SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: ECHANJ SOU DWA LENGWISTIK AP KONTINYE

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: ECHANJ SOU DWA LENGWISTIK AP KONTINYE

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: DWA LENGWISTIK PÈP AYISYEN
AMENAJMAN LENGWISTIK AK POLITIK LENGWISTIK
Yon lèz nan Yon Amenajman Lengwistik pou Devlopman Pèp Ayisyen
Ak Jean-Robert Placide epi Joseph Sauveur Joseph



Pandan tout sektè nan peyi a ap leve kanpe.avèk rezon dayè, kont anpil lide ki pa akseptab nan Kòd Pennal ki ap sikile jounen jodi a, yo bliye dwa lengwistik pèp ayisyen an ki chita sou bilengwis oafisyèl atik 5 Konstitisyon 1987 la. Yo yonn pa leve ti dwèt yo pou pi piti kont vyolasyon sa a. Poutan, vyolasyon dwa lengwistik pèp ayisyen an se yon vyolasyon pyès moun, gwoup oubyen enstitisyon ta dwe meprize.

Lè gen de oubyen plizyè lang ki abite lib sou yon teritwa, òdinèman, gwoup ki gen plis pouvwa ak prestij sosyal la fè lang li an domine sou lòt yo epi li oblije izay lang sa a nan domèn enpòtan yo.  Tandans sa a pwovoke konkirans ak konfli lengwistik, kote se lang ki pi fò a ki rive kòmande teritwa a nan dezavantaj lòt lang yo. Daprè Corbeil, nan kontèks konkirans lengwistik la, se pataj sa a, yon politik lengwistik ap chèche enfliyanse an favè yon lang, lè li pran yon seri desizyon administrative  oubyen jiridik  pou li chanje règ yo nan mache lengwistik la

Se pou sa limenm, Rousseau Louis-Jean (s.d.) di, nan « Élaboration et mise en oeuvre des politiques  linguistiques», amenajman lengwistik se aplikasyon politik lengwistik ki te deja deside a. Se ansanm estrateji ak mwayen pou reyalize objektif ki nan politik lengwistik la. Se ansanm aksyon, aktivite, entèvansyon oubyen travay pratik ki fèt nan aplike politik lang lan. Aksyon yo ka pote sou pozisyon lang lan toukòm,  yo ka pote sou sistèm ak lizay lang lan. Se poutèt sa tou, anvan nou pale amenajman, fò nou pale politik lengwistik. Politik lengwistik la se ansanm chwa Leta fè osnon desizyon li (oubyen tout lòt otorite ki gen pouvwa sa a) pran pou yo oryante , enfliyanse lizay lang lan, ba li yon pozisyon, yon plas legal (statut) oubyen tou, mete sou pye kèk regleman nan itilizasyon li (règlement du code). Politik lang yo, kit li deklare, kit li pa deklare, chita  sou de gwo manman prensip: prensip pèsonalite ak prensip teritoryalite.

Prensip pèsonalite

Prensip pèsonalite a se yonn nan chwa prensip pou oryante politik lengwistik la (ale wè José Woerhling, 2010). Li baze sou dwa lengwistik pèsonèl, ki chita sou lang sèten moun (ki, an prensip, se manm yon gwoup lengwistik) olye li baze sou lang teritwa a. Li mande pou Leta genyen 2 oubyen plizyè lang ofisyèl. Li pèmèt moun fè chwa ant 2 oubyen plizyè lang ofisyèl pou sèvis Leta ak lekòl piblik. Prensip pèsonalite a se yon avantaj (pwoteksyon) pou lang ki gen plis prestij (sosyal) ak plis itilite ekonomik la, ki kontinye ap devlope nan dezavantaj lòt lang ki gen mwens konsiderasyon yo. An prensip, Politik lengwistik ki bay libète chwa lang ofisyèl la baze sou prensip pèsonalite a ak dwa endividyèl sèten moun.

 Prensip teritoryalite

Prensip teritoryalite a se yon lòt prensip ankò ki oryante politik lengwistik la. Li baze sou dwa lengwistik kolektif ansanm  popilasyon an. Li.chita sou lang teritwa a, avèk obligasyon pou tout moun itilize li, kèlkeswa lòt lang matènèl oubyen lòt lòt lang yo pale pi souvan nan lavi yo. Selon prensip sa a, lang teritwa a se sèl lang ofisyèl. Se sèl lang Leta ak lekòl piblik. Tout moun resevwa ledikasyon nan lekòl piblik yo, nan lang teritwa a. Pa gen chwa pèsonèl ant 2 ou plizyè .lang ofisyèl. Prensip teritoryalite a prezante yon avantaj (pwoteksyon ) pou lang teritwa a nan tout domèn nasyonal la. An prensip, politik lengwistik ki ap pwoteje lang teritwa a chita sou prensip teritoryalite a ansanm ak dwa lengwistikkolektif yo.

