PWODIKSYON MATERYÈL DIDAKTIK AN KREYÒL ak MICHEL-ANGE HYPPOLITE

]

27 Oct, 2020

PWODIKSYON MATERYÈL DIDAKTIK AN KREYÒL

MICHEL-ANGE HYPPOLITE

Mwen ekri 3 liv ki kab sèvi nan sistèm lekòl Ayiti a, omwen kòm liv referans, paske mwen pa te suiv pwogram Ministè Edikasyon Ayiti a  padan mwen ta pe prepare liv sa yo. Liv mwen ekri yo se:  Atlas Leksik Zo moun an 4 lang (1989), Li Konprann Ekri: Yon jaden Kreyòl (1995) epi Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti (2000). Tout liv sa  yo se piblikasyon Educa Vision. Pou mwen fini, mwen va  ban nou yon apèsi sou Lèt Ife ak Soul (2006).

Chak grenn  liv sa  yo genyen yon istwa. Fondasyon istwa yo  mache men nan men ak militans mwen nan lang kreyòl la kòm kreyolis.

Atlas Leksik Zo Moun

Apre Manno Ejèn, Julio Jean-Pierre, Jean Robert Placide avèk mwen te fin louvri Sosyete Koukouy Kanada nan ane 1984, mwen te vin genyen kontak avèk  yonn nan frè Joseph yo ki  responsab Haïti Observateur, kote mwen te genyen posiblite prezante atik sou Kò moun nan jounal la. Nan moman sa a, Yvon Lamour te di mwen: Ou pa kab senpman  mete non  divès zo ki nan kò moun yo anndan jounal la. Ou dwe mete yo nan kontèks, kote anatomi an ap sèvi pretèks pou ou louvri je moun sou sa ki konsène yo sosyalman. Depi moman sa a, mwen vin pran gou nan tavay la, epi rive nan ane 1989, mwen te pibliye Atlas Leksik Zo Moun nan 4 lang: Kreyòl, angle, panyòl epi franse. Mwen te sèvi avèk 4 lang, paske mwen te nan yon demach eksperimantal.

Nan konpare  angle, franse epi panyòl, mwen te remake nan ka zo ki nan kò moun yo, mo yo pa te twò diferan yonn parapò ak lòt. Sa te gide mwen nan chwa mo kreyòl yo.

Atlas Leksik Zo moun ki rive rantre nan sistèm lekòl nan Miyami, men akoz mo « Zozo » ki nan liv la, pwofesè yo te rele anmwe epi Mapou te oblije al chèche liv yo. Kèk ane apre, Educa Vesion te fè yon lòt , kote li te retire mo ki te fè moun yo pè yo.

Mwen pa konnen ki akèy vèsyon sa a te jwenn nan lekòl yo. Men, Atlas Leksik Zo Moun pèmèt tout moun konnen: Kreyòl pa gen limit. Limit li se limit moun ki pale li yo.

Li Konprann Ekri:  Yon Jaden Kreyòl

Nan ane 1995, Bob Ray, yon sosyalis, ki te vin Premye Minis Ontaryo, te fè yon ouvèti sou gwoup Etnik yo. Se te yon fasonpoi  li te repare kèk enjistis sou plan sosyal nan sistèm edikasyon pwovens lan. Misye te parèt ak pwogram: Antiracism Education. (Edikasyon Anti-rasis).

Yonn nan fason pou li te ede nan kraze baryè sosyal yo se te fasilite rantre lang etnik yo nan pwogram ministè a kòm kou ki pèmèt elèv yo genyen yon kredi pou yo resevwa diplòm etid segondè yo. Kòm mwenmenm avèk kèk lòt kòlèg anseyan  te trè aktif nan bay èd akademik gratis anndan yon gwoup ki te rele Ayiti Rasin, te gen yon direktè lekòl ki te kontakte mwen pou mwen anseye lang kreyòl Ayiti nan lekòl Otawa, menm jan genyen kou arab, chinwa elatriye. Se tankou madam June Girvin te vin mande maladi si li bezwen remèd. Nan moman an, ministè a te di: Yo pa kab mete lang kreyòl nan kourikoulòm lan, si pa genyen yon materyèl ki pare pou yo anseye li. Konsa, mwen te rele de (2) pwofesè lang pou akonpaye mwen nan travay la. Se te: Hugues Lamour epi Jacqueline Beaugé Rosier. Pou mwen te fè liv sa a, mwen te genyen 2 modèl nan tèt mwen: Français par les Textesn (FIC)  epi Les Auteurs Haïtiens Expliqués ak Doktè Pradel Pompilus. (Se avèk liv sa a mwen te fè premye kontak konsyan avèk literati Ayiti. Se sa tou ki te mennenn sou chemen ekri pwezi.)

Liv la te fèt avèk lide pou elèv konnen pwòp tèt yo, dekouvri eritay kiltirèl yo, konekte ak fanmi yo, epi dekouvri istwa peyi yo. Kòm noumenm, ki otè liv la,  konnenn lang ak kilti se marasa, nou te chwazi tèks otè yo an konsekans. Liv la genyen 5 pati: Peyi, Sosyete, Lanmou, Lanati.

Nan seksyon peyi a, nou louvri avèk yon tèks Serge Madhère, ki rele Istwa Dayiti (anndan Piti Piti Plen Kay,1987, epi dezyèm tèks la, se Mèsi Papa Desalin, Moriso Lewa Dyakout (1953).  Fason nou klase ekzèsis yo anndan liv la fòse timoun lan al konsilte fanmi li pou li tabli yon pon kiltirèl entèjenerasyonèl.

Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti

Istwa Pwezi kreyòl Ayiti (2000)  se yon liv Educa Vision pibliye. Yon lòt fwa ankò, se Yvon Lamour pou mwen di mèsi. Se limenm ki te gen abitid kreye seminè pou aprantisay lang kreyòl nan Boston.  Nou te nan ane 1989, lè li te envite mwen vin pale sou pwezi kreyòl nan yonn nan seminè li yo nan Boston. Mwen di Boston, men se kab byen se te nan Cambridge. Envitasyon sa a te rive  jwenn mwen, apre li te fin li yon atik mwen te ekri sou yon liv Pauris Jean-Baptiste nan jounal Koukouwouj, frère Géneus yo te pibliye nan Boston.

Nan paryòd sa a, mwen pa te okouran okenn liv ki ekri sou pwezi kreyòl an kreyòl. Mwen te suiv konsèy defen Henri Claude Daniel la, nan Kaye Kreyòl nimewo 1, liv manifès Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy, kote misye te di:, si pa genyen prensip ki deja tabli sou pwezi ki ekri an kreyòl, kreye yo. Kòm mwen pa te jwenn anyen ki ekri an kreyòl sou pwezi kreyòl, mwen te oblije mete enèji pou mwen kreye materyèl an kreyòl sou pwezi kreyòl. Se konsa mwen te vin pran gou nan fè rechèch, palmante avèk manm Sosyete Koukouy Kanada yo: defen Julio Jean-Pierre, Jean-Robert Placide epi Manno Ejèn,  jouk mwen rive pwodui liv sa a:  Istwa Pwezi kreyòl Ayiti.

Si pa te gen seminè Boston yo, mwen ta kab pa janm genyen lide pwodui materyèl sa a nan moman mwen te pwodui li a. Se sèten, jounen jodi a, liv sa a merite revize ajiste, elatriye, men ti bout kouto miyò pase zong.

Mwen ta kab pase atravè plan liv la avèk nou, men mwen dwe kite plas pou lòt moun pote grenn sèl pa yo nan manje a.