Rezo entènèt kreyolis ayisyen
Sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm, se lang kreyòl la. Kreyòl ak franse se lang ofisyèl repiblik d Ayiti (Atik nimewo 5 konstitisyon peyi d Ayiti 1987)
Blòg REKA
KI NOU ?
KI NOU ?
REKA se yon konbit men nan men tout moun ki anmore lang Kreyòl Ayisyen an. Reka se yon zouti pou moun ki vle aprann ak pwodui an Kreyòl. dekwa pou lang nan ka pwogrese enpi jwe wòl li dwe jwe nan devlopman peyi nou an, Ayiti.
ANIMATÈ REKA

MICHEL-ANGE H
Pwofesè syans alaretrèt. Prezidan Biwo Santral Soyete Koukouy. Manm Akademi Kreyòl Ayisyen. Manm Samdi Literè Haitiano-Canadien.

LIONEL HOGU
Anseyan, retrete apre 40 lane travay Ayiti tankou Ozetazini. Espesialis nan anseyman literasi(lekti) L ap viv nan Boston.

LUNINE P. JEROME
Anseyan depi prèske 30 lane Ozetazini. Espesyalis nan ansèyman de lang Kowòdonatè Chiktay Literè. Manm Sosyete Koukouy, Branch Boston.

PIERRE M. CHERY
Enfòmatisyen-jesyonè-ekriven, Manm Akademi Kreyòl Ayisyen, Gànyan Pri Literè Sosyete Koukouy pou woman.

JUDE J. FRANCOIS
Travayè sosyal nan domèn pwoteksyon timoun sa fè plizyè dekad. Manb sosyete koukouy branch Canada Nap viv nan zòn Ottawa.
Kontak
Kontak

Manm Fondatè REKA
Anlè : Laude, Michel-Ange, Mozart,
Lionel, Michel-Ange (2).
Nan mitan: Renote, Jafrikayiti, Jan
Mapou, Gari.
Anba : Féquière, Kiki, Edner, Edner (2),
Lunine, Janjan.