POLITIK AKAMENAJMAN LENGWISTIK LETA AYISYEN AN

Absans Politik lengwistik fòmèl Leta ayisyen

Leta ayisyen pa janm pibliye okenn dokiman ki ta presize ki Politik ak amenajman lengwistik 1i adopte pou peyi Ayiti. Premye kote nou jwenn yon baz pou Politik lengwistik fòmèl pou Ayiti se nan Konstitisyon 1987 la. Nan sans yon politik lengwistik global, men sa Leta deklare: « Sèl lang ki simante (ini) tout Ayisyen nèt ansanm, se lang kreyòl la. Kreyòl ak Fransè se lang ofisyèl Repiblik Ayiti . (Konstitisyon 1987, atik 5). Kidonk, selon Konstitisyon 1987 la, tout Ayisyen ansanm fòme yon sèl sosyete, yon sèl kominote lengwistik ki gen kreyòl kòm lang idantite. Pozisyon sa a dakò ak atik l.l Déclaration Universelle des Droits Longuistiques (DUDL) la.

Apati reyalite teritwa Ayiti a,  jan nou te di li pi wo a, se yon dezyèm agiman pou nou rekonèt tout sosyete ayisyen an fòme yon sèl kominote lengwistik: kominote kreyòl la. Depi lontan, lang kreyòl la toujou maioritè. Tout aspè sa yo .fè nou kwè prensip ki nan fondas premye.pati nan politiklengwistU< sa a anndan Konstitisyon 1987 la, se prensip teritoryalite a.

Sepandan, selon Konstitisyon 1987 la toujou, Leta bay 2 lang,.kreyòLak fransè, yon pozisyon ofisyèl. Leta ayisyen kore desizyon sèvi ak  2 lang lan nan lòt atik sou lizay lang ofisyèl yo, nan sektè enpòtan tankou:  sektè lajistis, avèkatik 24.3 a ki konsène manda  arestasyon, sekté kominikasyon piblik Leta, avèk atik 40 ki gen rapò ak enfòmasyon piblik Leta,  sektè ansèyman nan inivèsite, avèk atik 211 Ian epi 213 la, pwopozisyon pou kreye Akademi ayisyen an.

Nan ka kreyòl la, depi yo deklare lang sa a ofisyèl, se ba li dwa li kòm pwòp lang teritwa Ayiti a. An nou Hpawòl ki ekri nan atik 15.1 ki nan DUDL(Déclaration Universelle des Droits Linguistiques) la  : «Toute comtnunauté linguistique a droit à ce que sa langue soit utilisée en tant. que langue sur son proprre territoire.» Kidonk, fè kreyòl la lang ofisyèl, se yon bon dispozisyon Leta ayisyen an pran ki ekitab.

Ki prensip lengwistik Leta ayisyen vle aplike nan politik ak amenajman lengwistik li a?

Nan dezyèm pati Atik 5 lan anndan Konstitisyon 1987 la, politik lengwistik Leta ayisyen an sanble chita sou prensip teritoryalite a. Rezon an se paske li rekonèt kreyòl la se lang ofisyèl.  Toutfwa, nan dezyèm pati atik 5 lan, li konsidere 2 lang: kreyòl ki se lang teritwa a ak fransè ki pa lang teritwa a. Epi, li mete tou 2 ofisyèl. Chwa osnon desizyon pollitik lengwistik 2 lang ofisyèl la anrasine nan prensip pèsonalite a.

Nan pratik lengwistik Leta, li bay lang fransè a plis privilèj pase lang kreyòl la, kote pi fò dokimantasyon ak kominikasyon piblik li pibliye an fransè. Li kreye yon sitiyasyon, kote sitwayen ki pale fransè yo jwi plis dwa lengwistik pase Ayisyen  ki pale kreyòl sèlman yo. Se yon sistèm ki mache ak prensip pèsonalite a. Se yon enjistis sosyolengwistik ki merite pou chanje tou.

Lè nou devan yon seri chwa ki melanje 2 prensip yo nan menm atik 5 lan, nou andwa mande: ki vrè prensip ki oryante baz politik lengwistik Leta ayisyen an? Se nan amenajman  lengwistik la, nan plas ak wòl Leta bay lang yo nan diferan domèn, nou pral wè prensip ki kore politik lengwistik li sou teren an.

♦♦♦♦♦

YON ATIK SOU KONFERANS MONTALEBERT BADIO KERSAINT NAN  SERI “MADI FLA” FAKILTE LENGWISTIK APLIKE (FLA)

YON ATIK SOU KONFERANS MONTALEBERT BADIO KERSAINT NAN SERI “MADI FLA” FAKILTE LENGWISTIK APLIKE (FLA)

SOSYETE KOUKOUY AN AKSYON: DWA LENGWISTIK
Ak Michel-Ange Hyppolite
(Atik sa a te parèt nan "Haiti En Marche" edisyon 15-21 jiyè 2020 • Vol XXXIV • Nº 27)

Madi 7 jiyè 2020, FLA (Fakilte Lengwistik Aplike), nan kad « Mardi du langSé» te prezante nou konferansye Montalembert Badio Kersaint, Normalien Supérieur, (UEH), Traducteur, Maître en Droit International, Université de Montréal.

Tit konferans lan « Le bilinguisme officiel créole/français en Haïti: réalité ou utopie juridique

Mwen ap ban nou yon brèf apèsi  sou kèk pami divès pwen konferansye a te devlope nan prezantasyon li an. Pou yon moun byen konprann tout etandi dosye legal la nan sitiyansyon bilengwis ofisyèl Ayiti a, se Memwa Mèt Kersaint an pou moun sa a ta li.

