Ki lang Tousen te pale ? ak Pierre-Michel CHERY

Ki lang Tousen te pale ? ak Pierre-Michel CHERY

Ki lang Tousen te pale ?

Pierre Michel Chéry

Manm Akademi Kreyòl Ayisyen

23 avril 2020

Rezime : Philippe Girard ekri yon atik ki atire atansyon anpil Ayisyen ki enterese nan kesyon lang kreyòl. Atik la rele “Quelle Langue parlait Toussaint Louverture ? Le mémoire du fort de Joux et les origines du kreyòl haïtien “[1]. Philippe Girard itilize yon seri done pou li tire yon seri konklizyon sou lang Tousen te pale epi sou pèsepsyon Tousen sou lang kreyòl la. Atik sa a se rezilta pwòp entèpretasyon nou, apati lòt zouti analiz, sou menm done Philippe Girard itilize yo. Konklizyon yo pa menm.

Ki sa ki nannan koze a ?

Tankou jan sa toujou fèt, atik Philippe Girard (Filip Jira) la se te yon tantativ anplis pou yon lengwis demontre kouman lang kreyòl la se pitit lang franse a tou pi. Se yon evidans, 85% mo kreyòl sòti nan lang franse a[2], pèsonn pa kapab nye relasyon yon sèl direksyon lang franse a sou lang kreyòl ayisyen an[3]. Men, otè atik la souliyen, se sekretè ki t ap ekri pou Tousen yo, ki tradui panse Gouvènè Jeneral la nan rejis lang franse ki te pi pwenti a[4]. Men, menm jan ak otè atik la, sa ki enterese nou se tèks Tousen ekri, an franse, ak pwòp men li pou li eksprime sa ki nan panse li. Tèks sa yo montre nou jimnastik Tousen te oblije fè pou li mete sa k ap pase nan tèt li yo nan lang franse. Si nou pati sou prensip pa gen okenn kominote moun sou latè ki pa gen lang, fot franse Tousen yo tou di nou se pa franse ki te lang prensipal Tousen. Fot sa yo dwe pèmèt nou konprann kouman kreyolofòn tankou Tousen yo te konstwi panse yo, kouman yo te fè dekoupaj mo franse yo. Nan lareyalite sa k ap pase nan anpil nan fot yo se entèferans[5]. Entèferans Tousen yo dwe pèmèt nou konprann lojik gramatikal k ap kòmande lang reyèl ki nan tèt li a. Si gen fot gramatikal nan transkripsyon panse a an franse, pa gen fot gramatikal nan konstriksyon panse ki vini anvan aksyon ekri a.

Ki zouti analiz nou itilize ?

Pou nou fè analiz sa a, nou pral itilize de (2) konsèp sèten lengwis itilize pou yo esplike fòmasyon lang kreyòl yo. Premye konsèp la rele “superstratum”, se lang dominan nan kominote a, se lang sous k ap founi pifò mo lokitè kreyòl yo ap itilize yo. N ap konsidere “Superstratum” nan tankou lang “sou po” a. Anfas “superstratum”,  lang “sou po” a, genyen “substratum” nan, ki ka youn oswa plizyè lòt lang “anba pay”, yo pa bay enpòtans, se ka lang natif yo oswa lang kaptif yo konn pale yo. N ap debiske lokitè kreyòl yo k ap transfere eleman ki nan lang “anba pay” yo nan yon nouvo lang (kreyòl) san moun pa wè. Se tankou nou t ap debiske eleman gramatikal franse nan fòm kreyòl sèten Ayisyen ap pale jounen jodi a, egzanp : “nou pa ka imputer tous les torts au CEP[6].

