JEAN-CLAUDE MARTINEAU
[Ak Lionel Hogu]
Premye fwa mwen tande palede Jean-CLaude Martineau se te an Ayiti, yon
dimanch apremidi nan yon pwogram Jean Dominique sou Radyo Ayiti Intè.
Jou sa a, Jean te kòmanse pwogram nan ak yon tèks ekriven an t ap prezante limenm:
Pale Moun Nan Nò. Apre tèks sa a li te pase Flè Dizè enpi de twa mizik
Carole Demesmin chante.
Nan finisman pwogram espesyal sa a, Jean te di se
menm moun ki ekri chante sa yo ki ekri de lòt tèks nou te tande nan
kòmansman an; li te tou pwofite di tou ekriven sa a ap viv aletranje. Se sou
nòt sa a tou, emisyon dimanch apremidi sa a te fini.
Jean pa te vle pale twòp sou ekriven sa a, ni tou li pa te ka di plis ,
paske se yon moun ki te ap viv an egzil poutèt gouvènman Divalye yo.
Efè Jean te ap chèche a te reyisi tètkale nan sèvo mwen,
paske depi lè sa a mwen te ap chèche konne plis sou kokennchenn gason sa a.
Kèk mwa apre, mwen vin jwenn liv Flè Dizè a
nan Libreri La Pléiade, jou sa a, mwen pa te gen kote pou mwen te met kò
mwen sitèlman mwen te kontan. Konsa, mwen vin dekouvri plis toujou nan sa
ekriven sa a te gen anba plim li.
Kimoun Koralen ye?
Jean Claude Martineau (Koralen) fèt Kwadèboukè jou ki te 28 fevriye 1937 (1)
la. Papa li se te moun Jeremi, manman li se te moun Plezans. Kòm pwofesè
lekòl riral, toulede te toujou ap vwayaje nan peyi a kote djòb la te voye
yo. Konsa, Jean-Claude vin konnen yon pakèt vil nan peyi a; li pase Jeremi,
Pòtoprens, Chata bòkote Plezans.
Nan ponmennen toupatou anndan peyi a, li
vin pale Kreyòl menm jan ak moun nan Nò paske li te rete Chata, li pale
tankou moun nan Sid tou paske papa li se moun zòn nan. Li aprann obsève
mannyè ak abitid moun ti bouk kote li te ap viv yo. Li leve kouwè yon
tipeyizan, li te plante ak rekòlte latè menm jan ak yo.
Jean-Claude te kòmanse lekòl li Okap, lè fini, li ale kontinye lekòl li
Kankòk ak Chata, de ti bouk bò Plezans. Li fini klas li yo nan Lise Tousen,
Pòtoprens; apresa li al pran yon diplòm kontab an Ayiti. Nan kòmansman lavi
grandèt li, li travay pandan sèt lane nan estasyon radyo kòm animatè “Radio
Port-au-Prince”.
Janbe Lòtbò Dlo
Jean-Claude Martineau vini Ozetazini an 1962 epi li vin abite Boston. Lè sa
a, Boston te gen senk fanmi ayisyen sèlman. Tankou anpil nan nou ki vin bò
isit la, li pase anpil “karyè”: li te menm vin tounen yon espesyalis nan
espedye machandiz lòt kote (shipping). Li te konn anseye kilti ak reyalite
ayisyen nan Roxbury Community College anvan yo te vin nonmen li “Atache
Kiltirèl” nan konsila Boston nan.
Lè koudeta 1991 la, li janbe al travay nan
anbasad ayisyen an nan Wachintonn. An 1994, li tounen an Ayiti kote li te
travay nan Televizyon Nasyonal pou prezante pwogram edikasyon yo. Nan mitan
ane 2004 la, Jean-Claude retounen Boston epi li di nou li ap travay sou de
liv tounèf, li ta renmen mete yo deyò prese-prese.
Angajman Pou Kreyòl La
Jean-Claude Martineau pibliye an Kreyòl, Franse ak Angle. Zèv msye yo pran
tout kalite fòm: pwezi, istwakout, chante, istwakont, pyèsteyat… Li ekri
nan yon estil senp, san rale-mennen-kase, paske li vle pou moun yo reyalize,
san kase-tèt, sa ki ap pase nan peyi a. Kèk moun kritike li pou sa, kote yo
di senplisite tèks li yo rann yo twò fasil; petèt moun sa a pa te li epi
tande Flè Dizè byen.
Malgre sa yon moun ka di, Martineau se yonn nan ekriven
ki fè anpil pou pwomosyon lang Kreyòl la. Li te esplike se nan finisman ane
1950 yo, li te tande powèt Feliks Moriso-Lewa ki te ap di yon powèm an
kreyòl epi sa te fè li vin enterese ekri nan lang nan an tou.