Pami pwen nou konsidere yo, genyen: Vyolasyon dwa lengwistik nan yon peyi ofisyèlman bileng, transliterasyon, bilengwis diferansye sou plan lajistis, epi kreyasyon Office de la langue nan peyi a,

Alapapòt, Mèt Kersaint, te di tout moun, se te travay Memwa sòti li nan Fakilte Dwa Ayiti, li te ap prezante nou. Li te siyale nou tou, li te ekri pawòl sa  yo depi nan finisman ane 1980 yo, epi jouk jounen jodi a (2020), sa vle di, apeprè 30 lane pi ta, anyen pa chanje nan sityasyon  legal yo sou bilengwis la sou tè Ayiti.

Vyolasyon dwa lengwistik nan yon peyi ofisyèlman bileng

Nan entwodikayon konferans lan, Mèt Kersaint te prezante nou kèk ekzanp peyi ki rele tèt yo peyi bileng, ki te respekte epi  aplike prensip bilengwis yo kòmsadwa nan domèn lajistis. Pi devan, li te mansyonnen kèk ekzanp kote, sou plan jiridik, Leta ayisyen pa te respekte prensip bilengwis la. Yonn ladan yo se manda arestasyon lajistis pwodui pou yo rele nan tribinal moun ki komèt zak, Kòd Pennal la konsidere kòm aksyon kriminèl. Manda yo fèt an franse sèl grenn. Alòske, yon peyi, ki rele tèt li peyi bileng, dwe pibliye yon manda arestasyon nan tou 2 lang ofisyèl li yo. Otreman, manda a pa valab. Yon ka ilegalite ankò, se kote jijman yo ap fèt an franse epi moun yo ap jije a pa kab suiv pwòp jijman li, paske li pa konprann lang reprezantan lalwa yo ap pale a.  Pi plis toujou, an Ayiti, se jij la ki pou adrese akize a lapawòl. Sa lakòz, jij la vin ranpli yon  fonksyon tradiktè an menm tan. Epitou, nan aksyon li an, daprè Mèt Kersaint, jij la fè, sa Mèt Kersaint rele yon transliterasyon. Sa vle di, li fè yon tradiksyon mo pou mo. Nan ka sa a, genyen 2 iregilarite. Premye a,  jij la pa dwe ap fè travay yon tradiktè oubyen transletè, paske li pa genyen konpetans pou sa. Dezyèmman, travay tradiksyon li ap fè a pa pèmèt moun lan konprann anyen nan pwosesis jistis li ap viv la. Rezon an, se paske pawòl yo rive jwenn akize a nan yon jagon legal, ki pa lang pa li ditou.

Transliterasyon

Pandan nou abòde pratik transliterasyon an, nou vle bay yon ekzanp pou nou demontre sa ki rive nan sitiyasyon transliterasyon an. Nou ap chwazi yon ka nan domèn literati. Lè save nan domèn literati ap mansyone kontribisyon ekriven Jacques Stephen Alexis nan literati peyi Ayiti, yo mansyone pwodiksyon li yo ki rantre nan kategori « Le réalisme Merveilleux». Lang panyòl la di: Realismo Maravilloso. Yon moun, ki ta ekri an kreyòl: Reyalis Mèveye epi ki lage mo sa  yo nan mitan yon gwoup moun ki pale kreyòl sèl grenn, sanse fè yon transliterasyon. Li sèvi ak mo kreyòl, men mo kreyòl sa yo pa genyen okenn sans pou moun ki ap tande li yo. Pawòl sa  yo pa reprezante reyalite sosyokiltirèl Ayisyen, ki pale kreyòl sèl grenn lan. Li pa pe janm wè ni pye ni tèt koze a. Sepandan, si tradiktè a pran san li pou li chèche, li kab wè vrè chwa mo ki pou fè mesaj li a byen ateri nan konpreyansyon moun ki pale kreyòl sèl grennn lan se: Reyalite sinatirèl.  Se chwa mo sa yo ki ap rive genyen sans pou inileng kreyòl la. Anfèt, se mo sa  yo tou, nou chwazi nan Sosyete Koukouy pou nou tradui Le réalisme merveilleux Jacques Stephenn Alexis a an kreyòl.

Alòs, nou kab imajine nou, ki kalite tribilasyon yon akize ap sibi lè li chita nan yon tribinal, kote se jagon branch lajistis la ki ap rive jwenn li sou fòm transliterasyon.

Pou nou evite fenomèn transliterasyon an (tradiksyon mo pou mo a) nan sosyete nou an, ekspè nan tout domèn dwe reyini pou yo chèche pawòl klè pou yo tradui  yon konsèp teknik an kreyòl daprè reyalite sosyal epi kiltirèl peyi Ayiti. Pou nou mennen refleksyon sa a pi lwen, nou ap pwopoze pou FLA  mete yon pwogram tradiksyon sou pye pou ekspè nan divès chan konpetans nan peyi a – legal, medikal, sekretaryal, komèsyal, elatriye. Sa vle di, moun ki fin etidye nan yon  branch kèlkonk, ta kab vin nan FLA epi pase de ane pou pi piti, pou li aprann metye tradiksyon, li ta kab al aplike nan branch li fin etidye a. Sa a se sigjesyon pa nou ki pa fè pati pawòl konferansye a.