Pou nou montre enfliyans lang “anba pay” yo nan tèks Tousen yo, nou pral esplwate sèten zouti teyorik nou jwenn lakay kèk lengwis. De (2) premye lengwis yo se Whorf (Wòf) ak Sapir (Sapi) ki asosye non yo ak ipotèz yo rele Ipotèz Sapir-Whorf la. Nan Ipotèz sa a, an 1940, Whorf repran yon lide yo te deja admèt depi Boas (Bowas) (1911). Boas te tire konklizyon : chak kilti dekoupe reyalite lavi a selon pwòp fason pa li (Pavlenko, 1994:8). Sèten kilti gendwa ensiste sou yon aspè nan lareyalite lavi a, etan yon lòt kilti pa bay menm aspè sa a enpòtans. Sa pa vle di, gen yon kilti ki gen plis valè pase yon lòt pou sa.  Se nan pwolonjman travay Boas yo, Whorf pral vini ak ipotèz : lang yon moun pale fòmate fason li wè reyalite lavi a[7]. Ipotèz sa a pral pran lari sou non “Relativite Lengwistik” oswa “detèminiz lengwistik”. Anpil lengwis pral kouri dèyè teyori “relativite lengwistik” la paske tèz relativis yo ka pase pou tèz rasis; pou plis enfòmasyon, tcheke Pavlenko (1994:34). Ipotèz Sapir-Whorf la pral tonbe sou yon lòt pwoblèm : kòm operasyon mantal, “panse” pa oblije makonnen ak langaj pale. Sa vle di “lang” pa yon zouti endispansab pou moun panse. Bèt ki rive devlope kapasite pou yo panse yo, yo pa pale okenn lang. Menm si lang ka ede moun konstwi panse yo, moun ka panse san konsèp. Twazyèm otè nou pral konsidere se Dan I. Slobin. Slobin pa rete nan chache konnen si lang fòmate fason moun panse, li pral pote pwoblèm nan sou teren dewoulman operasyon “pale” a. Si lang pa enpòtan pou moun panse, èske moun ka pale san yo pa panse ? Ni sikològ, ni lengwis, yo tout rekonèt : nan tout sa k ap pase nan tèt yon moun, kòm imaj mantal oswa kòm panse, se yon ti pati sèlman yo rive kodifye nan lang yo pale a. Slobin konstate : “Chak gramè gen enfliyans sou sa yon moun ka di fasilman oswa otomatikman[8]. Slobin pral retounen avèk “relativite lengwistik” la apati yon konsta : chak lang gen limit nan sa gramè a ka pèmèt lokitè yo kodifye pou yo pale. Si se konsa, “panse pou pale” a mande : 1) pou nou konsidere ki karakteristik nan deskripsyon objè yo ak evènman yo ki mache avèk lang nan ; 2) kilès nan karakteristik sa yo, ki tou pare, ki ka antre nan kòd lang nan (Slobin 1987:435). Slobin fè yon rado esperyans sou pèsepsyon “mouvman” ki pwouve tout lang pa jere eksperyans lavi a menm jan (Slobin, 1987:436-441). Selon sa yon lang ofri kòm zouti, li ka bay sèten paramèt plis enpòtans pase yon lòt. Nou ka pran egzanp sou jan lang yo kodifye deplasman. Aneta Pavlenko (1994:129) apiye sou travay Talmy yo (1985, 1991) pou li fè nou konnen, gen lang ki asosye vèb deplasman yo avèk yon “mo satelit” (prefiks, prepozisyon, patikil), gen lòt lang ki fikse sèten tip deplasman an nan yon vèb “mannyè”. Lengwis yo konstate, lang ki sèvi ak “mo satelit” yo dekri plis reyalite pase lang ki sèvi avèk vèb mannyè yo (Slobin, 2003:4-7). Malgre latriye deba ki fèt nan mitan lengwis ki apiye teyori releksifikasyon an ak lòt ki rejte l, nou sèvi tou ak teyori releksifikasyon Claire Lefebvre (1998) la pou eleman itil li pote nan analiz nou yo.