Lè li vin antre Boston, li vin monte gwoup “Haiti Culturelle” la enpi li tonbe ekri teyat
pou manm yo jwe. Kèk nan tèks nou konnen yo se: Djouman, Restavèk,
Dejwe, ak yon adaptasyon tèks Sixto a : Lea Kokoye. Nan yon chita-pale li
te genyen ak yon gwoup elèv ayisyen Boston nan dat 6 avril 1989, men sa li
te di :”Dapre mwenmenm genyen plizyè rezon pou mwen ekri an Kreyòl:
Pou moun ka wè Kreyòl kapab di nenpòt ki bagay e li kapab di li byen,
li kapab di li bèl.
- Nou gen yon mòd an Ayiti, se yon gwoup moun ki pou konn sa yo rele
pwezi, ki konn sa yo rele lakilti epi gen yon gran majorite yo iyore. Abitan
an, ki nan raje a, li menm se pa pou li bagay sa yo ye, paske se an franse
yo fèt, limenm li pa konprann, kidonk li pa ladann. Konsa, si limenm tou li
ta anvi ekri, li ta anvi di yon bagay, li pa janm ankouraje pou li di li,
paske dapre limenm, si pou li di yon bagay ki bèl, fòk se franse pou li ta
konnen. - Men poukisa mwen ekri an kreyòl, mwen ekri an Kreyòl, paske mwen
pakab ap pale de yon pèp epi pou pèp la limenm pa tande sa mwen ap di de li
a. Anplisdesa tou, mwen ta renmen ankouraje lòt moun ki fè lòt esperyans,
lòt moun ki soti nan lòt milye e lòt moun ki kapab anrichi esperyans yo ak
lang pèp ayisyen an. - Anplisdesa, mwen ekri an kreyòl paske mwen twouve se yonn nan pi bèl
lang mwen konnen e mwen ap di nou mwen konn de twa lang, men Kreyòl la se
pi bèl lang pami yo.”
Zèv ak Piblikasyon Jean-Claude Martineau (Koralen)
Men kijan Michel-Ange Hyppolite prezante travay Koralen: Jean-Claude
Martineau (Koralen) pa ekri tèks flanm, tèks misil, poutan liv ki rele “Flè
Dizè” a (1982) gen youn dal tèks k’ap denonse yon sistèm, yon gwoup moun,
yon sosyete. Se ka “Tèlson”, p. 60, “Flè Dizè”, p. 22, “Kamelo”, p. 32
eksetera. Sepandan, pa gen moun ki kab klase yo nan kategori Zwing paske yo
ap lonje dwèt sou maleng ki nan sosyete nou an epi ki dwe geri. Mesaj
Koralen yo pase nan yon fòm ki pèmèt nou klase yo nan kategori “Istwakont”.
Sa vle di yon istwa ki gen aspè bay moral pou pèmèt moun pran konsyans epi
pwovoke chanjman. …. Men gen yon travay Koralen fè avèk lanng kreyòl la
nan fason li chwazi mo li yo ki bay “Flè Dizè”, daprè noumenm, yon wotè sou
tout lòt liv ki parèt nan ane 1980 yo. Koralen konn kijan pou li al chèche
mo jis ki kapab fè nou ri, kriye, osnon reflechi. Misye konn sèvi ak bèl
imaj, men se pa sou bèlte imaj yo fòs pwezi li chita. Fòs travay li kaye nan
talan misye pou li fè kòd sansib nou tresayi. Istwakont Koralen yo rime epi
msye toujou fini yo ak youn pansemoral. “Flè Dizè”
Jean-Claude Martineau fè pati yon kategori ekriven ki li tèks yo pou piblik
la tou. Men jan Michel-Ange Hyppolite palede mouvman sa a. : ” Nan tan
lontan lodyans te konn bay an fanmiman anndan kay osnon nan lakou. Men, avèk
pwogrè teknoloji yo, kote lodyans sou plak vinil, kasèt epi sidi, tout yon
vil kab tande menm lodyans lan anmenm tan. Yon moun ki kab rantre nan
kategori lodyansè sou plak ak kasèt, se Koralen. Men tou, gen yon ti diplis
nan lodyans li yo. Yo rantre nan yon kategori ki rele istwakont paske anpil
nan lodyans Koralen yo fini avèk yon leson osnon yon panse moral. Kòm
lodyans Koralen yo gen kadans epi liypwezi yo fini ak silab ki gen menm son,
sa vin mete lodyans li yo nan kategori pwezi.
