GOUDOUGOUDOU PASE AK KOUNYE LA A: ENPÒTANS SANTE MANTAL

]

17 Aug, 2021

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: ENPÒTANS SANTE MANTAL

Enpòtans lanng kreyòl la nan entèvansyon pou sante mantal. Ròl ak plas fakilte inivèsite Ayiti yo.

AK JUDE JEAN-FRANÇOIS

Goudougoudou tranble tout nanm nou, tout kò nou, li vire tout pèp ayisyen an lanvè/landrèt. Gen abitid li chanje lakay nou. Gen abitid li vin devlope lakay nou. Gen mo rezilyans lan nou vin tande pi plis tou lè yo ap pale sou  Ayisyen.

Entwodiksyon

Depi apre trajedi 12 janvye 2010 ki sot frape Ayiti a, kote plis pase 200.000 moun pèdi lavi yo. Li te parèt klè, tout Ayisyen ki gen laj pou konprann sa ki te pase a sot fè yon eksperyans  lavi ki ka chanje yo pou rès tan yo gen pou yo fè sou tè sa a.

Goudougoudou, ti non jwèt Ayisyen bay tranbleman tè a, lakoz anpil moun, nan Pòtoprens an patikilye, twouve yo nan sitiyasyon latwoublay – Anpil ladan yo pèdi manman, papa, pitit, madanm, mari, zanmi, kòlèg travay, mennaj, kay,  travay, oto, biznis elt. Tout sa lakoz, anpil nan yo ap soufri kè kase toulejou (Anksyete an franse).  Nenpòt ti bri mete yo sou panik.  Genyen  ki pa ka dòmi (Ensomni an franse).  Genyen menm, ki pou ti krik ti krak, pran kriye.   Gen moun ki menm rive  pèdi tèt yo (Twoub sikyatrik an franse) – Divès kalite latwoublay  nou fenk sot li pi wo a, se yon ekip fenomèn ki lakoz konsitwayen sa yo pa santi yo nan nòmal yo. Se kòmsi yo pa ka jwenn kap yo depi katastwòf natirèl 12 janvye 2010 la te fin pase nan peyi a.

Espesyalis, ki etidye epi ki travay ak moun ki viv eksperyans terib nan lavi yo, di nou, byen souvan sentòm sa yo, se  kapab siy ki pèmèt konprann moun lan soufri, sa yo rele nan peyi anglofòn yo, PTSD An franse yo di (Nevroz Twomatik osnon sendwòm pòs twomatik).

Lekti ansanm ak konsiltasyon nou fè avèk kèk sikyat ayisyen pèmèt nou konprann: se pa konsa yon moun rete li devlope maladi mantal sa a . Anvan pou sa rive, byen souvan, moun sa a  viv yon eksperyans difisil  ki kite li delala, kote li pa vrèman kapab reprann lavi nòmal li. Se kòmsi li rete nan yon eta  kriz pèmanan. An nou fè yon chita sou mo kriz la yon ti moman. Kriz se yon mo  ki ekziste deja nan vokabilè kreyòl ayisyen an. Sepandan,  pwofesyonèl ki ap travay nan domèn sante mantal itilize li nan yon lòt sans.

Kriz (Nan sans sikolojik mo a)

Lè nou chache, fouye nan liv ki pale sou kriz, nou jwenn plizyè definisyon, men kèk ladan yo:

1) «Se yon peryòd dezekilib sikolojik akoz yon sitiyasyon grav ki rive. Moun ki viv eksperyans sa a pèdi kapasite, lizay ak ladrès  li pou li jwenn solisyon  pwoblèm ki pa te konn ba li okenn difikilte pou li rezoud oparavan». (p.8 Crisis Intervention handbook, A.R Roberts, 2000) tradiksyon lib Jude Jn-Francois

2) Se yon sitiyasyon danje ki pwovoke chanjman bridsoukou nan anviwonnman kote yon endividi ap viv, ap evolye. Konsa, atant moun lan te genyen  alega pwòp tèt li ak kalite rapò osnon relasyon li te genyen ak moun ki ap viv nan menm anvironnman ak li  vin chanje. Pami pwen kòmen ki genyen nan tout kategori danje, ki ka pwovoke yon bagay konsa, ou ap jwenn:

a) Pèdi osnon sou pwen pou ou pèdi rapò/relasyon ki ekziste ant moun lan ak youn lòt moun.

an) Prezans yonn  osnon plizyè lòt moun  nan espas aktivite moun sa a.

b) Chanjman nan ran sosyal ak nan wòl yon moun te genyen nan relasyon li ak lòt moun. Tout sa se konsekans dirèk mo  kriz nan nivo sante mantal. (p.5,Handbook of crisis counselling, Jonathan Sandoval,2002, tradiksyon lib Jude Jean-François)

Lè nou konsidere definisyon sa yo, nou kapab di se youn sitiyasyon kriz  ki vin mete yon moun nan yon eta kriz.