Menm jan ak otè atik la, sa ki enterese nou, se tèks Tousen ekri ak pwòp men li yo. Sa otè a rele fot oswa erè yo, se yon seri entèferans ki fèt sou fòm transfè ant yon lang dominan ak yon lang yon moun aprann nan move kondisyon. Nan ka lèt Tousen ekri ak pwòp men li yo, lang dominan an se lang Tousen sèvi pou li panse sa pou li ekri yo (Slobin 1996). Lang dominan an se lang kreyòl Tousen ap pale a, se li k ap gide panse li, menm si l ap goumen pou li mete yo nan lang franse. Nan sans sa a, lang kreyòl la prezan nan tout chèm panse Tousen. Tousen pa gen konpetans metalengwistik ki pou pèmèt li konstate vèb kreyòl yo pa tankou vèb franse yo, vèb ki mande derivasyon (konjigezon). Paramèt derivasyon vèb yo se yon paramèt kokobe nan lang kreyòl la, pa gen anyen ki di li pa konsa depi nan lang “anba pay” yo. Èske pifò Ayisyen ka reyalize gen yon paramèt lengwistik yo rele “evidansyalite”, yo p ap ka konnen ki jan li mache ? Entèferans yo di nou ki tip imaj mantal (Jackendoff, 2015)[9] ki te enpòtan nan tèt lokitè yo nan moman yo t ap kreye lang kreyòl la. Paske lang “anba pay” yo pa sèvi ak lyezon, lang kreyòl la pral rejte l tou, malgre li prezan nan lang “sou po” a. Se sa ki fè dekoupaj chenn pawòl yo pral swiv prensip lang “anba pay” la ki pa sèvi ak paramèt lyezon an. Prensip la jwe ata nan dekoupaj pawòl franse yo. An nou swiv regilarite repons yo nan fason kreyatè yo rezoud pwoblèm lyezon lang franse a : nan lèt Pompée a (“annantendant”), ni nan lèt Tousen an (“en narrivant“, “mon namitier“, “mon nattachement”). Mòd dekoupaj sa yo pèmèt nou konprann enpòtans fonoloji a nan fenomèn releksifikasyon an. Nou di sa sou tout rezèv paske gen lòt teyori ki esplike fenomèm lyezon ak silabizasyon mo yo (Encrevé 1988).

Se zouti analiz sa yo k ap pèmèt nou reyaji ak uit (8) konsiderasyon nou fè sou atik la.

Analiz

1e Konsiderasyon : Pifò transkripsyon yo se transkripsyon ki soti anba plim fonksyonè ki konn pale franse, epi ki pa t gen lòt zouti pou yo repwodui pawòl kreyòl yo avèk fidelite. Pa gen anyen ki di sa fonksyonè yo ekri yo se sa egzakteman yo te tande. Nou deside pa konsidere transkripsyon kreyòl sa yo.

2e konsiderasyon : chwa transkripsyon yo montre nou : flonn son kreyòl yo pa voye menm imaj mantal pou  frankofòn k ap transkri pawòl yo. Egzanp : “Congos tous nus” imaj mantal franse vs “Kongo [tou]touni” imaj mantal kreyòl. Moun ki fè transkripsyon an respekte yon kòd ki koresponn ak imaj mantal ki vin jwenn li nan lang li pale a, ki se franse. Si nou eseye tradui “Congos tous nus” ak kòd kreyòl jodi a, l ap bay “Tout kongo yo nèt toutouni”. Ki sa ki di se pa konsa sa te ye depi nan epòk Tousen an ?

3e konsiderasyon : Lè se kreyòl yo, yo menm, k ap ekri, nou gen yon pakèt enfòmasyon sou imaj mantal yo, sou jan yo dekoupe mo yo epi sou jan yo reyòganize son yo dapre egzijans lang “anba pay” la  (Lefebvre 1998), menm si se òtograf franse a y ap itilize. Egzanp : “une lettre du rebelle Pompée, actif près de Port-au-Prince, dans laquelle il écrit : « Je suis annantendant apres vos horde [ordres].” Prepozisyon “en” ki soti nan lang franse a, li pa egziste nan tèt Pompée. Jouk jodi a, toujou gen diskisyon sou prepozisyon “en” ki toujou rete yon kwòk franse pou lang kreyòl la. Egzanp “annatandan“, “anlè“, “anwo“, “anplis“, leksifikasyon sou fòm aglitinasyon “an penpan” vs “anpenpan“, “an gwo” vs “angwo“, “an devenn” vs “andevenn“. Nou ka konstate gen sèten chwa konvansyonèl k ap fè wout yo an silans pou klate transkripsyon yo “demwazèl la anfòm” vs “demwazèl la an fòm boutèy”. Chak fwa yon Ayisyen kole prepozisyon “en/an”, sa vle di, imaj mantal ki vin jwenn li a pa trete ‘’an’’ ak lòt mo ki swiv li a tankou 2 mo separe nan chenn pawòl la. Difikilte nan chwa transkrispsyon yo sòti nan imaj mantal diferan ki soti nan tèt lokitè yo oswa nan sa ki vin jwenn oditè yo.