 

Bilengwis diferansye nan lajistis

Alaverite, ekzanp, transliterasyon an se yonn nan divès blokay Mèt Kersaint te prezante moun ki te ap suiv konferans lan madi pase (7 jiyè 2020).  Mèt Kersaint te parèt tou avèk sa li rele yon bilengwis diferansye sou plan lajistis. Sa vle di, gen yon nivo lajistis ta fonksyone an kreyòl sèl grenn, epi lè nou rive nan nivo lakou kasasyon, moun lajistis yo ta kab pale franse.

Noumenm, ki ap rapòte pawòl sa  yo la a, nou kont lide bilengwis diferansye a. Sa ap kreye yon sosyete avèk 2 vitès sou plan lajistis. Yon vitès popilè nan espas yo rele tribunal de paix yo, epi yon espas lelit nan nivo Cour de cassation. Pwopozisyon sa a pa apwopriye, paske li ap kontinye ranfòse prejije epi inegalite nan peyi a sou plan lengwistik. Genyen sifizamman konpetans nan peyi a pou Leta respekte prensip bilengwis ki nan konstitisyon peyi a. Epitou, kreye travay,kondi Mèt Kersaint, pou plis pase 30 lane nan branch tradiksyon. Sa pral mennen nou pi lwen toujou. Nou ap ajoute, nan kondisyon sa a,medikaman avèk lòt pwodui etranje ki ap rantrre nan peyi a, ta fèt pou yo genyen fason pou moun sèvi avèk yo. Pawòl sa yo dwe ekri an kreyòl.  La a ankò, se yon lòt sous anplwa. Tout tan, nan sosyete nou an, nou poko kab rive demontre moun ki konnen lang kreyòl an pwofondè, se yon richès pou peyi a, moun ap toujou konprann aprann kreyòl, antre kreyòl nan tout nivo konesans nan peyi a se tan pèdi. Tankou nou abitye di li, epi nou kontinye ap di li: «Lang kreyòl pa gen limit. Se moun ki ap sèvi ak lang lan ki limite.»

Nou ap kontinye pou nou di, konferansye a pwopoze pou nou adapte pawòl ki nan domèn legal yo an kreyòl oubyen nou kab esplike yo pou moun ki pale kreyòl sèl grenn yo kapab konprann yo. Mèt Kersaint di nou tou: si nou di nou genyen yon peyi bileng, nou dwe aji tankou yon peyi bileng. Ekzanp, li site plizyè fwa, kòm modèl peyi bileng, se ekzanp Kanada. Anfèt,  konferansye a di li aklè: «nou dwe respekte prensip fondamantal ki mache ak bilengwis la nan tout nivo nan sosyete nou an. Otreman, nou ap rantre nan ilegalite.» Poudayè, depi apre peyi a te fin vote konstitisyon 1987 la, tout papye tenbre Leta yo ta dwe ekri nan de 2 lang ofisyèl peyi a. Dekrè lwa, akò, elatriye, tout ta dwe ap sikile nan 2 lang yo sou tè Ayiti. Lefèt, sa poko janm rive fèt nan peyi a, rann tout papye Leta yo illegal.  Konstitisyon amande a, limenm tou, li illegal. Pou nou evite kondisyon ilegalite sa a , ki kwoke sou do peyi a, tout dokiman yo dwe rantre lachanm nan 2 lang ofisyèl yo nan peyi Ayiti. Palemantè yo dwe analize yo, kritike yo, vote yo an menm tan nan 2 lang ofisyèl yo. Peyi a dwe pran tout dispozisyon pou li retire tèt li nan sitiyasyon ilegal sa a. Plis genyen dokiman ki ap fèt an franse sèl grenn, se plis peyi a ap anfonse tèt li nan yon sitiyasyon, Mèt Kersaint konsidere tankou yon Utopie juridique. Fòk sa sispann epi genyen mwayen pou sa sispann. Sepandan, pou sa sispann, fòk enstitisyon Leta kou: Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), Fakilte Lengwistik Aplike a (FLA), Ministè Lakilti ak Kominikasyon, Ministè edikasyon, elatriye kreye yon espas travay pou kalite travay sa  yo kapab fèt.

