Fòm detèminan la apre yon mo – YON TI NÒT ANPLIS SOU KESYON AN (3)

]

23 Dec, 2019

3- YON TI NÒT ANPLIS SOU KESYON DETÈMINAN NAN KREYÒL AYISYEN

Nan atik li te pibliye sou detèminan nan kreyòl ayisyen, Pierre-Michel Chéry te fè remake apre yon mo ki fini avèk yon vwayèl oral nou itilize a : peyi a, leta a, epi lè yon mo yo fini avèk yon konsòn oral nou itilize la: tab la, zak la. Lè yon mo fini avèk yon vwayèl nazal, nou sèvi ak an: ban an, baton an, epi nou itilize nan si mo a fini avèk yon konsòn nazal : madanm nan, machin nan. Chéry te fè konnen tou nou jwenn fòm nazal sa yo apre vwayèl i, ou lè yo gen yon konsòn nazal ki vini anvan : pitimi an; jenou an. Men, youn nan kesyon nou vle panche sou li nan nòt sa a se itilizasyon an, lan, apre yon son oral: peyi an, boutik lan. Dapre Chéry fenomèn sa a se ta konsekans “sèten eskolarize ki pa t aprann kreyòl lekòl”. Nan nòt sa nou vle fè kat remak, epi montre ke fenomèn sa a se yon chanjman lengwistik k ap fèt nan lang lan.

(1) Faktè sosyal

Depi anviwon senkantan, nou remake fenomèn kote kèk moun di peyi an, tab lan, li pwopaje deplizanpli lakay anpil lokitè ayisyen. Nan etid sosyolengwuistik Albert Valdman (1991) fè sou itilizasyon an/lan apre yon son oral lakay yon gwoup etidyan nan Fakilte lengwistik Aplike, li jwenn se jenn moun bileng k ap viv nan kapital la ki di peyi an, diri an, chat lan pi souvan. Pa egzanp rezilta Valdman yo montre sou yon kantite 955 mo ki fini avèk yon konsòn oral, moun ki nan laj 18-25 an yo nazalize 410 ladan yo (Sa vle di 55.5%). Alòske moun ki nan laj 40-60 yo nazalize 19 mo sèlman sou 419 mo ki fini ak yon konsòn oral (4.5%). Pou mo ki fini avèk yon vwayèl, jenn moun yo nazalize 125 sou 442 (28.3%) alòske pousantaj detèminan granmoun yo nazalize se 2.5% (9/357). Rezilta etid sa a montre genyen yon diferans enpòtan ant jenn moun ak granmoun yo. Men tou, sa vle di tou diferans ant laj de gwoup lokitè sa yo montre genyen yon chanjman k ap fèt nan lang lan, paske se jenn yo k ap vin ranplase jenerasyon granmoun yo demen.

Nan yon lòt etid sosyolengwistik ki fèt sou fenomèn sa a, David Tézil (2019) montre kijan fenomèn nazalizasyon sa a kontinye ap pwopaje e menm rive atenn langaj moun ki pa menm pase sou ban lekòl. Pa egzanp, Tezil jwenn medam yo nazalize detèminan an apre yon son oral pi souvan pase mesye yo: lekòl lan, peyi an, moto an.

(2) Kreyòl swa

Kreyòl swa se sa nou rele kreyòl fransize a. Pa egzanp, moun ki pale l gen tandans itilize vwayèl awondi ki soti nan franse tankou lè yo di : duri pou diri, bèu pou , oswa vowel posvokalik r : ministèr la pou ministè a. Nou jwenn anpil nan moun ki itilize kreyòl swa yo se yo menm ki gen plis chans pou yo nazalize deteminan an apre yon son oral: duri an, ministèr lan, doktèu an. Kidonk, pou gwoup ayisyen sa yo, genyen yon korelasyon ant kreyòl swa e itilizasyon fòm nazal yo apre yon son oral.

(3) Chanjman lengwistik

Chanjman lengwistik pa vle di règ lang lan chanje nèt al kole. Nou jwenn kèk gwoup ayisyen ki di peyi an toutan, epi gen lòt ki varye li : peyi a/an, alòske gen lòt ki pa janm di peyi an ditou. Se poutèt sa moun ki fè etid kantitativ sou varyasyon sosyolengwistik yo itilize estatistik pou yo kalkile pousantaj nazalizasyon ki fèt nan langaj chak grenn lokitè. Yon lòt aspè ki enpòtan tou se kalkile korelasyon ki egziste ant pousantaj nazalizasyon ki fèt e ran sosyal chak lokitè. Sa vle di, si se fi oswa gason, laj moun nan, kote li grandi oswa rete, nivo edikasyon li ak konpetans li nan franse.

(4) Kontrent lengwistik

Lè yon chanjman lengwistik ap fèt, li kapab pran tan, paske li toujou kòmanse ak varyasyon. Men, li pa fèt nan nenpòt ki anviwònman lengwistik. Pa egzanp, nou ka tande gen moun ki di peyi an, lamè an, biwo an, katye an, pate an, tab lan. Ou p ap janm tande yon ayisyen di *papa an osinon *dra an. Rezon ki fè sa se paske fonetikman, nan silab ouvè, vwayèl [a] toujou melanje ak detèminan an : papa a [papa :]. Yo rele sa alonjman vokalik. Nou ka remake tou menm apre yon mo tankou anana, se [a] ki vini alòske apre jenou se an [ã] ki vini apre. Kidonk, i ak ou atire fòm nazal detèminan alòske [a] limenm pa janm kite nazalizasyon fèt ditou kèlkeswa son ki vini anvan an. Se sa nou rele kontrent lengwistik. Sa vle di se kote tout ayisyen natif natal, kèlkeswa ran sosyal li, pa janm nazalize detèminan an : *papa an.

An rezime yon chanjman lengwistik se tankou yon epidemi. Li kapab kòmanse pwo­paje soti nan langaj moun ki okipe gwo plas nan sosyte a tankou lidè politik, relijye, anseyan, jounalis, elatriye, pou rive nan langaj moun ki pi ba nan echèl sosyal la. Epitou, chanjman sosyal yo, tankou egzòd riral, mobilite, ak ibanizasyon konn jwe yon gwo wòl nan chanjman lengwistik. Pa egzanp, jounen jodi a, anpil moun ki rete nan zòn rekile nan peyi a gen plis aksè ak telefòn pòtab pou kominike, epi moto taksi ki pèmèt yo deplase pi vit ale fè penitans yo lavil. Se nan echanj sosyal sa yo chanjman lengwistik yo konn tou pwopaje.

Bibliyografi

Tézil, David (2019). The nasalization of the Haitian Creole determiner LA in non-nasal contexts: A variationist sociolinguistic study. PhD dissertation: Indiana University, Bloomington.

Valdman, Albert. 1991. “Decreolization or dialect contact in Haiti?” Pp. 75-88 in Development and Structures of Creole Languages: Essays in Honor of Derek Bickerton, edited by F. Byrne and R. Huebner. Amsterdam/Philadelphia: Benjamins.

Pibliye nan « Haïti en Marche, édition du 06 au 12 Novembre 2019 • Vol XXXIII • Nº 43 »