Fòm detèminan la apre yon mo – Echanj ant Pauris ak Pierre-Michel (2)

]

28 Nov, 2019

2-Pierre-Michel Chéry voye reyaksyon li sou atik Pauris Jean-Baptiste la

Fòm detèminan la apre yon mo (3 remak sou kominikasyon Pauris la)

Mwen vle fè 3 remak sou kominikasyon Pauris la:

1) Gen yon kote Pauris site non mwen nan yon referans ki pa pou mwen. Men pasaj la : “Mwen remake kòlèg Pierre Michel itlize ni lanng lan, ni lanng nan nan ‘’Sezon Papiyon” p 11-12”. Se Manno Eugène ki pibliye “Sezon Papiyon”. Anpil fwa editè yo konn chanje òtograf otè yo san konsantman yo. Mwen pa kwè se ka sa a.

2) Men kèk prensip jeneral ki dikte ki fòm detèminan [la] a ka pran apre yon mo. Prensip la chita sou son ki vini anvan detèminan an :

i) Nou itilize fòm [a] :
apre yon mo ki fini avèk yon vwayèl oral (ki pa gen yon konsòn nazal devan l). Egzanp :Leta a (a), peyi a (i), manje a (e), po a (o), kou a (ou),

ii) Nou itilize fòm [an] :
apre yon mo ki fini avèk yon vwayèl nazal. Egzanp : pen an (en), pon an (on), eleman an (an)

iii) Nou itilize fòm [an] :
apre [ou], [i], si de vwayèl sa yo vini apre konsòn nazal sa yo [m], [n]. Sa vle di, apre (mou, nou, mi, ni). Egzanp : zanmi an (mi), cheni an (ni), “doukounou an (nou), jòmou an (mou). Konpare zanmi, cheni avèk peyi, jòmou, doukounou avèk kou.

iv) Nou itilize fòm [la] :
apre yon mo ki fini avèk yon konsòn ki pa nazal. Egzanp poul la, boul la, tab la, pòt la, lekòl la, sous la.

v) Nou itilize fòm [nan] :
apre yon mo ki fini avèk yon konsòn nazal (m, n, ng). Egzanp : moun nan (n), zanmi m nan (m), kòn nan (n), fòm nan (m), pin nan (n), lang nan, pingpong nan, peng nan.
Li enpòtan pou n remake ka konsòn [y] ki mande [nan] nan sèten mo ki gen yon vwayèl nazal ki vini anvan [y] a “peny” ,”liy”,egzanp “peny nan” “liy nan”. Pase peny nan nan cheve w, rete kanpe nan liy nan,

vi) detèminan [lan] … anpil Ayisyen itilize nan plas [nan]

3) Se pou nou remake tandans lakay sèten eskolarize ki pa t aprann kreyòl lekòl, yo sèvi avèk de (2) grenn fòm [an/lan]. Egzanp : peyi an, lekòl lan.en vle fè 3 remak sou kominikasyon Pauris la :

1) Gen yon kote Pauris site non mwen nan yon referans ki pa pou mwen. Men pasaj la : “Mwen remake kòlèg Pierre Michel itlize ni lanng lan, ni lanng nan nan ‘’Sezon Papiyon” p 11-12”. Se Manno Eugène ki pibliye “Sezon Papiyon”. Anpil fwa editè yo konn chanje òtograf otè yo san konsantman yo. Mwen pa kwè se ka sa a.

2) Men kèk prensip jeneral ki dikte ki fòm detèminan [la] a ka pran apre yon mo. Prensip la chita sou son ki vini anvan detèminan an :

i) Nou itilize fòm [a] :
apre yon mo ki fini avèk yon vwayèl oral (ki pa gen yon konsòn nazal devan l). Egzanp :Leta a (a), peyi a (i), manje a (e), po a (o), kou a (ou),

ii) Nou itilize fòm [an] :
apre yon mo ki fini avèk yon vwayèl nazal. Egzanp : pen an (en), pon an (on), eleman an (an)

iii) Nou itilize fòm [an] :
apre [ou], [i], si de vwayèl sa yo vini apre konsòn nazal sa yo [m], [n]. Sa vle di, apre (mou, nou, mi, ni). Egzanp : zanmi an (mi), cheni an (ni), “doukounou an (nou), jòmou an (mou). Konpare zanmi, cheni avèk peyi, jòmou, doukounou avèk kou.

iv) Nou itilize fòm [la] :
apre yon mo ki fini avèk yon konsòn ki pa nazal. Egzanp poul la, boul la, tab la, pòt la, lekòl la, sous la.

v) Nou itilize fòm [nan] :
apre yon mo ki fini avèk yon konsòn nazal (m, n, ng). Egzanp : moun nan (n), zanmi m nan (m), kòn nan (n), fòm nan (m), pin nan (n), lang nan, pingpong nan, peng nan.
Li enpòtan pou n remake ka konsòn [y] ki mande [nan] nan sèten mo ki gen yon vwayèl nazal ki vini anvan [y] a “peny” ,”liy”,egzanp “peny nan” “liy nan”. Pase peny nan nan cheve w, rete kanpe nan liy nan,

vi) detèminan [lan] … anpil Ayisyen itilize nan plas [nan]

3) Se pou nou remake tandans lakay sèten eskolarize ki pa t aprann kreyòl lekòl, yo sèvi avèk de (2) grenn fòm [an/lan]. Egzanp : peyi an, lekòl lan.