan polemik. Kņm mwen pa renmen nan ralemennenkase ak pčsonn, se sa ki fč m pa abņde keksyon an sou degre sčten moun, kčk ayewopaj nan literati ayisyen an, ki konn ti kras meprize travay zņt ki ap ekri an kreyņl, sou pretčks, lang sa a, literati pa ka twņ fčt ladan, poutčt, swadizan, se tčt kanna li ye, pņvrete li pa penmčt li fč sa lņt gwo lang ap fč. Pņv moun sa yo…
Si sčlman vye koze sa yo ta ka pouse nou, nouchak ki ap ekri nan lang manman nou an, pčsevere pi plis, nonpa pou montre zņt yo nan fčnwa, men, pou tousenpman kontinye feraye, batay sou batay, nan travay ki ap fčt, ki dwe fčt, ki poko prčt pou fin fčt la, pou literati kreyņl la kontinye pwogrese dejouranjou…

Travay Nounous nan chan kreyņl la

Lenous Suprice ekri de rekčy pwezi nan lanng kreyņl la : Bwamitan ( 1993), Pawoli (2003) ansanm kčk lņt tčks kout ki parčt nan jounal kou Ayiti Progrč ak nan jounal Le Lien. Nounous ekri an kreyņl kou an franse, men se travay Nounous nan lanng kreyņl ki enterese anndan REKA..

Nan ane 1993 Lenous Suprice pibliye Bwamitan nan Edisyon Lagomatik. Nan liv sa a nou ap jwenn militans sosyopolitik Nounous ansanm ak espas Nounous kreye nan zčv li pou amoni sosyo-afektif li.
Menmjan ak tout lņt sanba literati kreyņl ane 1987 yo Nounous te sčvi ak pwezi li pou li foulaye langay youn fason pou li te pote kontribisyon pa li nan batay pou limyč demokrasi te refč peyi Ayiti.

Nan peyi  m'
Gen de mo k'rak
Mango wņwņt
Gen de mo k'rat
Mņde soufle
Gen de mo k'rasi
Si w'konn tablčt lakņl
Move lavant
Nan bak machann kenkay
(Bwamitan, 1993, p. 38 )

Sou menm woulib lide angajman politik la Nounous mete laperčz dčyč pņt li kite kč li langay chanjman epitou tankou tout bon ekriven ki pa janm mete konsyans atisplim yo nan lavant, li balanse, mezire, peze pawņl li yo youn fason pou yo tounen aksyon nan lespri sila yo ki dwe li yo nan bon tan kou nan move tan.

M' gen yon ti powčm
Nan kč-m
K'ap boujonnen 
Pou l'al pouse
Pou tan bon tan
Kapab donnen touttan gen tan
……..

M' gen yon ti powčm
Nan je-m
K'ap fč zčklč
Pou loray deblozay
Kapab gwonde dčyč tčt
Tout vye koze rabņday.
( Bwamitan 1989, p. 32 )

Anwetan teren politik la Nounous pataje ak sanba pņy li yo, misye pa pyete pwezi li nan menm sans ak yo. Ositou, travay Nounous fč nan tčks pwezi li yo pa chita senpman nan fč alimba ak mo li akņde ak teknik fantezi pou li agremante plezi lektč li yo. Li konnen fason pou li tate nanm mo yo pou li fč yo touche kč nou tate lespri nou epi sonde pasyon nou.—>

Ou se pipirit douvanjou
Ki  t'ap chante sou lawouze banda
Pyebwa kč-m
Anvan solčy " miwomiba "
Te leve

Ou se chelčn resņ
Ki t'ap titile nan jwčt mab
Wonn kč-m
Anvan pirat  " deblozay "
Te teke-w

Ou se dlo fre larivyč
Ki t'ap penyenlage
Sou wņch galčt basen kč-m
Anvan secherčs "pa konprann"
Te pase


Ou se poulčt poul zenga
Ki t'ap  " chante ze "
Na lakou kņk panyņl kč-m
Anvan malfini " pa ka tann"
T e bwote-w.
( Bwamitan, 1993, p. 49 )

Nan tčks nou sot li la a nou kab remake Nounous te sčvi ak youn teknik ekriti nou rele pwezi chanpčt ( Istwa Pwezi Kreyņl Ayiti p. 218) pou li te plezire ak nou.

Nan ane 2003 Nounous sčvi nou avčk Pawoli ki te parčt nan Editions CIDIHCA. Se menm Nounous lan ak konviksyon politik li byen djanm epi ki toujou kite plas pou santiman li woule yanvalou.

