PWODIKSYON YON GRAMÈ KREYÒL Yon ranmase ak Michel-Ange Hyppolite

]

4 Jul, 2020

Nou envite tout moun li atik sa a Kaptenn pibliye nan semenn nan sou «Haiti En Marche». Se yon pwojè ki nan tèt REKA depi lontan. Lide a lanse ankò, n ap tann reyaksyon pa w: reka@kreyol.org.

PWODIKSYON YON GRAMÈ KREYÒL
Yon ranmase ak Michel-Ange Hyppolite

Nou pa konnen nan ki dat premye premye gramè nan lang kreyòl Ayiti a te pran lari. Depi nan kòmansman ane 1980 yo te deja genyen materyèl ki pote non gramè kreyòl ki te ap sikile. Sepandan, nan ane 1977, Doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou) te pibliye yon Gramè Kreyòl Konpare nan Koleksyon Koukouy. Men, sa pa te anpeche, rive nan ane 2004, te gen kreyolis kou Jafrikayiti, Lionel Hogu, Laude St-Preux ak anpil lòt ankò, sou REKA ( Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen) sou granchemen  savwa a, ki  te vle rantre Ayiti pou yo te al fè yon kolòk sou pwodiksyon yon gramè kreyòl nan lang kreyòl la. Pwojè ekip REKA a te echwe, paske te vin genyen deblozay 2004 yo, nou tout konnen yo, ki kite mak yo sou peyi a jouk jounen jodi a.

Entansyon ekip kreyolis sa a, nan moman an, se te konekte avèk FLA (Fakilte Lengwistik Aplike)  pou yo te wè nan ki fason rèv sa a ta vini yon reyalite.

Jounen jodi a,  2020 sa vle di,16 lane pita, genyen yon pa ki fèt epi ki vin mete yon plis nan ekwasyon pwodiksyon gramè kreyòl pou lang kreyòl ayisyen an, epitou vin genyen  kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen ( AKA)  nan ane 2014.  Sepandan, rèv gramè a toujou rete vivan. Genyen tout kalite rezon ki kab lakòz. Nan sans, genyen anpil liv ki rele gramè, men sanble yo poko rive satisfè tout ekzijans yo.

Se rezon sa a ki lakòz, mwen te pale avèk plizyè zanmi kreyolis pou mwen konnen opinyon yo sou koze gramè kreyòl la. Pami yo, nan lòd, mwen resevwa mesaj yo, genyen: Didaktisyen Jobnel Pierre, pwofesè Yvon Lamour, pwofesè alaretrèt Lionel Hogu, pwofesè kreyòl Jean-Robert Placide epi akademisyen Samuel Jean-Baptiste, anseyan.

Pou mwen te louvri lavwa, mwen te di:

Zanmi yo, genyen plizyè kalite gramè ki ekziste:

Gramè: deskriptif, jeneratif,transfòmasyonèl, tradisyonèl, modèn,elatriye.

Daprè konpreyansyon pa nou, kòm kreyolis, kòm moun ki nan domèn fè lekòl,  epi daprè bezwen lang kreyòl la anndan sistèm lekòl la nan peyi a, mwen ta renmen nou di mwen, ki kalite gramè, ki ta pi bon pou Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) pwodui epi pouki sa?

Se pa yon deba sou gramè kreyòl, ki enterese mwen, se lide nou genyen sou sijè a ki enpòtan pou mwen.

Mwen di nou mèsi davans pou kèlkeswa lide nou pral pataje ak mwen an.

Moun, ki ap li lis non pwofesè ki parèt la yo avèk lide pou yo chèche egalite ant fi ak gason, ka remake pa genyen pwofesè fi nan lis la. Se pa mande non, mwen pa te mande, men sanble yo pa te gen tan pou yo reponn.

♦♦♦

 Jobnel Pierre

Anseyan nan Monreyal

Manm Sosyete Koukouy Kanada

Kesyon sa a se yon gwo kesyon. Nan domèn gramè genyen plizyè kouran. Si nou ta pran monn frankofòn lan mwen plis konnen, genyen:

  1. Gramè akademi franse a. Lekòl pa sèvi ak li vrèman, paske li se yon gramè elitis. Sètadi, se yon gwoup moun ki chita anndan nan yon chanm ki ekri gramè sa a, epitou ki enpoze gramè a. Li pa pran ankont reyalite elèv yo.
  2. Gramè lengwis yo. Se yon gramè ki bon epi ki pran ankont reyalite fonksyònman lang lan. Gramè sa yo, yo pa sèvi ak yo lekòl, men anseyan yo enspire nan gramè sa yo pou yo transmèt konesans bay elèv yo.
  3. Gramè grameryen. Gramè sa a se yon grameryen oubyen yon didaktisyen ki ekri li. Kategori gramè sa a pran an konsiderasyon reyalite elèv yo, paske jeneralman, se moun k ap anseye ki ekri gramè sa a. Kalite gramè sa a pran sous li nan modèl gramè lengwis yo. Kidonk, se pi bon gramè. Sa pa vle di li pa genyen feblès.

