SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: PAWÒL KRITIK

]

24 Mar, 2020

Analiz semyotik logo Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)

Ak Marvens Jeanty

Pòt antre

Tout esperyans moun ap fè chita sou siy. Nou ka menm di siy lan plase nan sant sa nou ta ka rele esans langay moun nan. La a, nou ap pale de siy lengwistik (ansanm  mo nan yon lang)  ak siy ki pa siy  lengwistik (imaj, pano siyalizazyon…). Si nou ta rive konsidere yon imaj kòm siy ( yon bagay ki evidan, paske yon imaj se yon siy ikonik), kisa li ka pote nan langaj  la ? Ann raple, yon imaj se yon reprezantasyon vizyèl oubyen mantal sou yon bagay. Bagay sa a ka yon objè, yon moun, yon bèt, yon konsèp, elt). Imaj la tou ka natirèl (lonbray ak reflè) ousinon atifisyèl (penti, fotografi, eskilpti). Men,   kit imaj la ta vizyèl, kit li pa vizyèl, kit  nou ka touche l oubyen ankò kit  li se senpman yon konsèp, li ka gen rapò sou resanblans ak modèl li a, e li ka menm rive fè kò ak li gras ak yon rapò senbolik.

Pou semyotik la se syans ki etidye siy an jeneral, kit se siy lengwistik, kit se pa lengwistik. Kit se ki devlope yon sektè semyotik vizyèl, yo wè imaj la tankou  pwodwi yon langaj espesifik akouche. Yonn nan definisyon pi ansyen nou jwenn sou imaj, se sa Platon te bay la : « Mwen rele imaj, dabò tout lonbraj epi tout reflè nou ka wè nan dlo,  sou nenpòt kò ki opak, oubyen poli, ak tout lòt reprezantasyon ki nan menm fason an ». Pou sa ki gen pou wè ak tip imaj , nou jwenn de (2) : imaj fiks ( fotografi, bann desine, afich, pano piblisite… Imaj anime (fim, emisyon,repòtaj). Ann di,  li te  enpòtan anpil pou n te fè yon ti rale sou konsèp imaj la, men kòm objetik travay la se pa fè istorik « imaj » , ann kontante nou poze kesyon sila a : Si nou ka wè konsèp imaj la tankou yon reprezantasyon oubyen repwodiksyon yon objè ki reyèl,kisa nou ka di pou logo AKA a ? Èske logo a jistifye  imaj la se reprezantasyon yon fòm lengwistik ?

Deskripsyon fizik logo a                                   

Ann raple, AKA se enstans nan peyi Ayiti, ki la pou li mete lòd nan fason moun ap ekri lang lan, epi li kore dwa lengwistik pèp ayisyen an. Konstitisyon 1987, nan atik 213 la, rekonèt egzistans li.

Pandan anpil tan, ekriti lang kreyòl ayisyen an pa te gen okenn règleman ekri , menm lè  nan ane 1940 yo, ansyen prezidan ayisyen an, Eli Lesko, te fè yon tantativ pou li  estandadize lang lan. Sepandan, Li lang lan te vin gen  premye òtograf ofisyèl li nan fen ane 1970 (dekrè lwa 1979), e pa te gen anpil twò gwo travay ki te fèt apre sa pou chita lang kreyòl ekri a yon fason dyanm nan sosyete a.

Jan nou ka wè l nan premye paj la, imaj logo AKA se yon figi jewomwtrik ki gen yon fòm won. Li bay resanblans de (2) sèk yonn anndan lòt. Nan yonn ladan yo, nou jwenn akwonim  AKA ak definisyon li , nan lòt la, nou jwenn yon estati Nèg Mawon. Fontyè chak sèk sa  yo desine an wouj. Ant premye sèk la ak dezyèm sèk la, gen yon espas ki koulè ble. kolore an ble. Se nan esapas sa a, nou li: Akademi Kreyòl Ayisyen -AKA- Nan sant dezyèm sèk la, ki gen yon fon koulè gri pal epi gri fonse, nou obsève yon estati Nèg Mawon an ki gen koulè nwa ak plim yon gwo  zwazo ki gen koulè ble e wouj nan men li. Nan bout anba plim zwazo a genyen bèk yon pwent plim pou moun ekri.  Se pòsyon kat jewografik  zile a, ki koresponn ak Ayiti a ki sèvi tablo pou  pote imaj Nèg Mawon an.