Sitiyasyon Kriz ak  Eta kriz (yonn pa mache san lòt)

Nan sans sa a,  yon sitiyasyon kriz, se yon seri evènman ki pa rantre nan lòd lojik jan tout bagay  ta sipoze ye nan fonksyònman toulejou yon moun. Kidonk, lè sitiyasyon sa yo rive,  yo  mete yon moun nan yon eta kriz-  Sitiyasyon kriz ak eta kriz  se de (2) etap  ki diferan. Sepandan, se yonn ki sanse mennen lòt.  Gen plizyè evènman nan lavi yon moun, nou kapab konsidere tankou sitiyasyon kriz: Yon akouchman ki pa byen dewoule, yon aksidan machin, kote gen moun ki blese grav ak moun ki mouri; yon revokason nan yon dyòb, lanmò yon manb nan yon fanmi, yon evènman bridsoukou tankou : Yon moun ki tiye tèt li devan je yon lòt moun. Yon ka vyòl ( kadejak osnon pyèkanga nan Jeremi), vyolans sou fanm ak timoun, yon katastwòf natirèl tankou siklòn, goudougoudou elat.

Lè gen  sitiyasyon konsa ki rive nan lavi yon moun, otomatikman, moun ki viv li a reyaji. Daprè sa nou konprann, reyaksyon nan  yon kriz, se toujou – an tout konsyans osnon  san moun lan pa rann li kont-  pou ou jwenn eta nòmal ou, ki pou ta mete ou jan ou te ye anvan kriz la te ateri sou ou a.   Eksperyans, obsèvasyon ak rechèch  pèmèt espesyalis yo rapòte, epi nou konprann sa tou, se pa tout moun  ki toujou reyisi jwenn estabilite sa a.Gen plizyè faktè ki ka eksplike rezon ki fè estabilite a pa retounen.

Nan fouye sou entènèt ak nan bibliyotèk, nou rann nou kont, gen   anpil dokiman rechèch ki fèt sou sa.  Men nan ekzèsis nou ap fè nan tèks sa a, objektif la se pa pou nou detaye  eksplikasyon sou rezon ki lakoz se konsa sa ye,  men se sitou pou montre kijan gen nesesite pou espasyalis ayisyen ta panche plis sou reyalite Ayisyen an  apati yon demach syantifik nan sousi pou pèmèt pataj konesans yo fèt tou an kreyòl, epi pèmèt Ayisyen an konprann plis epi pwofite pi plis tout kalite  sipò emosyonèl ak sikolojik li ka jwenn nan men pwofesyonèl  sante mantal (sikyat, sikològ, travayè sosyal elat). Sitou lè konsitwayen yo fè fas ak eksperyans lavi ki ka kite yo nan yon eta delala, flòtòp-flòtòp.

Èske nou viv epi eksprime emosyon nou yo nan yon lòt lanng ki pa lanng kreyòl ?

Li parèt klè devan je lemonn antye, sitwayen ayisyen an devan kalamite ak katastwòf natirèl, li toujou degaje li jan li kapab pou reprann chimen lavi a. Se sa ki fè apre goudougoudou, nan radyo tankou nan televizyon peyi etranje, ekspè ki ap gade, obsève  pèp ayisyen an, atravè  tout faz dwòl li viv nan ane pase yo – kriz politik, siklòn, tranbleman tè elt, –  yo tout dakò pou di pèp ayisyen an son pèp ki gen kouraj. Nan domèn sikoloji, kalite fòs ak kouraj sa yo pote non  “rezilyans”. Nan diksyonè Wiki, ki sou entènèt la, men kisa yo di sou mo rezilyans lan :  « Nan domèn sikoloji, rezilyans se kapasite pozitif yon moun genyen  pou li pase atravè gwo estrès ak katastwòf. Mo sa a vle di tou, pouvwa yon moun genyen pou li retonbe sou 2 pye li apre gwo trajedi.  Kidonk, yon moun ki pa koube devan difikilte lavi, epi ki kenbe tennfas pou rive reyalize objektif li vize nan lavi li,  se yomoun n “rezilyan”. Rezon ki fè mwen mete de mo sa yo ant giymè epi ak gwo lèt fonse, se paske nan lanng kreyòl la mo sa yo pa ekziste. Mwen vle sitou atire atansyon nou sou kapasite lanng kreyòl la genyen  pou li ajiste li ak evolisyon pèp la. Mwen ret konvenki lenguis yo ka pèmèt nou wè  yon lis mo nou ap itilize jodi a, men  grann mwen ak grann pa ou pa te konn itilize nan tan pa yo.

