BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY – 18 desanm (premye tranch)

]

24 Feb, 2020

BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY (1)

Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy
18 desanm 1965 – 18 desanm 2019

Se te 18 desanm 1965
Yon ekip militan te pran angajman pou yo defann lang ak kilti peyi yo.
Se dat sa a tou, 18 desanm 1965, Yo te derape ak emisyon Solèy nan radyo Karayib.  Direktè estasyon sila a, mesye Brown te resevwa yo de bra louvri.
Nan epòk sa a, se sèl Théophile Salnave (ZO) ki te konn pran chans fè reklam nan radyo an kreyòl.

Jodi a n ap salwe ak onè-respè Dr Ernst Mirville (Pyè Banbou), Dr Fritz Guillaume (Griyo), defen Henri Claude Daniel (Jan Tanbou), Defen Pierre Legba, defen Togiram (Émile Célestin Mégie), defen Zoklimo,  Jan Mapou, Idalina, Maryse Hyppolite, Manno Ejèn (Papiyon Nwa, Ti Nèg ak tandòt ankò, ki te mete vi yo andanje nan defans Lang ak kilti peyi nou.

Nou ap pwofite nan bèl okazyon sa a pou nou ankouraje otè ak lenguis epi  travayè nan tout domèn lakonesans ki ap fè pwomosyon lang kreyòl la. Nou ap pwofite envite patisipe nan divès  Pri sosyete Koukouy ap ofri yo li savaloure travay konpatriyòt Ayisyen ki kenbe lespri ou, nanm, konekte ak peyi nou, Ayiti Tonma.

Pri sa yo, se Pri pou teyat ki pote non Jan Mapou, Pri pou lengwistik, ki pote non Dr. Ernst Mirville ( Pyè Banbou), Pri pwezi, ki pote non Togiram (Émile Célestin Mégie), Pri Kominikasyon, Ki pote non Yolande Thomas. Nou rete kwè se  nan ankouraje divès moun, nan divès branch lakonesans, nou va pèmèt lang ak kilti lakay rete tennfas jenerasyon apre jenerasyon, pou tout tan gen tan.

Jodi a fè Òganizasyon Mouvman Kreyòl /Sosyete Koukouy 55 rekòt kafe. Nou  ap pwofite lanse pidetwal plezi pou yo tout kouzin ak kouzen ki ap viv sou tè Ayiti yo,tankou sila yo ki nan dyaspora a nou ap di yo kenbe pa lage. Nou dwe kontinye  ki kontinye pote flanbo ki makònen nou ak rasin nou epi pou nou toujou kontinye di ak tèt nou byen wo: Nou se Ayisyen natifnatal, kòdlonbrit nou konekte ak Lafrik ginen.
Se kreyòl nou ye
Yo damou Lang kreyòl la.

Bòn fèt pou tout manm Sosyete Koukouy alawonnbadè!

Biwo Santral

Wikenn 29 desanm 2019