Mesaj logo a charye

Lè otè a te di: Yon imaj  vo plis pase mil (1000) mo, se pa jwe li t ap jwe, paske nou pa janm sispann viv sa nan reyalite lavi a. Konsa, nou ka di, imaj logo a pote  yon mesaj lengwistik, epi pi bon kòd ki ap ka ede nou konprann mesaj sila a se kreyòl ayisyen. Kidonk, pou nou dekouvri epi antre nan nannan mesaj logo a charye,  nou dwe gen konesans  sou lang kreyòl la, istwa li  ak  batay ki fèt pou li rete vivan sou tè Ayiti. Se vre , lè nou gade logo a nou wè AKA ak tout akwonim li ekri ladan, men sa pa sifi kòm mesaj lengwistik. Tout lòt eleman ki pa siy lengwistik yo vle di anpil bagay. Sou plan sosyopolitik ousinon sosyo-istorik, imaj nèg mawon an tradwi anpil reyalite. Li reprezante istwa yon esklav, pandan li t ap kite abitasyon kolon an , ki  te met jenou l atè, panche kò li an aryè pou li soufle lanbi l, ki se enstriman yo te konn itilize pou yo fè tout esklav reyini ousinon pou avèti yo lè gen danje. Kidonk , nan logo a, li ka sèvi pou li reyini tout ayisyen pou fè yo konprann nou gen yon lang, ki makonnen zantray nou , e nou dwe byen konnen l pou nou kontinye batay. Plim zwazo a, ki nan men l lan, gen koulè ble e wouj, koulè drapo n. Li ka vle di, pale lang lan pa sifi, konn ekri l byen se ap yon avantaj anplis. Kidonk, apre n fin reyini pou n pran konsyans lang lan se pa n , se nou k pou ba l valè, bat pou n ekri l byen epi pwodwi ladan l, konsa na va ede lòt nasyon dekouvri bèlte l ak richès  li epi bay anvi aprann li, menm jan sa fèt pou anpil lòt lang. Plim  zwazo a ka vle di tou, nou gen dwa pou n jwenn lenstriksyon, paske esklav yo pa te gen chans sa a. Sitou  konnye la a Ayisyen an gen dwa pou l edike tèt li , e gen ase materyèl pou l ekri pwòp literati l, mete deyò tout emosyon l ak tout sa l panse. Ann presize tou, imaj nèg mawon an raple n pandan anpil tan, nou te nan chenn , menm jan kreyòl la te majinalize. Nan logo a, AKA vle siyale n, menm anvan refòm Bèna a,  nou mennen  gwo konba pou nou mete kreyòl la kote li ye jounen jodi a, e pou konba sa a kontinye, fòk nou tout pote kole. Politik lengwistik la ap pi byen fèt, si gen plis bra. Kat jewografik Ayiti ki plase dèyè nèg mawon an pa inosan nonplis tou, li ka la pou l raple kominote entènasyonal la Ayiti se premye pèp nwa ki libere, e se limenm menm ki vle mennen lang li pi lwen jounen jodi a . Kat la se reprezantasyon n kòm pèp ki granmoun lakay li!  Lè n gad logo a byen, nou wè je nèg mawon an tonbe anba sis (6) lèt ki reprezante mo kreyòl la, sa ta vle di, kreyòl la se lang teritwa Ayiti a. Epi sa ta vle di tou , si toutbon  nou vle peyi n devlope, nou dwe toujou reglemante, elabore, devlope, anrichi lang kreyòl la. Nou dwe toujou gen lang nou avè n. Dayè se li ki yonn  pi gwo zam nou.

Sou plan kiltirèl, logo AKA a di n kichòy tou. Se tankou, li vle raple n : Dezòmè, nou gen yon akademi ki pou reglemante  lang lan ,e nou gen dat ofisyèl pou nou fè kèk seromoni rekonesans (4 desanm 2014 pou dat kreyasyon AKA a, tout mwa aktòb la pou fèt lang  kreyòl, epi 21 fevriye pou fèt lang manman… ). Pou sa, nou ka òganize kèk manifestasyon ki lyannen dwa lengwistik nou  ak kilti n, kote se divès eleman ki nan rityèl ayisyen, ansanm ak revandikasyon sosyo lengwistik yo k ap nan nannan aktivite yo.

Sou plan enstitisyonèl tou, logo AKA di n kichòy. Li raple n AKA se yon enstitisyon, kidonk gen yon ansanm lwa ki reji fonksyònman l. Ann tou presize, se 2 jiyè 2013 de (2) chanm pouvwa a te vote lwa ki rekonèt kreyasyon kokennchenn  enstitisyon sa a. E,  kote k gen lwa , gen sanksyon, la a nou tonbe drèt nan sa semiyotisyen  Charles S. Pierce rele « légisigne» lan, ki se yonn nan twa monn li yo. Nou p ap di plis pou kounye a.

Pawòl pou nou fini

Nan travay sila a, nou tante mennen  yon analiz semyotik sou logo AKA. Yon analiz ki te mete n nan obligasyon  dekri aspè fizik logo a epi pale sou mesaj lengwistik li charye pandan n ap sèvi ak siy non lengwistik yo . Sa ki te vin pouse n  fè yon apwòch sou plan sosyo-istorik, kiltirèl epi enstitisyonèl. Nou konnen travay rechèch pa  janm gen limit. Se pou sa, n ap di travay sila a, malgre tout limit li ka sèvi lòt moun ki entèrese pou di plis kichòy sou sijè a.

Marvens Jeanty, Ayiti
Etidyan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA)
https://kreyoliti.wordpress.com/