Kreyasyon yon office pour la langue

Pandan konferans lan,  lè Mèt Kersaint te rive nan nivo, kote pou tout dokiman Leta yo ta tradui nan de lang ofisyèl yo, li te mete yon dout sou AKA, kòm branch Leta ki okipe koze lang. Li te di: « Li pa konnen si AKA kapab reyalize kalite travay sa a.» Li te pwopoze yon Office de la langue. Bò kote pa nou, nou kwè AKA kapab, men fòk Leta ba li mwayen. Kondisyon AKA ap viv yo, pa konparab ditou avèk kondisyon ki disponib nan tout nivo, anndan  Office de la langue ki nan Kebèk la.  Konpare posiblite AKA genyen pou li fonksyone avèk resous  Office de la langue française nan Kebèk la genyen yo, se konpare lannuit ak lajounen. Office de la langue française nan Kebèk la genyen Leta ki ap mache avèk li men nan lamen. Leta pa bloke li sistematikman, tankou moun ki ap jere Leta yo sou tè Ayiti ap bloke AKA. Office de la langue lan  nan Kebèk genyen tout kalite resous pou li fè travay li: lajan, ekspè, volonte politik pwovens lan, elatriye. AKA pa genyen yo. Dayè Mèt Kersaint di li aklè: «Ekspè nan domèn dwa lengwistik se yon danre ki ra anpil sou tè Ayiti.» Konsa, prezans ekspè sa yo se yonn nan premye etap AKA ta dwe kòmanse franchi. Se dwa lengwistik yo pou AKA  mete an aplikasyon nan travay li, yon fason pou  li ta sispann ap viv nan kondisyon tanpri souple, epi ki pou anpeche menm Leta sa a kontinye meprize AKA. Poudayè, si tout moun nan peyi a vle sonje, yo va raple yo, se nan goumen, epi nan mitan yon kontèks politik espesyal, prezidan Michel Martelly te siyen lwa  pou kreyasyon AKA epi voye li nan Le Moniteur. Nou dwe sonje tou,  jou entwonizasyon Akademisyen yo, 4 desanm 2014, prezidan an te bay AKA  koutba. Premye Minis K-Plim,  ki sèvi ak lang kreyòl nan pyès teyat, ki te fè repitasyon li nan peyi a, TE BAY AKA KOUT BA tou.

Moun kab toujou kritike AKA. Se kritik ki fè moun kou enstitisyon avanse. Men, atansyon,  kritik sa  yo  dwe fèt apati analiz an pwofondè, pandan moun ki ap kritike yo ap mete tout kondisyon operasyonèl yo anba loup travay kritik yo ap fè yo.

Jiskaprezan (6 ane apre inogirasyon AKA.) dosye anpliyasyon pou Akademisyen yo nan tanpri souple toujou. Sa vle di, li poko kab reyalize. Anpliyasyon an se ekri non tout Akademisyen yo nan Journal Le Moniteur.  Kidonk, mezanmi:  Kritike AKA men kritike li byen, paske AKA chaje ak potansyèl nan divès nivo. Se devlope, pou nou byen devlope yo. Alaverite, tout tan tèt pa koupe, li pa kab dezespere mete chapo..

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)

Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy

Manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen

♦♦♦♦♦

PWODIKSYON YON GRAMÈ KREYÒL Yon ranmase ak Michel-Ange Hyppolite

Nou envite tout moun li atik sa a Kaptenn pibliye nan semenn nan sou «Haiti En Marche». Se yon pwojè ki nan tèt REKA depi lontan. Lide a lanse ankò, n ap tann reyaksyon pa w: reka@kreyol.org.

PWODIKSYON YON GRAMÈ KREYÒL
Yon ranmase ak Michel-Ange Hyppolite

Nou pa konnen nan ki dat premye premye gramè nan lang kreyòl Ayiti a te pran lari. Depi nan kòmansman ane 1980 yo te deja genyen materyèl ki pote non gramè kreyòl ki te ap sikile. Sepandan, nan ane 1977, Doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou) te pibliye yon Gramè Kreyòl Konpare nan Koleksyon Koukouy. Men, sa pa te anpeche, rive nan ane 2004, te gen kreyolis kou Jafrikayiti, Lionel Hogu, Laude St-Preux ak anpil lòt ankò, sou REKA ( Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen) sou granchemen  savwa a, ki  te vle rantre Ayiti pou yo te al fè yon kolòk sou pwodiksyon yon gramè kreyòl nan lang kreyòl la. Pwojè ekip REKA a te echwe, paske te vin genyen deblozay 2004 yo, nou tout konnen yo, ki kite mak yo sou peyi a jouk jounen jodi a.

Entansyon ekip kreyolis sa a, nan moman an, se te konekte avèk FLA (Fakilte Lengwistik Aplike)  pou yo te wè nan ki fason rèv sa a ta vini yon reyalite.

Jounen jodi a,  2020 sa vle di,16 lane pita, genyen yon pa ki fèt epi ki vin mete yon plis nan ekwasyon pwodiksyon gramè kreyòl pou lang kreyòl ayisyen an, epitou vin genyen  kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen ( AKA)  nan ane 2014.  Sepandan, rèv gramè a toujou rete vivan. Genyen tout kalite rezon ki kab lakòz. Nan sans, genyen anpil liv ki rele gramè, men sanble yo poko rive satisfè tout ekzijans yo.

Se rezon sa a ki lakòz, mwen te pale avèk plizyè zanmi kreyolis pou mwen konnen opinyon yo sou koze gramè kreyòl la. Pami yo, nan lòd, mwen resevwa mesaj yo, genyen: Didaktisyen Jobnel Pierre, pwofesè Yvon Lamour, pwofesè alaretrèt Lionel Hogu, pwofesè kreyòl Jean-Robert Placide epi akademisyen Samuel Jean-Baptiste, anseyan.

