18 desanm 1965 – 18 desanm 2019, sa fè 54 lane. Semenn sa a, divès manm nan divès branch Sosyete Koukouy yo rasanble vwa yo pou yo voye yon boukèt bòn fèt pou Òganizasyon Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy ki genyen 54 lane depi li kanpe pou li klere nan fènwa.
Bòn Fèt Sosyete Koukouy
Ak Yvon Lamour
18 desanm 1965 – 18 desanm 2019 egal, 54 rekòt-kafe. Se yon 54 rekòt-kafe, Sosyete Koukouy (SK) dwe pote avèk anpil fyète. Premyèman, se kèk grenn òganizasyon nan milye pa nou an ki genyen tout laj ak jèvrin sa a sou tèt yo, ki rete optimis epi ki ap fè travay vansman lang ak kilti nou san pran souf.
Dezyèmman, depi nan derapman li, bivize ak objektif SK klè klè klè, nonsèlman devan Ayisyen parèy yo, premye pyonye yo te kontre babpoubab, men tou devan etranje ak lòt grenn endividi ak enstitisyon ki konn pran tan pou yo vin rekonsilye ak istwa, lang epi kilti Ayiti. Twazyèmman, SK rive plante epi simaye lanmou ak valorizasyon lang lan nan kè ak sèvo Ayisyen epi etranje tribòbabò, atravè travay biwo santral li nan Miyami, ak branch li yo nan Nouyòk, Monreyal, Otawa, Boston, Kiba epi Ayiti.
Kontak mwen ak SK te kòmanse fèt endirèkteman, lè m te konn ale Nouyòk nan fen ane 1970 yo prèske chak semen, pou m al patisipe nan aktivite, kote ekip jounal Sèl ak bonkou pwogresis nan Brouklin Nouyòk te konn bay powèt, tankou Mapou, li powèm yo epi valorize kilti ayisyen. Sou menm woulib la, mwen te tande Kiki Wainwright ak detwa lòt atis nan chante louvrije. Konferans Doktè Iv Dejan, fòmasyon m nan Enstiti Kreyòl Indiana, liv Moriso Lewa, fwotman ak Jean-Claude Martineau ( Koralen), atik nan Jounal Sèl te fin kanzo m nèt nan aprann li, ekri, epi fè diskou maryaj an kreyòl.
Rankont mwen ak Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj), atravè powèm avèk atik msye te konn ekri nan plizyè jounal, espesyalman yon ti jounal an kreyòl 2 frè Généus yo (Philippe ak Jean Victor) (2 gwo konbatan ) te konn distribye nan Boston. Mwen vle di: Jounal Koukouwouj Pou Sove Ayiti. Se sa ki pral inisye epi soude kontak mwen ak SK nètalkole jouk jounen jodi a. Rankont, travay ak rapò mwen ak Kaptenn nan pral metba menm rankont, travay ak rapò mwen avèk Manno Ejèn epi Jean Robert Placide kòm Koukouy konsekan.
Nan Boston, mwen konn mennen manm SK plizyè fwa vin fè seminè ansanm pou vansman lang lan. Se nan moman sa yo dayè, Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) te derape premye refleksyon li yo, ki pral debouche, kèk ane pita, sou Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, Koleksyon Koukouy (2000). Se premye Esè ki ekri sou pwezi kreyòl Ayiti a an kreyòl. Rive jodi a, si nan SK branch Boston an, nou mennen kouzen Raymond Justin ak Pwofesè Lunine Pierre-Jerôme, Ed. D., ki toude, gentan pibliye liv yo an kreyòl deja, se menm batay pou vansman lang ak kilti nou an k ap vale teren.
Yvon Lamour, B.A. M.Ed, M.S.W.
Responsab Sosyete Koukouy Boston
Manm Konsèy Konsiltatif Akademi Kreyòl Ayisyen