BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY – 18 desanm (premye tranch)

BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY – 18 desanm (premye tranch)

BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY (1)

Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy
18 desanm 1965 – 18 desanm 2019

Se te 18 desanm 1965
Yon ekip militan te pran angajman pou yo defann lang ak kilti peyi yo.
Se dat sa a tou, 18 desanm 1965, Yo te derape ak emisyon Solèy nan radyo Karayib.  Direktè estasyon sila a, mesye Brown te resevwa yo de bra louvri.
Nan epòk sa a, se sèl Théophile Salnave (ZO) ki te konn pran chans fè reklam nan radyo an kreyòl.

Jodi a n ap salwe ak onè-respè Dr Ernst Mirville (Pyè Banbou), Dr Fritz Guillaume (Griyo), defen Henri Claude Daniel (Jan Tanbou), Defen Pierre Legba, defen Togiram (Émile Célestin Mégie), defen Zoklimo,  Jan Mapou, Idalina, Maryse Hyppolite, Manno Ejèn (Papiyon Nwa, Ti Nèg ak tandòt ankò, ki te mete vi yo andanje nan defans Lang ak kilti peyi nou.

Nou ap pwofite nan bèl okazyon sa a pou nou ankouraje otè ak lenguis epi  travayè nan tout domèn lakonesans ki ap fè pwomosyon lang kreyòl la. Nou ap pwofite envite patisipe nan divès  Pri sosyete Koukouy ap ofri yo li savaloure travay konpatriyòt Ayisyen ki kenbe lespri ou, nanm, konekte ak peyi nou, Ayiti Tonma.

Pri sa yo, se Pri pou teyat ki pote non Jan Mapou, Pri pou lengwistik, ki pote non Dr. Ernst Mirville ( Pyè Banbou), Pri pwezi, ki pote non Togiram (Émile Célestin Mégie), Pri Kominikasyon, Ki pote non Yolande Thomas. Nou rete kwè se  nan ankouraje divès moun, nan divès branch lakonesans, nou va pèmèt lang ak kilti lakay rete tennfas jenerasyon apre jenerasyon, pou tout tan gen tan.

Jodi a fè Òganizasyon Mouvman Kreyòl /Sosyete Koukouy 55 rekòt kafe. Nou  ap pwofite lanse pidetwal plezi pou yo tout kouzin ak kouzen ki ap viv sou tè Ayiti yo,tankou sila yo ki nan dyaspora a nou ap di yo kenbe pa lage. Nou dwe kontinye  ki kontinye pote flanbo ki makònen nou ak rasin nou epi pou nou toujou kontinye di ak tèt nou byen wo: Nou se Ayisyen natifnatal, kòdlonbrit nou konekte ak Lafrik ginen.
Se kreyòl nou ye
Yo damou Lang kreyòl la.

Bòn fèt pou tout manm Sosyete Koukouy alawonnbadè!

Biwo Santral

Wikenn 29 desanm 2019

BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY – 18 desanm

BÒN FÈT SOSYETE KOUKOUY – 18 desanm

Nan yon seri kat (4) piblikasyon, REKA ap rann Sosyete Koukouy lareverans pou andirans li. Tèks sa yo te parèt deja nan paj Ti Gout Pa Ti Gout, jounal Haiti En Marche nan kòmansman ane 2020 an.

Entwodiksyon: Sosyete Koukouy Ayiti, Sosyete Koukouy Nouyòk, se konsekans dirèk aktivite mouvman kreyòl an Ayiti nan ane 60 yo. Pote mitan yo se te Jan Tanbou, Pyè Banbou, Pyè Griyo ak Jan Mapou. Mouvman Kreyòl ayisyen-an fonde Pòtoprens, 18 desanm 1965.

De twa mwa pi ta, ti bout chanmkay Idalina-a Ri Kapwa, te twò piti pou kenbe gason. Pyè Legba, Idalina, Danyèl, Togiram, Sousou Rozo, Zoklimo, Saka, Ayida, Ti ginen, Ti je takan, Pako, Ti nèg, Papiyon Nwa, Klèmezin, Adelina, Annjelina, Mariz Ipolit, Lokobasiye, May, Ti Mak, Jòj Ektò, Manbosiya, Defile, Pelikan Fidèl, Lina, etsetera era… Tout kouzen-kouzin sa-a yo te manm aktif Mouvman Kreyòl ki te gen emisyon Radyo Karayib chak dimanch maten.

