ETAZINI PRAN DIFE: GOUT DLO KI CHAVIRE VÈ A ak Kaptenn

ETAZINI PRAN DIFE: GOUT DLO KI CHAVIRE VÈ A ak Kaptenn

ETAZINI PRAN DIFE: GOUT DLO KI CHAVIRE VÈ A

Lendi 25 me 2020,  yon polisye  nan vil Mineyapolis mete jenou li sou kou George Floyd, li peze kou li jouk li toufe li amò. Nan moman an, George Floyd te genyen de (2) bra li minote dèyè do li, epi li pa te nan fè rezistans ni nan goumen ak polisye a. Sitiyasyon sa a te rive apre  polisye yo te resevwa yon apèl, kote moun, ki te nan boutik kote Floyd te ale a,  te rele 911 pou li siyale Floyd te achte epi li te bay yon fo papye 20.00 dola.

Lanmò Georges Floyd, se yon asasina anplis nan lis byen long, nwa ameriken ki pèdi lavi yo anba men polisye Blan meriken.  Depi jou ki suiv lanmò a, manifestasyon te pete nan Mineyapolis. Jounen jodi a, moun nan   plis pase 20 eta te leve kanpe pou yo di non. Pami eta sa  yo, te genyen: Nouyòk, Florida, Kalifònya, Filadèlfya, Ita, Chikago, Dannvè, elatriye. Daprè CNN te gen 25 vil nan 25 eta diferan ki leve kanpe. Nan tout «State» sa  yo, moun nwa te melanje avèk Blan epi moun ki pale panyòl pou yo di ase se ase.

Moun nwa avèk lòt minorite rasyal yo dwe sispann mouri  mal anba men polisye Blan yo. Moun nwa avèk moun lòt minorite rasyal yo dwe sipann viktim anba men polisye Blan yo. Se sa tout manifestasyon sa yo, tout dife sa  yo, tout destriksyon sa  yo ap raple Leta nan tout gwo vil  Etazini yo,  ansanm ak tout pèp nan lemonn antye.

Se pa premye manifestasyon  nasyonal nan kalib sila  yo ki ap fèt toupatou nan Etazini an, ni tou sila yo ka poko ap dènye yo. Kalite sitiyasyon kawotik sa  yo fenk kare ap reparèt tout tan Leta, nan peyi Etazini, pa chanje fason li aji lè polisye Blan yo ap touye  moun nwa epi lòt moun san pa janm genyen yon sistèm lajistis ki pini polisye sa yo kòmsadwa. Malgre tout manifestasyon sa  yo, kote manifestan yo ap mande pou arete 3 lòt polisye, ki te akonpaye polisye ki te akonpaye polisye asasen an, jouk kounye a, 3 lòt polisye yo an libète.  SA PA KAB KONTINYE KONSA NAN PLEN VENTEYINYÈM SYÈK LA.

Pi plis toujou, vandredi 22 me ki sot pase a, vè 5è nan maten, polisye yo arete yon jounalis CNN, Omar Jimenez, pandan li ap fè travay jounalis li. Devan je tout moun, kamera a ap filme tout aksyon yo, polisye yo di Omar Jimenez : «Ou an eta arestasyon!» Lè Omar mande pouki rezon li pa te jwenn okenn repons. Yo te pase minòt la nan bra li epi yo te pati avèk li. Pandanstan, pa twò lwen Omar Jimenez, te genyen yon lòt jounalis CNN nan zòn lan, yon Blan, ki rele Josh Campbell. Polisye yo kite misye fè travay li san yo pa te di li anyen. Se tankou polisye yo pa aprann anyen. Yo pa tire okenn leson.  Nan mitan yon kriz gwo kalib kou sila a, vil Mineayapolis  ap viv la, yo kontinye ap poze  aksyon rasis.

Te genyen anpil kout fil ki te pase. Lapolis te libere Omar Jimenez epi Gouvènè Eta Minesota a te prezante CNN eskiz li.  Lè estaf ki te anndan estasyon CNN lan te mande Omar, èske polisye yo te di li, poukisa yo te arete li, Omar te reponn, polisye yo te byen trete li, men yo te arete li paske yo te resevwa lòd pou yo fè arestasyon an. Yon moun ki ap suiv, ka konsidere zak ilegal sa a tankou yon avètisman epi yon leson pou lòt jounalis kou:  Don Lemon,  Chris Cuomo, elatriye ki nan CNN tou.

Amerik, ki ap boule akoz diskriminasyon san jistis la, se ladan nou ap viv. Nou dwe fè atansyon. Nou dwe pran tout  prekosyon nou kapab, men nou dwe kontinye di non. NON DEVAN ENJISTIS NOU AP VIV ANBA MEN POLISYE YO. NON KONT ZAK RASIS NAN KÈLKESWA NIVO A. NON KONT MOVE TRETMAN EPI ENTIMIDASYON  LAPOLIS. Nou dwe  toujou mache ak telefòn nou an pozisyon pou nou filme move zak ki ap fèt sou nou, tankou sou lòt moun kèlkeswa koulè yo. Medya sosyal yo genyen enkonvenyan yo, konsa tou, si nou konnen jan pou nou sèvi ak yo, yo kab ede nou nan peyi kote rasis ak lòt move aksyon ap ravaje lavi moun. Se regretab pou nou wè fason vòlè anvayi magazen moun yo epi piye yo, nan yon moman kote ekonomi an an difikilte. Nou swete Leta nan kèlkeswa peyi a va pran leson pou yo konnen pou yo pwoteje lavi sitwayen yo kèlkeswa koulè yo ak nasyonalite yo epi pou yo chanje sistèm jistis de (2) vitès la. Sa vle di: Yonn pou Blan yo epi yonn pou moun nwa oubyen lòt minorite rasyal yo.

Pawòl la di: Lè bab kanmarad pran dife nou dwe mete pa nou alatranp.

Nan sans sa a, nou ap ankouraje tout Ayisyen, nan kèlkeswa vil kote yo ap viv la pou yo mete sou pye rezo solidarite, ki pou ede yo defann kèlkeswa Ayisyen an devan sosyete rasis nan rasin ki ap minen lavi nou sou tè peyi etranje.

Tèks Kaptenn ekri pou REKA ak Ti Gout Pa Ti Gout (2 jen 2020)