Alòs, opinyon mwen sou kesyon an, fòk gramè akademisyen ayisyen yo ta modèn (nouvèl). Men, èske l ap mache nan lekòl yo. Mwen pa kwè. Paske, souvan tankou jan li pase an Frans, gramè akademisyen yo pa mache.

Kidonk, mwenmenm, mwen se didaktisyen. Mwen panse yon bon gramè ta dwe modèn (nouvèl), setadi, yon gramè ki pèmèt timoun yo devlope kapasite yo pou yo dekri lang nan. Anplis, fòk ta genyen yon kolòk ki fèt sou reyalite jan yo anseye lang kreyòl la an Ayiti.

 Jobnel Pierre

♦♦♦

 

Yvon Lamour

Anseyan alaretrèt, manm Konsèy Konsiltatif

Akademi Kreyòl Ayisyen an

Manm Sosyete Koukouy nan Boston

 

Kaptenn ak lezòt yo- Mwen t al fè yon ti pwomnad nan jaden gramè, se pa ni de ni twa kalite mwen jwenn. M ap voye 10 sa yo pou nou. N a voye je sou yo. Anfòm, Yvon.

 

        Pwomnad nan jaden gramè

        10   KALITE GRAMÈ 17  JEN 2020

GRAMÈ KONPARATIF fè analiz ak konparezon chapant gramè lang moun pale, epitou li etidye rapò  lang yo genyen ant yo. Poutèt gramè konparatif okipe  kesyon kapasite chak moun genyen pou li aprann lang manman ak papa li (L1), li se yon teyori ki chita tou sou relasyon tout lang genyen ant yonn ak lòt.

GRAMÈ JENERATIF anglobe règleman konsènan chapant ak entèpretasyon tout fraz moun ki pale yon lang dakò ki fè pati lang lan. Se yon teyori ki abòde konpetans lengwistik kidonk kapasite ine moun ki pale yon lang genyen nan yomenm ki pèmèt yo pale, konprann, entèprete pawoli nan lang lan.

GRAMÈ MANTAL se gramè jeneratif ki abite anndan sèvo moun epi ki pèmèt moun ki pale yon lang pwodui langaj lòt moun parèy li ki pale lang lan tou ka konprann.

GRAMÈ PEDAGOJIK okipe analiz gramatikal ak enstriksyon ki fèt pou elèv ak etidyan k ap aprann dezyèm lang (L2). Nosyon gramè pedagojik sa a konn genyen plizyè dimansyon. Pi souvan, li konn vle di (1) pwosede pedagojik konsènan itilizasyon kèk eleman nan dezyèm lang lan (L2) ki fè pati metodoloji pou ni anseyan, ni aprenan lang (L2) a; (2) kontni pedagojik ki ale jouk nan sous enfòmasyon L2 a pou jwenn resous ak referans pou pedagoji a; (3) makònay pwosede ak kontni.

GRAMÈ PÈFÒMANS chita sou deskripsyon sentaks lang lan menm jan ak moun ki pale lang lan konn itilize yo nan konvèsasyon ak tranzaksyon. Pèfòmans gramatikal moun ki pale lang lan santre sou jan moun nan pwodui langaj; moun nan bezwen pwodui langaj anvan nou ka mezire si li konnen oswa konprann lang lan.

GRAMÈ REFERANS dekri gramè yon lang ak eksplikasyon tout prensip ki regle konstriksyon mo, ekspresyon,pwopozisyon ansanm ak fraz. Genyen modèl gramè sa yo nan lang angle.

GRAMÈ TEYORIK etidye eleman esansyèl nan kenenpòtki lang moun pale. Gramè teyorik la oswa nosyon sentaks la baze sou moun ki vle suiv epi aplike règ gramè lang lan fòmèlman, desanpousan menm, epitou ki toujou ap prezante agiman ak eksplikasyon syantifik pou kore tèl pozisyon sou gramè kont tèl yon lòt pozisyon pito.

