RUDOLPH MULLER
Rudolph Muller kite mak li sou pwezi kreyōl la
Nou pase 8 mwa ap fouye chčche enfōmasyon sou ekriven Rudolph Muller san gwo siksč. Li sanble pa gen anpil moun ki konnen Muller, mwen menm jwenn yon moun ki di m msye sanble li depoze plim li enpi li kraze yon kite sa. Annatandan, nou vle prezante ekriven sa a kanmenm, paske piblikasyon liv “Parōl Anpil” msye a make yon epōk nan evolisyon literati kreyōl ayisyen an. Enprimri Henry Deschamps te pibliye liv la apre li te fin ba li pri literč espesyal Paulette Deschamps-Frish an novanm 1977. Mwen sonje sa tankou jounen jodiya, mwen sonje tou fason yo te anonse nouvčl sa a, tout moun t ap tann yon pri tankou sa fčt chak ane. Ane sa a te gen de pri, youn te kouronnen yon rekčy pwezi bileng Kreyōl-Franse.
Anvan nou retounen sou nouvčl pri a, ann gade kijan lang nou an t ap evolye nan epōk sa a. Legliz katolik te deside , apre Vatikan 2, fč sčvis li yo an kreyōl, dekwa pou pčp la ka patisipe pi byen nan aktivite legliz la. Men, se pa te tout lamčs Pč yo te kapab chante an kreyōl, paske te gen kčk gwo pawasyen boujwa ki te mete tčt yo an kwa pou sa pa fčt. Radyo te kōmanse bay emisyon nouvčl inčdtan an kreyōl nčt (nou sonje Liliane ak kanmarad li yo depi 1977), men se leswa, alč endiy nouvčl sa yo te pase, paske radyo sa yo pa te vle kontrarye bonjan oditč yo, ki te vle tande franse, menm angle tou, paske Radio Métropole te gen yon pwogram an angle ki te rele “Ten to Eleven” pou moun ki tande lang sa a. Jouk nan epōk sa a, te gen kčk kote nou te kontinye li ekrito “Yo pa pale Kreyōl isit la” (Il est formellement interdit de parler Créole). Charles Alexandre Abélard nan Radio Port-au-Prince enpi pita nan Radio Nationale te konn resite kčk powčm Morrisseau-Leroy jou premye janvye ak 17 oktōb pou selebre Papa Desalin. Kčk ekriven te mete an Kreyōl pyčs klasik franse tankou ” Le Cid” (Nono Numa, Jeneral Rodrig an 1975). Men manmanpenmba a se kont pale, Kaptenn Koukouwouj ta di pito istwakout, nan plas mo “kont pale” a, Maurice Sixto yo ki te konn pase an Kreyōl chak dimanch sou divčs estasyon radyo pou plezi moun ki konn sa ki bon. Pwofesč Hubert DeRonceray deside demontre an 1974-1975 si ansčyman te fčt an Kreyōl, li ta pi bon pou elčv yo ak tout peyi a. Anfen, levčnman an se “Twoufoban” nan lane 1977, pyčsteyat Franketienne ki sanse te prepare espektatč yo pou “Pelentčt” ki te jwe chak semenn nan Rex Théatre ak nan vil pwovens yo pandan preske ennan, ak sal plen tankou yon ze. Jan nou wč a, Kreyōl la t ap pran jarčt, men li potko ofisyčl. Moun ki te vle pibliye an Kreyōl, tankou Togiram, te dwe peye depans enprimri yo ak lajan nan pōch yo. Se nan kontčks sa a pri Paulette Deschamps-Frish la vin gen tout valč li.
Mwen sonje jou sa a, lč komite Pri Deschamps an vin nan radyo pou pwoklame pri a pou ane. Apre yo fin anonse pri regilye a, ki ane sa te tonbe nan men Mak Péan, yo di yo deside bay yon jenn ekriven yon pri espesyal. Yo te ba li pri a akoz odas li. Roger Gaillard te pran mikro a epi li te prezante Rudolph Muller bay piblik la. Jou sa a, tout san m tresayi lč m a p tande Pwofesč Gaillard k ap pale Kreyōl pou prezante yon liv Kreyōl? (non, bileng), men se an kreyōl li te fč prezantasyon li a. Mwen pa te ka tann pou liv la enprime pou m te achte liv pa m. Fōk mwen di tou, mwen te yon tijan pa kontan akoz pati franse a ki te nan liv la. Mwen pa gen anyen kont Franse, mwen byen renmen Franse, men chak fwa mwen wč yon ekriven oblije kore zčv kreyōl li ak yon pati franse, sa fč kč m fč m mal. Se komkwadire, kreyōl pa ka kanpe poukont li, li bezwen yon bwa franse pou kore l. Nan epōk sa a tou, se te moman moun te konn ap di ” Je n’ai jamais commencé une phrase en Franįais pou m fini l an kreyōl.” Monpč yo te konn fč sa anpil, yo komanse prčch yo an “Franįais” pou montre yo pa sōt, enpi yo kontinye an kreyōl pou moun ka resevwa mesaj la. Moun ki t ap pouse kreyōl yo te dwe montre yo pa sōt, yo konn pale franse tou. Liv bileng toujou jennen m pou rezon sa a, men fōk nou di tou se yon nesesite si ou bezwen vann kčk liv, paske kreyōl poko rive vann byen.
