SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: POU LISTWA

]

12 Jan, 2022

MESAJ PASCALE MILLIEN-FAUSTIN, PREZIDAN BIWO SANTRAL SOSYETE KOUKOUY
  
Kouzin ak Kouzen Alawonnbadè Atchaba!

Selebrasyon Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy se  kab selebrasyon òganizasyon literè ki pi ansyen nan deklarasyon batay  pou lang kreyòl la jwenn valè li merite nan peyi Ayiti kou nan dyaspora a ki la toujou. Ala yon gwo akonplisman!
Se domaj, akoz viris KOVID 19 la ansanm ak akolit li yo, nou pa kab reyini an prezansyèl pou nou ta selebre anivèsè Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy nan tout dimansyon li. Men, nou la malgre tou,(malgre tou, nou la) nou ap fete kanmèm jan nou kapab nètalkole!

18 desanm 1965, se yon dat ki gen anpil siyifikasyon istorik, pou tout manm Mouvman Kreyòl/ Sosyete Koukouy, pou listwa, pou literati lang kreyòl la, ak pou Ayiti.

Anmenmtan tou, 18 desanm 2021, vin yon dat enpòtan pou tout fanm nan òganizasyon nou an ki te travay oswa ki kontinye ap travay pou yo kite tras pa yo nan lakou a kòm ekzanp pou jenerasyon ki ap vin apre yo.

Nou pa janm fè pakou lavi poukont nou, menm lè nou pa konnen ekzistans sèten moun nan kominote lokal oswa entènasyonal la, nou benefisye de bonzanj yo. Gen sa ki kite nou deja, men gen sa ki la toujou. Se poutèt sa, mwen ap make moman sa a, ak gwo lareverans pou eritaj travay kouzin Galata, Adelina, Ayida, Defile, Choukounn, Annjelina, Gèda, Mariz, May, Lina, Mikette Wainwright, Mercédès Guignard (Deyita), Ginette Etienne (Man Laye), Yolande Thomas, Suzelle Bertrand, Jeanette Gregoire, Nancy St. Leger, Myrtha Woy, Rose Bléus, Weiselande César, Gypsie Metellus, Marleine Bastien, Rita Denis ak tan dòt ankò…

Yon gwo chay mèsi tou pou paran mwen, Mona Anglade-Millien ak Reveran Jean Elie Millien ki ede materyalize enterè mwen pou lang kreyòl Ayisyen an ak kilti lakay. Mèsi kouzen, Jan Mapou, ki te ban mwen premye djòb biwo pou mwen tape atik ak dokiman kreyòl ki ede m aprann li ak ekri kreyòl pi rapid, pou Kiki Wainwright, Dede Dorcely, Max Manigat, Janjan Dezire, Michel-Ange Hyppolite ak Angelucci Manigat, Jr ki toujou montre enterè nan tèks mwen ekri oswa nan aktivite kiltirèl mwen yo.
Jounen jodi a, se yon nouvo sezon ki mache ak anpil lespwa, ak anpil rèv epi anpil anbisyon pou travay nou nan pwomosyon lang ak kilti lakay la toujou kontinye fleri, menm lè nou pa la ankò. Se poutèt sa, se ak anpil imilite epi ak anpil fyète tou, mwen ap  aksepte  pozisyon Jeran Responsab Biwo Santral Sosyete Koukouy la pou 2 lane ki pral vini yo (2022 / 2023).

Responsablite nou pran, angajman nou pran, se yon gwo chay. Yon gwo chay pou nou rete soude ak vizyon manm fondatè nou yo. Jan Tanbou (Henry Claude Daniel), Pyè Banbou (Doktè Ernst Mirville), Adelina (Marie Lucie Baas), Pyè Legba (Emile Jules), Togiram (Emile Celestin Megie) ak Jan Mapou. Nou pèdi senk nan gason ak fanm vanyan sa yo, ki travèse lento lavi, men nou toujou gen Jan Mapou, ki kontinye ak fè chimen pou nou, ki kontinye kenbe nou soude, epi ki kontinye ap travay danble ak tout sa ki gen detèminasyon pou nou pa moli, pou nou kenbe flanbo kilti lakay la byen wo.

Avni Sosyete Koukouy nan lane ki ap vini yo chita sou zepòl chak manm Koukouy, kit ou la, kit ou pa la nan woumble jodi a. Sonje, nan chantye travay nou, se ak anpil lanmou, se ak anpil fratènite nou toujou di, Koukouy yon jou, Koukouy toujou ! Ansanm, annou pran angajman pou lespri lang kreyòl la ak pasyon nou pou pwomosyon lang ak kilti lakay rete vivan nan tout sa nou ap fè.
Yon lòt fwa ankò, Mèsi pou tout fanm ak gason vanyan, sa nou konnen ak sa nou pa konnen yo, ki goumen pou chimen libète ak jistis, epi ki kite tout rèv yo dèyè pou nou akonpli kòm eritaj.

Sonje, grandèt yo konte sou nou, annou fè tout sa nou kapab ak tout sa nou genyen epi ak tout kè nou, pou nou fè yo fyè. Paske kwè m si n vle, grandèt yo parye sou nou!
Devouman ak konstans,

Pascale Millien-Faustin, Prezidan  
Biwo Santral Sosyete Koukouy
 Sosyetekoukouy@yahoo.com
 www.SosyeteKoukouy.org