NOU SONJE BWAKAYIMAN (Pou klotire mwa dawout la)

]

31 Aug, 2020

NOU SONJE BWAKAYIMAN
Wikenn pase a te fè 229 lane depi esklav Ayiti yo te sèmante pou yo ranvèse sistèm esklavajis la, nan yon gwo rankont listwa rele Seremoni Bwakayiman. Nou sonje Bwakayiman.
Sou site Inventaire du Patrimoine immatériel d’Haïti, nou li :
«Bwakayiman se yon espas espesyal sou plan istorik, kiltirèl epi espirityèl. Se yon etap enpòtan nan batay esklav yo pou liberasyon yo. Daprè moun nan zòn lan, se nan bitasyon Lenormand de Mezy nan awondisman Morne Rouge, ki prensipal espas kote seremoni Bwakayiman an te fèt la.
Pandan lontan, Leta te abandone espas la. Rive nan ane 1982, gouvènman ki te an plas la te pran yon dekrè ki deklare « Bwakayiman se yon patrimwàn touristik nasyonal» An janvye 2000, te gen yon etid ki te fèt nan zòn lan. Sa te vin bay espas la nanm li. Depi moman sa a, moun te vizite Bwakayiman regilyèman. Chak ane, nan dat 14 dawou, genyen anpil moun, Ayiti ki nan peyi etranje, ki al fè pelerinay sou bitasyon an.»
Tradiksyon Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)

TÈKS LAPRIYÈ SEREMONI BWA KAYIMAN AN
Bondye ki fè solèy,
Ki klere nou anwo,
Ki soulve lanmè,
Ki fè loray gwonde,
Bondye la zòt tande
Kache dan nyaj.
E la li gade nou.

Li vwa tout sa blan fè.
Bondye Blan mande krim,
E pa nou vle byenfè,
Men Bondye la ki si bon
Òdone nou vanjans.
Li va kondui nou.

Li ba nou asistans.

Jete pòtre Bondye blan
Ki swaf dlo dan zye nou
Koute lalibète ki nan kè
a nou tous! …
In Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti ak Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) (2000), paj 35.
Anplis lapriyè sa a, nan tan modèn yo, genyen Akademisyen Pierre Michel Chéry ki ekri yon dokiman, kote li rezime kèk lide, li rele :
DOUZ PRENSIP BWAKAYIMAN
Ak
Pierre Michel Chéry
1. Premye prensip: Tout moun se moun. Pa gen moun pase moun.
2. Dezyèm prensip: Tout moun gen plas yo anba syèl ble a.
3. Twazyèm Prensip: Si gen pou youn gen pou de. Sonje moun ki dèyè.
4. Katriyèm Prensip: Chak moun gen fason pa li pou li lapriyè
5. Senkyèm Prensip: Sa nou pa konnen pi gran pase nou.
6. Sizyèm prensip: Nan pwen anyen nan lavi a ki pa gen regleman. Se regleman ki bay lavi a ekilib.
7. Setyèm prensip: Pa defèt ekilib lavi a san rezon. Moun, ki mal deplase eleman yo, ap rale malè sou tout moun
8. Uityèm prensip: Tank n ap aprann, se tank n ap konnen kòman pou nou respekte ekilib lavi a.
9. Nevyèm prensip : Pa janm manje manje bliye.
10. Dizyèm prensip: Toujou sonje: fè koupe fè; dèyè mòn gen mòn; pa fè san inosan koule; pa lage chay nan men manfouben.
11. Onzyèm prensip: Veye!
12. Douzyèm prensip: Douzyèm prensip: Malè yon eritye ki bliye esklav fè Bwa Kayiman pou moun k ap sèvi Bondye pa lote moun nan mitan bèt.
Pou mwen konplete panse sa a, mwen va raple nou pawòl Moriso Lewa a, ki di: Desalin se bra Bondye. Anfèt, si nou di Bondye bon, li pa fouti lage nou nan yon reziyasyon san aksyon. Si Bondye bon, li pa fouti ap ti nou founi je gade sila yo ki ap bwè san nou, manje fòs travay nou epi priye pou yo. Epi, priye pou sa chanje nan syèl. Poutan, nou poko konnen okenn moun ki retounen pou yo vin di nou kouman sa ap pase anlè a. Se konsa mwen konprann douzyèm prensip Bwakayiman ki soti anba plim Pierre Michel Chéry.
♦♦♦♦♦