Pou mwen te louvri lavwa, mwen te di:

Zanmi yo, genyen plizyè kalite gramè ki ekziste:

Gramè: deskriptif, jeneratif,transfòmasyonèl, tradisyonèl, modèn,elatriye.

Daprè konpreyansyon pa nou, kòm kreyolis, kòm moun ki nan domèn fè lekòl,  epi daprè bezwen lang kreyòl la anndan sistèm lekòl la nan peyi a, mwen ta renmen nou di mwen, ki kalite gramè, ki ta pi bon pou Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) pwodui epi pouki sa?

Se pa yon deba sou gramè kreyòl, ki enterese mwen, se lide nou genyen sou sijè a ki enpòtan pou mwen.

Mwen di nou mèsi davans pou kèlkeswa lide nou pral pataje ak mwen an.

Moun, ki ap li lis non pwofesè ki parèt la yo avèk lide pou yo chèche egalite ant fi ak gason, ka remake pa genyen pwofesè fi nan lis la. Se pa mande non, mwen pa te mande, men sanble yo pa te gen tan pou yo reponn.

♦♦♦

 Jobnel Pierre

Anseyan nan Monreyal

Manm Sosyete Koukouy Kanada

Kesyon sa a se yon gwo kesyon. Nan domèn gramè genyen plizyè kouran. Si nou ta pran monn frankofòn lan mwen plis konnen, genyen:

  1. Gramè akademi franse a. Lekòl pa sèvi ak li vrèman, paske li se yon gramè elitis. Sètadi, se yon gwoup moun ki chita anndan nan yon chanm ki ekri gramè sa a, epitou ki enpoze gramè a. Li pa pran ankont reyalite elèv yo.
  2. Gramè lengwis yo. Se yon gramè ki bon epi ki pran ankont reyalite fonksyònman lang lan. Gramè sa yo, yo pa sèvi ak yo lekòl, men anseyan yo enspire nan gramè sa yo pou yo transmèt konesans bay elèv yo.
  3. Gramè grameryen. Gramè sa a se yon grameryen oubyen yon didaktisyen ki ekri li. Kategori gramè sa a pran an konsiderasyon reyalite elèv yo, paske jeneralman, se moun k ap anseye ki ekri gramè sa a. Kalite gramè sa a pran sous li nan modèl gramè lengwis yo. Kidonk, se pi bon gramè. Sa pa vle di li pa genyen feblès.

Alòs, opinyon mwen sou kesyon an, fòk gramè akademisyen ayisyen yo ta modèn (nouvèl). Men, èske l ap mache nan lekòl yo. Mwen pa kwè. Paske, souvan tankou jan li pase an Frans, gramè akademisyen yo pa mache.

Kidonk, mwenmenm, mwen se didaktisyen. Mwen panse yon bon gramè ta dwe modèn (nouvèl), setadi, yon gramè ki pèmèt timoun yo devlope kapasite yo pou yo dekri lang nan. Anplis, fòk ta genyen yon kolòk ki fèt sou reyalite jan yo anseye lang kreyòl la an Ayiti.

 Jobnel Pierre

♦♦♦

 

Yvon Lamour

Anseyan alaretrèt, manm Konsèy Konsiltatif

Akademi Kreyòl Ayisyen an

Manm Sosyete Koukouy nan Boston

 

Kaptenn ak lezòt yo- Mwen t al fè yon ti pwomnad nan jaden gramè, se pa ni de ni twa kalite mwen jwenn. M ap voye 10 sa yo pou nou. N a voye je sou yo. Anfòm, Yvon.

 

        Pwomnad nan jaden gramè

        10   KALITE GRAMÈ 17  JEN 2020

GRAMÈ KONPARATIF fè analiz ak konparezon chapant gramè lang moun pale, epitou li etidye rapò  lang yo genyen ant yo. Poutèt gramè konparatif okipe  kesyon kapasite chak moun genyen pou li aprann lang manman ak papa li (L1), li se yon teyori ki chita tou sou relasyon tout lang genyen ant yonn ak lòt.

GRAMÈ JENERATIF anglobe règleman konsènan chapant ak entèpretasyon tout fraz moun ki pale yon lang dakò ki fè pati lang lan. Se yon teyori ki abòde konpetans lengwistik kidonk kapasite ine moun ki pale yon lang genyen nan yomenm ki pèmèt yo pale, konprann, entèprete pawoli nan lang lan.

GRAMÈ MANTAL se gramè jeneratif ki abite anndan sèvo moun epi ki pèmèt moun ki pale yon lang pwodui langaj lòt moun parèy li ki pale lang lan tou ka konprann.

GRAMÈ PEDAGOJIK okipe analiz gramatikal ak enstriksyon ki fèt pou elèv ak etidyan k ap aprann dezyèm lang (L2). Nosyon gramè pedagojik sa a konn genyen plizyè dimansyon. Pi souvan, li konn vle di (1) pwosede pedagojik konsènan itilizasyon kèk eleman nan dezyèm lang lan (L2) ki fè pati metodoloji pou ni anseyan, ni aprenan lang (L2) a; (2) kontni pedagojik ki ale jouk nan sous enfòmasyon L2 a pou jwenn resous ak referans pou pedagoji a; (3) makònay pwosede ak kontni.

