Lang ak kilti se Marasa – Ak Michel-Ange Hyppolite

]

15 Oct, 2020

Lang ak kilti se Marasa

Ak

Michel-Ange Hyppolite

Depi alapapòt,  apati tit prezantasyon an, nou deja angaje nou nan yon chan kiltirèl ki pa nou ak mo marasa a.

Lang se mwayen kominikasyon, se an menm tan yon elaman kiltirèl. Kilti nan sans nou vle pale sou li jodi a, se antwopoliji, vivasyon moun, se konpòtman sosyal, sisyolojik, elatriye. Lè mwen rive sou mo marasa a, mwen kab di nan sosyete mwen frekante yo, se  Ayisyen, desandan Lafrik ginen, ki sèvi ak mo marasa a, yon kondisyon kote de moun fèt ansanm, epi ki plake li nan divès lòt sitiyasyon: zanmitay, lanmou, espirityèl elatriye. Nan tout ale vini afektif oubyen sentimantal sa yo, mo marasa a toujou rete avèk menm  makfabrik li sou plan semantik, kote li makònen ak nosyon ansanm lan, nosyon de nan yonn lan. Sa vin mennenn  nou sou teren antwopoloji, kote fason noumenm Ayisyen nou viv mo marasa a, Makonnen ak pratik kiltirèl nou [PWEZI].

Lè nou konsidere lang kòm yon eritay kiltirèl, nou kab di: lang nou se nou, nou se lang nou. Lang nou ede nan fondasyon  karaktè nou epi anmenm tan an, nou la pou nou fòme lang nou, devlope li, mennen li nan tout nivo nan lavi nou.

Lang nou se yon pantak, yon vèvè ki pèmèt nou rekonèt ki moun nou ye.

Lè mesyedam, ki te ekri Konstitisyon 1987 la, gouvènman jounen jodi a vle chanje ilegalman an, te di:  «kreyòl se sèl lang ki simante tout Ayisyen», yo te konnen sa  yo ta pe di. Pi plis toujou, pa fouti genyen yon verite ki plis verite pase pawòl fondamantal sa a. Se sèten, nou eksperimante verite sa a prèske chak jou. Si byen, pi bèl fason pou nou sonde yon moun , sou ayisyènte li,  mwen di li byenn sonde, se mande li: Si li pale kreyòl. Pi plis toujou, degre ayisyen moun nou ap pale ak li a pral pran grad. Li pral pran grad apati fason li mache konpa lang lan pandan li ap pale epi nan kadans langay li. Nou kab wè mwen nonmen non konpa ak kadans, yo pa inosan. Yo rantre toujou nan asosyasyon lang ak kilit.  Yon moun ki Ayisyen, ki ta pe viv nan yon sèten epòk anndan peyi a, ap deja mache nan lespri li, yon dal reyalite ki mache ak de mo sa yo (konpa epi kadans). Yo kab menm wè tèt nan yon ri kèlkonk anndan Pòtoprens nan tout kalite aksyon, depandan laj yo. Remak sa a, mwen fenk fè la a, pèmèt mwen voye pousyè nan pwa yon moun ki pa Ayisyen oubyen ankò , voye dlo pou mwen mouye moun ki nan gwoup laj ki fèt apre ane 1960 yo. Moun sa  yo ap di nan kè yo, mwen pa konnen anyen nan koze Kaptenn lan ap pale la a. Kaptenn lan ap manyen eritay kiltirèl nou nan yon espas anndan Ayiti pandan li ap itilize kèk pwovèb kreyòl ki byen mate.

Kisa li vle montre? Li ap demontre nan yon fason pratik: Lang ak kilti se marasa. Kilti Kaptenn lan ap pale la a, se pa bèl reponndong lakonesans non. Li vle chita prensipalman sou kèk eleman sosyal ki ta pe brase nan Pòtoprens nan ane 1960 yo. Poudayè, menm pandan Kaptenn ap mate koze sa yo, limenm tou, li genyen feblès pa li, paske  soti 1972 rive jounen jodi a, genyen reyalte sosyo-kiltirèl ki make lang kreyòl la anndan Ayiti, Kaptenn pa konnen, paske li pa pe viv sou teren an chak jou ki jou, pou li rive eksperimante oubyen viv avèk chanjman sa yo.

Annou kontinye trese riban ak lang lan, yon nèg ki grandi sou Bèlè nan Pòtoprens, menm jan ak mwen, ap deja wè yon gwoup moun ki ap fè wonn yon poto, ki genyen riban tout koulè ki tache ladan, epi moun yo ap danse, yo ap fè laviwonn poto a san yonn pa frape ak lòt. Kidonk, itilize mo trese riban an nan fraz sa a pa inosan. Mwen vle ranmase yon reyalite sosyokiltirèl epi rantre ak li sou teren literati.

