DESALIN : YON LÈZ NAN LAVI ANPRÈ DESALIN ak MICHEL-ANGE HYPPOLITE

]

17 Oct, 2020

YON LÈZ NAN LAVI ANPRÈ DESALIN

MICHEL-ANGE HYPPOLITE

Desalin fèt Grande-Rivière Du Nord, nan yon rejyon ki rele Cormier.  Blan ki te mèt Desalin lan te rele Jacques Duclos.

Gen plizyè ekriven listwa ki chwazi divès ane nesans pou Desalin. Gen youn diksyonè pou non mounn  ki ekri Desalin te fèt nan ane 1748. Genyen Richard Pattée ki di Desalin fèt ant 1749 ak 1756 nan Sendomeng.  Jules Rosemond , bò kote pa li, san li pa di ki kote li jwenn enfòmasyon an, deklare Desalin fèt 20 septanm 1758.  Berthoni Dupont, ki ap viv nan Nouyòk, ekri nan yon liv li rele Jean-Jacques Dessalines, Dessalines fèt nan lane 1758.  Men sa pa rete la, paske Dr. François Dalencourt di bò li : Desalin fèt youn 25 jiyè.  Claude Auguste ekri  Desalin fèt 17 fevriye 1758, epi Michel Oriol ekri Desalin fèt 2 fevriye 1758.  Konsa, pa gen moun ki vrèman konnen  vrè dat Desalin te fèt la, ni tou pa gen ki konnen manman Desalin ak papa li, paske nan epòk sa a politik rejim kolonyal la se te pase anba pye, tòchonnen baz devlopman esasyèl nan lavi esklav yo, nou vle di lafanmi.  Se poutèt sa propriyetè esklav yo toujou depatya ( nou vle di depareye) madanm, mouche, pitit, frè ak sè, voye yo al viv nan diferan bitasyon byen lwen. Rezon an se pou yonn pa janm kontre ak lòt. Tout sa, se mannèv pou touye solidarite nan mitan yo.

Sèl moun listwa rapòte kòm pwòch fanmi Desalin, se Viktorya Montou, Desalin te rele Tant Toya.  Listwa rapòte tou Viktorya Montou te yon fanm vanyan total kapital, ki pa te janm pè je pou li vale tèt.  Pandan batay esklav Ayiti yo kont sistèm kolonyal l a, li te manyen manchèt tankou tout gason.

Berthony Dupont, otè ki ekri liv ki rele Desalin lan, rapòte tou, rezon ki fè Desalin vin pote siyati Desalin, nan plas Duclos, se paske  Duclos te vann Janjak ak yon nwa lib ki te siyen  Desalin. Depi lè sa a, Desalin te vin pote non Janjak Desalin. Berthony Dupont raple nou tou, nan epòk sa a pi gwo lawont ki ta kab tonbe sou yon esklav, se wè propriyetè li, ki Blan, al vann li ak yon nwa lib ki  genyen dwa achte esklav.

Sepandan, ant Janjak epi nouvo mèt li a, yon moun nwa parèy li, te genyen yon bon rapò.  Se nan men nouvo mèt li a, Desalin vin aprann metye chapant.

Rezon ki fè Duclos te vann Desalin, se paske Desalin te yon esklav rebèl. Li pa te janm vle soumèt li.  Sa te lakòz Desalin pase anpil mizè epi li te manje anpil kout fouwèt nan men mèt li.

Nouvo  mèt Desalin lan, kwake li te yon byenfetè pou Desalin, te genyen anpil pwoblèm ak konpòtman rebèl misye .  Se konsa yo rapòte, yon jou li te di Desalin : « Ou se yon bon travayè, men ou se yon move chen.»

Se nan epòk  Desalin te ap travay ak nouvo mèt li a, li al rantre an kachèt nan ekip ki te ap goumen pou liberasyon masyonal  tè Ayiti a

Nou dwe konsidere aksyon revolisyonè Desalin lan tankou aboutisman batay tout ansyen revolisyonè ki te abitye leve kanpe kont sistèm esklavay, soti sou endyen ki rele Kawonabo a pou nou rive sou Boukmann san nou pa bliye Makandal.  Konsa, lè gen konpatriyòt ki ap di : yo se louvètiryen. Yo pa desalinyen, nou kab di yo pran nan mera lavay sèvo peyi kolonyal yo, paske Tousen ak Desalin se degouden ak senkant kòb, egal-ego, nasyonal-nasyono. Yo se marasa nan mantalite yo pou yo chanje sistèm esklavajis la. Tout moun ki ap ankouraje nou chwazi kan ant Desalin ak Tousen, se moun ki ap divize nou pou yo kab rete dyanm nan plas kolonizatè yo. Nan ka sa a, nou sonje konfizyon Blan meriken ap mete nan mitan nwa meriken yo, paske Blan  yo ap ankouraje Afwo-ameriken yo chwazi ant Martin Luther King epi Malcom X.  Poutan, se batay Pastè Martin Luther King epi batay Malcom X, bradsi bradsou avèk batay Tousen epi Desalin san bliye Endyen yo, ki pèmèt jounen jodi a pitit Lafrik yo kontinye ap agrandi chemen liberasyon an pou mounn nwa toupatou sou latè tankou anndan Etazini. Konsa, si nou rete nan divizyon, rale dra a mete li sou bò nou sèl grenn, se nou tout ansanm ki ap pèdi.  Konpòtman de grenn gòch, se konpòtman konze, ki te vann Chalmay Peral pou yon ponyen lajan. Lajan se yon nesesite, men pyèsmoun pa dwe kite lajan fè li danse.

Daprè Berthony Dupont nan liv li a ki rele Jean-Jacques Dessalines, yon liv tout moun ta dwe li, Desalin se sèl militan ki te patisipe nan seremoni Bwa Kayiman an epi ki rive wè abolisyon sistèm esklavay la.

Karyè militè Desalin kòmanse nan ane 1792, lè rebèl yo te fache kont  komisè kolonyal la, epi yo te deside al pote  fòs ponyèt yo bay Lespay.  Se nan epòk sa a Desalin al kole zèpòl ak kèk lòt revolisyonè, kote nan bon jan batay, yo te rive okipe plizyè vil ki te anba labànyè Lafrans.

Apre yon  batay ki te fin fèt Mòn Pele, Desalin te blese nan pye.  Kwake li te blese, li te monte cheval li epi li te kontinye ap goumen.  Lè Tousen te fin asiste kalite devouman sa a, li te rele Desalin, epi li te ba li grad Kapitèn.  Apre kèk ane nan  batay sou kòmandman Tousen Louvèti, Desalin vin genyen  tit ofisye nan lame Sendomeng lan.  Epi, se la tou Desalin vin pran tout eksperyans li te bezwen  pou li te goumen jouk mayi mi. Sa vle di, jouk li te rive libere tè Ayiti anba men Lafrans.

 

Michel-Ange  Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Manm Sosyete Koukouy Kanada, manm Akademi Kreyòl Ayisyen.

michelangehyppolite@rogers.com