GRAMÈ PÈFÒMANS chita sou deskripsyon sentaks lang lan menm jan ak moun ki pale lang lan konn itilize yo nan konvèsasyon ak tranzaksyon. Pèfòmans gramatikal moun ki pale lang lan santre sou jan moun nan pwodui langaj; moun nan bezwen pwodui langaj anvan nou ka mezire si li konnen oswa konprann lang lan.

GRAMÈ REFERANS dekri gramè yon lang ak eksplikasyon tout prensip ki regle konstriksyon mo, ekspresyon,pwopozisyon ansanm ak fraz. Genyen modèl gramè sa yo nan lang angle.

GRAMÈ TEYORIK etidye eleman esansyèl nan kenenpòtki lang moun pale. Gramè teyorik la oswa nosyon sentaks la baze sou moun ki vle suiv epi aplike règ gramè lang lan fòmèlman, desanpousan menm, epitou ki toujou ap prezante agiman ak eksplikasyon syantifik pou kore tèl pozisyon sou gramè kont tèl yon lòt pozisyon pito.

GRAMÈ TRADISYONÈL se yon rasanblaj règ ak konsèp gramè konsènan chapant yon lang.Tandans gramè tradisyonèl se tabli yon latriye preskripsyon k ap dikte moun ki jan pou yo pale epi ekri yon lang kòrèteman. Gramè tradisyonèl plis baze sou ki sa kèk moun fè ak yon lang, epi ki sa yo ta dwe fè ak lang lan, dapre yon seri règ fiks ki gentan tabli.

GRAMÈ TRANSFÒMASYONÈL devlope teyori gramè ki bati lang anba zouti transfòmasyon lengwistik ak chapant ekspresyon. Anndan teyori gramè transfòmasyonèl la, ‘règ ak règleman’ pa vle di enpozisyon otorite, men pito prensip ki ede moun ki pale yon lang konnen epi suiv lè y ap pwodui fraz epi enteprete yo tou. Règ ak règleman se zouti pou bati fraz ak bout moso fraz moun yo aprann kòm moun  ki leve ap pale epi benyen nan lang lan depi yo te ti katkat.

GRAMÈ INIVÈSÈL se yon latriye kategori, operasyon ak prensip nou jwenn nan tout lang moun pale, epi rado sistèm sa yo ekziste nan sèvo ak sèvèl tout moun alawonnbadè. Tout prensip lengwistik gramè inivèsèl sa yo, lè yo rasanble ansanm, yo montre ki jan sèvo/sèvèl chak moun fèt pou moun ka aprann lang.

REFERANS:  Richard Nordquist   10 Types of Grammar (and Counting) :  Different Ways of Analyzing the Structures and Functions of Language   April 2018.

♦♦♦

 

Lionel Hogu, pwofesè alaretrèt

Pwofesè Kreyòl

Animatè REKA (Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen)

Nouvo Gramè pou lang panyòl la  dwe sòti nan yon repètwa lajman laj tèks tout nati, tout jan epi trè divès (literè, redaksyon esè, syantifik, jounalis ak oral), se la pou  pi gwo majorite plis pase karant mil egzanp yo soti. Lis tèks yo nou site la a dwe soti nan tout peryòd ak nan tout zòn, kote moun pale Panyòl, se youn nan pi gran ranmase ki fèt nan yon etid lengwistik nan Panyòl.

Se tradiksyon Google m revize. Sa vle di, ranmase tout sa ki pibliye ak anrejistre jan pèp la pale a se ta premye demach yon akademi anvan li eseye tabli gramè, mete regleman sou lang lan. Se reflechi n ap reflechi!

Lionel

♦♦♦

Jean Robert Placide

Pwofesè fransè kòm dezyèm lang 

Manm Konsèy Konsiltatif la

Manm Sosyete Koukouy Kanada

 

Placide kwè, gramè AKA ap prepare a  dwe fèt pou elèv lekòl epi daprè gramè modèn yo. Gran piblik la ki pa familye ak eleman ki nan gramè modèn lan va oblije adapte li ak sitiyasyon an. Sa ki enpòtan, se elèv yo. Se yomenm ki reprezante lavni lang kreyòl la.

 

♦♦♦

Samuel Jean-Baptiste

Manm Akademi Kreyòl Ayisyen

Pwofesè lekòl

 

Bonjou Kaptenn, bonjou tout kòlèg,

Mèsi Kaptenn pou tout enfo sa yo ou pote pou nou.

Sou kesyon kalite gramè Akademi an gen pou li pwodui a, mwen pa kwè se yon gramè pou elèv lekòl li dwe ye.

Youn nan rezon yo, se paske ou pa kapab gen yon gramè inik pou tout nivo eskolarite yo: 1e, 2e, 3e sik fondamantal. Chak nivo mande apwòch pa li, kontni pa li, nivo lang pa li, prezantasyon fizik pa li, ets. Akademi an pa gen vokasyon pou li fè liv pou elèv lekòl.

