YON ATIK SOU KONFERANS MONTALEBERT BADIO KERSAINT NAN SERI “MADI FLA” FAKILTE LENGWISTIK APLIKE (FLA)

]

18 Jul, 2020

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: DWA LENGWISTIK
Ak Michel-Ange Hyppolite
(Atik sa a te parèt nan "Haiti En Marche" edisyon 15-21 jiyè 2020 • Vol XXXIV • Nº 27)

Madi 7 jiyè 2020, FLA (Fakilte Lengwistik Aplike), nan kad « Mardi du langSé» te prezante nou konferansye Montalembert Badio Kersaint, Normalien Supérieur, (UEH), Traducteur, Maître en Droit International, Université de Montréal.

Tit konferans lan « Le bilinguisme officiel créole/français en Haïti: réalité ou utopie juridique

Mwen ap ban nou yon brèf apèsi  sou kèk pami divès pwen konferansye a te devlope nan prezantasyon li an. Pou yon moun byen konprann tout etandi dosye legal la nan sitiyansyon bilengwis ofisyèl Ayiti a, se Memwa Mèt Kersaint an pou moun sa a ta li.

Pami pwen nou konsidere yo, genyen: Vyolasyon dwa lengwistik nan yon peyi ofisyèlman bileng, transliterasyon, bilengwis diferansye sou plan lajistis, epi kreyasyon Office de la langue nan peyi a,

Alapapòt, Mèt Kersaint, te di tout moun, se te travay Memwa sòti li nan Fakilte Dwa Ayiti, li te ap prezante nou. Li te siyale nou tou, li te ekri pawòl sa  yo depi nan finisman ane 1980 yo, epi jouk jounen jodi a (2020), sa vle di, apeprè 30 lane pi ta, anyen pa chanje nan sityasyon  legal yo sou bilengwis la sou tè Ayiti.

Vyolasyon dwa lengwistik nan yon peyi ofisyèlman bileng

Nan entwodikayon konferans lan, Mèt Kersaint te prezante nou kèk ekzanp peyi ki rele tèt yo peyi bileng, ki te respekte epi  aplike prensip bilengwis yo kòmsadwa nan domèn lajistis. Pi devan, li te mansyonnen kèk ekzanp kote, sou plan jiridik, Leta ayisyen pa te respekte prensip bilengwis la. Yonn ladan yo se manda arestasyon lajistis pwodui pou yo rele nan tribinal moun ki komèt zak, Kòd Pennal la konsidere kòm aksyon kriminèl. Manda yo fèt an franse sèl grenn. Alòske, yon peyi, ki rele tèt li peyi bileng, dwe pibliye yon manda arestasyon nan tou 2 lang ofisyèl li yo. Otreman, manda a pa valab. Yon ka ilegalite ankò, se kote jijman yo ap fèt an franse epi moun yo ap jije a pa kab suiv pwòp jijman li, paske li pa konprann lang reprezantan lalwa yo ap pale a.  Pi plis toujou, an Ayiti, se jij la ki pou adrese akize a lapawòl. Sa lakòz, jij la vin ranpli yon  fonksyon tradiktè an menm tan. Epitou, nan aksyon li an, daprè Mèt Kersaint, jij la fè, sa Mèt Kersaint rele yon transliterasyon. Sa vle di, li fè yon tradiksyon mo pou mo. Nan ka sa a, genyen 2 iregilarite. Premye a,  jij la pa dwe ap fè travay yon tradiktè oubyen transletè, paske li pa genyen konpetans pou sa. Dezyèmman, travay tradiksyon li ap fè a pa pèmèt moun lan konprann anyen nan pwosesis jistis li ap viv la. Rezon an, se paske pawòl yo rive jwenn akize a nan yon jagon legal, ki pa lang pa li ditou.

Transliterasyon

Pandan nou abòde pratik transliterasyon an, nou vle bay yon ekzanp pou nou demontre sa ki rive nan sitiyasyon transliterasyon an. Nou ap chwazi yon ka nan domèn literati. Lè save nan domèn literati ap mansyone kontribisyon ekriven Jacques Stephen Alexis nan literati peyi Ayiti, yo mansyone pwodiksyon li yo ki rantre nan kategori « Le réalisme Merveilleux». Lang panyòl la di: Realismo Maravilloso. Yon moun, ki ta ekri an kreyòl: Reyalis Mèveye epi ki lage mo sa  yo nan mitan yon gwoup moun ki pale kreyòl sèl grenn, sanse fè yon transliterasyon. Li sèvi ak mo kreyòl, men mo kreyòl sa yo pa genyen okenn sans pou moun ki ap tande li yo. Pawòl sa  yo pa reprezante reyalite sosyokiltirèl Ayisyen, ki pale kreyòl sèl grenn lan. Li pa pe janm wè ni pye ni tèt koze a. Sepandan, si tradiktè a pran san li pou li chèche, li kab wè vrè chwa mo ki pou fè mesaj li a byen ateri nan konpreyansyon moun ki pale kreyòl sèl grennn lan se: Reyalite sinatirèl.  Se chwa mo sa yo ki ap rive genyen sans pou inileng kreyòl la. Anfèt, se mo sa  yo tou, nou chwazi nan Sosyete Koukouy pou nou tradui Le réalisme merveilleux Jacques Stephenn Alexis a an kreyòl.