4e konsiderasyon : Nou deja di sa, transkripsyon Tousen yo, sou anpil pwen, yo koresponn ak sa teyori releksifikasyon Claire Lefebvre (1998) prevwa yo. Nan dewoulman operasyon ki mennen nan kreyasyon lang kreyòl la, Afriken yo entèprete son nan lang “sou po” a apati lang “anba pay” la k ap travay nan tèt yo (Lefebvre, 1998:). N ap raple se lang “sou po” a ki founi eleman pou vokabilè nouvo lang nan. Dekoupaj mo yo montre nou fenomèn releksifikasyon an (Lefebvre 1998) te toujou aktif jouk nan epòk revolisyonè 1791-1804 la.

5e konsiderasyon :Le kreyòl est maintenant source de fierté nationaliste aux Antilles, mais ce n’était pas le cas à l’époque révolutionnaire, surtout pour Louverture” (paragraf ). Gen plizyè fè istorik ki montre te gen lòt pozisyon tou sou koze lang franse a: 1) Gen Descourtilz ki rapòte kouman Desalin te korije yon plantè ki te vin pale fanse avèk li : “tchenbe lang a ou” (Descourtilz …) ; 2) gen deklarasyon Anri Kristòf la : “se lè nou chanje ata lang [franse] nou pale a, n ap resi jwenn bout pisans Lafrans jouk nan rasin li[10]  ; 3) Gen 2 tèz sou Gérin (Jeren), premye a di Gérin te mande pou yo fè lekòl pou pitit peyi a nan lang kreyòl ; dezyèm tèz la ki di : Gérin (Jeren) te ekri yon gramè kreyòl. Avèk asasina Desalin nan, “kont revolisyon” an triyonfe, klas dominan yo livre tèt yo san okenn rezèv bay Lafrans ak tout konsekans negatif sa genyen sou ekonomi, sou politik, sou lang ak lakilti peyi a, jouk jounen jodi a n ap peye konsekans yo.

6e konsiderasyon :j’ai ete malade en narrivant“, “vous save mon namitier“, “mon nattachement” (paragraf 20), “par le zordre de Ehédouville” (paragraf 27), bout fraz sa yo montre sèten prensip kreyòl sou lyezon ki te deja prezan nan tèt lokitè kreyòl yo. Sa ka esplike pou ki rezon pifò Ayisyen refize ekri “Ann Ayiti“, “dez etwal“, “twaz an“. Fòm sa yo pa koresponn ak prensip resilabizasyon kreyatè lang kreyòl la te mete kòm baz pou lang nan. Lè nou refize fòm fransize yo, piti kou l ye, n ap fè rezistans. Nan lareyalite, dapre Jean-Robert Placide, ki apiye sou Encrevé (1988), li fè nou konprann : modèl dekoupaj sa yo koresponn ak prensip aglitinasyon kreyòl ayisyen an ki parèt nan fenomèn resilabizasyon an; nan kontèks lyezon yo, konsòn lyezon yo (n ou z), yo pa janm rekile pou y al kole sou vwayèl agoch la (egzanp: *monn amitier), yo toujou avanse pou y al kole sou vwayèl ki adwat la (egzanp: mon namitier). Lè sèten Ayisyen refize sèten fòm òtograf (egzanp: ann Ayiti, dez etwal), èske se paske fòm sa yo pwovoke yon sansasyon malèz ki gen rapò ak fondamantal lang kreyòl la ?

