SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY (Dènye Pati)

]

15 Mar, 2020

Bòn Fèt Sosyete Koukouy (4èm epi dènye pati)
Ak Michel-Ange Hyppolite, Frantz (Kiki) Wainwright, Lunine Pierre-Jérome

Sosyete Koukouy Kanada kreye nan ane 1984. Rezon ki fè ekip moun nou te ye nan epòk la te chwazi non Sosyete Koukouy la pou nou nouvo gwoup kiltirèl epi literè sa a, se a akoz prezans Manno Ejèn ki te deja manm Sosyete Koukouy depi Ayiti. Nan moman sa a , defen powèt Julio Jean-Pierre te fè nou pwopozisyon an paske, pou limenm, te dwe genyen yon kontinyite ant sa ki te konn fèt Ayiti ak sa nou ap vle nan Monreyal. Depi 1984 la jouk jounen jodi a, prezans mwen anndan òganizasyon an pa moli. Okontrè, li vin yon fason  pou mwen rapousuiv yon rèv literè mwen an avèk yon vizyon espesifik. Se yon egalitè, nou jwenn nan prensip: Tout moun se moun pa gen moun pase moun.

Pandan nou ap pale sou 54 rekòt kafe Sosyete Koukouy la, nou dwe di, nan Sosyete Koukouy Kanada, prensipal travay nou se reflechi sou fason pou nou renouvle pwezi kreyòl la nan fouye  divès branch  oralti a ak lide pou nou aplike yo nan travay ekri nou yo. Nan sans sa a, nou ap sèvi ak lide manm fondatè yo, (Doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou) Henri Claude Daniel (Jan Tanbou) epi Jan Mapou,  ki te pale de Néo-Indigéniste, pou nou ale ti gout pi lwen; entansyon an se renouvle panse Endijenis lan apati pwopozisyon Manno Ejèn, epi Jean-Robert Placide, ki pwopoze konsèp Kreyolizay la. Se konbinezon mo kreyòl la avèk mo lizay la pou nou genyen yon mo valiz: Kreyolizay.

Kidonk, se tankou defen pwofesè Maximilien Laroche te gen abitid di li: se sèvi ak tout sa nou genyen sou teren natifnatal la pou nou renouvle literati, ki ekri nan lang kreyòl la. Konsa, kèlkeswa moun nan peyi a, ki ap tande oubyen li èv literè ki ekri an kreyòl yo, li va santi se limenm tou, ki an aksyon nan yon lòt nivo nan lavi li. Li va wè se pwòp tèt li, li ap gade nan yon glas ak defo li, kalite li, bonte li, prejije li, elatriye. Se kalite travay sa a nou jwenn nan zèv Moris Siksto, Charlot Lucien, Jeann-Claude Martineau (Koralen). Epitou, pi pre nou, jounen jodi a nan liv  Kont Pascale Millien-Faustin an: Tim Tim: Jaden Kreyasyon, Koleksyon Koukouy (2019).

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) M.Ed.
Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy
Manm Akademi Kreyòl Ayisyen

 

Bòn Fèt Sosyete Koukouy
Ak Frantz (Kiki) Wainwright

18 Desanm 1965, 18 Desanm 2019 sa fè 54 an depi Òganizasyon Mouvman Kreyòl/ Sosyete Koukouy ap defann lanng kreyòl ayisyen an epi pwomouvwa kilti lakay. Toudabò, n ap voye yon gwo koutchapo pou fondatè mouvman kiltirèl e atistik sa a, mouvman ki pi ansyen an Ayiti, se: Dr Ernst Mirville alyas (Pyè Banbou), Jean-Marie Denis alyas (Jan Mapou) epi Henri Claude Daniel alyas (Jan Tanbou). Si gen lidè fòk gen moun k ap suiv. Nan sans sa a, nou vle selebre ansyen manm Sosyete Koukouy ki pa vivan ankò, yo trepase ; n ap site : Henri Claude Daniel, Emile Célestin Mégie (Togiram), Yolande Thomas, Mikette Wainwright, Josaphat Robert Large, Arose Ady, Joceline Charles, Limoné Joseph…

