DR. ERNST MIRVILLE

DR. ERNST MIRVILLE

[Ak Michel-Ange Hyppolite]

Detay sou lavi Dr. Ernst Mirville


Pyè
Banbou, Jan Mapou, Jan Tanbou, Idalina elatriye , se non sa yo mwen te konn tande nan Radyo Karayib pandan mwen ta pe grandi. Kesyon nou kab poze tèt nou se poukisa mesye dam sa yo te blije sèvi ak youn non vanyan? Nan epòk ekriven kreyòl yo te kòmanse louvri lavwa anndan peyi a, sou Franswa Divalye , yo te oblije sere vrè non yo, pou yo te pwoteje lavi yo, lavi fanmi yo, oubyen pou yo te evite prizon. Sepandan, sa pa te anpeche rejim Papa Dòk la lage Pyè Banbou nan prizon Fò Dimanch jou dimanch 6 avril 1969 la. Lè nou pran lis ekriven Ayisyen yo, nou remake se nan ane 1960 yo itilizasyon non vanyan an te plis alamòd nan peyi a. Pi devan itilizasyon nan vanyan an te vin tounen youn mòd pou atis la oubyen ekriven an te demontre atachman li ak rasin kiltirèl li.

Men ki mounn mesye-dam nou nonmen pi yo te ye? Se te youn ekip jenn gason ak jenn fi ki te deside kreye youn asosyasyon yo te rele Mouvman Kreyòl pou yo te oryante lavi pèp Ayisyen nan youn direksyon natif-natal apati lanng kreyòl la kòm bousòl. Nou di kreyòl kòm bousòl, paske youn mouvman ki baze sou lakilti pa pe janm kab rive lwen, si li kite motè transmisyon aksyon ideyolojik li yo dèyè. Nou vle di lanng pèp la itilize nan aktivite li chak fwa li kanpe pou li fonse sou lavi a. Se nan kouran batay pou louvri je sou reyalite kiltirèl nou kòm Ayisyen, mwen vin dekouvri youn konbatan pou lakilti yo rele Pyè Banbou ( Dr. Ernst Mirville), dabò apati vwa li nan radyo epitou pi devan, nan kat je kontre, anndan lakou Monreyal.

Dr. Ernst Mirville ( Pyè Banbou) se younn nan teyorisyen Mouvman Kreyòl Ayiti a. Li fèt Pòtoprens , Ayiti, 31 jiyè 1940. Dr. Ernst Mirville ( Pyè Banbou) fè klas primè li nan lekòl Janmari Giyou, tout mounn konnen sou non Teyat. Li te fè klas segondè li Seminè. Apresa, li te rantre lekòl lamedsin Pòtoprens. Pi devan nan lavi li, li te enskri nan fakilte etnoloji, kote li te espesyalize li nan branch sosyo-antwopoloji. Nan ane 1987 nou te jwenn Dr. Ernst Mirville ( Pyè Banbou) kòm manm premye Konsèy Elektoral Pwovizwa peyi a. Nan ane 2000 li te vin prezidan Konsèy Elektoral ki te organize eleksyon ki te mennen Prezidan Aristid sou pouvwa a youn dezyèm fwa. Pyè Banbou te aktif sou sèn politik la, men se prensipalman kòm medsen epi kòm mounn ki ap fè rechèch li te viv.

Prezans li nan òganizasyon Sosyal ak Kitirèl

Dr. Ernst Mirville ( Pyè Banbou) patisipe nan plizyè òganizasyon kiltirèl ak sosyal ki te pare pou louvri je pèp li sou kondisyon lavi li ak sou kilti li. Lè Dr. Ernst Mirville te gen 16 an li te kreye G.N.A.F.( Groupement National d’Aphabetisation et de Formation), kote li ta pe dirije youn gwoup ki te genyen 150 jenn gason ak jenn fi. Li te manm Kè Simidò (youn koral), M.T.O. (Mouvman Teyat Ouvriye), Inyon Entènasyonal Ayisyen, kote li te responsab youn pwogram alfabetizasyon, pandan li ta pe anime youn dispansè medikal ak kèk lòt kòlèg.

Nan ane 1965, li lanse òganizasyon Mouvman Kreyòl la ki te pral debouche sou kreyasyon Emisyon Solèy, Sosyete Koukouy, Lanbi Klib, Gonbo Klib, Koleksyon Koukouy, ASKONNA( Asosyasyon Konbit Natif-Natal), G.R.E.K.A. ( Gwoup Etid ak Rechèch Kreyòl Ayisyen) G.R.E.K.A. se te prensipal enstriman teknik ki te pèmèt yo kite kreyòl antre nan systèm edikasyon Ayiti a. Pyè Banbou te direktè I.L.A.P. / E.L.A.K.A.K. ( «Institut Linguistique appliqué de Port-au-Prince » / Enstiti Lengistik Aplike ak Kilti Afwo-Karayibeyen)

Dr. Ernst Mirville ( Pyè Banbou) se teyorisyen

Si nan lavi chak jou li Dr. Ernst Mirville te sèvi ak konesans li nan lamedsin kòm gaypen li, nan akivite sosyo-kiltirèl li, nou kab di Pyè Banbou se youn lenguis, youn sikològ, youn powèt epi youn teyorisyen literè anndan Mouvman kreyòl Ayiti a. Mounn ki te kore li nan travay teyorik li yo nan literati se te defen Henri-Claude Daniel, (Jan Tanbou). Ann louvri Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti (2000) soti nan paj 209 rive nan paj 210 pou nou wè kontribisyon teyorik Pyè Banbou ak Jan Tanbou nan devlopman literati kreyòl la. Ann li:

Mouvman Kreyòl la te derape ak 2 potorik gason: Pyè Banbou epi Jan Tanbou, ki te mouri nan prizon Fò Dimanch. Palasuit, Jean-Marie W. Denis (Jan Mapou ) te al mete men ak yo. Lè mesye sa yo te fin derape mouvman an, rèv yo te ale pi lwen pase devlopman lanng kreyòl la ak literati li. Se poutètsa Jan Tanbou te ekri: « Mais n’oubliez pas que le créole en tant que langue n’est qu’un aspect d’une réalité qui touché aux domains de l’Économie, de la société, de la Religion, de la Littérature, de la Musique, de la Couture, [etc.] … À ce compte, le Kreyòl représente pour nous … un comportement. Être Kreyòl, c’est être national »( Jan Tanbou, 1966)

Pi lwen nan menm manifès la Dr. Ernst Mirville ajoute «Par delà les frontières haïtiennes nous serons caraïbéens, par delà les frontières caraïbéennes nous serons Américains, par delà les frontières américaines nous serons – Kreyòl -, nous serons Humains. » ( Dr. Ernst Mirville, 1966). Lide sa a te al debouche sou pawòl sa yo:«Nous les attendons enfin au Festival de la CULTURE HAÏTIENNE, première étape du grand FESTIVAL INTERNATIONAL KREYÒL.»

Ak pawòl sa yo Ernst Mirville ( Pyè Banbou) te deja prevwa kreyasyon selebrasyon jounen entènasyonal kreyòl la ki te tounen reyalite nan youn rankont ki te fèt Lwizyàn nan ane 1983. Dat peyi kreyòl yo te chwazi pou selebre jounen sa a se 28 oktòb.

Ekip Mouvman Kreyòl la te gen youn baz teyorik pou bay pwezi kreyòl la eskanp . Ann wè kisa Jan Tanbou te di sou koze a:«Une poésie créole doit avoir nécessairement sa “versification” et ses propres ” principes”. Si ses normes n’existent pas qu’on les crée. Il ne s’agit pas de rimer artificiellement à la française – kay – avec – pay -. Il faut que la poésie créole soit l’expression authentique de la vie populaire nationale.» ( Jan Tanbou, 1966:11).

Se la pawòl ki soti nan Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti (2000) ak Michel-Ange Hyppolite la rete. Sou lide Jan Tanbou a, nou ta kab ajoute pawòl sa yo: Pwezi kreyòl la dwe kouvri tout etaj lavi nasyonal peyi Ayiti.

Travay teyorik Dr. Ernst Mirville yo parèt tou nan liv li a ki rele Rechèch (1979, paj en an chif women pou rive nan paj katòz an chif women). Nan liv sa a li pale sou òtograf lanng kreyòl la ak sou fason nou ta kab ekri pwezi kreyòl la daprè demach kont chante nou yo. Se la tou li prezante nou estil pwezi ekip Koukouy yo anndan Mouvman Kreyòl la

Pwezi Pyè Banbou

Mirville ( Pyè Banbou) pwodui pi plis liv nan chan lenguistik pase pwezi, men li ban nou de ti liv pwezi ak youn adaptasyon istwakont Lafontèn yo. Lafontèn, ki bò kote pa li, te adapte travay Ezòp youn nèg nwè ki ta pe viv sou tè Lagrès antik. Nan travay pwezi Banbou ki parèt nan liv ki rele Rechèch la, nou jwenn pwezi wongòl ak pwezi ki bati sou fòm kontchante. Travay sa a se te premye derapman youn prensip ekri pwezi daprè reyalite natif-natal nou.

Youn pwezi tankou Ti Bato( nan Rechèch, 1979, p. 10) te bati sou modèl kontchante ki rele Ti pye zoranj lan.
Ti bato san vwal
Voge ti bato
Ti bato san ma
Voge ti bato
Ti bato voge
Voge ti bato
Si ou bon maren
Ou a louvri kè loray
Pou rekòlte tanpèt
Ti bato
Ti bato voge
Voge ti bato
Rechèch, P. 10
Kèk ane pi ta nou vin jwenn plizyè lòt ekriven ki eseye suiv prensip rit kontchante pou ekri pwezi yo. Se ka Lionel Trouillot, Serge Madhère elatriye… Efò sa a, se te younn nan premye efò pou yo te suiv pawòl Jan Tanbou ki swete pou nou kreye youn fòm pwezi kreyòl ki respekte prensip Natif-natal lakay.
Lòt efò nouvote nou te jwenn nan travay pwezi Pyè Banbou, se te pwezi wongòl yo.

Tout bouch ap bat
Tout bra kwaze
Barik mayi-a rete la
(wongòl: 3)
Ou di jodi!!
Sa ou fè demen?
(wongòl: 8)
Wongòl se youn kalite pwezi kout. Gen mounn ki kwè, ak kreyasyon pwezi wongòl yo, ekip ekriven Koukouy yo te fè ekriven Japonnè yo youn ti zyedou; men alaverite wongòl se wongòl. Wongòl bati daprè esans reyalite lavi Ayisyen sou tè Ayiti, kote yo fè lizay pale daki agogo. Kounye a, se responsablite ekriven kreyòl ki nan wout yo pou yo eseye reflechi sou divès mwayen pou yo renouvle pwezi kreyòl Ayiti a.

Lis Pasyèl Zèv Dr. Ernst Mirville ( Pyè Banbou)
Cahier No 2 ( Manifès Mouvman kreyòl ) 1966
Deviz ( pwezi ) 1974
Rechèch ( esè / pwezi ) 1979
Tim – Tim ( fab ) 1985
Grammaire Créole Comparée ( 1984 )
Siwolin, Leson kreyòl pou etranje ( 1984 )
Similak ( Tradiksyon woman Fernand Hibbert ) 1998
BILAP ( Bilten Institi Lenguistik Aplike Pòtoprens )