Alòs, nou kab imajine nou, ki kalite tribilasyon yon akize ap sibi lè li chita nan yon tribinal, kote se jagon branch lajistis la ki ap rive jwenn li sou fòm transliterasyon.

Pou nou evite fenomèn transliterasyon an (tradiksyon mo pou mo a) nan sosyete nou an, ekspè nan tout domèn dwe reyini pou yo chèche pawòl klè pou yo tradui  yon konsèp teknik an kreyòl daprè reyalite sosyal epi kiltirèl peyi Ayiti. Pou nou mennen refleksyon sa a pi lwen, nou ap pwopoze pou FLA  mete yon pwogram tradiksyon sou pye pou ekspè nan divès chan konpetans nan peyi a – legal, medikal, sekretaryal, komèsyal, elatriye. Sa vle di, moun ki fin etidye nan yon  branch kèlkonk, ta kab vin nan FLA epi pase de ane pou pi piti, pou li aprann metye tradiksyon, li ta kab al aplike nan branch li fin etidye a. Sa a se sigjesyon pa nou ki pa fè pati pawòl konferansye a.

 

Bilengwis diferansye nan lajistis

Alaverite, ekzanp, transliterasyon an se yonn nan divès blokay Mèt Kersaint te prezante moun ki te ap suiv konferans lan madi pase (7 jiyè 2020).  Mèt Kersaint te parèt tou avèk sa li rele yon bilengwis diferansye sou plan lajistis. Sa vle di, gen yon nivo lajistis ta fonksyone an kreyòl sèl grenn, epi lè nou rive nan nivo lakou kasasyon, moun lajistis yo ta kab pale franse.

Noumenm, ki ap rapòte pawòl sa  yo la a, nou kont lide bilengwis diferansye a. Sa ap kreye yon sosyete avèk 2 vitès sou plan lajistis. Yon vitès popilè nan espas yo rele tribunal de paix yo, epi yon espas lelit nan nivo Cour de cassation. Pwopozisyon sa a pa apwopriye, paske li ap kontinye ranfòse prejije epi inegalite nan peyi a sou plan lengwistik. Genyen sifizamman konpetans nan peyi a pou Leta respekte prensip bilengwis ki nan konstitisyon peyi a. Epitou, kreye travay,kondi Mèt Kersaint, pou plis pase 30 lane nan branch tradiksyon. Sa pral mennen nou pi lwen toujou. Nou ap ajoute, nan kondisyon sa a,medikaman avèk lòt pwodui etranje ki ap rantrre nan peyi a, ta fèt pou yo genyen fason pou moun sèvi avèk yo. Pawòl sa yo dwe ekri an kreyòl.  La a ankò, se yon lòt sous anplwa. Tout tan, nan sosyete nou an, nou poko kab rive demontre moun ki konnen lang kreyòl an pwofondè, se yon richès pou peyi a, moun ap toujou konprann aprann kreyòl, antre kreyòl nan tout nivo konesans nan peyi a se tan pèdi. Tankou nou abitye di li, epi nou kontinye ap di li: «Lang kreyòl pa gen limit. Se moun ki ap sèvi ak lang lan ki limite.»

