Konpè Filo: Yon Fòs Trankil Ak Michel-Ange Hyppolite

]

16 Aug, 2020

Rasin  Filo  nan Literati

Chak chaplè genyen kwa li. Se menm jan an tou, chak epòk genyen  moun espesyal ki make li. Sa ki kreye kalib moun sa  yo  se aksyon yo, fòs karaktè yo, militans yo epi vizyon yo  pou sosyete, kote yo  ap viv la. Se tout sa  ki ba yo lesepase. Konpè Filo (Anthony Pascal) se yonn pami moun sa yo. Li kòmanse lavi nan kondisyon modès, epi li chwazi kenbe liy modesti a jouk jou Granmèt la te deside rele li – 31 jiyè 2020. Sipèb komèt sosyokiltirèl sa a te tanmen limen avèk literati. Wi! Se nan literati pou nou jwenn rasin Konpè Filo.

Nou toujou tande yon pawòl ki di: Literati ka sèvi motè chanjman, men, pisans transmiyon li pa rapid. Sepandan, efè li garanti. Nan sans garanti a, nou kab site yonn nan zèv klasik Moris Siksto yo: Ti Sentaniz, ki reveye konsyans moun toupatou nan peyi a sou koze restavèk; nou kab site tou, yon zèv Moriso Lewa, kou, Mèsi Papa Desalin, ki pa sispann fè san  bouyi nan venn nou. Se nan menm epòk Moriso Lewa te ekri liv ki genyen  Mèsi Papa Desalin ladan an, Dyakout, li te ekri pyès teyat ki te rela Antigòn lan. Li te ekri tou de nan ane 1953. Se pyès teyat sa a, ki te sèvi pou louvri vàn talan Anthony Pascal, tout moun vin batize Konpè Filo. Kidonk, literati genyen  pouvwa pou  li fè mèvèy epi pou  mèvèy li rete limen.

Anplis travay Moriso-Lewa, geyen tou yon powèm René Philoctète ki rantre nan dòz eleman, ki vin sèvi katalizè pou Anthony Pascal anvayi sèn lavi literè epi medyatik sou tè Ayiti. Fraz R. Philoctète ki te vin reveye konsyans Anthony Pascal la se te: «Pour tous ceux-là, je reste.» Se konsa, malgre lekzil, Konpè Filo te retounen nan peyi li, epi li rete nan peyi li. Nan yonn nan prezantasyon li yo, Konpè Filo di, Pawòl sa  yo se tankou, se pou limenm menm Philoctète te ekri yo. Konpè Filo te chwazi vini yon ouvriye chanjman avèk lide pou li te bati yon peyi tou nèf. Yon peyi, nou te toujou ap tann, epi nou kontinye ap tann jouk jounen jodi a. Nou pa dwe kanpe sou atant nou, men nou dwe kontinye goumen ak mwayen nou genyen, selon konpetans nou, pou nou pote lespwa nou byen wo nan syèl rèv nou.  Alaverite, tout tan tèt pa koupe  li pa dwe dezespere mete chapo.

Ginen pa Bizango

Konpè Filo te chwazi rete nan peyi a, se vre, men li te pare lespri li. Preparasyon sila a te fèt apati koneksyon li avèk divès branch reyalite peyi a nan tout dimansyon: politik, sosyal, kiltirèl, jouk li te rive rantre nan chan eritay ginen yo. Se apati chan semantik ginen an, li batize espas televizyon li te anime nan Tele Ginen an. Li te rele pwogram li an Kalfou. Kalfou se espas kwazman Fason Konpè Filo te abiye ak chapo li, chemiz li  raple yon moun Kouzen Zaka. Lè Konpè Filo te chwazi Zaka, li te chwazi travay. Endirèkteman, li te chwazi konbit, paske jouk jounen jodi a, travay latè nan peyi nou se yon travay ekip. Se tèt ansanm. Se konbit. Se twouse jannm gason, woule manch  chemiz pou nou mete men. Lè mwen ap gade Konpè Filo, se imaj sa a, li fofile nan lespri mwen. Se avèk menm vizyon an, mwen  pran pwa pawòl li yo avèk divès sans yo  nan lespri  mwen.

Èske grenn Konpè Filo te plante yo pral leve? Èske yo pral jwenn lapli pou yo jèmen, jouk yo rive flere? Pyès moun pa kab konnen.  Sepandan, li rete klè, entansyon Filo,  se te leve defi pou aksyon militans sosyal li yo pa mouri.

Konsa, Kalfou se te yon espas rankont, espas pou li pataje konesans avèk divès kalite moun, epi mete reyalite peyi a anba je tout moun. Se sa nou santi nan emisyon li te fè ak kiltivatè Latibonit yo, epi  nan emisyon li te fè anvan sa avèk medam ki ap pratike pi ansyen metye sou latè a, nou vle di jenès, kote Filo te itilize  yon litani mo tokay pou li dekri metye a. Itilizasyon divès mo sa  yo te montre nou enterè Konpè Filo nan brase zo nan kalalou lang kreyòl la.

Konpè Filo pa te pè afiche aklè koulè mistik li. Li te konnen: Ginen pa Bizango. Fòs panse Filo nan sans sa a parèt ak flanm vanyans li, nan yon emisyon, kote li te fè yon chita koze avèk chantè Lionel Benjamin nan dat 13 mas 2019.

Nan rankont sa a, se te jounalis la ki te la, men se te an menm tan, yon moun ki te wè Ayiti apati yon pèspektiv mistik. Kote li di: «Bòn ou pa mete, ou pa manyen.» Oubyen ankò: « Bòn ou jwenn granpapa ou plante, ou pa retire li.  Nan menm konvèsasyon sa a, Konpè Filo te fè nou konprann, lavi a pa senp jan nou ta vle kwè li a. Lavi pote divès fasèt. Anfèt, daprè Filo toujou, lavi a se pa sa nou wè ak sa nou aprann lekòl la sèlman. Konsa, tout moun dwe manifeste yon respè an pwofondè  pou chak grenn moun, ki ap viv alantou li kèlkeswa kondisyon sosyal moun sa a. Se nivo respè pou moun lan, ki te bay Filo pwofondè lespri pou li te repete  fraz sa a :«Chak moun se yon fòs ki gen korespondans ak kosmik lan. Meprize yon moun se mepriz pwòp tèt ou, paske nou tout konekte yonn ak lòt.»

Pou nou fini, nou kab di, diferan moun, ki ap suiv karyè Konpè Filo kòm jounalis, kapab apresye divès aspè nan lavi misye. Angwo, Konpè Filo te viv avèk yon senplisite ki kab dezame anpil moun, ki konprann lavi senpman mache avèk sa yo posede sou tè a. Pou Konpè Filo, anyen pa senp. Dayè, se pa tout tan Konpè Filo chwazi parèt senp nan langay li. Pafwa li itilize pawòl pwent, parabòl oubyen daki. Lè li vle rive pi pre moun, ki alantou li yo, li itilize pwovèb. Se tankou Filo te vle di nou: Dèyè mòn gen mòn. Se lite pou nou kontinye lite si nou vle lavi chanje.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)
Manm Akademi Kreyòl Ayisyen
Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy

Lantèman Konpè Filo (Anthony Pascal) ap selebre jou madi 18 dawout 2020 nan Kyòs Oksid Janti, Channmas.