7e konsiderasyon :Louverture écrivait presque toujours « geurre » au lieu de « guerre », ce qui suggère qu’il prononçait la lettre « g » avec le son /?/ (voire /d?/) plutôt que /g/. Ceci correspond de près à la prononciation de « guerre » (ladjè) et « aiguilles » (zédjui) en kreyòl” (Paragraf 49). Sou fenomèn palatalizasyon fonèm “g” ki tounen “dj”, egzanp “langèz” vs “landjèz“, ”gagè” vs “gadjè”, otè a di : “Il est tentant d’attribuer ces palatalisations à une influence auvergnate, mais les preuves manquent”. Si otè a pa gen prèv, pou ki rezon li pa rekonèt evidans ki chita sou fè lòt espesyalis dokimante ? Nan yon kòlòk entènasyonal  sou lang  kreyòl ILA/FLA te òganize nan dat 17-19 oktòb 2018, Pwofesè Renauld Govain te fè yon prezantasyon kote li te montre enfliyans lang Afriken yo nan tip palatalizasyon sa yo[11]. Prezantasyon an annik konfime yon fenomèn ki kouran vodou a, yon espas kiltirèl kote vokabilè lang afriken yo prezan. Nou ka pran egzanp sou “bagi” ak “badji“, “oungenikon” ak “oundjenikon” ki se de (2) egzanp kote son “g” a ka tounen “dj” nan bouch sèten lokitè kreyòl.

Nou konstate nan pifò etid sou orijin lang kreyòl yo, si lang franse a pataje yon trè komen ak yon lang afriken, li difisil pou yon kategori lengwis admèt se lang “anba pay” la ki pase trè a bay lang kreyòl la. Se tankou lang kolon an gen priyorite sou kèlkeswa fenomèn y ap esplike nan lang kreyòl la. Fenomèn palatalizasyon an se yon bon egzanp. Se tip fenomèn lengwistik sa yo menm ki ta dwe montre enpòtans lang “anba pay” la nan fòmasyon lang kreyòl la. Enfliyans ki oryante ni sistèm fonolojik la, ni fòmataj konstriksyon panse nan lang kreyòl la. Se enfliyans sa yo ki pou pèmèt nou konprann pou ki rezon yon lokitè kreyòl pa chapante panse li menm jan ak yon lokitè franse.

8e konsiderasyon : Lang panyòl la te prezan sou zile a tout pandan Lafrans ap goumen pou li antre anndan tèritwa a. Sòti 1530 rive 1660, se posib pou popilasyon ki te sou zile a te gentan fè lòt eksperyans nan zafè lang. Se pou nou sonje, se pandan lagè revolisyon an yon seri lokalite nan Plato Santral pase anba kontwòl Lafrans. Nou ka wè sa nan non sèten lokalite sou fwontyè a. Yon lòt egzanp : “mire n a mire yo” nou jwenn nan yon chante vodou, se yon konstriksyon kreyòl regilye, ki fèt avèk yon vokabilè espayòl (mirar) ki pa gen okenn rapò ak franse.  Ayisyen k ap viv nan dyaspora a, y ap fè lòt esperyans nan vokabilè kreyòl la (konmpitè, dischaj), nou ta gendwa sipoze : firanmezi otorite Lafrans t ap pran kontwòl yon tyè nan tèritwa zile a, vokabilè lang franse a t apral monte sou vokabilè kreyòl (sous espayòl) nan koloni an. Ki moun ki ka prevwa desten vokabilè franse a nan lang kreyòl la ?