Lannuit ti sous ou a
Jčmen jčmen-l
Nan fondas bonnnanj mwen
Jouktan  l' fč grenn
Byen mi byen wņz
Pouse nan vwa-m
Jouktan  l' fč nich
Byen fre byen dous
Ba bri zčl toutrčl paweze
Nan mitan pyebwa lņlņj mwen
( Pawoli 2003, p. 72)

Pawoli se pawņl pwezi Nounous ki ap lemante bonnanj nou ak souf lekriti. Lč nou separe mo pawoli a an de ( 2 ), li ban nou – pawņl epi li. Pawņl – Li. Pawņl pa li. Konsa, youn pawoli kapab youn langay rejyonal osnon youn mesaj ki pa klč ase pou mounn ki ap tande a .Kidonk: pawņl pa li. Sepandan pawoli kapab sčvi pou lonnen tout kalite emosyon nan vire mo, jwe ralba ak yo, fč yo tounen kņd lyann pou charye panse nou nan klate mčvčy imajinasyon. Se ak lide sa yo sou lizyč panse li Lenous te tanmen simaye valeryann pawņl anndan Pawoli. Kņm li pa toujou fasil pou youn mounn vwayaje nan peyi nouvote san li pa kite mak tranzisyon li tankou youn imaj an flachbak sou granchemen kreyativite a, Nounous ban nou Pawoli ak de (2) vitčs . Nan youn premye tan aks travay Nounous balize sou divčs fņm refleksyon. Genyen ki jeneral, gen lņt tou ki pčsončl.
Refleksyon sa yo parčt sou fņm pwent:

Gade non
bčf sele galonnen
se pwņp kņd ou
marande nan pwņp kņn ou
ki va pann ou
se gwo vwa delij mwen
ki va depatya w
si w pa wete dwčt bouwo w
nan nawč siklņn mwen
(Avčtisman, p. 2.)

Avčtisman, se youn refleksyon pčsončl, kote nou wč kadans tčks la mache men nan lamen ak mesaj ki anndan li an. Kanta << pawolinyorans >> tankou tit la montre li, se youn fason anba chal otč al deniche pou li di nou :<< sņt pa pe touye nou, men li kab fč nou swe >>. Konsa nou pa dwe kite pyčsmounn ban nou kann pou banbou. Annou li:

Nčg la gen de ( 2 ) bčl milčt
Yon mal ak yon femčl
L' achte nan men yon lņt
Pou l fč peplay
adye wi dan...
( Pawolinyorans, p. 16 )

Lč ou fin li Pawoli ou va wč se youn liv ki ap pote reyalite fņs kreyativite Nounous sou youn poto de ( 2 ) mwatye. Youn bout tan lontan ak youn bout nan tan modčn yo. Lč nou di modčn nou wč tranzisyon. Pyesmounn pakab leve latč fč li kontre ak lesyčl si li pa apiye pouli konesans li sou baz sekrč li konnen deja. Sņti nan Bwamitan – premye liv pwezi kreyņl Nounous – rive nan Pawoli, Nounous ap fč chemen. Misye ap ranfņse baz pwezi li san li pa lage youn pwčlyčm nan vizyon chanjman sosyal li yo.

Si nan Bwamitan fņm pwezi chanpčt, transfņmasyon pwovčb te siyen mayņl ak kčk tantativ imajis pasi pala, nan Pawoli se transfņmasyon pwovčb ak kadans pwovčb ki louvri premye mwatye poto kreyativite Nounous epi pou li mennen nou san bri ni twonpčt sou teren pwezi kreyņl modčn lan ak fņm imajis la.
Demach Nounous adopte pou nou nan Pawoli a se youn demach manje labouyi-l sou kote pou li kab transfņme vizyon imajinay pwezi li soti sou teren abityčl li pou l’ al kontinye sou youn lņt teren nou rele imajis, ki daprč nou reprezante teren modčnite pwezi kreyņl la. Nou sčten pisans limyč modčnite a gen pou li bourade lizyč tan lontan an pou li dirije fņs travay Nounous sou youn sčl teren, teren lavni pwezi kreyņl la ki pote non imajis .

---------tčks------------
Lannuit ti sous ou a
Jčmen jčmen l
Nan fondas bonnanj mwen
Jouktan l fč grenn
Byen mi byen wņz
Pouse nan vwa m
Jouktan l fč nich
Byen fre byen dous
Ba bri zčl toutrčl paweze
Nan mitan pyebwa lņlņj mwen
( Pawoli 2003, p.72 )


Zyedou
Ou se yon zwazo ra
M se yon pay zčb ginen
Nou vole andaki
Nou vole sou pwent pye
Nou vole wo
Jouktan n al tann ranmak nou
Arebņ fenčt yon pawoli
Pwen fčmen bra leve
Yon pawoli men nan men
K ap mache bņ rivaj nou
Men nan ren k ap taye banda
Anba kwazman tanbou rega nou.


Kwazman
Ou pran men m pezape
Epi
Ou mennen m pazapa
Sou 
Granwout lalin klč w
(Pawoli 2003 p. 52)

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada
Ottawa