Yon dezyèm rezon te kapab: Akademi an pa reskonsab evalyasyon/validasyon liv lekòl. Se Edikasyon Nasyonal, atravè DCQ, ki gen reskonsablite sa a. Malgre sa, MENFP pa gen pouvwa pou li enpoze yon liv gramè pou tout elèv nan tout lekòl nan peyi a sèvi. Li gen reskonsablite pou li evalye, valide, otorize TOUT liv lekòl ki pibliye pou anseye gramè nan lekòl yo.

Anplis, èske Akademi an ta pral fè elèv lekòl yo kado gramè sa a, oswa èske li ta pral antre nan konkirans ak “mezon edisyon” liv lekòl yo?

Travay Akademi an, nan sa ki regade sijè sa a, pou mwenmenm, se elabore/pwodui yon liv gramè jeneral REFERANS pou lang kreyòl ayisyen an. Liv/Dokiman sa a pral sèvi referans: pou otè ak editè k ap fè liv gramè pou elèv lekòl, pou DCQ/MENFP nan kad travay li genyen pou l evalye, valide, otorize liv lekòl yo, pou gran piblik la, sitou sila yo ki enterese nan kesyon gramè lang la, pou yon rezon oubyen yon lòt.

Mwen rete la.

Samuel JB

Pou nou fini, mwen voye konplliman pou tout moun ki te patisipe nan travay brase lide sa a.

 

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwoujss)

Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy

Manm Fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen

♦♦♦♦♦

Lis gramè ki parèt pi ba a pa konplè, paske li pa konsidere rechèch ki fèt sou kèk pwen espesifik nan gramè kreyòl Ayiti a epitou ekip ki prepare lis la ap kontinye chèche lòt gramè pou yo agrandi lis la.

 

Lis preliminè Gramè Kreyòl

(Lòd alfabetik)

Féquière Vilsaint ak Samuel Jean-Baptiste, 27 jen 2020

Alleyne  Mervyn, Syntaxe Historique créole, Karthala, 1996

Berde Fedexy Jockey, Gramè deskriptif Kreyòl Ayisyen an, Jebca Ministry, 2015

BNA Biwo Nasyonal Alfabetizasyon, Gramè Kreyol, 1991

Damoiseau Robert, Eléments de grammaire comparée Français / Créole Ayisyen, Faculté de Linguistique Appliquée, UEH, Karthala, 2002

Dejean Yves, An n etidye lang kreyòl la, Edisyon Demen Miyò, 1995.

Derose Volvick Easy Creole Grammar: Gramè Kreyòl Fasil, 152 paj, CreateSpace Platform (8 out, 2015)

Desnoyers Montès Gérard, La langue créole d’Haïti, petit guide grammatical, Editions SORHICA, Québec, 2001.

IPN Gramè kreyòl 3èm ane fondamantal (ane ???)

IPN, Gramè kreyòl 4èm ane fondamantal (ane ???)

Jean Baptiste Samuel, Kreyòl sou tout fòm 5è ane fondamantal (ane ???)

Joseph Sauveur Joseph, Ed. Gramè kreyòl dezyèm edisyon Les éditions du CIDIHCA Montréal, 2008

Leblanc Annie, Le statut syntactique des adverbes de temps en créole haïtien, in Revue Québécoise de Linguistique, vol 18 no 2, 1989, p. 173-181

Leger Frenand, Pawòl Lakay: Haitian Creole Language, and Culture for Beginner and Intermediate Learners, Educa Vision, 2e edition, 2018.

Manuelian Helene, Fattier Dominique, L’utilisation des déterminants en créole haïtien, HAL 2011

Maxeau Edouard/Samuel Jean Baptiste Bèl konpa 1e ane Nouvo Segondè

MENFP Fich pedagojik GRAMÈ (ane ???)

MENFP Modil GRAMÈ (ane ???)

MENFP Pwogram kad/Pwogram detaye Kreyòl Nouvo Segondè (ane ???)

Mirville Ernst, Précis de grammaire créole comparée, Bulletin de l’Institut de linguistique Appliqué, Port-au-Prince, 1977.

Noëlsaint Telfort, Manual Para Enseñar El Idioma Kreyòl (An introduction to Haitian Creole for Spanish speaking people. 310 pp., 2009)

Renaud Alix, Pale Kreyòl Manuel d’apprentissage du créole à l’usage des francophones, Garneau-International, Québec, 1994.

Saint-Fort Hugues,  Eleman Entwodiksyon Pou Yon Gramè Kreyòl, New York, 27 jwen 2013 https://sites.google.com/site/berroueetoriol/linguistique/kreyol-ayisyen/grame-kreyol

Savain Roger, Dis Pa Nan Lang Ayisyen An, (ten chapters that present 10 key elements of Haitian Creole grammar.) Educa Vision, 2000

Tardieu Gérard Marie (ak kolaboratè)  Gramè kreyòl 3èm sik fondamantal ak segondè (ane ???)

Trouillot Jocelyne, Kreyòl sou tout fòm 3è sik fondamantal (ane ???)

Trouillot Jocelyne, Kreyòl sou tout fòm 6è ane fondamantal (ane ???)

Valdman Albert, Ann Pale Kreyòl: An Introductory Course in Haitian Creole, Indiana Univ Creole Inst (June 1, 1988)

Védrine Emmanuel, Gramè kreyòl Védrine, Creole Project, 1996, 354 pages