JAN MAPOU
Rosedale, Queens, N.Y.

Kontak Koukouy

Biwo Santral Sosyete Koukouy

5919-21 NE 2èm Ave

Miami, Fl 33137

Tel: 305-757-9922

Fax: 305-359-3246

Imèl: info@sosyetekoukouy.org

Jounen Entènasyonal Lang Matènèl, 21 fevriye 2020

Jounen Entènasyonal Lang Matènèl, 21 fevriye 2020

Mesay Akademi  Kreyòl  Ayisyen nan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Matènèl, 21 fevriye 2020

Nan  ane 1999 UNESCO pwoklame 21 fevriye Jounen Entènasyonal lang manman. Men se depi nan mwa fevriye 2000, chak ane, toupatou sou latè, nasyon yo selebre Jounen Entènasyonal lang manman yo pou fè pwomosyon divèsite lengwistik ak kiltirèl epi travay pou aksepte tout lang ki pale nan sosyete yo. Ayiti, kòm manm fondatè Nasyonzini, selebre dat sila tou, nan fason pa li. Mete sou dispozisyon UNESCO pran pou fè respekte lang chak pèp sou latè, Konstitisyon peyi Ayiti bay lang manman nou an yon plas espesyal. Dispozisyon UNESCO yo vin ranfòse pwovizyon Konstitisyon peyi Ayiti te pote depi ane 1987.

Nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Matènèl 21 fevriye 2020, Akademi Kreyòl Ayisyen rezève tout mwa fevriye 2020 an pou li òganize divès aktivite ; li pwofite okazyon an pou li fè tout enstitisyon Leta kou enstitisyon prive yo, sonje obligasyon yo genyen pou pèp ayisyen resevwa tout sèvis li bezwen nan lang li. Prensipalman, pou timoun yo resevwa edikasyon, fòmasyon ak enfòmasyon nan lang manman yo. Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) raple, se Konstitisyon peyi Ayiti menm ki egzije pou tout enstitisyon nan peyi a bay pèp la sèvis nan lang li. Pandan selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Manman an, rekòmandasyon sila a gen tout sans li lè nou konsidere lang yon pèp se yonn nan pi gwo zouti kiltirèl pou idantite li. Se nan lang li, pèp la eksprime bezwen li. An Ayiti, reyalite sosyolojik sa a tonbe daplon. Nou ka pran mizik paregzanp. Nou remake atis ayisyen yo soti mizik yo an kreyòl, paske yo konnen pou ki piblik y ap chante. Nan eleksyon, tout kandida yo blije pale lang pou pèp la konprann sa y ap di. Nan zafè piblisite, gen anpil efò ki fèt pou pèmèt pèp la konprann. Li klè pou tout moun, se yon nesesite pou nou kominike ak pèp la nan lang li konprann. Menm jan tou, se menm reyalite a, nou jwenn  nan pwodiksyon zèv literè tankou pwezi, woman, teyat kote anpil otè pibliye an kreyòl.

Men, malgre tout gwo jefò sila yo, rete anpil travay pou nou fè toujou. Nan tout domèn lasyans, espesyalman nan edikasyon. Pou UNESCO, se lè timoun yo resevwa edikasyon nan lang matènèl yon sosyete ap ka rive favorize devlòpman dirab. Menm si li enpòtan e nesesè pou timoun yo aprann lòt lang, kanta lang manman yo, se ladan yo  marinen epi devlope sèvo yo. E se gras ak metriz lang matènèl la, timoun yo ap rive aprann lekti, ekriti epi kalkil ak lòt lang pi fasil. UNESCO fè konnen, lang matènèl ede nan transmisyon kilti, valè ak konesans tradisyonèl yo. Li ede tou nan konstrikyon lavi sou plan sosyal, ekonomik ak politik.

Akademi kreyòl Ayisyen ap selebre lang manman ane sa a anba tèm:

Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo.

Nan okazyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman an pou ane 2020 an, Akademi Kreyòl Ayisyen pwofite envite tout sektè pote kole pou selebre nan fason pa yo lang manman nou an nan peyi a. AKA ankouraje tout enstitisyon pou yo pibliye dokiman yo an kreyòl tou, pou tout Ayisyen rive fonksyone pi byen nan sosyete a.  AKA mande Leta pran tout dispozisyon pou l garanti dwa lengwistik tout Pèp Ayisyen an.

An nou bay lang manman nou an plas li merite nan sosyete a!