Nou ap kontinye pou nou di, konferansye a pwopoze pou nou adapte pawòl ki nan domèn legal yo an kreyòl oubyen nou kab esplike yo pou moun ki pale kreyòl sèl grenn yo kapab konprann yo. Mèt Kersaint di nou tou: si nou di nou genyen yon peyi bileng, nou dwe aji tankou yon peyi bileng. Ekzanp, li site plizyè fwa, kòm modèl peyi bileng, se ekzanp Kanada. Anfèt,  konferansye a di li aklè: «nou dwe respekte prensip fondamantal ki mache ak bilengwis la nan tout nivo nan sosyete nou an. Otreman, nou ap rantre nan ilegalite.» Poudayè, depi apre peyi a te fin vote konstitisyon 1987 la, tout papye tenbre Leta yo ta dwe ekri nan de 2 lang ofisyèl peyi a. Dekrè lwa, akò, elatriye, tout ta dwe ap sikile nan 2 lang yo sou tè Ayiti. Lefèt, sa poko janm rive fèt nan peyi a, rann tout papye Leta yo illegal.  Konstitisyon amande a, limenm tou, li illegal. Pou nou evite kondisyon ilegalite sa a , ki kwoke sou do peyi a, tout dokiman yo dwe rantre lachanm nan 2 lang ofisyèl yo nan peyi Ayiti. Palemantè yo dwe analize yo, kritike yo, vote yo an menm tan nan 2 lang ofisyèl yo. Peyi a dwe pran tout dispozisyon pou li retire tèt li nan sitiyasyon ilegal sa a. Plis genyen dokiman ki ap fèt an franse sèl grenn, se plis peyi a ap anfonse tèt li nan yon sitiyasyon, Mèt Kersaint konsidere tankou yon Utopie juridique. Fòk sa sispann epi genyen mwayen pou sa sispann. Sepandan, pou sa sispann, fòk enstitisyon Leta kou: Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), Fakilte Lengwistik Aplike a (FLA), Ministè Lakilti ak Kominikasyon, Ministè edikasyon, elatriye kreye yon espas travay pou kalite travay sa  yo kapab fèt.

Kreyasyon yon office pour la langue

Pandan konferans lan,  lè Mèt Kersaint te rive nan nivo, kote pou tout dokiman Leta yo ta tradui nan de lang ofisyèl yo, li te mete yon dout sou AKA, kòm branch Leta ki okipe koze lang. Li te di: « Li pa konnen si AKA kapab reyalize kalite travay sa a.» Li te pwopoze yon Office de la langue. Bò kote pa nou, nou kwè AKA kapab, men fòk Leta ba li mwayen. Kondisyon AKA ap viv yo, pa konparab ditou avèk kondisyon ki disponib nan tout nivo, anndan  Office de la langue ki nan Kebèk la.  Konpare posiblite AKA genyen pou li fonksyone avèk resous  Office de la langue française nan Kebèk la genyen yo, se konpare lannuit ak lajounen. Office de la langue française nan Kebèk la genyen Leta ki ap mache avèk li men nan lamen. Leta pa bloke li sistematikman, tankou moun ki ap jere Leta yo sou tè Ayiti ap bloke AKA. Office de la langue lan  nan Kebèk genyen tout kalite resous pou li fè travay li: lajan, ekspè, volonte politik pwovens lan, elatriye. AKA pa genyen yo. Dayè Mèt Kersaint di li aklè: «Ekspè nan domèn dwa lengwistik se yon danre ki ra anpil sou tè Ayiti.» Konsa, prezans ekspè sa yo se yonn nan premye etap AKA ta dwe kòmanse franchi. Se dwa lengwistik yo pou AKA  mete an aplikasyon nan travay li, yon fason pou  li ta sispann ap viv nan kondisyon tanpri souple, epi ki pou anpeche menm Leta sa a kontinye meprize AKA. Poudayè, si tout moun nan peyi a vle sonje, yo va raple yo, se nan goumen, epi nan mitan yon kontèks politik espesyal, prezidan Michel Martelly te siyen lwa  pou kreyasyon AKA epi voye li nan Le Moniteur. Nou dwe sonje tou,  jou entwonizasyon Akademisyen yo, 4 desanm 2014, prezidan an te bay AKA  koutba. Premye Minis K-Plim,  ki sèvi ak lang kreyòl nan pyès teyat, ki te fè repitasyon li nan peyi a, TE BAY AKA KOUT BA tou.

Moun kab toujou kritike AKA. Se kritik ki fè moun kou enstitisyon avanse. Men, atansyon,  kritik sa  yo  dwe fèt apati analiz an pwofondè, pandan moun ki ap kritike yo ap mete tout kondisyon operasyonèl yo anba loup travay kritik yo ap fè yo.

Jiskaprezan (6 ane apre inogirasyon AKA.) dosye anpliyasyon pou Akademisyen yo nan tanpri souple toujou. Sa vle di, li poko kab reyalize. Anpliyasyon an se ekri non tout Akademisyen yo nan Journal Le Moniteur.  Kidonk, mezanmi:  Kritike AKA men kritike li byen, paske AKA chaje ak potansyèl nan divès nivo. Se devlope, pou nou byen devlope yo. Alaverite, tout tan tèt pa koupe, li pa kab dezespere mete chapo..

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)

Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy

Manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen

♦♦♦♦♦