LALIN AK SOLÈY SA W PI PITO AK PASCALE MILLIEN FAUSTIN

LALIN AK SOLÈY SA W PI PITO AK PASCALE MILLIEN FAUSTIN

LALIN AK SOLÈY SA W PI PITO
AK
PASCALE MILLIEN FAUSTIN
(YON LÈZ NAN TIM TIM : JADEN KREYASYON)

Pou tèt Lalin ak Solèy pa t koute, kòm pinisyon, Kreyatè a ba yo yon separasyon total. Lalin ak Solèy pa te ka janm wè youn ak lòt nan syèl la oswa nan fòm imen yo. Men, Lalin te tèlman atriste, sa te touche Kreyatè a. Li deside kite yo kontre kèlke fwa nan ane a. Toude te atriste paske dezobeyisans yo te gen konsekans. Depi youn la, lòt la dwe chape poul li. Lalin te klere tankou ajan, epi Solèy te klere tankou lò. Yo toude pa te ka klere ansanm. Lannwit ak Lajounen te Kreye.

Lalin ak Solèy te wont, paske yo te dezobeyi Kreyatè a. Toude kreyati yo te rekonèt pozisyon yo te endispansab pou limanite. Yo te deside reprann plas yo nan sistèm nan pou bloke boulvès yo te kòmanse a. Yo t ap panse, kijan yo pral remete enèji pozitif ak amoni ki te egziste anvan dezobeyisans yo a. Yo te vle bay tout lòt kreyati yon kado rekonsilyasyon.

Lalin di Solèy:

-“Paske mwen gen anpil renmen, m ap propaje lanmou tout kote mwen pase. Konsa yo va padone m.” 

Solèy panse se te yon bon lide, li di:

-“Epi mwenmenm, m ap pwopaje lamitye tout kote mwen pase. Konsa yo va padone m.”

Lalin ak Solèy, lanmou ak lamitye se de eleman ki ka soude tout kreyati youn ak lòt, nan bon tan, kou nan move tan.

Lalin ak Solèy di Fanm ak Gason mèsi epi orevwa. Epitou, jis anvan yo reprann pozisyon yo nan inivè a, yo deside fè yon pwomès. Yo kanpe youn anfas lòt, yo fè de plamen yo kontre, pou youn ka konekte ak lòt, epi, yo repete ansanm:

Jodi a se premye jou yon solitid enfini
Paske mwen renmen w,
paske ou renmen m
distans se espas.
Espas ki p ap ka konprann
Santiman nou pataje
Pou lavidiran
Jodi a se dènye jou yon solitid enfini

Epi, tankou de Koukouy, yo pran elan, yo file monte, annatandan Kreyatè a ba yo lesepase pou yo kontre ankò. Apre yon sèten tan, Fanm ak Gason te vin gen pitit. Yo rakonte pitit yo istwa a, epi pitit yo menm, bay pitit pa yo menm istwa a tou. Istwa Lalin ak Solèy vin gaye sou tout Latè.

Ti nòt anplis nan men: Pascale Millien Faustin

June 13, 2020  ·

Se ak anpil plezi m ap prezante nou dezyèm liv mwen: Tim Tim Jaden Kreyasyon: ki se yon koleksyon 9 istwa kout an kreyòl Ayisyen. Tout istwa yo, se pwòp kreyasyon pa mwen. Se yon konpilasyon kote mwen Maryonnen eskperyans pèsonèl mwen ak kilti peyi Ayiti.

TIM TIM: JADEN KREYASYON reflete eksperyans lavi tout natifnatal ka byen konprann.
Chak istwa nan Tim Tim: Jaden Kreyasyon vini ak yon imaj, san konte, yo chak mache ak yon pwovèb kreyòl ke mwen tire nan liv otè Dr. Pierre Anglade ki rele: Proverbes Créole d’Haiti, Proverbes d’Ailleurs —

Provèb yo ede motive lektè yo, pou yo ale eksplore leson oswa moral mwen vle fè pase a. An menmem tan tou, lektè yo ka vini ak pwòp konklizyon pa yo pou yo patisipe nan èv kreyasyon sa a.