GRAMÈ TRADISYONÈL se yon rasanblaj règ ak konsèp gramè konsènan chapant yon lang.Tandans gramè tradisyonèl se tabli yon latriye preskripsyon k ap dikte moun ki jan pou yo pale epi ekri yon lang kòrèteman. Gramè tradisyonèl plis baze sou ki sa kèk moun fè ak yon lang, epi ki sa yo ta dwe fè ak lang lan, dapre yon seri règ fiks ki gentan tabli.

GRAMÈ TRANSFÒMASYONÈL devlope teyori gramè ki bati lang anba zouti transfòmasyon lengwistik ak chapant ekspresyon. Anndan teyori gramè transfòmasyonèl la, ‘règ ak règleman’ pa vle di enpozisyon otorite, men pito prensip ki ede moun ki pale yon lang konnen epi suiv lè y ap pwodui fraz epi enteprete yo tou. Règ ak règleman se zouti pou bati fraz ak bout moso fraz moun yo aprann kòm moun  ki leve ap pale epi benyen nan lang lan depi yo te ti katkat.

GRAMÈ INIVÈSÈL se yon latriye kategori, operasyon ak prensip nou jwenn nan tout lang moun pale, epi rado sistèm sa yo ekziste nan sèvo ak sèvèl tout moun alawonnbadè. Tout prensip lengwistik gramè inivèsèl sa yo, lè yo rasanble ansanm, yo montre ki jan sèvo/sèvèl chak moun fèt pou moun ka aprann lang.

REFERANS:  Richard Nordquist   10 Types of Grammar (and Counting) :  Different Ways of Analyzing the Structures and Functions of Language   April 2018.

♦♦♦

 

Lionel Hogu, pwofesè alaretrèt

Pwofesè Kreyòl

Animatè REKA (Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen)

Nouvo Gramè pou lang panyòl la  dwe sòti nan yon repètwa lajman laj tèks tout nati, tout jan epi trè divès (literè, redaksyon esè, syantifik, jounalis ak oral), se la pou  pi gwo majorite plis pase karant mil egzanp yo soti. Lis tèks yo nou site la a dwe soti nan tout peryòd ak nan tout zòn, kote moun pale Panyòl, se youn nan pi gran ranmase ki fèt nan yon etid lengwistik nan Panyòl.

Se tradiksyon Google m revize. Sa vle di, ranmase tout sa ki pibliye ak anrejistre jan pèp la pale a se ta premye demach yon akademi anvan li eseye tabli gramè, mete regleman sou lang lan. Se reflechi n ap reflechi!

Lionel

♦♦♦

Jean Robert Placide

Pwofesè fransè kòm dezyèm lang 

Manm Konsèy Konsiltatif la

Manm Sosyete Koukouy Kanada

 

Placide kwè, gramè AKA ap prepare a  dwe fèt pou elèv lekòl epi daprè gramè modèn yo. Gran piblik la ki pa familye ak eleman ki nan gramè modèn lan va oblije adapte li ak sitiyasyon an. Sa ki enpòtan, se elèv yo. Se yomenm ki reprezante lavni lang kreyòl la.

 

♦♦♦

Samuel Jean-Baptiste

Manm Akademi Kreyòl Ayisyen

Pwofesè lekòl

 

Bonjou Kaptenn, bonjou tout kòlèg,

Mèsi Kaptenn pou tout enfo sa yo ou pote pou nou.

Sou kesyon kalite gramè Akademi an gen pou li pwodui a, mwen pa kwè se yon gramè pou elèv lekòl li dwe ye.

Youn nan rezon yo, se paske ou pa kapab gen yon gramè inik pou tout nivo eskolarite yo: 1e, 2e, 3e sik fondamantal. Chak nivo mande apwòch pa li, kontni pa li, nivo lang pa li, prezantasyon fizik pa li, ets. Akademi an pa gen vokasyon pou li fè liv pou elèv lekòl.

Yon dezyèm rezon te kapab: Akademi an pa reskonsab evalyasyon/validasyon liv lekòl. Se Edikasyon Nasyonal, atravè DCQ, ki gen reskonsablite sa a. Malgre sa, MENFP pa gen pouvwa pou li enpoze yon liv gramè pou tout elèv nan tout lekòl nan peyi a sèvi. Li gen reskonsablite pou li evalye, valide, otorize TOUT liv lekòl ki pibliye pou anseye gramè nan lekòl yo.

Anplis, èske Akademi an ta pral fè elèv lekòl yo kado gramè sa a, oswa èske li ta pral antre nan konkirans ak “mezon edisyon” liv lekòl yo?