Kite kantik, pran priyč. Dapre sa Christophe Charles ekri, Rudolph Muller fčt nan Pōtoprens nan dat 12 oktōb 1950. Charles di tou ” se youn nan gwo potomitan pwezi kreyōl kounyeya. Li pibliye 46 tčks kreyōl nan “Parōl Anpil”, liv bileng ke yo te bay Pri literč Paulette Deschamps Frisch an 1977. An 1979, li pibliye ankō 34 tčks kreyōl nan “Zinglin”, liv ki totalman nan lang nasyonal nou an. Rudolf Muller pot ko gen trant an sou tčt li.” Nou wč dezyčm rekčy powčm Muller la te pibliye an kreyōl nčt. Pou mwen, se yon evolisyon parapō ak premye piblikasyon an.
Piske nou pa rive jwenn enfōmasyon sou lavi Muller, ann pase lapawōl bay pwofesč Gaillard ki te nonmen tčt li ” parenn powčt la” enpi li te fč yon prezantasyon majistral sou Muller. Nou repwodui tčks la dapre ōtograf ofisyčl la ki potko la lč Gaillard te ekri tčks li a. Men sa pwofesč a di: (nan Pawōl Anpil) ” Satisfaksyon mwen pa piti, jodiya, pou mwen prezante bay piblik ayisyen an ki renmen bčl chanson, bčl kont, ak bčl pwezi, yon jennjan ki fčk parčt, ak tout zouti literč li nan ponyčt li. Nan lang kritik pa nou, nou rele sa talan, nou rele sa metye, kōmsi ou ta di: wo nivo pwofesyončl…
Li pa te fasil pou mwen te chwazi tčks pou mwen prezante kōm echantiyon
travay Rudolph Muller. Se toulede liv yo pou mwen ta louvri ban nou, men
sa pa posib. Se mwen menm ki rekopye tčks yo dapre ōtograf ofisyčl la.
MOUN SA YO YO moun yo moun sa yo vre moun yo moun sa ki vre moun yo moun tout bon yo bon moun tout bon yo bonjan moun tout bon yo ki pa mechan ki pa visye ki pa volč ki pa sansal ki pa vagabon YO Moun sa yo ki pa zanmi la soufrans la mizč la nesesite grangou ki pa konnen soufrans mizč nesesite grangou Moun sa yo moun ledikasyon yo moun lenstriksyon yo moun anpill ledikasyon yo anpil lenstriksyon yo Moun sa yo moun sa ki gen kč yo moun sa ki gen bon kč yo ki pitit bondye yo bon jan piti bondye yo sa li pa fč je fčmen yo a men goch yo byen vit byen prese yo a degoutans yo YO yo menm menm moun sa yo moun sa menm yo ki renmen ki konn renmen ki konn renmen anpil ki konn ke yo renmen ke yo konn renmen ke yo renmen Yo menm menm ki pa lougarou move je anmčdan degoutan madyan bouzen YO YO MONDYE PAPA BANN PIL GWO KOCHON IPOKRIT SAL ANBA CHAL SA YO Rudolph Muller: Pawōl anpil, pp. 43-44, 1978 ESPWA Malmennen w ap malmennen m pwomennen w ap pwomennen grenn anmč malč sou po do m la vi a Men sčlman m konnen ke kan mčm on lč w a va fč 1 donnen on bčl gwo branch f1č blanch kouvri tout bō gōch mwen. Rudplph Muller: Pawōl anpill, p. 27, 1978 NOSTALJI Ou sonje Mari jan lan tan lontan li te bčlla vi. Ou sonje Mari jan nou te konn ri jan nou te renmen. Ou sonje Mari men de sa genyen lontan trč lontan si tčlman lontan. Rudplph Muller: Pawōl anpil , p. 22, 1978 FRISON Je m tonbe lan je W M gade w ou gade m nou souri ou ti moman Epi ou bese tčt tou dousman Epi tout plim sou do m pantan kouri leve. Rudolph Muller: Pawōl anpil, p. 6, 1978 YON TI FANM SČZAN KI KANPE On ti fanm sčzan ki kanpe kwen gran ri ak ri dčmirak a onzč di swa lan yon ti wōb fatige On ti fanm sčzan ki kanpe kon yon i anba yon galeri Li p ap tann kamyončt 1i pap tann pčsonn moun sčlman lakay 1i manman 1 grangou prčt pou mouri 1i pito ret kanpe la gwo onzč di swa lan fredi anba yon ga1eri sou gran ri. Rudplph Muller: Zinglin, fev. 1979, p 26