Sosyete Koukouy Miyami ap feraye depi 1985. Nou gen emisyon Antèn Koukouy chak dimanch 8 è pou 9 è sou Radyo Mega 1700 AM. Nou gen emisyon Radyo Lekòl sou WLRN 91.3 FM chak vandredi swa 9 è pou 9:30 ak Jan Mapou. Nou gen Little Haiti Book Fair, nou òganize chak ane nan mwa me, kote NOU toujou envete manm Akademi Kreyòl Ayisyen an avèk lòt save ayisyen vin pataje konesans yo avèk nou nan diaspora a. Anmenm tan an tou, nou  patisipe chak ane  nan Miami Book Fair; kote gen manm Koukouy ki patisipe nan diferan panèl. Nou pibliye plizyè liv an kreyòl. Nou ekri chak semenn nan Haïti en Marche nan yon ribrik ki rele Ti Gout Pa Ti Gout, Sosyete Koukouy An Aksyon. Nou fonde premye Revi Literè kreyòl ayisyen sou non: Pawòl Kreyòl: Revi Literè Sosyete Koukouy. Depi nan ane 1968, nou te nonsèlman derape ak premye rekèy kolektif nan lang kreyòl la, nou derape tou premye konkou literè nan lang kreyòl la.  Zèv powèt ki te leve mayòl nan konkou a, te pibliye nan yon plakèt, ki te rele Choublak ak Kamelya (1968). Konkou sa a te òganize nan okazyon fèt manman. Jounen jodi a, nou tabli plizyè Pri literè, toujou pou avansman lang kreyòl la. Nou genyen Pri Woman Kreyòl Jan Tanbou (Henri Claude Daniel), Pri nan domèn lengwistik, ki pote non Dr Ernst Mirville ( Pyè Banbou), Pri Kominikasyon ki pote non Yolande Thomas, Pri nan domèn pwezi, ki pote non Émile Célestin Mégie (Togiram), Pri pou teyat, ki pote nan Jan Mapou. Tout sa, se pou nou kontinye klere nan fènwa kòm Poto Mitan Kilti  lakay.

Kiki Wainwright, Bakaloreya nan travay sosyal
Prezidan Sosyete Koukouy Miyami

 

Bòn Fèt Sosyete Koukouy
Ak Lunine Pierre-Jérome

Jodi a se yon onè pou mwen pou m di Sosyete Koukouy bòn fèt. Senkannkatran se pa senkannkat jou, se yon tout yon vi ki make ak anpil istwa kè kontan men ak anpil touman tou nan travay li pou li  rive fè lang nou an, lang kreyòl la, pran jarèt nan sosyete nou an, pou li kapab kore kilti nou an djanm. Konsa, se yon gran privilèj pou mwen nan moman sa a pou m rekonèt travay Sosyete Koukouy ap fè tribò babò, sitou isit Ozetazini, kote mwen te gen chans fè konesans ak plizyè manb òganizasyon an nan ane 1990 yo.

Se te yon jou kou jodi a, nan mwa dawou 1991, pou mwen komemore Seremoni Bwa Kayiman, Janjan Dezire ak Kiki Wrainwright, de manb Sosyete Koukouy, te vin patisipe nan aktivite SEDRA (Sant Edikasyon, Dokimantasyon ak Rechèch sou Ayiti te met sou pye. Atravè pwezi, mizik angaje, ak bat bouch yo sou kesyon an, m te gen chans tande pozisyon epi  konprann enpòtans òganizasyon sa a, ki te soude ak kilti lakay. Pi devan, se te nan lakou Miyami, nan Libreri Mapou, m t ap pral fè konesans ak Jan Mapou ak Kaptenn Koukouwouj, epi tandòt lòt kanmarad, lè nou te deside mete kanpe REKA (Rezo Kreyòl Ayisyen). Se nan Libreri Mapou, je m te vin louvri sou richès òganizasyon an, kote tout manb ki te prezan yo te resevwa nou tankou pitit kay.  E, depi nan ane 2000 yo, m vin pi konvenk nan travay Sosyete Koukouy ap fè a, akoz Pawòl Kreyòl :Revi Literè Sosyete Koukouy, ki pèmèt mwen fè lakonesans ak istwa mouvman kreyòl ayisyen, kreyasyon kreyòl ayisyen, ak lòt kozman toujou, ki fè m konprann plas mwen, antan konbatan pou pwomosyon lang nan dwe nan mouvman sa a.

Kidonk, jodi a m fyè pou m di nou menm nan Boston, n ap goumen tou pou Koukouy pran jarèt nan kominote pa nou e konsa Koukouy a kontinye fè chimen li pou li mache klere je pitit lakay, e fè yo konprann ak aksepte,  pa dwe gen wout pa bwa, lang kreyòl la se pa nou, se lang nou, se fòs nou, se idantite nou. Se nan sans sa a, m ap di Sosyete Koukouy ak tout Koukouy alawannbadè, bòn fèt ! Annou kenbe djanm pou vansman lang nou an pou yon sosyete ki pi jis.

Lunine Pierre-Jérôme, Ed.D.
Manm Sosyete Koukouy Boston