Travay Akademi an, nan sa ki regade sijè sa a, pou mwenmenm, se elabore/pwodui yon liv gramè jeneral REFERANS pou lang kreyòl ayisyen an. Liv/Dokiman sa a pral sèvi referans: pou otè ak editè k ap fè liv gramè pou elèv lekòl, pou DCQ/MENFP nan kad travay li genyen pou l evalye, valide, otorize liv lekòl yo, pou gran piblik la, sitou sila yo ki enterese nan kesyon gramè lang la, pou yon rezon oubyen yon lòt.

Mwen rete la.

Samuel JB

Pou nou fini, mwen voye konplliman pou tout moun ki te patisipe nan travay brase lide sa a.

 

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwoujss)

Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy

Manm Fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen

♦♦♦♦♦

Lis gramè ki parèt pi ba a pa konplè, paske li pa konsidere rechèch ki fèt sou kèk pwen espesifik nan gramè kreyòl Ayiti a epitou ekip ki prepare lis la ap kontinye chèche lòt gramè pou yo agrandi lis la.

 

Lis preliminè Gramè Kreyòl

(Lòd alfabetik)

Féquière Vilsaint ak Samuel Jean-Baptiste, 27 jen 2020

Alleyne  Mervyn, Syntaxe Historique créole, Karthala, 1996

Berde Fedexy Jockey, Gramè deskriptif Kreyòl Ayisyen an, Jebca Ministry, 2015

BNA Biwo Nasyonal Alfabetizasyon, Gramè Kreyol, 1991

Damoiseau Robert, Eléments de grammaire comparée Français / Créole Ayisyen, Faculté de Linguistique Appliquée, UEH, Karthala, 2002

Dejean Yves, An n etidye lang kreyòl la, Edisyon Demen Miyò, 1995.

Derose Volvick Easy Creole Grammar: Gramè Kreyòl Fasil, 152 paj, CreateSpace Platform (8 out, 2015)

Desnoyers Montès Gérard, La langue créole d’Haïti, petit guide grammatical, Editions SORHICA, Québec, 2001.

IPN Gramè kreyòl 3èm ane fondamantal (ane ???)

IPN, Gramè kreyòl 4èm ane fondamantal (ane ???)

Jean Baptiste Samuel, Kreyòl sou tout fòm 5è ane fondamantal (ane ???)

Joseph Sauveur Joseph, Ed. Gramè kreyòl dezyèm edisyon Les éditions du CIDIHCA Montréal, 2008

Leblanc Annie, Le statut syntactique des adverbes de temps en créole haïtien, in Revue Québécoise de Linguistique, vol 18 no 2, 1989, p. 173-181

Leger Frenand, Pawòl Lakay: Haitian Creole Language, and Culture for Beginner and Intermediate Learners, Educa Vision, 2e edition, 2018.

Manuelian Helene, Fattier Dominique, L’utilisation des déterminants en créole haïtien, HAL 2011

Maxeau Edouard/Samuel Jean Baptiste Bèl konpa 1e ane Nouvo Segondè

MENFP Fich pedagojik GRAMÈ (ane ???)

MENFP Modil GRAMÈ (ane ???)

MENFP Pwogram kad/Pwogram detaye Kreyòl Nouvo Segondè (ane ???)

Mirville Ernst, Précis de grammaire créole comparée, Bulletin de l’Institut de linguistique Appliqué, Port-au-Prince, 1977.

Noëlsaint Telfort, Manual Para Enseñar El Idioma Kreyòl (An introduction to Haitian Creole for Spanish speaking people. 310 pp., 2009)

Renaud Alix, Pale Kreyòl Manuel d’apprentissage du créole à l’usage des francophones, Garneau-International, Québec, 1994.

Saint-Fort Hugues,  Eleman Entwodiksyon Pou Yon Gramè Kreyòl, New York, 27 jwen 2013 https://sites.google.com/site/berroueetoriol/linguistique/kreyol-ayisyen/grame-kreyol

Savain Roger, Dis Pa Nan Lang Ayisyen An, (ten chapters that present 10 key elements of Haitian Creole grammar.) Educa Vision, 2000

Tardieu Gérard Marie (ak kolaboratè)  Gramè kreyòl 3èm sik fondamantal ak segondè (ane ???)

Trouillot Jocelyne, Kreyòl sou tout fòm 3è sik fondamantal (ane ???)

Trouillot Jocelyne, Kreyòl sou tout fòm 6è ane fondamantal (ane ???)

Valdman Albert, Ann Pale Kreyòl: An Introductory Course in Haitian Creole, Indiana Univ Creole Inst (June 1, 1988)

Védrine Emmanuel, Gramè kreyòl Védrine, Creole Project, 1996, 354 pages