Sa lòt moun di sou Jean-Claude Martineau
Koralen bat rekò nan Telson, kote li denonse malonètete politisyen ayisyen,
nan Sèjan Twapa kote li montre yon bouwo lapolis, souvni timoun nan mòn fè
chanje tout plan malveyans li nan Restavèk, yon pyèsteyat tout fanmi ayisyen
ki gen domestik ta dwe wè…(Feliks Moriso-Lewa)
Si nan literati franse-a, Franswa Malèb te siprann lasosyete nan mete lòd
nan dezòd… Sanba ki rele Koralen an, bon kontè nan lang Kreyòl Ayisyen-an,
dekouvri youn ja plen kawolis: konfeti dyaman pou youn pwezi kreyòl wòdpòte
nan literati natif-natal la… (Jan Mapou)
Kit nan fòm, kit nan fon, zèv Koralen pote esans natifnatal tou pi kilti
peyi nou an. Si gen yon atis ki konn fè enspirasyon li, itilizasyon plim,
machinatape ak òdinatè respekte nòm lakay, san poutan chouchoute anvlopman,
se Koralen. Savalouwe Koralen! (Yvon Lamour)
Te genyen ti Roro, te genyen Sixto, vin genyen Martineau; pawòl pale, tamtam
pote koze marye a son listwa youn sosyete yon pèp nan souf youn sanba ki ap
mennen nanm nou bouloze chak fwa lekzil chèche maspinen kè nou ak lapenn.
Enspirasyon ou pa rèv oun sanba, men rèl vwa youn pèp. Kout chapo pou ou
Koralen. (Gary Daniel)
Koralen, yon sanba rakontè, yon lirisis ki makònen listwa pou rakonte kont
ak istwa ki zegwifye, dantele nan kilti lakay. Kòm langaj se zam, se zouti
kominikasyon, Koralen sèvi avè li pou li melanje vwa ak kreyativite li pou
li fè pase yon vizyon, yon aspè moral ki ankre nan lit demokratik ak respè
lakilti. Li se yon vwa enpòtan nan transandans konesans ak nan gadò aspè
oralite rakontay ki chita nan matris fòlklò nou , ki se youn nan aksan fòs
idantite nou. Nan literati nou, Koralen se yon flè solèy. (Patrick Sylvain)
Fè youn lomeyans an de tan twa mouvman pou youn sanba ki simayen sitèlman
bèl flè nan jaden legzistans nou se konwè ou ta mande youn mounn monte
nechèl syèl pa do. Koralen pa youn atis fasil pou sènen. Mouche jwe sou twòp
teren. Gen de lè, nou kontre bab pou bab ak li sou gazon pwezi. Se plezi!
Youn plezi ak “P” majiskil ki plwaye kè-n tankou youn fèy papye-kadriye lè l’ap
deplòtonnen lavi frè-n ak sè-n yo douvan je nou. Youn lavi ki vlope nan
ranyon, k’ap viv arebò LAVI. Gen lòt lè, se sou bitasyon kominikasyon oswa
koridò teyat, mizik ak fim dokimantè nou sote sou li.
Se flanm! Se sewòm! Youn sewòm! Youn sewòm ki dezonbifye konsyans nou
sitèlman byen, nou rive dekouvri lamerik youn chaloska k’ap pilonnen rèv
nou. Kèlkilanswa teren rankont nou ak Koralen, nou pa janm soti pèdan.
Poutèt sa, nou di-l: Chapo ba! (Frantz Minuty)
Men kèk paj nan liv Koralen yo
Men sous nou te konsilte pou ekri tèks sa a:
* Martineau Jean-Claude, 1982: “Flè Dizè”; Marika Roumain, New York; 88 p.
* Koralen (Martineau Jean-Claude), 1991: “Pwezi-Kont-Chante”; Editions
Libète, Delmas; 94 p.
* Martineau Jean-Claude, san dat: “Pwezi ak Istwa” (kasèt)
* Martineau Jean-Claude, plak referans LP3334 Stereo, san dat: “Flè Dizè”;
JEANMAR Records
* Hyppolite Michel-Ange, 2000: “Listwa Pwezi Kreyòl Ayiti -esè”; Edisyon
Production Koukourouj, Ottawa; 265 p.
* Fèy papye pwogram “Omaj ak Selebrasyon” Asanble Atis Ayisyen nan
Massachusetts yo te òganize anlonè Jean-Claude Martineau (Koralen) nan dat 5
ak 6 avril 1997 nan Boston.
* Anrejistreman kasèt yon chita-pale Jean-Claude Martineau te fè nan dat 6
avril 1989 ak elèv ayisyen ki te nan lekòl “English High School” nan Boston.
(1)Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts, tandiske Marika Roumain di li fèt
27 janvye 1937 nan entwodiksyon liv Flè Dizè a (1982).