9e konsiderasyon :Louverture abandonne la conjugaison complexe du français pour utiliser presque systématiquement l’infinitif : « que le Gouvernement ordonné »” (paragraf 57). Men sa (Lefebvre, 1998:139), di sou kesyon an : “Pa gen okenn fòm nan mòfoloji vèb franse yo ki jwenn wout pou yo travèse nan lang Ayisyen an[12]. Pi devan, li pral fè nou konprann: “Kreyatè lang kreyòl la yo se natif ki te pale sèten lang ki sòti nan lang fanmi Kwa yo, lè y ap kreye lang kreyòl la, yo kenbe paramèt lang orijinal yo: lang sa yo pa gen derivasyon nan vèb. “(Lefebvre, 1998:164) [13]. Nan ka sa a, nou devan yon fenomèn entèferans rijid, ki montre nou konstriksyon franse Tousen bay la koresponn egzakteman ak sa li jwenn nan lang dominan li, ki se kreyòl. Lang se tankou bourik Sinigal, kou l midi, fòk li fè konnen li la. Si nou dakò avèk otè atik la, Tousen pa metrize gramè lang franse a, (fòm enfinitif, absans disktenksyon maskilen/feminen), se pou nou rekonèt kalite entèferans Tousen t ap fè yo, yo te kòrèk nan lang kreyòl la oswa nan lang “anba pay” la. Sa vle di, lang “anba pay” Lafrik yo patisipe fon nan tabli nouvo paramèt ki pou pèmèt lang kreyòl la pran fòm kò li. Men, sa ki pi enteresan an se dekoupay chenn pawòl yo, se òganizasyon mo ki fèt dapre yon lòt gramè, gramè lang kreyòl la, ki gen matris li nan lang “anba pay” Lafrik la yo. Sa vle di, kote otè atik la wè fot gramè franse, se pou nou wè rapò entim lang kreyòl la ak lang Lafrik yo. Pou nou menm, sa otè a rele senplifikasyon nan koze vèb ki pa gen konjigezon yo, se jis yon chwa ekonomik ki koresponn avèk absans derivasyon nou jwenn nan lang “anba pay” yo.

Konklizyon :

Ki lang Tousen te pale ? Pou nou te reponn kesyon sa a, nou te rete nan egzanp tèks Tousen ekri ak pwòp men l nou jwenn nan atik la. Nou al chache lòt zouti ki pou pèmèt nou jwenn tras lang dominan ki fè lokitè a ap fè fot nan dezyèm lang nan. Se sa ki fè nou vini ak teyori sou “relativite lengwistik” la, paske : 1) yon moun pa janm ka rive di tout sa ki pase nan tèt li ; 2) chak lang gen pwòp fason li pou li dekoupe reyalite a ; 3) lang yon moun pale limite nan posiblite pou yo dekri objè yo ak evènman yo. Sa mennen nou nan konsèp “panse pou pale” nou jwenn lakay Dan Slobin (1987, 2003) a. Nou konplete zouti analiz nou yo avèk kèk eleman nou jwenn nan teyori sou releksifikasyon  Lefevbre (1998) yo. Sa vle di, sa ki te enterese nou nan fot yo, se jwenn entèferans yo ki se tras lang kreyòl la oswa lang “anba pay” la kòm lang dominan nan sans (Pavlenko 1994), lang moun nan pi alèz la, lang entimite moun nan, lang moun nan reflechi a.

Ki lang Tousen te pale ? Fot gramè Tousen yo di nou, se lang kreyòl la li te ka pale. Sa vle di, se nan lang kreyòl la li reflechi, se ladan l imaj mantal li yo monte, se ladan l li konstwi panse li. Sikonstans yo mete Tousen nan sitiyasyon pou li fòse pale franse. Menm si Tousen ta gen admirasyon pou lang franse a, fot li yo di nou, lè li te sou mank nan lang franse a, sèl posiblite li te genyen se eleman gramatikal tou pare li te jwenn nan lang kreyòl la. Men, sa ki enpòtan jounen jodi a se pou Ayisyen konprann lang yon pèp se pa jis yon ekip mo “franse” yo ka aliyen youn dèyè lòt nan nenpòt sans; lang yon pèp mache ak yon bann operasyon mantal ki kòmanse depi nan entansyon pale a, pase nan konstwi panse a, ranje l yon fason pou lide a sòti swa nan lang nan. Sa pa vle di, fòm pale yo fije etènèlman, si se te konsa pa t ap gen ni chanjman nan lang yo, ni fenomèn dekreyolizasyon.

