Konpè Filo file, zèv li rete ak Frantz Duval, redaktè anchèf jounal « Le Nouvelliste »

]

2 Aug, 2020

Konpè Filo file, zèv li rete ak Frantz Duval, redaktè anchèf jounal « Le Nouvelliste »

[NDLR] Konpè Filo te revolisyone Radio Haiti lè li te konn anime chak swa yon emisyon nouvèl an Kreyòl ; li kontinye revolisyon an lè li ankouraje Frantz Duval pwodui yon tèks an Kreyòl nan « Le Nouvelliste ». M pa di jounal la pa pibliye tèks an Kreyòl non, Lyonel Trouillot fè sa souvan, men Kreyòl pa jwenn plas li te dwe jwenn nan pami sa ki pibliye yo. Frantz, mèsi kantmenm ! REKA repwodui tèks la jan li te pibliye nan Le Nouvelliste la]

Publié le 2020-07-31 | Le Nouvelliste

Jodi vandredi 31 jiyè ki t ap fè Jean Leopold Dominique 90 zan si li te vivan toujou, nou aprann ak sezisman lanmò Konpè Filo. Anthony Pascal fè vwal pou peyi san chapo. Tout moun pantan, paske lanmò pa gen klakson, tout moun gen yon mo pou yo di paske Filo se te yon senbòl kòm moun ak yon bèl mak jounalis.

Chak moun gen Konpè Filo pa yo.

Pa m nan m te rankontre l san mwen pa t jan m wè l sou 1330 AM nan yon ti randevou nou te genyen chak nevè nan aswè aprè emisyon blag Fito Popo a, lendi rive vandredi.

Se nan yon radyo ak lanp General electric, pa gen modèl sa yo sou moun ankò, m te konn tande vwa l ak vwa Liliane sou Radio Haiti Inter.

Se jis apre m vin aprann ke se Anthony Pascal ki te bon non l. Se apre 1986 m vin konn figi l. Nan Radio Haiti Inter pa m nan se te Konpè Filo ak Liliane. Se te de vwa ki t ap bay nouvèl.

Se nan koute nouvèl m tande pale pou premye fwa de Kanntè. Se te apre yon repòtaj Filo t al fè nan Nòdwès. Se la m tande « Dan reken pi dous pase prizon, pase grangou », lè moun ki t ap pare pou pati yo t ap rakonte jan anyen pap fè yo rete an Ayiti. Jodi a se kominote sa ki vin bay pi bèl tranch nan dyaspora nou nan Miami. E karant tan apre Ayisyen pito reken toujou. Sa k ta di san nan ane 70 yo…

Jodi a chak fwa m tande gen lese frape an Iran, an Irak, Nicaragua ou yon lòt kote m sonje jan Liliane ak Filo te fè mwen viv nouvèl sou latè tankou si sa t ap pase nan salon lakay mwen.

Se nan menm Radio Haiti Inter sa a tou m dekouvri kisa ki diktati Duvalier a lè yon jou Konpè Filo fin bay nouvèl li pa antre lakay li.

« Yo pran Filo », se sa tout moun t ap di. Li te antre nan gwo lis moun ke yo disparèt yo. Machin kraze zo ak baboukèt la te frape fò jou sa a, an oktob 1980.

Konpè Filo ta pral kroke nan gòj makout yo. Kèk jou apre yo te sètoblije lage l.

M sonje kou jodi a jan m te tande vwa Jean Leopold Dominique k ap fè Konpè Filo rakonte jan sa te pase lè li te tounen nan radyo a. Ant jou yo te pran Filo a ak jou li te lage a, tout moun ki pa jan m gen moun yo pran sou Duvalier te viv an dirèk doulè a.

Diktati Duvalier a t ap deplotonnen epòk sa a pou pitit tig la te ka di li se tig tou. Pita ta pral pi tris, 28 novanm 80 pat lwen. Yon moun ki anvi tande son epòk sa a ka ale sou sit Duke Universite mete sou pye a ak tout achiv Radio Haiti Inter yo.

Konpè Filo ki file ale jodi a apre yon malèz fè pati de gwo tonton poto mitan ki te kenbe eskanp figi laprès an Ayiti nan ane 70-80 yo. Chapo ba pou li.

Lè li tounen apre 1986, bagay la pat menm jan an, Compère Filo tounen Konpè Filo men sa ta pral pèmèt tout moun dekouvri yon lòt Filo. Yon Konpè Filo ki plante pye l byen fon nan kilti peyi a, nan vodou, nan lakou epi yon Konpè Filo ki pat pale politik men ki te gen yon kapasite pou li fè envite l yo pale nan emisyon Kalfou sou radio Télé Ginen.

Filo ak Ginen, ak Ginen yo, se yon bèl bout wout.

De Konpè Filo radio Haiti Inter a Konpè Filo sou Téle Ginen jou pase, ane pase, men Konpè Filo ap rete pami moun ki fè m konprann ke nouvèl pa nouvèl si li pa gen sèl ak si li pa gen nanm.

Mèsi pou sa Filo. Mèsi pou bout wout ou fè ak nou sou tè sa a.

Frantz Duval