Wi, nan kontinye trese riban avèk tèm lang epi kilti se marasa a, mwen pral debouche sou  nosyon Serge Fuertès rele: dyalèk mastèbrenn, dyalèk  mpe, dyalèk kinay, elatriye. Alaverite, Plis nou anrasinen nan kilti Ayiti a,  se plis nou ap kab di, avèk asirans, apati kèk mo kle ki nan fraz yon moun, nan ki zòn nan peyi a, li sòti. Si moun lan di nou: M pe di ou sa lontan, ou pa tande. M pe sa a, siyale nou moun lan soti nan sid peyi a. Si moun lan di nou: Sa a se ki nan m. Nou konnen li soti oubyen li pase yon tan nan zòn nò peyi a. Konsa, fason  moun lan pale a, mo li itilize yo, deja di nou, moun lan soti nan yonn nan branch kiltirèl ki anndan peyi a, paske chak rejyon yo anndan peyi a (Ayiti) genyen patikiralarite pa yo sou plan kilinè, ki limenm tou genyen yon dominans kiltirèl anndan li.

Annou rapousuiv. Lè Langichat di nou nan yon blag: Mwen rankontre yon moun sou wout Petyovil oubyen lali, epi moun lan di li: Languichat mete ma anba epi li reponn moun lan: kote pen ou? Si ou pa genyen yon fib kiltirèl ayisyen, ou pa pe rive konprann blag la. Konsa, pandan moun ki genyen konpetans kiltirèl milye ap ri, oumenm ou ap rete frèt epi ou ap santi ou raz, paske ou pa konprann.

Lè Jan Mapou di: Placide ou ap pran devan, mwen ap pran dèyè.  Se sèten li ap pale de pozisyon, men pozisyon an depandan fason moun lan pwofonde nan lang kreyòl la, pozisyon sa a a kab genyen  yon konotasyon seksyèl pèvè nan lespri moun lan. Sa kab ekivo ak sa nou ta kab rele 2 pou yonn.

Lang ak kilti se marasa, men konn gen moman, gen langay ki konn gen efè retire trip mete pay. Sa vle di,  eseye retire sa ki natirèl  nan fondas kiltirèl la epi ranplase li ak sa ki atifisyèl. Sa rive, lè moun ki ap pale a oubyen ekri a, fè yon fopa kiltirèl volontè avèk lide pou li satisfè yon ideyoloji kèlkonk. Depandan entansite fopa a, nou kab menm pale de denannantize. Retire nanm. Demanbre nan sans franse mo a. Paske yon demanbre nan kilti ayisyen an se yon espas pou espirityalite lafanmi.

Genyen yon Ayisyen natif natal ki amize li ekri ayabonbe, pou li eksprime kontantman li. Sepandan, chak fwa li ekri ayabonbe, nan lespri mwen, se ayibobo li vle di, men kondisyon sosyal li anpeche li sèvi avèk mo ayibobo a. Nou pa dwe bliye sa, lè nou rantre nan relijon, yon kilti ka toujou eseye anvayi yon lòt. Se menm jan an tou, moun ki genyen plis nannan yo. Moun ki genyen plis kran yo ka pran sa nou genyen nan kilti natif natal nou an epi pote boure nan relijon katolik la. Nou va sonje  Pè Joseph Augustin (Papi Djo)  ki travay, fè kanpay pou li rantre tanbou nan  legliz.  Anndan yon aksyon li te rele Tanboula. Tanbou sa yo, se pa tango oubyen vals yo ta pe jwe. Se kadans vodoun yo, yo ta pe bat anndan legliz la.

Pandan gen moun ki ap bay kann pou banbou oubyen zannana pou sizàn, nan twoke mo vodoun ak mo ki gen aparans vodoun menm lè andan yo se vodoun ki ap mate, genyen lòt  moun ki ap kreye chemen pou yo bay vodoun an menm plas li genyen anndan fidèl yo nan legliz kote fidèl yo ale chak jou a.

Nan prensip zannana pou sizann lan, se kilti peyi nou an ki ap dechte sou pye. Sa vle di, ki ap mèg sou pye. Si pratik sa a rive pran pye toupatou epi konsyanmman,  san pyès moun pa denonse li, se wè nou va wè eritay kiltirèl pwofon nou yo ap mouri nan mitan nou. Epitou, jenerasyon ki nan wout ap vini ap pèdi tout fòs kiltirèl noumenm nou genyen jounen jodi a pou yo asosye tèt yo ak yon reyalite depaman ki ap twoke chay pou kò

Mo Ayabonbe a, menm lè li ta vle sonnen menm jan ak ayibobo, pa genyen menm valè semantik avèk Ayibobo. Ayabonbe daprè Jeannot Hilaire nan  L’Edifice créole  en Haïti : Soubassement amérindiens, vle di:« plutôt la mort que l’esclavage» Yo di pèp nan epòk la te rantre pawòl sa  yo nan yon chante. Kidonk, se pa yon apwobasyon ni yon kontantman, se yon pawòl rezistans. Konsa, nan twoke Ayibobo pou Ayabonbe nou ap pase akote yon reyalite nou ta genyen tout enterè pou nou rann pi dyanm paske li konekte nou dirèk dirèk ak manman Lafrik.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)

Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy

Manm Akademi Kreyòl Ayisyen

♦♦♦♦♦