
POWÈT GEORGES CASTERA TRAVÈSE LENTO LAVI
POWÈT GEORGES CASTERA TRAVÈSE LENTO LAVI
[Atik sa a pibliye nan Haiti En Marche nan dat 29 janvye 2020 • Vol XXXIV • N° 03]
Vandredi 24 janvye 2020, ki fenk pase la a, Yvanne- Yanik Etienne anonse tout moun, powèt Georges Castera, Fils fè vwal pou peyi san chapo. Misye te genyen 83 rekòt kafe.
Nou tout ki ap suiv evolisyon pwezi kreyòl la ansanm ak kondisyon lavi powèt aktif nou yo konnen powèt Georges Castera,Fils te malad depi plizyè ane. Avèk lanmò Georges Castera, Fils, nou kab di: pwezi kreyòl la an dèy. Sepandan, rèv powèt la te genyen pou li transfòme lavi pwoletè Ayiti yo kontinye ap fè chemen yo anndan chak liypwezi li te ekri sou papye nan vivan li. Anfèt divès zèv Georges Castera yo se kontribisyon pa li pou lang kreyòl la. Se fason pa Catera pou li demontre angajman yon atisplim nan kan popilè a.
Pi plis toujou, tankou noumenm ekriven Sosyete Koukouy Kanada toujou siyale li, Georges Castera se yonn nan ekriven kreyòl ki gide premye pa powèt kou Manno Ejèn epi Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj). Nan sans sa a, nan Sosyete Koukouy, noumenm tou, nou andèy. Se poutèt sa, Sosyete Koukouy kòm gwoup literè mete vwa li ak vwa tout powèt Sosyete Koukouy yo pou li kriye lanmò Georges Castera, epi li pwofite voye kondeleyans pou madanm Georges Castera Yvonne-Yanick Etienne, lafanmi Castera epi tout lòt moun ak powèt lanmò sa a rive touche.
Biwo Santral Sosyete Koukouy
Seleksyon Tèks Georges Castera
Kanntè
Sou lanmè nou vini
Sou lanmè nou pwale
N ap goudiye
N ap chache zile
Pou nou mezi pye nou.
Kout zaviwon pasipala,
Konsa nou vin kalkile
An wetan, an metan,
Ki non
Rèv nou gen sou late?
-Bwafouye
Pou nou rete rete nou.
Georges Castera, Fils nan Awòdpòte, 1993, paj 20
Lè Ou Ri
Figi w kase kòd,
Ou ri tout ri
Ki nan kò w
Ou ri tout solèy,
Tout lari
Brase ansanm,
Ou pase yo nan rizib,
Pase yo nan krib
Fen fen
Jistan lonbrit
Tout chimen
Ateri lan plamen ou
Lè ou ri, cheri,
Se kouri van ape kouri
Pou l vin ri
Avè w.
Lè ou ri
Se konsi se solèy
Ki poze lan men m
An milyonven ti moso
Zenglen mouri limen
Georges Castera, Fils nan Awòdpòte, 1993, paj 43.
Lavni sou beki
Sou channmas,
On kokobe bliye kò l,
Li di:
« Woy! Gade on lavi!
M ta pile pye l!»
Moun vire gade,
Yo sezi, yo tranble
Sou de pye yo,
Anpi yo ri, yori
Tou ri nan figi yo.
Tout ri nan figi yo
Vote tout dotòl,
Kanpe ap ri.
Moun lan ri
Ri male zòt,
Yo bliye male pa yo.
Yo pa wè lavni yo
Sou beki anpi
Y ap ri.
Georges Castera, Fils nan Blengendeng bleng!, 2005, paj 239