POU SELEBRE JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM 2021

Fanm

Pou Medjine Hyppolite Mendjaly Hyppolite et Ange Diaquoi

Lè fanm vanyan ap mache li pòtre ak manzè lavi
 
Fanm pote lavi
Pi wo pase fetay solèy
Nan voye wòch monte
Bwote dlo desann
Nan lakou plètil
Fanm leve nechèl wotè van
K ap bale wouze

Nan peyi malfini
Fanm charye douvan jou li
Sou tèt kamyon bwat
Madan sara fè ovètay
Pou po pistach

Lè fanm ap goumen
Kòtakòt ak gason
Bab pou bab ak ranyon dife
Lè fanm pran sèt so
Anvan li di alatraka
Fò ou konnen konbyen kalfou
Jipon li janbe
Konbyen flanm li travèse
Anvan bonèt li chavire

Fanm Mennen lavi
Nan sous dodo meya
Kwape lamizè
Twaze dyòl maldyòk
Dwèt madichon fanm
Pa respekte pè  pap
Lè fanm vanyan ap mache
Li sanble tèt koupe ak manzè lavi

Lesiv defigire men l
Kout batwèl
Ant salyè e valyè
Trese riban
Nan boukan pen kotidyen l
Semèl jounen l
Manje pousyè
Vale kalfou
Twoke twòkèt pou chay
Fanm O!
Pa gen baryè
Pou mezire kouray ou.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) in Zile Nou /Notre Ile / Our Island (1995), paj 48-49