[1] Girard Philippe R, « Quelle langue parlait Toussaint Louverture ? Le mémoire du fort de Joux et les origines du kreyòl haïtien », Annales. Histoire, Sciences Sociales, 2013/1 (68e année), p. 109-132. DOI : 10.3917/anna.681.0109. URL : https://www.cairn.info/revue-annales-2013-1-page-109.htm)

[2] Pompilus P. (1985). …

[3] lang franse a gen enfliyans sou lang kreyòl la, men lang kreyòl la prèske pa gen enfliyas sou lang franse a.

[4] “Les documents sous son nom se multiplièrent par la suite, mais presque tous furent rédigés par des secrétaires utilisant un français châtié et bureaucratique” (paragraf 25)

[5] Entèferans  nan sans, lè lokitè a ap pale, li transfere eleman gramatikal, ki nan lang natif li,  nan dezyèm lang nan

[6] Entèvansyon yon reskonsab ONG nan radyo Kiskeya (Pòtoprens) nan dat 29-jiyè-2015 ant 8:45-8:50am

[7] “Hypothesis…, which claims each individual language determines the perception, experience, and action of its speakers …”, Bussmann H. (1996) Routledge Dictionary of Language and Linguistics

[8] “The grammar of an individual language influences “what is most easily and automatically said” (Slobin, 1987:435)

[9] “data structures stored and manipulated in the brain, which in principle could be either digital or analog”. Tradiksyon : amati done ki estoke nan sèvo a pou manipilasyon, an prensip yo kapab estoke sou fòm dijital osnon sou fòm analòg

[10] (Anri Kristòf) Pwoklamasyon 1e janvye 1817, Tòm V, Thomas Madiou, Edition Henri Deschamps, 1988

[11] GOVAIN R. (2018) La palatalisation en créole haïtien : rôle des influences substratiques de langues du groupe gbé. Colloque international, Le créole haïtien dans les études créoles : bilan, avancées et perspectives

[12] None of the verbal morphology found in French has made its way into Haitian.”

[13] the creators of Haitian, who were native speakers of languages of the Kwa family, kept the parametric value of their original language in creating the creole: they did not have derivational verbal morphology, and they did not have verb raising to INFL due to lack of inflectional morphology”.

 

Bibliyografi :

  • Bussmann H. (1996). Routledge Dictionary of Language and Linguistics
  • Degraff M. (2002). Relexification : A Reevaluation. Anthropological Linguistics. Volume 44, Number 4
  • Encrevé P.(1988). La liaison avec et sans enchainement
  • Jackendoff R. (2015). In Defense of Theory. Cognitive Science 41 (2017, Suppl. 2) 185–212. DOI: 1111/cogs.12324
  • Kouwenberg, S. (2000). Compte rendu de [Creole Genesis and the Acquisition of Grammar. The Case of Haitian Creole, Claire Lefebvre, 1998, collection Cambridge studies in linguistics, no 88, Cambridge, Cambridge University Press.] Revue québécoise de linguistique, 28 (2), 129–136. https://doi.org/10.7202/603201ar
  • Lefebvre C. (2004). The relexification account of creole genesis, the case of Haitian Creole. https://www.lexilogos.com/creole_haitien_dictionnaire.htm, dat konsiltasyon 24-avril-2020
  • Pavlenko A. (2014). The Bilingual Mind: And what it Tells us about Language and Thought Cambridge University Press – 978-0-521-88842-4 –
  • Slobin D. I. (1987), Thinking for Speaking. Proceedings of the Thirteenth Annual Meeting of the Berkeley Linguistics Society 435-445
  • Slobin, D. I. (1996). From thought and language to thinking for speaking,
  • Slobin, D. I. (2003). Language and thought online: Cognitive consequences of linguistic relativity. In D. Gentner & S. Goldin-Meadow (Eds.), Language in mind: Advances in the investigation of language and thought (pp. 157-191). Cambridge, MA: MIT Press.