Jounen Entènasyonal Lang Matènèl, 21 fevriye 2020

]

9 Feb, 2020

Mesay Akademi  Kreyòl  Ayisyen nan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Matènèl, 21 fevriye 2020

Nan  ane 1999 UNESCO pwoklame 21 fevriye Jounen Entènasyonal lang manman. Men se depi nan mwa fevriye 2000, chak ane, toupatou sou latè, nasyon yo selebre Jounen Entènasyonal lang manman yo pou fè pwomosyon divèsite lengwistik ak kiltirèl epi travay pou aksepte tout lang ki pale nan sosyete yo. Ayiti, kòm manm fondatè Nasyonzini, selebre dat sila tou, nan fason pa li. Mete sou dispozisyon UNESCO pran pou fè respekte lang chak pèp sou latè, Konstitisyon peyi Ayiti bay lang manman nou an yon plas espesyal. Dispozisyon UNESCO yo vin ranfòse pwovizyon Konstitisyon peyi Ayiti te pote depi ane 1987.

Nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Matènèl 21 fevriye 2020, Akademi Kreyòl Ayisyen rezève tout mwa fevriye 2020 an pou li òganize divès aktivite ; li pwofite okazyon an pou li fè tout enstitisyon Leta kou enstitisyon prive yo, sonje obligasyon yo genyen pou pèp ayisyen resevwa tout sèvis li bezwen nan lang li. Prensipalman, pou timoun yo resevwa edikasyon, fòmasyon ak enfòmasyon nan lang manman yo. Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) raple, se Konstitisyon peyi Ayiti menm ki egzije pou tout enstitisyon nan peyi a bay pèp la sèvis nan lang li. Pandan selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Manman an, rekòmandasyon sila a gen tout sans li lè nou konsidere lang yon pèp se yonn nan pi gwo zouti kiltirèl pou idantite li. Se nan lang li, pèp la eksprime bezwen li. An Ayiti, reyalite sosyolojik sa a tonbe daplon. Nou ka pran mizik paregzanp. Nou remake atis ayisyen yo soti mizik yo an kreyòl, paske yo konnen pou ki piblik y ap chante. Nan eleksyon, tout kandida yo blije pale lang pou pèp la konprann sa y ap di. Nan zafè piblisite, gen anpil efò ki fèt pou pèmèt pèp la konprann. Li klè pou tout moun, se yon nesesite pou nou kominike ak pèp la nan lang li konprann. Menm jan tou, se menm reyalite a, nou jwenn  nan pwodiksyon zèv literè tankou pwezi, woman, teyat kote anpil otè pibliye an kreyòl.

Men, malgre tout gwo jefò sila yo, rete anpil travay pou nou fè toujou. Nan tout domèn lasyans, espesyalman nan edikasyon. Pou UNESCO, se lè timoun yo resevwa edikasyon nan lang matènèl yon sosyete ap ka rive favorize devlòpman dirab. Menm si li enpòtan e nesesè pou timoun yo aprann lòt lang, kanta lang manman yo, se ladan yo  marinen epi devlope sèvo yo. E se gras ak metriz lang matènèl la, timoun yo ap rive aprann lekti, ekriti epi kalkil ak lòt lang pi fasil. UNESCO fè konnen, lang matènèl ede nan transmisyon kilti, valè ak konesans tradisyonèl yo. Li ede tou nan konstrikyon lavi sou plan sosyal, ekonomik ak politik.

Akademi kreyòl Ayisyen ap selebre lang manman ane sa a anba tèm:

Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo.

Nan okazyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman an pou ane 2020 an, Akademi Kreyòl Ayisyen pwofite envite tout sektè pote kole pou selebre nan fason pa yo lang manman nou an nan peyi a. AKA ankouraje tout enstitisyon pou yo pibliye dokiman yo an kreyòl tou, pou tout Ayisyen rive fonksyone pi byen nan sosyete a.  AKA mande Leta pran tout dispozisyon pou l garanti dwa lengwistik tout Pèp Ayisyen an.

An nou bay lang manman nou an plas li merite nan sosyete a!