Goudougoudou mete nou devan pòtre  eskèlèt sistèm sante peyi nou an. Lè nou gade byen nou wè anpil pwoblèm. Ayiti poukont kò pa li te deja malad. Men, kounye la a anpil moun debake vin pote nou sekou. Nan gwoup moun ki vini yo, te genyen sikyat, sikològ elt.

Mwen pa pe kritike kalite èd sa yo  non, men mwen  te poze tèt mwen kèk kesyon, tankou: kijan sikyat, sikològ etranje sa yo pral fè pou byen sezi emosyon Ayisyen ap viv la? Sa mete nou drèt devan pwoblèm baryè lanng ak kominikasyon ant moun ki ap bay swenyay  la ak sila a ki ap resevwa swen an. Poutan, li klè nan je tout moun, Ayisyen an viv 100 pou 100 an kreyòl. Ayisyan an pa viv emosyon li ni nan lanng  angle ni nan lanng franse. Lè li tris, li di li tris an kreyòl, lè li boulvèse, li di li boulvèse an kreyòl, li li gen boul nan gòj li, li di ou sa ak lanng kreyòl la, lè kè li sou biskèt li , lè li  gen konfizyon nan tèt li, li di ou sa an kreyòl. Tout sa, se  pou di Ayisyen tout sa li  santi, tout sa li ap viv se ak lanng kreyòl la li manifeste yo. Yon entèvenan ki pa pale lanng Ayisyen an, kreyòl,  èske li ap  janm rive bay rezilta li ta renmen bay la nan entèvansyon li ak moun li ap ede a? Èske gen risk pou li pase akote dyagnostik li ta gen pou li fè yo ? Mwen ta renmen nou reflechi sou kesyon sa yo.

Enpòtans pou inivèsite nou yo enplike plis nan rechèch

 Kounye la a,  tout kesyònman sa yo fòse nou poze lòt kesyon. Lè nou konsidere nou gen sant pou moun al chache konesans apwofondi, Inivèsite nou yo. Lè nou konsidere patikilarite sitwayen ayisyen an nan jan li jere lavi li. Lè nou konsidere fòs mantal Ayisyen an genyen pou li pase atravè advèsite lanati ka mete sou rout li. Lè nou konnen gen Ayisyen ki enterese nan byennèt mantal chak grenn ayisyen. Lè nou konnen gen Ayisyen ki fè gwo etid nan domèn sikoloji, sosyoloji etnoloji, ak tan lòt domèn nan syans imèn. Lè nou konnen zouti evalyasyon yo itilize nan domèn sikoloji, byen souvan se apati travay obsèvasyon ak analiz sou echantiyon moun ki soti nan yon sosyete espesifik, nan yon kilti espesifik elt yo fèt., nou ap mande epitou sigjere pou inivisite nou yo mete yo opa pou ouvri sant rechèch nan chak fakilte nou yo pou pèmèt nou konprann pi byen konpòtman sosyete nou an, kidonk endividi ayisyen an epitou pou nou devlope zouti ki ap pèmèt nou amilyore domèn lakonesans an jeneral. Men, nan domèn sante mantal menm, pi bon mwayen pou pèmèt espesyalis  yo jwenn  rannman nan travay yo ap fè pou byennèt sitwayen ayisyen an se rive fè endividi yo  eksprime lide  ki ap chipote lespri yo nan yon langay ki aksesib pou espesyalis la. Bò kote pa yo espesyalis yo dwe konnen langay moun yo vle ede yo. Konsa, mwen kwè gen yon nesesite pou inivèsite yo devlope zouti lenguistik ki kab itil ni malad yo ni moun ki ap swaye malad yo. Kòm tout Ayisyen nan peyi a pale kreyòl, sèl lanng ki kalifye pou kreyasyon zouti lenguistik sa yo se lanng kreyòl la. Nou kad rekonstriksyon peyi a nou swete Leta va bay lanng kreyòl la plas li kòmsadwa.

si gen efò serye ki fèt pou tout bon nan sans sa a, se ap yon diplis pou yon nouvo sistèm lasante, men tou nou ap rann nou kont lanng nou an, kreyòl la, se ap pi bon alye nou pou pèmèt lakonsesans pataje pi byen atravè tout peyi a.

Yon lèz nan Revi Literè Sosyete Koukouy, volim 2, ane 2011, paj 174-180